Apèl Misyon
Chapit 1: Ranpli Objektif Misyonè W lan


“Chapit 1: Ranpli Objektif Misyonè W lan,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Chapit 1,” Preche Levanjil Mwen an

Imaj
Dan Jones k ap preche

Dan Jones, youn nan pi gran misyonè yo nan dispansasyon sa a, preche nan pei Gal yo.

© 1993 Clark Kelley Price. Pa repwodui.

Chapit 1

Ranpli Wòl Misyonè W la

Objektif Ou: Envite lòt moun pou vin jwenn Kris la nan ede yo resevwa levanjil retabli a atravè lafwa nan Jezikri ak Ekspyasyon L la, repantans, batèm, resevwa don Sentespri a, epi pèsevere jiska lafen.

Reflechi Sou Sa

  • Ki objektif mwen kòm yon misyonè?

  • Ki otorite ak pouvwa ki vini avèk apèl mwen an?

  • Kijan mwen ka konte sou, rekonèt, epi anseye pa Lespri a?

  • Kisa levanjil Jezikri a ye?

  • Kisa mesaj Retablisman an ye? Poukisa li enpòtan konsa?

  • Ki responsablite m genyen nan etabli ak konstitye Legliz Jezikri a?

  • Kijan mwen pral konnen si mwen se yon misyonè ki fè siksè ou pa?

Yon Manda pou Anseye Levanjil Retabli Jezikri a

Ou antoure avèk moun. Nou kwaze yo nan lari e nou vwayaje nan mitan yo. Nou vizite yo nan fwaye yo epi konekte avèk yo anliy. Yo tout se pitit Bondye—frè nou ak sè nou. Bondye renmen yo menm jan Li renmen ou.

Anpil nan moun sa yo ap chèche yon bi nan lavi a. Yo gen sousi pou avni yo ak fanmi yo. Yo bezwen yon santiman apatenans ki vini nan konnen ke yo se piit Bondye epi yo se manm fanmi etènèl Li a. Yo vle santi yo ansekirite nan yon mond kote valè yo ap chanje. Yo dezire “lapè nan mond sa a, ak lavi etènèlnan mond lan k ap vini an” (Doktrin ak Alyans 59:23).

Anpil moun “pa konnen verite a paske yo pa konnen ki kote pou yo jwenn li” (Doktrin ak Alyans 123:12). Levanjil Jezikri a, jan l te retabli atravè Pwofèt Joseph Smith, ofri verite etènèl. Verite sa a reponn ak bezwen spirityèl moun yo epi ede yo satisfè dezi ki pi pwofon yo genyen.

Kòm yon reprezantan otorize pou Jezikri, ou anseye ke redanmsyon soti nan e atravè Mesi Sen an” (2 Nefi 2:6). Ou envite moun yo pou vin jwenn Kris la pou vin konvèti nan LI ak levanjil retabli Li a. Lè yo aksepte envitasyon w lan, yo pral gen pi gran bonè, lespwa, lapè, ak objektif.

Pou vin jwenn Sovè a, moun yo bezwen gen lafwa nan Li. Ou ka ede yo devlope lafwa sa a lè ou:

  • Anseye yo levanjil retabli Jezikri a epi temwaye sou verasite li.

  • Envite yo pran angajman pou viv selon ansèyman li yo.

  • Fè suivi epi ede yo aji sou angajman yo pran yo.

  • Ede yo fè eksperyans kote yo santi enfliyans Sentespri a (gade 1 Nefi 10:17-19).

Lafwa nan Jezikri pral mennen moun yo nan repanti. Nan ekspye pou peche nou yo, Jezi rann repantans posib. Lè moun yo repanti, yo pral vin netwaye anba peche epi grandi vin pi pre Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Yo pral fè eksperyans lajwa ak lapè nan resevwa padon.

Repantans prepare moun yo pou alyans batèm ak don Sentespri a. “Vin jwenn mwen,” Sovè a te di, “e batize nan non m, pou nou kapab sanktifye lè nou resevwa Sentespri a, pou nou kapab kanpe san tach devan m nan dènye jou a” (3 Nefi 27:20).

