Manyèl yo ak Apèl yo
38. Règ ak Direksyon nan Legliz la


“38. Règ ak Direksyon nan Legliz la,” Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, (2020).

“38. Règ ak Direksyon nan Legliz la,” Manyèl Jeneral.

38.

Règ ak Direksyon nan Legliz la

38.6

Règ konsènan Pwoblèm Moral

Gen kèk règ nan seksyon sa a ki konsène sijè ke Legliz la “dekonseye.” Abityèlman, manm yo nan Legliz la pa sibi restriksyon kòm manm poutèt desizyon yo konsènan bagay sa yo. Sepandan, tout moun pral finalman responsab devan Bondye pou desizyon yo.

38.6.1

Avòtman

Senyè a te kòmande, “Nou pa dwe … touye moun, ni fè okenn bagay konsa” (Doktrin ak Alyans 59:6). Legliz la opoze a avòtman volontè pou konvnans pèsonèl oubyen sosyal. Manm yo pa dwe soumèt yo a avòtman, ni fè avòtman, ni pran dispozisyon pou yo fè l, ni pou yo peye pou li, ni dakò avèk avòtman, oubyen ankouraje yon avòtman. Sèl eksepsyon posib se lè:

  • Gwosès la se rezilta vyòl oubyen ensès.

  • Yon doktè konpetan detèmine ke lavi oubyen sante manman an an danje.

  • Yon doktè konpetan detèmine ke fetis la gen bagay ki malfòmasyon ki grav ki pa p pèmèt tibebe a siviv apre nesans li.

Men, menm eksepsyon sa yo pa jistifye yon avòtman otomatikman. Avòtman se yon bagay trè grav epi yo dwe konsidere l sèlman apre moun ki responsab yo fin konsilte evèk yo epi yo resevwa konfimasyon diven atravè lapriyè.

Ofisye k ap prezide yo dwe egzamine sikonstans yo avèk atansyon si yon manm nan Legliz la te enplike nan yon avòtman. Yon konsèy pou manm kapab nesesè si you manm sibi yon avòtman, fè yon avòtman, aranje l pou yon avòtman, peye pou avòtman, bay konsantman l pou avòtman, oubyen ankouraje yon avòtman (gade 32.6.2.5). Men, yo pa dwe konsidere fè yon konsèy pou manm si yon manm te enplike nan yon avòtman anvan batèm ni. Ni yo pa dwe konsidere konsèy pou manm ni restriksyon pou manm ki te enplike nan yon avòtman pou nenpòt nan twa rezon nou mansyone pi wo yo nan seksyon sa a.

Evèk yo dwe refere kesyon sou ka spesifik yo a prezidan pieu a. Prezidan pieu a ka dirije kesyon sa yo bay biwo Premye Prezidans lan si sa nesesè.

Atravè sa ki revele, yon moun ka repanti epi jwenn padon pou peche avòtman.

38.6.2

Abi

Abi se move tretman oubyen neglijansyon moun fè yon lòt sibi nan yon fason ki lakoz domaj fizik, seksyèl, emosyonèl, oubyen finansye. Pozisyon Legliz la sèke li pa ka tolere abi nan kèlkeswa fason an. Moun ki abize konjwen yo, pitit yo, oubyen lòt manm fanmi yo, oubyen nenpòt lòt moun, yo vyole lwa Bondye ak lwa lèzòm.

Yo ankouraje tout manm, espesyalman paran yo ak dirijan yo, pou yo vijilan ak dilijan epi pou yo fè tout sa yo kapab pou pwoteje timoun yo ak lòt moun kont abi. Si manm yo aprann ke gen abi yon kote, yo dwe rapòte sa bay otorite sivil yo epi al di evèk la sa. Dirijan legliz yo dwe pran rapò sou abi yo oserye epi pa janm inyore yo.

Tout adilt k ap travay avèk timoun oubyen avèk jèn yo dwe pran fòmasyon sou pwoteksyon timoun ak jèn nan nan mwa ki suiv apèl li ak soutyen l lan (gade ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org). Yo dwe repete fòmasyon sa a chak twazan.

