Nouvo Testaman 2023
Konvèsyon Se Objektif Nou


“Konvèsyon Se Objektif Nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“Konvèsyon Se Objektif Nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
fi k ap etidye ekriti yo

Konvèsyon Se Objektif Nou

Bi tout sa n ap aprann ak anseye nan levanjil la se pou apwofondi konvèsyon nou nan Pè Selès la ak Jezikri ak pou ede nou vin pi plis tankou Yo. Pou rezon sa a, lè n ap etidye levanjil la, nou p ap jis ap chèche enfòmasyon nèf; nou vle vin yon “nouvo kreyati” (2 Korentyen 5:17). Sa vledi pou nou konte sou Pè Selès la ak Jezikri pou ede nou chanje kè nou, pèsepsyon nou yo, aksyon nou yo, ak menm nati entrensèk nou.

Men, kalite aprantisaj levanjil ki fòtifye lafwa nou e ki mennen chanjman konvèsyon mirakile sa a pa rive toudenkou. Li ale odela kad yon klas pou antre nan kè nou ak nan fwaye nou. Sa mande efò pèsistan chak jou pou nou ka konprann levanjil la ak mete l an pratik. Aprantisaj levanjil la ki mennen nan vrè konvèsyon mande enfliyans Sentespri a.

Sentespri a gide nou pou nou jwenn laverite epi li rann nou temwayaj konsènan verite sa a (gade Jan 16:13). Li eklere lespri nou, li akselere konpreyansyon nou, epi li touche kè nou pa revelasyon nou resevwa nan men Bondye, ki se sous tout verite a. Sentespri a pirifye kè nou. Li enspire nan nou dezi pou n viv selon verite a, epi li enspire nou ki fason pou nou fè sa. Reyèlman, “Sentespri a … ap anseye [nou] tout bagay” (Jan 14:26).

Pou rezon sa yo, nan efò nou yo pou viv, aprann ak anseye levanjil la, nou dwe toudabò chèche konpayi Sentespri a. Bi sa a dwe gouvène chwa nou yo e gide panse ak aksyon nou yo. Nou ta dwe chèche tout sa ki envite enfliyans Lespri a epi rejte tout sa ki chase enfliyans sa a—paske nou konnen si nou ka diy pou n gen prezans Sentespri a, nou ka diy pou nou viv nan prezans Pè Selès la ak Pitit Gason l lan, Jezikri, tou.