Lè konpreyansyon ak temwayaj ou de Sovè a ak Ekspyasyon Li a grandi, dezi ou pou pataje levanjil la pral ogmante. Ou pral santi, menmjan ak Leyi, “li… enpòtan anpil pou abitan latè yo konnen bagay sa yo” (2 Nefi 2:8).

Imaj
Vizyon Pyebwa Lavi a.

Pyebwa Lavi a, pa Damir Krivenko.

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Egzaminen imaj ki akonpaye an pandan w ap etidye vizyon pyebwa lavi a nan 1 Nefi 8 ak 11.

  • Kisa pyebwa lavi a senbolize nan vizyon sa a? (Gade 1 Nefi 11:21–23.)

  • Kisa Leyi te dezire apre li te manje fwi a? (Gade 1 Nefi 8:10–18.)

  • Nan vizyon an, kisa moun yo te bezwen pou yo te ka manje fwi a? Kisa nou bezwen fè pou nou resevwa tout benedisyon yo nan Ekspyasyon Sovè a? Nan ki fason kòmandman yo ak alyans yo ede nou patisipe nan benediksyon sa yo?

  • Kijan nou ka ede lòt moun yo manje nan fwi yo nan levanjil la?

Otorite ak Pouvwa nan Apèl Ou a

Ou resevwa apèl ak mizapa pou “[pwoklame] bòn nouvèl gran lajwa a, levanjil etènèl la menm” (Doktrin ak Alyans 79:1). Tankou pitit gason Mozya yo, ou ka anseye avèk otorite ak pouvwa Bondye (gade Alma 17:2–3).

Anba direksyon Kris la, otorite pou preche levanjil la te retabli atravè Pwofèt Joseph Smith. Lè yo te mete ou apa kòm yon misyonè, ou te resevwa otorite sa a. Avèk li genyen privilèj ak responsablite ki vini pou reprezante Senyè a epi anseye levanjil Li a.

Otorite sa a enkli yon responsablite pou viv diy nan apèl ou an. Konsidere mizapa ou la literalman. Rete lwen peche epi lwen tout bagay ki gwosye oswa vilgè. Rete lwen ajisman ak panse mond lan. Suiv prensip yo nan Règ Misyonè pou Disip Jezikri yo.. Kòm reprezantan Senyè a, rete “yon egzanp pou kwayan yo.” (1 Timote 4:12). Onore non Jezikri nan aksyon ak pawòl ou yo.

Anplis otorite, ou bezwen pouvwa spirityèl pou ranpli apèl ou a. Bondye bay pouvwa spirityèl lè ou travay ak konsistans pou fòtifye temwayaj ou de Li, Jezikri, ak verite levanjil yo w ap anseye a. Li akòde pouvwa spirityèl lè ou priye, etidye ekriti yo, epi chèche akonpli objektif misyonè w la. Li oktwaye pouvwa spirityèl lè ou fè efò pou kenbe kòmandman ak alyans Li yo ou te fè ou te resevwa òdonans sali yo (gade Doktrin ak Alyans 35:24).

Pouvwa spirityèl ka vin manifeste lè ou:

Etid Ekriti

Kijan ou resevwa epi fòtifye yon temwayaj?

Kijan ou ka resevwa pouvwa espirityèl?

Etid Pèsonèl

Revize ak medite sou alyans ki pi ba yo ou te fè avèk Bondye. Etidye benediksyon yo ke Bondye te pwomèt pou sila yo ki kenbe alyans sa yo. Reflechi sou benediksyon ou te resevwa nan kenbe yo. Anrejistre enpresyon w yo nan jounal etid ou.

Batèm ak Konfimasyon

Òdinasyon nan Prètriz la (pou ansyen yo)

Dotasyon Tanp

  • Viv lwa obeyisans la.

  • Obeyi lwa sakrifis la.

  • Obeyi lwa a nan levanjil Jezikri a.

  • Kenbe lwa chastete a.

  • Respekte lwa konsekrasyon an.

  • (Gade Manyèl Jeneral, 27.2.)

Etid Pèsonèl oubyen Etid ak Konpayon

Li Jan 15:1–16. Nan ki fason Kris la se pye rezen a? Kijan ou se yon branch nan pye rezen sa a? Kijan mizapa w la konekte ak relasyon sa a?