Lè gen abi, premye ak responsabilite imedya dirijan Legliz yo se ede moun ki te sibi abi yo epi pwoteje moun ki frajil yo kont abi alavni. Dirijan yo pa dwe ankouraje yon moun pou l rete nan yon kay oubyen nan yon sitiyasyon ki gen abi oubyen ki pa gen sekirite.

38.6.2.1

Asistans Telefonik nan Ka Abi

Nan kèk peyi, Legliz la etabli yon liy konfidansyèl pou bay asistans telefonik pou abi pou ede prezidan pieu yo ak evèk yo. Dirijan sa yo dwe rele nimewo telefòn sa a imedyatman nan chak sitiyasyon kote yon moun gendwa te sibi abi—oubyen an risk pou l sibi abi. Yo dwe rele l tou si yo vin aprann ke yon manm ap gade, achte, oubyen distribye pònografi sou timoun.

Nimewo telefòn pou èd la disponib pou evèk ak prezidan pieu yo pou yo rele l 24 sou 24, 7 sou pa semèn. Nimewo telefòn yo anba la a.

  • Etazini ak Kanada: 1-801-240-1911 oubyen 1-800-453-3860, ekstansyon 2-1911

  • Wayom Ini: 0800 970 6757

  • Irlande: 1800 937 546

  • Frans: 0805 710 531

  • Ostrali: 02 9841 5454 (Anndan peyi an)

  • Nouvèl Zeland: 09 488 5592 (anndan peyi an)

Evèk yo ak prezidan pieu yo dwe rele nimewo telefòn pou èd la lè y ap adrese sitiyasyon ki enplike nenpòt ka abi. Pwofesyonèl legal ak medikal ap reponn kesyon yo. Pwofesyonèl sa yo ap ba yo enstriksyon tou konsènan jan pou yo:

  • Asiste viktim yo ak ede pwoteje yo kont plis abi.

  • Ede viktim potansyèl.

  • Konfòme yo a ekzijans lalwa pou rapòte abi yo.

Legliz la pran angajman pou l respekte lalwa nan rapòte abi (gade 38.6.2.7). Lwa yo diferan selon peyi a, e pifò nan dirijan Legliz yo pa ekspè jiridik. Li esansyèl pou evèk yo ak prezidan pieu yo rele nimewo telefòn pou èd la pou yo ka ranpli responsabilite yo pou rapòte abi.

Yon evèk dwe notifye prezidan pieu l tou lè gen abi.

Nan peyi ki pa gen yon liy telefonik pou èd yo, yon evèk ki aprann yon abi dwe kontakte prezidan pieu li. Prezidan pieu a dwe chèche direksyon nan men konsèy jiridik biwo entèrejyon an. Yo ankouraje l pou l chita an konsèy avèk anplwaye ki nan Sèvis Familyal yo oubyen avèk direktè antrèd ak otonomi nan biwo entèrejyon nan.

38.6.2.3

Abi sou timoun oubyen jèn

Abi sou timoun oubyen jèn yo se yon peche trè grav (gade Lik 17:2). Jan sa a te itilize la a, abi sou timoun oubyen jèn yo enkli bagay sa yo:

  • Abi fizik: Enflije gwo domaj fizik pa mwayen vyolans fizik. Gen kèk domaj ki gendwa pa vizib.

  • Abi seksyèl oubyen eksplwatasyon seksyèl: Lè yon moun gen nenpòt aktivite seksyèl avèk yon timoun oubyen yon jèn oubyen lè l entansyonèlman pèmèt oubyen ede yon lòt moun fè sa. Jan sa itilize la a, abi seksyèl pa enkli aktivite seksyèl ki konsanti ant de minè ki prèske gen menm laj.

