Seksyon 80

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Hiram, Ohio, Mas 1832 (History of the Church, 1:257).

1–5, Stephen Burnett ak Eden Smith aple pou yo preche nenpòt kote yo chwazi.

  AN verite, Senyè a di nou, sèvitè m nan, Stephen Burnett: Ale, ale nan mond lan epi preche levanjil la pou chak kreyati ki vini anba son vwa ou.

  Epi toutotan ou vle yon konpayon, m ap ba ou sèvitè m nan, Eden Smith.

  Se poutèt sa, ale epi preche levanjil mwen an, menm si se nan nò oubyen nan sid, nan lès oubyen nan lwès, sa pa fè diferans, paske nou pa kapab pèdi.

  Se poutèt sa, deklare bagay nou te tande yo, epi an verite kwè, epi konnen yo se verite.

  Gade, se volonte moun ki te aple nou an, Redanmtè nou an, Jezikri menm. Amèn.