Li sètifika ministeryèl ou a. Anrejistre santiman ak panse w yo konsènan sa ou te li yo. Chak fwa ou etidye chapit sa a, konsidere repete pwosesis sa a. Note kijan sa w santi ka chanje avèk letan.

Etid Pèsonèl

Etidye Doktrin ak Alyans 109:13–15, 21–30, 38–39, 55–57. Vèsè sa yo se ekstrè ki soti nan priyè dedikas enspire Joseph Smith la pou Tanp Kirtland.

Ekri yon lis benediksyon Joseph Smith te mande pou moun fidèl yo ki te dote nan kay sen Senyè a. Kijjan ou santi w konsènan benediksyon sa yo?

Chèche pou w Genyen Sentespri a avèk Ou.

Ou te resevwa don Sentespri a lè ou te konfime yon manm Legliz la. Kòm yon misyonè—epi pandan tout lavi w—youn nan pi gran bezwen w yo se pral pou genyen Sentespri a avèk ou (gade 1 Nefi 10:17; 3 Nefi 19:9). Sentespri a se twazyèm manm Divinite a.

Sentespri a gide, anseye, ak konsole ou. Li netwaye ak sanktifye ou. Li temwaye de laverite e rann temwayaj se Papa a ak Pitit Gason an. Li pèmèt reyalizasyon konvèsyon w ak konvèsyon moun w ap anseye yo. (Gade 3 Nefi 27:20; 28:11; Etè 12:41; Mowoni 8:26; 10:5; Jan 15:26.)

Sentespri a “ap montre nou tout bagay nou dwe fè.” (2 Nefi 32:5). L ap mayifye abilte w ak sèvis ou depase byen lwen sa ou te kapab fè pou kont ou.

Chèche pou w genyen Sentespri avèk ou ta dwe youn nan dezi ki pi sensè ou yo. Ou pral santi akonpayman Lè ou:

Imaj
Prezidan Russell M. Nelson

“Mwen priye pou nou ogmante kapasite espirityèl nou pou n resevwa revelasyon. … Chwazi fè travay espirityèl ki nesesè pou jwi don Sentespri a ak tande vwa Lespri a pi souvan ak pi klèman” (“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi Nou,” Lyawona, Me 2018, 96).

Aprann Rekonèt Lespri a

Ou pral pi byen akonpli objektif misyon w lè ou aprann rekonèt ak suiv gidans Sentespri a. Dabitid Lespri a kominike trankilman, atravè sansasyon ak panse w yo. Konsakre tèt ou nan chèche jwenn, rekonèt, ak suiv enpresyon sibtil sa yo. Yo vini nan anpil fason (gade chapit 4; gade tou Doktrin ak Alyans 8:2–3; 11:12–14; Galat 5:22–23).

Anseye pa Lespri a

Levanjil Jezikri a se “pouvwa Bondye pou sali tout moun ki kwè” (Women 1:16). Pou rezon sa a, mesaj Retablisman levanjil la bezwen anseye pa pouvwa diven—pouvwa Sentespri a.

Senyè a te di: “N ap resevwa Lespri a avèk priyè ki fèt avèk lafwa; epi si nou pa resevwa Lespri a nou pa dwe anseye” (Doktrin ak Alyans 42:14; gade tou 50:13–14, 17–22). Lè w anseye pa pouvwa Sentespri a, Li pral:

Senyè a pral beni ou abondaman pandan w ap chèche jwenn, konte sou, epi anseye selon Sentespri a (gade chapit 4 ak 10).

Imaj
Youn pa youn, pa Walter Rane

Levanjil Kris la ak Doktrin Kris la.

Levanjil Jezikri a defini alafwa mesaj ou ak objektif ou. Li founi alafwa “motif” ak “rezon” pou sèvis misyonè w la. Levanjil li a enkli tout doktrin, prensip yo, lwa yo, kòmandman yo, òdonans yo, ak alyans yo ki nesesè pou sali ak egzaltasyon.

Mesaj levanjil la se ke nou ka gen aksè nan pouvwa sali, redanmtè Jezikri a nan egzèse lafwa nan Li, repanti, vin batize, resevwa don Sentespri a, epi andire jiskalafen (gade 3 Nefi 27:13–22).