  • Abi emosyonèl: Itilize aksyon avèk mo pou gravman detwi sans respè yon timoun oubyen yon jèn gen pou tèt li oubyen fè l santi l pa gen okenn valè. Dabitid sa gen ladann ensilt , manipilasyon, ak kritik konstan e san rete ki imilye moun nan ak minimize li. Sa ka enkli gwo neglijans.

  • Pònografi sou timoun: Gade 38.6.6.

Si yon evèk oubyen yon prezidan pieu aprann oubyen sispèk abi ki fèt sou yon timoun oubyen yon jèn, li dwe imedyatman suiv enstriksyon yo bay nan seksyon 38.6.2.1yo. Li dwe pran aksyon pou l ede pwoteje kont fiti abi tou.

Yon konsèy manm nan Legliz la avèk yon anotasyon nan rejis moun nan obligatwa si yon manm adilt abize youn timoun oubyen yon jèn jan sa dekri nan seksyon sa a. Gade 32.6.1.1 ak 38.6.2.5tou.

Si yon minè abize yon timoun, prezidan pieu a dwe kontakte Biwo Premye Prezidans lan pou direksyon.

Dirijan pawas yo dwe adrese entimidasyon fizik oubyen emosyonèl ant timoun ak jèn ki gen menm laj. Yon konsèy manm pa nesesè.

38.6.2.4

Abi sou yon Konjwen oubyen sou yon Lòt Adilt

Abi sou yon konjwen oubyen yon lòt adilt ka fèt nan plizyè fason. Sa enkli abi fizik, seksyèl, emosyonèl, ak finansye. Adilt ki granmoun, ki vilnerab, oubyen andikape yo pafwa gen gwo risk pou yo sibi abi.

Anpil fwa, pa gen yon sèl definisyon abi ki ka aplike nan tout sitiyasyon. Men, gen yon chema gravite nan konpòtman abizif. Chema sa soti nan izaj okazyonèl mo ki file tankou kouto rive nan enfliksyon domaj serye.

Si yon evèk oubyen yon prezidan pieu aprann yon abi ki fèt sou yon konjwen oubyen yon lòt adilt, li dwe imedyatman suiv enstriksyon ki nan 38.6.2.1yo. Li dwe pran aksyon pou l ede pwoteje kont fiti abi tou.

Dirijan yo dwe chèche direksyon Lespri a pou detèmine si yon konsèy pèsonèl oubyen yon konsèy pou manm se aksyon ki pi apwopriye pou adrese abi a. Yo ka chita an konsèy avèk dirijan prètriz dirèk yo pou prepare li. Men, nenpòt abi sou yon konjwen oubyen sou yon lòt adilt ki rive nan nivo nou pral dekri anba la yo nesesite yon konsèy pou manm.

  • Abi fizik: Enflije gwo domaj fizik pa mwayen vyolans fizik. Gen kèk domaj ki gendwa pa vizib.

  • Abi seksyèl: Gade enstriksyon ki nan seksyon 38.6.18.3a.

  • Abi emosyonèl: Itilizasyon jès ak mo pou gravman retire sans respè ak sans diyite yon moun. Dabitid sa gen ladann ensilt , manipilasyon, ak kritik konstan e san rete ki imilye moun nan ak minimize li.

  • Abi finansye: Pran avantaj sou yon moun finansyèman. Sa ka enkli itilizasyon ilegal san otorizasyon pwopriyete, lajan, oubyen lòt bagay ki gen valè yon moun genyen. Sa ka enkli jwenn pouvwa finansye sou yon moun pa mwayen fwod. Sa ka enkli itilizasyon pouvwa finansye pou fòse yon konpòtman tou. Gade tou 32.6.1.3.

38.6.2.7

Pwoblèm Legal Ki gen Rapò avèk Abi

Si aktivite abizif yon manm vyole lwa ki an vigè yo, evèk la oubyen prezidan pieu a dwe ankouraje manm lan pou l rapòte aktivite sa yo bay pèsonèl ekzekitif lalwa oubyen lòt otorite gouvènman an ki apwopriye. Evèk la oubyen prezidan pieu a ka jwen enfòmasyon sou obligasyon pou bay rapò yo si l rele nimewo telefòn pou èd la (gade 38.6.2.1). Si gen manm ki gen kesyon sou obligasyon yo genyen pou bay rapò a, li dwe ankouraje yo pou yo chèche jwenn èd jiridik.