Se sa nou konnen kòm doktrin Kris la. Viv doktrin sa a se fason nou vin jwenn Kris epi jwenn sali (gade 1 Nefi 15:14). Sa a anseye puisaman nan Liv Mòmon an (gade 2 Nefi 31; 32:1–6; 3 Nefi 11:31–40). Objektif ou se pou ede moun vin jwenn Kris nan ede yo viv doktrin Li an.

Imaj
Hyrum Smith

“Preche premye prensip Levanjil la—preche yo epi preche yo ankò; epi w ap wè ke, jou apre jou, nouvo ide ak lòt limyè konsènan yo ap revele pou ou. Ou kapab mize sou yo pou w ka konprann yo yon fason ki pi klè. Lesa w ap gen kapasite pou fè moun w ap anseye yo konprann li pi klèman” (Hyrum Smith, in History, 1838–1856, volume E-1 [1 July 1843–30 Avril 1844], 1994, josephsmithpapers.org).

Etid Ekriti

Kisa ekriti ki pi ba yo ak pwoklamasyon an anseye konsènan levanjil Jezikri ak doktrin Kris la? Pran nòt nan jounal etid ou pou ede w konprann ak sonje.

Imaj
Pouvwa konvèsyon Liv Mòmon an, pa Ben Sowards

Lafwa nan Jezikri

Lafwa se fondasyon pou tout lòt prensip levanjil yo. LI se yon prensip aksyon ak pouvwa.

Lafwa nou bezwen santre nan Jezikri pou li ka kondui nou nan sali. Sovè a te anseye “Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit Gason Literal li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè ya va gen lavi ki pap janm fini an” (Jan 3:16).

Lafwa nan Jezikri enkli kwè ke Li se Sèl Pitit Gason Literal Bondye a Se fè Li konfyans kòm Sovè ak Redanmtè nou (gade Mozya 3:17; 4:6–10; Alma 5:7–15). Se genyen konfyans total nan Li ak pawòl, ansèyman, ak pwomès Li yo. Lafwa nou nan Kris grandi lè nou suiv ansèyman yo ak egzanp Li avèk tout enèji nan kè nou (gade 2 Nefi 31:6–13; 3 Nefi 27:21–22).

Kòm yon misyonè, ede moun fè ak kenbe angajman yo ki bati lafwa yo nan Jezikri. Angajman sa yo prepare yo pou resevwa òdonans yo epi fè ak kenbe alyans sakre yo avèk Bondye.

Repantans

Lafwa nan Jezikri mennen nou nan repanti (gade Elaman 14:13). Repantans se pwosesis pou tounen jwenn Bondye epi vire ale lwen peche. Lè nou repanti, aksyon, dezi, ak panse nou yo chanje pou vin plis an amoni avèk volonte Bondye.

Atravè sakrifis ekspyatwa Li a, Sovè a te peye pri pou peche nou yo (gade Mozya 15:9; Alma 34:15–17). Lè nou repanti, nou ka jwenn padon akòz Jezikri ak sakrifis Li a, paske Li reklame dwa mizerikòd Li pou moun ki repanti (gade Mowoni 7:27–28). Dapre pawòl pwofèt Leyi, redansmyon “nou vini … atravè merit, ak mizèrikòd, epi gras Mesi ki Sen an” (2 Nei 2:6, 8).

Repantans pi plis pase egzèse pouvwa pou chanje yon konpòtman oswa simonte yon feblès. Repantans se sensèman tounen jwenn Jezikri, ki ba nou pouvwa pou fèeksperyans yon “chanjman puisan” nan kè nou (gade Alma 5:12–14). Sa enkli enbleman sede bay Lespri a epi soumèt ak volonte Bondye. Lè nou repanti, nou ogmante angajman nou pou sèvi Bindye ak obeyi kòmandmanLi yo. Nou spirityèlman pran nesans nan Kris.

Repantans se yon prensip pozitif ki pote lajwa ak lapè. Li mennen nou “nan pouvwa Redanmtè a, nan sali pou nanm [nou] yo” (Elaman 5:11).

Rete fran ak eman nan ede moun yo konprann poukisa yo ta dwe repanti. Nan envite moun w ap anseye yo pran angajman, ou envite yo repanti epi ofri yo lespwa.

Etid Ekriti

Kisa w ka aprann nan ekriti sa yo konsènan deklare repantans?

Batèm

Lafwa nan Jezikri ak repantans prepare nou pou òdonans batèm nan. “Premye fwi repantans yo se batèm” (Mowoni 8:25). Nou antre nan lavi etènèl la lè nou batize pa imèsyon pa yon moun ki gen otorite ki soti nan Bondye.

Lè nou batize, nou fè yon alyans avèk Bondye. Lè nou kenbe alyans sa a, Bondye pwomèt nou konpayi Sentespri a, padon pou peche nou yo, epi ba nou estati manm nan Legliz Jezikri a (gade Doktrin ak Alyans 20:77, 79; Mowoni 6:4). Nou rasanble ak Senyè a epi spirityèlman repran nesans atravè òdonans plen lajwa ak lespwa sa a.

Batize ak konfime moun ou anseye yo esansyèl nan objektif ou. Ede yo konprann ke pou kalifye pou batèm, yo bezwen satisfè kondisyon yo ki nan Doktrin ak Alyans 20:37.

Etid ak Konpayon

Sonde ekriti sa yo:

Baze sou etid ou nan ekriti ki anlè yo, fè de lis ekri:

  1. Kalifikasyon pou batèm yo

  2. Alyans nou fè nan batèm yo

Diskite avèk konpayon ou kijan pou anseye sa a pou lòt moun.

Konfimasyon ak Don Sentespri a

Batèm vini an de pati: batèm nan dlo ak batèm Lespri a. Apre nou batize nan dlo, batèm nan konplete lè nou konfime pa enpozisyon men pa yon moun ki gen otorite ki soti nan Bondye. Atravè konfimasyon nou ka resevwa don Sentespri a ak remisyon pou peche nou yo.

Pwofèt Joseph Smith te anseye, “Batèm nan dlo a se sèlman mwatye batèm nan, epi li pa vo anyen san lòt mwatye a—ki se batèm Sentespri a” (Enseignements des présidents de l église: Joseph Smith [2007],95).

Alma te anseye, “Tout moun … dwe nedenouvo; wi, ne nan Bondye, chanje eta chanèl la ak eta la chit la, pou yo vin nan yon eta lajistis, pou Bondye rachte yo, pou yo kapab vin tounen pitit gason ak pitit fi Bondye; epi konsa yo vin tounen kreyati nouvo” (Mozya 27:25–26).

Pou penitan an, batèm nan dlo ak nan Lespri a se yon renesans spirityèl.

Etid Ekriti

Site kèk nan benediksyon nou jwenn nan genyen don Sentespri a?

Poukisa nou ta dwe dezire don Sentespri a?

Pèsevere jiskalafen.

Suiv Jezikri se yon angajman pou tout lavi. Nou andire jiskalafen lè nou kontinye pandan tout lavi nou ap egzèse lafwa nan Kris, repanti chak jou, resevwa tout òdonans ak alyans yo nan levanjil la, kenbe alyans sa yo, epi genyen konpayi Sentespri a. Sa a enkli renouvle alyans nou te fè yo nan pran sentsèn nan.

Imaj
Senyè a Se Bejè Mwen, pa Yongsung Kim

Senyè a Se Bejè Mwen,, pa Yongsung Kim Imaj koutwazi Heavenlight.

Levanjil la—Chemen pou Retounen Jwenn Papa nou ki nan Syèl la

Levanjil Jezikri a ka chanje fason nou viv ak kiyès nou vin tounen. Prensip li yo se pa jis etap ke nou travèse yon fwa nan lavi nou. Lè nou repete yo pandan tout lavi nou, yo mennen nou pi pre Bondye epi vin tounen yon modèl lavi ki gradyèlman pi anrichisan. Yo pote lapè, gerizon, ak padon. Yo defini tou chemen Papa nou ki nan Syèl la te trase pou nou pou n gen lavi etènèl avèk Li.

Levanjil Jezikri a gide sou fason ou travay kòm yon misyonè. Li konsantre efò ou yo tou. Ede moun akeri lafwa nan Jezikri pou yo repanti (gade Alma 34:15–17). Anseye ak temwaye ke plenitid levanjil Jezikri a ak otorite prètriz la te retabli. Envite moun pou yo batize epi viv dapre ansèyman Sovè a.