Dirijan Legliz yo avèk manm yo dwe respekte tout obligasyon legal pou yo rapòte abi bay otorite sivil yo. Nan kèk kote, yo konsidere dirijan ak enstriktè k ap travay avèk timoun ak jèn yo kòm “rapòtè mandate” epi yo gen obligasyon pou yo rapòte abi bay otorite lokal yo. Menmjan an tou, nan plizyè kote, nenpòt moun ki aprann ke gen yon abi ki fèt, li gen obligasyon pou l rapòte l bay otorite legal yo. Evèk yo ak prezidan pieu yo dwe rele nimewo telefòn pou asistans la pou plis detay konsènan rapòtè mandate yo ak lòt obligasyon legal pou rapòte abi. Règ legliz la se obeyi lalwa.

38.6.5

Chastete ak Fidelite

Lwa chastete Senyè a di:

  • Abstinans nan relasyon seksyèl andeyò maryaj ant yon gason ak yon fi selon lwa Bondye an.

  • Fidelite andedan maryaj.

Entimite fizik ant mari ak madanm se yon bagay ki fèt pou l bèl ak sakre. Se Bondye ki òdone sa pou kreyasyon timoun epi kòm ekspresyon lanmou ant mari ak madanm.

Se sèl yon gason ak yon fi ki marye legalman kòm mari ak madanm ki dwe gen relasyon seksyèl. Nan zye Bondye, pwòpte moral ekstrèmman enpòtan. Vyolasyon lwa chastete a grav anpil (gade Ekzòd 20:14; Matye 5:28; Alma 39:5). Moun ki komèt bagay sa a, yo mal itilize pouvwa sakre Bondye bay pou kreye lavi a.

Yon konsèy pou manm nan Legliz la kapab nesesè si yon manm:

  • Gen relasyon seksyèl andeyò yon relasyon marital ki otorize pa lwa Bondye a, tankou adiltè, fònikasyon, ak relasyon menm sèks (gade 32.6.2).

  • Nan yon fòm maryaj oubyen patnèchip ki pa otorize nan lwa Bondye a, tankou viv nan plasaj, inyon ak patnè sivil, ak maryaj menm sèks.

  • Itilizasyon pònografi tout tan sa rete, sa ki lakoz gwo domaj nan maryaj oubyen nan fanmi manm nan (gade 38.6.13).

Desizyon konsènan si nou dwe fè yon konsèy manm nan sitiyasyon sa yo depann de plizyè sikonstans. Yo eksplike yo nan seksyon 32.7la. Pa ekzanp, vyolasyon alyans tanp yo ogmante chans pou yon konsèy nesesè pou ede yon moun repanti. Nan kèk ka, konsèy pèsonèl ak restriksyon non ofisyèl kapab sifi (gade 32.8).

Gade 32.6.1.2 pou lè yon konsèy nesesè pou peche seksyèl.

38.6.6

Pònografi Sou Timoun

Legliz la kondane pònografi konsènan timoun sou tout fòm. Si yon evèk oubyen yon prezidan pieu aprann ke yon manm enplike nan pònografi sou timoun, li dwe suiv enstriksyon ki nan 38.6.2.1imedyatman.

Yon konsèy manm legliz ak anotasyon sou rejis li nesesè si yon manm fè, pataje, posede, oubyen gade imaj pònografik ki gen timoun (gade 32.6.1.2 ak 32.14.5). Jeneralman direksyon sa a pa aplike pou timoun oubyen jèn ki gen prèske menm laj ki pataje foto seksyèl yomenm oubyen lòt moun. Konsèy pèsonèl oubyen restriksyon manm non ofisyèl kapab apwopriye nan sitiyasyon sa yo.