Levanjil Jezikri a Beni Tout Pitit Bondye yo

Levanjil Jezikri a se pou tout pitit Bondye yo. Ekriti yo anseye ke “tout moun se menm” pou Bondye. Li envite “tout moun pou vin jwenn li pou yo kapab goute nan bonte l; e li pa rejte pèsonn ki vin jwenn li” (2 Nefi 26:33).

Levanjil la beni nou pandan tout lavi mòtèl nou ak pandan tout letènite. Nou gen plis chans pou nou kontan—alafwa endividyèlman ak kòm fanmi—lè nou viv selon anèyman Jezikri yo (gade Mozya 2:41; “Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” ChurchofJesusChrist.org). Viv levanjil la apwofondi lajwa nou, enspire aksyon nou yo, epi anrichi relasyon nou yo.

Youn nan pi gran mesaj levanjil retabli a se ke nou tout fè pati nan fanmi Bondye a. Nou se pitit gason ak pitit fi byenneme Li. Kèlskeswa sitiyasyon familyal nou sou tè a, chak nan nou se yon manm nan fanmi Bondye a.

Yon lòt gran pati nan mesaj nou an se ke fanmi yo ka ini pou letènite. Se Bondye ki òdone fanmi. Pwofèt dènye jou yo te anseye:

Plan diven bonè “[Papa nou ki nan Syèl la] pèmèt relasyon familyal ale odela tonbo a. Òdonans ak alyans sakre yo ki disponib nan tanp yo rann li posib pou moun yo retounen nan prezans Bondye epi pou fanmi yo rete ini pou etènèlman” (“Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan”).

Anpil moun gen opòtinite limite pou maryaj oswa pou relasyon familyal ki plen lanmou. Anpil moun fè eksperyans divòs ak lòt sitiyasyon familyal difisil. Sepandan, levanjil la beni nou endividyèlman kèlkeswa sikonstans nou. Lè nou rete fidèl, Bondye ap founi yon mwayen pou nou genyen benediksyon fanmi plen lanmou, kit se nan lavi sila oswa nan lavi ka p vini an (gade Mozya 2:41).

Mesaj Retablisman an se: Fondasyon Lafwa a.

Kèlkeswa kote w ap sèvi oswa moun w ap anseye, santre ansèyman ou sou Jezikri ak Retablisman levanjil Li a. Lè ou etidye doktrin lan nan leson misyonè yo, w ap wè ke nou gen yon grenn mesaj: Jezi se Kris la, Sovè ak Redanmtè nou. Atravè yon pwofèt modèn, Papa nou ki nan Syèl la te retabli konesans konsènan plan Li pou sali nou. Plan sa a santre sou Jezikri. Gras a sakrifis ekspyatwa L la, Sovè rann li posib pou nou tout jwenn sali anba peche ak lanmò epi retounen jwenn Papa nou ki nan Syèl la.

Ede moun w ap anseye yo konprann bagay sa yo:

  • Bondye se Papa literal nou ki nan Syèl la. Li renmen nou pafètman. Chak moun sou tè a se yon pitit Bondye epi yon manm nan fanmi Li.

  • Papa nou ki nan Syèl la founi yon plan pou nou pou n resevwa imòtalite ak lavi etènèl, ki se pi gran benediksyon Li yo (gade Moyiz 1:39). Nou vini sou latè pou n aprann, grandi, epi prepare pou totalite benediksyon Li yo.

  • Kòm yon pati nan plan Li a, Papa nou ki nan Syèl la te bay kòmandman yo pou gide nou pandan lavi sila epi ede nou retounen jwenn Li (gade, pa egzanp, Egzòd 20:3–17).

  • Nan lavi sila, nou tout peche, epi nou tout ap mouri. Akozde amou Papa nou ki nan Syèl la pou nou, Li te voye Pitit Gason L lan, Jezikri, pou rachte nou anba peche ak lanmò.

  • Gras avèk sakrifis ekspyatwa Jezi a, nou ka vin netwaye de peche nou yo lè nou repanti epi batize ak konfime. Sa a pote lapè pou nou epi rann li posib pou nou retounen nan prezans Bondye epi resevwa yon plenitid lajwa.

  • Gras ak Rezireksyon Jezikri a, nou tout pral resisite apre nou mouri. Sa vledi ke espri ak kò chak moun pral reyini epi viv pou tout tan.

  • Pandan tout istwa biblik yo, Senyè a te revele levanjil Li a epi òganize Legliz Li a atravè pwofèt yo. Plizyè fwa, pifò moun te rejte l. Yon chema ki gen ale lwen kite levanjil la epi nesesite pou retabli li te kòmanse nan epòk Ansyen Testaman yo.

  • Apre lanmò ak Rezirèksyon Sovè, Apot Li yo te dirije Legliz la pou yon tan. Finalman, yo te mouri, otorite prètriz la te pèdi, epi te genyen yon lòt ale lwen kite ansèyman Sovè a. Moun yo te chanje doktrin nan ak òdonans yo.

  • Levanjil Jezikri a te retabli pa Papa nou ki nan Syèl la atravè Pwofèt Joseph Smith. Pè Selès la avèk Jezikri te parèt devan Joseph nan prentan 1830 la. Apresa Joseph Smith te resevwa otorite prètriz la epi jwenn direksyon pou òganize Legliz Jezikri a ankò sou tè a.

Anseye ke Legliz Jezikri a se pa jis yon lòt relijyon. Ni li se pa yon legliz Ameriken. Okontrè, li se yon retablisman pou “plenitid [tout] levanjil” Jezikri a (Doktrin ak Alyans 1:23). Yo p ap janm retire l sou tè a ankò.

Liv Mòmon an: Yon lòt temwanyaj sou Jezikri rann temwayaj sou Jezikri ak misyon divin Li kòm Sovè mond lan. Sa se temwayaj puisan tou ke Jezikri te retabli levanjil ak Legliz Li a atravè Pwofèt Joseph Smith. Envite ak ede moun yo pou yo li Liv Mòmon an ak priye konsènan mesaj li a.

Gen konfyans nan pwomès remakab la nan Mowoni 10:3–5. Ankouraje moun yo pou yo mande Bondye sensèman e avèk yon entansyon reyèl si Liv Mòmon an se pawòl Bondye. Priye avèk yon entansyon reyèl vledi dispoze pou aji sou repons ki vini soti nan temwayaj Sentespri a. Temwayaj sa a vin tounen fondasyon lafwa yon moun ke Kris te retabli Legliz Li a. Ede moun w ap anseye yo pou yo chèche konfimasyon spirityèl sa a.

Etid Ekriti

Kijan ou ta dwe itilize Liv Mòmon an nan travay misyonè a?

Etid Pèsonèl

Imajine ou pral ekri yon paragraf konsènan mesaj Retablisman an sou rezo sosyal oswa pou yon antite medyatik lokal. Nan jounal etid ou, ekri yon tit ki dekri mesaj santral la. Apresa anrejistre panse ak santiman ou yo konsènan mesaj sa a. Enkli kijan konprann li pi byen te chanje fason ou viv ak fason ou wè mond ki anroure w la.

Etabli ak Konstwi Legliz la

Lè Jezikrite te retabli Legliz Li a, Li te bay Joseph Smith ak lòt moun yo enstriksyon pou “etabli” li epi “konstwi [li]” (Doktrin ak Alyans 31:7; 39:13). Legliz la etabli ak konstwi pandan moun ki gen temwayaj ap batize ak konfime, kenbe alyans yo, prepare pou yo ale nan tanp lan, epi ede fòtifye pawas oswa branch pa yo.

Imaj
yon mesye k ap priye

Kòm yon misyonè, w ap ede etabli ak konstwi Legliz Sovè a. Gen plizyè fason ou ka fè sa: Ou ka sipòte manm yo pandan y ap pataje levanjil la atravè prensip renmen, pataje, ak envite yo (gade Manyèl Jeneral, 23.1). Ou ka ede moun resevwa batèm epi grandi nan lafwa yo. Ou ka ede nouvo manm yo ajiste ak nouvo lavi yo a epi kontinye grandi spirityèlman. Ou ka ede manm k ap retounen yo tou fòtifye lafwa yo nan Jezikri.

Nouvo manm ak sa k ap retounen yo grandi nan temwayaj ak lafwa lè yo fè eksperyans levanjil la an aksyon nan lavi yo. Pou ede fè sa reyalize, li enpòtan pou yo:

  • Genyen zanmi ki se manm Legliz la.