Pou plis direksyon, gade 38.6.13.

38.6.10

Ensès

Legliz la kondane tout fòm ensès. Jan sa itilize la a, ensès se relasyon seksyèl ant:

  • Yon paran ak yon timoun.

  • Yon granparan ak yon pitit pitit.

  • Frè ak sè.

  • Yon tonton oubyen matant ak yon nyès oubyen neve.

Jan sa itilize la a, pitit, pitit pitit, frè ak sè, nyès, ak neve a enkli relasyon ki egziste nan lyen byolojik, adoptif, boparan oswa paran responsab. Ensès ka fèt ant de minè, yon adilt ak yon minè, oubyen de adilt. Si yon prezidan pieu gen kesyon konsènan si yon relasyon se ensès selon lwa peyi a, li dwe chèche direksyon nan Biwo Premye Prezidans lan.

Lè yon minè se viktim ensès, evèk la oubyen prezidan pieu a dwe rele nimewo èd pou abi Legliz la genyen nan peyi kote sa disponib yo (gade 38.6.2.1). Nan lòt peyi, prezidan pieu a dwe chèche direksyon nan men konsèy jiridik pou zòn nan nan biwo entèrejyon nan. Yo ankouraje l pou l chita an konsèy avèk anplwaye ki nan Sèvis Familyal yo oubyen avèk direktè antrèd ak otonomi nan biwo entèrejyon nan.

Yon konsèy manm legliz ak yon anotasyon nan rejis nesesè si yon manm komèt ensès (gade 32.6.1.2 ak 32.14.5). Ensès prèske toujou mande Legliz la pou retire yon moun kòm manm.

Si yon minè komèt ensès, prezidan pieu a dwe kontakte Biwo Premye Prezidans lan pou direksyon.

Souvan viktim ensès yo soufri chòk serye. Dirijan yo dwe reyaji avèk konpasyon ak senpati sensè. Yo dwe bay sipò spirityèl ak konsèy pou ede yo simonte efè destriktè ensès yo.

Pafwa viktim yo gen santiman lawont oubyen kilpabilite. Viktim yo pa koupab pou peche a. Dirijan yo dwe ede yomenm avèk fanmi yo konprann lanmou Bondye ak gerizon ki vin atravè Jezikri ak Ekspyasyon L lan (gade Alma 15:8; 3 Nefi 17:9).

Anplis resevwa èd enspire nan men dirijan yo nan Legliz la, viktim yo ak fanmi yo gen dwa bezwen konsè pwofesyonèl tou. Pou enfòmasyon, gade 38.6.18.2.

38.6.13

Pònografi

Legliz la kondane pònografi sou tout fòm. Itilizasyon pònografi nan nenpòt fòm domaje lavi moun endividyèlman, li deranje fanmi, ak sosyete. Li chase Lespri Senyè a tou. Manm Legliz yo dwe evite pònografi sou tout fòm epi opoze a pwodiksyon, difizyon, ak itilizasyon li.

Legliz la bay resous sa yo pou ede moun lavi yo afekte pa pònografi.

Prezidan Pieu yo ak evèk yo dwe bay manm fanmi yo sipò tou lè sa nesesè.

Dirijan Legliz yo dwe reyalize ke itilizasyon pònografi kapab yon obsesyon oubyen yon adiksyon. Anplis èd enspire dirijan sa yo, kèk manm kapab bezwen konsèy pwofesyonèl tou. Dirijan yo kapab kontakte Sèvis Familyal la pou asistans. Gade 31.2.6 pou enfòmasyon kontak.

Konsèy pèsonèl ak restriksyon manm non ofisyèl sifi dabitid lè y ap ede yon moun repanti pou itilizasyon pònografi (gade 32.8). Dabitid pa konn gen konsèy manm ki fèt. Men, yon konsèy kapab nesesè pou itilizasyon pònografi nan fason entasif ak san rete, ki lakoz gwo pwoblèm nan maryaj oubyen nan fanmi yon manm (gade 38.6.5). Yon konsèy nesesè si yon manm fè, pataje, posede, oubyen toujou ap gade imaj pònografi ki konsène timoun (gade 38.6.6).

38.6.18

Abi Seksyèl, Vyòl, ak Lòt Fòm Atak Seksyèl

Legliz la kondane abi seksyèl. Jan sa a itilize la a, abi seksyèl se fòse nenpòt aktivite seksyèl sou yon lòt moun ki pa vle sa. Aktivite seksyèl avèk yon moun ki pa bay oubyen ki pa ka bay konsantman legal li antre nan kategori abi seksyèl. Abi seksyèl ka fèt nan relasyon avèk yon konjwen oubyen yon mennaj tou. Pou plis enfòmasyon konsènan abi seksyèl sou timoun oubyen jèn, gade 38.6.2.3.

Abi seksyèl kouvri yon gwo kantite aksyon, soti nan arasman al nan vyòl ak lòt fòm atak seksyèl. Sa ka fèt fizikman, vèbalman, ak nan lòt fason. Pou direksyon konsènan kijan pou konseye manm ki te sibi abi seksyèl, vyòl, oubyen lòt fòm atak seksyèl, gade 38.6.18.2.

Si yon manm sispèk oubyen vin konnen yon sitiyasyon ki enplike abi seksyèl, yo dwe pran aksyon pou pwoteje viktim yo ak lòt moun osi vit ke posib. Sa enkli rapòte sitiyasyon an bay otorite sivil yo ak alète evèk la ak prezidan pieu a. Si yon timoun te sibi abi, manm yo dwe suiv enstriksyon nan 38.6.2.

38.6.18.3

Konsèy Pou Manm

Yon konsèy pou manm kapab nesesè pou yon moun ki te atake oubyen abize yon moun seksyèlman Yon konsèy manm nesesè si yon manm komèt vyòl oubyen kondane pou yon lòt fòm atak seksyèl (gade 32.6.1.1)

Yon konsèy dwe fèt tou pou aktivite seksyèl avèk yon adilt ki vilnerab. Jan sa te itilize la a, yon adilt vilnerab se yon moun ki, poutèt limitasyon fizik oubyen mantal, pa kapab bay konsantman l pou aktivite a oubyen pa ka konprann ni.

Pou adrese lòt fòm abi seksyèl, dirijan yo dwe chèche direksyon Lespri a pou yo ka konn si konsèy pèsonèl oubyen yon konsèy manm se bagay ki pi apwopriye a (gade 32.6.2.2 ak 32.8). Yon konsèy toujou nesesè nan ka grav yo. Dirijan yo ta dwe konseye avèk dirijan prètriz dirèk yo konsènan ki chwa pou yo fè.

Si restriksyon sou manm lan se rezilta yon konsèy manm ki fèt pou yon moun ki fè abi seksyèl, yo dwe mete anotasyon nan rejis manm moun sa a.

Pou plis enfòmasyon konsènan konsèy nan ka abi, gade 38.6.2.2. Pou plis enfòmasyon konsènan konsèy pou viktim atak seksyèl, gade 38.6.18.2.

38.6.23

Moun Transjandè

Moun transjandè yo fè fas a pwoblèm konplèks. Nou dwe trete manm ak moun ki pa manm ki idantifye yo kòm transjandè—ak fanmi yo ak zanmi yo—avèk sansiblite, jantiyès, konpasyon, ak yon abondans lanmou Kretyen. Tout moun byenveni nan reyinyon sentsèn, nan lòt reyinyon Dimanch yo, ak lòt aktivite sosyal nan Legliz la (gade 38.1.1).

Sèks yon moun se yon karakteristik esansyèl nan plan bonè Papa nou ki nan Syèl la. Siyifikasyon Legliz la antann pou sèks yon moun nan Pwoklamasyon sou Fanmi an se sèks byolojik ala nesans. Gen kèk moun ki santi yon santiman kontradiksyon ant sèks byolojik yo avèk idantite seksyèl yo. Kòm rezilta, yo gen dwa idantifye tèt yo kòm transjandè. Legliz la pa pran okenn pozisyon sou sa k lakoz moun idantifye tèt yo kòm transjandè.

Pifò nan patisipasyon ak nan kèk òdonans prètriz nan Legliz la pa fè diferans ant sèks moun. Moun ki transjandè yo gen dwa batize ak konfime jan sa dekri nan 38.2.3.14la. Yo ka pran sentsèn nan e resevwa benediksyon prètriz yo. Sepandan, nou resevwa òdinasyon nan prètriz la ak òdonans tanp yo selon sèks byolojik nou alan nesans.

Dirijan yo nan Legliz la dwe dekonseye tout entèvansyon medikal oubyen chirijikal pou eseye chanje sèks yon moun al nan opoze sèks byolojik moun nan genyen ala nesans li. Dirijan yo dwe avèti moun yo ke si yo fè aksyon sa yo, sa ap lakoz restriksyon nan eta yo kòm manm nan Legliz la.

Dirijan yo dekonseye tranzisyon sosyal tou. Tranzisyon sosyal la enkli chanje abiman oubyen fason moun nan prezante l, chanje non oubyen pwonon, oubyen prezante tèt ou kòm moun yon lòt sèks ki pa sèks byolojik ou ala nesans lan. Dirijan yo dwe avèti manm yo pou fè yo konnen ke moun fè tranzisyon sosyal sa yo ap sibi kèk restriksyon nan eta yo kòm manm nan Legliz la toutotan y ap kontinye pratik sa a.

Restriksyon sa yo ka vledi ke yo p ap kapab resevwa oubyen egzèse prètriz la, resevwa oubyen itilize yon rekòmandasyon tanp, ak resevwa kèk apèl Legliz. Malgre kèk restriksyon sa yo nan kèk nan privilèj moun nan kòm manm nan Legliz la, yo byenveni pou yo patisipe nan lòt bagay nan Legliz la.

Moun ki transjandè ki pa chèche chanje sèks yo nan fason medikal, chirijikal, oubyen sosyal pou fè yo vin yon lòt sèks, epi ki rete diy, yo kapab resevwa apèl, rekòmandasyon tanp, ak òdonans tanp yo nan Legliz la.

Gen kèk timoun, jèn, ak adilt ki ap suiv tretman òmonal ki preskri pa yon pwofesyonèl medikal lisansye pou soulaje enbalans seksyèl ak redui panse suisid yo ka genyen. Anvan yon moun kòmanse yon terapi konsa, li enpòtan pou limenm (ak paran yon minè) konprann risk ak benefis potansyèl yo. Si manm sa yo pa p eseye chanje sèks yo pou al nan sèks opoze aepi yo diy, yo ka resevwa apèl nan Legliz la, rekòmandasyon tanp, ak òdonans tanp.

Si yon manm deside chanje non abityèl oubyen pwonon li, nou kapab note non li prefere a nan chan non prefere a nan rejis manm nan. Nou gendwa adrese moun nou pa non prefere l la nan pawas la.

Sikonstans yo grandman varye sot nan yon inite ak yon lòt e de yon moun ak yon lòt. Dirijan yo ak manm yo dwe fè konsèy ansanm, nan lapriyè, epi avèk Senyè a. Prezidans Entèrejyon an ap ede dirijan lokal yo lè y ap trete sitiyasyon endividyèl yo avèk sajès. Evèk yo dwe konsilte prezidan pieu a. Prezidan pieu yo ak prezidan misyon yo dwe chèche konsèy nan men Prezidans Entèrejyon an (gade 32.6.3 ak 32.6.3.1).

Pou plis enfòmasyon pou konprann ak sipòte moun transjandè, gade “Transgenre” nan ChurchofJesusChrist.org.

38.8

Règ Administratif

38.8.2

Fwod Afinite

Fwod afinite fèt lè yon moun eksplwate konfyans oubyen konfidans yon lòt moun pou fè fwod sou li. Sa ka rive lè toulède moun yo fè pati menm gwoup la, tankou Legliz la. Sa ka fèt tou lè gen abi pozisyon nan amitye oubyen konfyans, tankou yon apèl nan Legliz la oubyen relasyon familyal. Dabitid, fwod pa fèt pou gen finansye.

Manm yo nan Legliz la dwe onèt nan sa y ap fè epi aji avèk entegrite. Fwod pa afinite se yon trayizon plen lawont sou konfyans ak konfidans. Moun ki komèt zak sa a ka sibi pwosekisyon kriminèl. Manm Legliz ki komèt fwod pa afinite yo ka fè fas a restriksyon nan eta yo nan Legliz la oubyen retrè yo kòm manm. Gade 32.6.2.3 ak 32.6.1.3 pou direksyon konsènan konsèy manm pou zak fwod.

Manm yo gen dwa pa di oubyen pa fè konprann ke biznis yo a sponzorize, andose pa Legliz la, oubyen reprezante Legliz la oswa dirijan l yo.

38.8.24

Konsèy Jiridik pou Zafè Legliz la

Lè èd legal nesesè pou kèk bagay nan Legliz la, dirijan yo dwe kontakte konseye jiridik Legliz la. Nan Etazini ak Kanada, prezidan pieu a ka kontakte Biwo Konsèy Jeneral Legliz la:

  • 1-800-453-3860, extension 2-6301

  • 1-801-240-6301

Andeyò Etazini ak Kanada, prezidan pieu a ka kontakte konseye jiridik entèrejyon an nan biwo entèrejyon an.

38.8.24.1

Enplikasyon oubyen Dokiman nan Pwosedi Jiridik

Dirijan yo nan Legliz la pa dwe antre tèt yo nan ka sivil oubyen kriminèl pou manm nan inite yo san yo pa konsilte avèk konseye jiridik Legliz la anvan. Règ sa a aplike pou pale avèk avoka oubyen ekri avoka oubyen pèsonèl tribinal, enkli korespondans pa imel.

Dirijan yo dwe pale avèk konseye jiridik Legliz la, si nan tach yo nan Legliz la, yo:

  • Kwè ke yo ta dwe temwaye oubyen kominike nan yon bagay jiridik.

  • Yon pwosesis legal la ta mande pou yo temwaye oubyen kominike nan yon bagay jiridik.

  • Resevwa lòd pou yopote prèv.

  • Mande yo pou yo bay dokiman oubyen enfòmasyon volontèman.

  • Mande yo pou yo kominke avèk avoka oubyen otorite sivil konsènan pwosesis jiridik, enkli santans ak libète pwovizwa.

Kèlkeswa jan sa ta byen entansyone, lè dirijan yo Legliz la pataje enfòmasyon nan pwosesis jiridik, yo ka mal entèprete yo epi sa ka lakoz domaj. Pataje bagay sa yo ka espesyalman danjere pou viktim yo ak fanmi yo. Si nou suiv règ Legliz la bay yo, sa ap pèmèt nou evite ke Legliz enplike nan bagay jiridik.

38.8.24.2

Temwayaj nan Bagay Jiridik

Dirijan yo nan Legliz la pa gen dwa temwaye nan non Legliz la nan okenn pwosesis jiririk san apwobasyon Biwo Konsèy Jeneral la anvan sa. Règ sa a aplike pou odyans santans ak liberasyon pwovizwa tou. Dirijan Legliz yo pa gen dwa founi prèv vèbal oubyen ekri nan kapasite yo kòm dirijan san apwobasyon sa a.

Dirijan yo pa dwe sigjere oubyen fè konprann ke temwayaj yo nan yon pwosesis jiridik reprezante pozisyon Legliz la.

Dirijan yo pa dwe enfliyanse temwayaj yon temwen nan nenpòt pwosesis legal.

Yo bay enfòmasyon pou kontakte konseye jiridik Legliz la nan 38.8.24.