  • Resevwa yon responsablite nan Legliz la.

  • Jwenn nouriti nan pawòl Bondye a.

(Gade Gordon B. Hinckley, “Konvèti yo ak Jèn Gason yo,” Lyawona, Me 1997, 47.)

Misyonè yo, dirijan lokal yo, ak lòt manm Legliz yo ta dwe nan lajwa aksepte opòtinite pou nouri ak fòtifye nou ak manm k ap retounen yo. Sèvis sa a ede “kenbe yo sou chemen dwat la” (Mowoni 6:4).

Ale toupatou Ap Fè Byen

Pandan ministè mòtèl Li a, Sovè a te sèvi lòt moun. Li te ale toupatou “ap fè byen” epi “preche levanjil la” (Travay 10:38; Matye 4:23). Lè ou swiv egzanp Li, w ap jwenn moun ou ka sèvi epi ki pral resevwa w.

Atravè sèvis, ou akonpli de pi gran kòmandman yo pou renmen Bondye ak renmen pwochen w (gade Matye 22:36–40; 25:40; Mozya 2:17). Atravè sèvis, ou ak lòt moun gendwa vin reyini nan yon fason puisan, enspiran.

Kòm yon misyonè, ou rann yon sèvis planifye chak semèn (gade Prensip Misyonè yo, 2.7 ak 7.2, pou enfòmasyon ak direktiv yo). Anba direksyon prezidan misyon ou, ou gendwa jwenn opòtinite pou sèvi nan kominote a atravè Justte moun yo ki Serve (kote li te apwouve) ak nan efò Legliz la pou repons imanitè ak dezas yo.

Pandan jounen an chak jou, priye epi chèche jwenn opòtinite enprevi yo pou fè byen. Tande Lespri a pou rekonèt okazyon yo pou ti aksyon jantiyès ou ka ofri yo.

Imaj
Prezidan Gordon B. Hinckley

“Eske ou vle gen lajwa? Bliye tèt ou epi pèdi tèt ou nan gran kòz sa a. Ofri efò w pou ede moun. Kanpe byen wo, fòtifye moun jenou yo febli, sipòte bra ki pandye yo. Viv levanjil Jezikri a ” (Gordon B. Hinckley, Enseignements des présidents de l église: Gordon B. Hinckley [2016], 209).

Etid Ekriti

Ki wòl sèvis te jwe nan lavi Sovè a?

Ki wòl sèvis te jwe nan misyon Amon ak Aawon yo?

Kisa Senyè a mande w pou fè?

Yon Misyonè ki gen Siksè

Siksè w kòm yon misyonè detèmine prensipalman pa dezi ak angajman w pou jwenn, anseye, batize, ak konfime konvèti yo epi ede yo vin disip fidèl Kris ak manm yo nan Lelgiz Li a (gade Alma 41:3).

Siksè w pa detèmine pa kantite moun ou anseye oswa ede mennen nan batèm. Ni li pa detèmine pa poziyon lidèchip ou okipe.

Siksè w pa depann de kijan lòt moun chwazi reponn ou, envitasyon w yo, oswa aksyon jantiyès sensè w yo. Moun gen libabit yo pou chwazi si pou aksepte mesaj levanjil la ou pa. Responsablite w se pou anseye klèman e puisaman konsa yo ka fè yon chwa edike ki pral beni yo.

Reflechi konsènan parabòl talan Sovè a nan Matye 25:14–28. Mèt la, ki reprezante Senyè a, te fè louwanj pou sèvitè fidèl Li yo menm lè kantite ofrann yo diferan (gade Matye 25:21, 23). Li te ba yo toude menm rekonpans lan, ak envitasyon pou yo antre “nan lajwa senyè yo” paske yo te ogmante sa yo te ba yo a.

Bondye ba nou talan ak don pou n itilize nan sèvis Li. Talan ak don ou yo diferan de pa lòt moun yo. Rekonèt ke tout sa yo enpòtan, enkli sa yo ki mwen vizib yo. Pandan w konsakre talan ak don ou yo a Li, Li pral ogmante yo epi akonpli mirak avèk sa ou ofri.

Evite konpare tèt ou ak lòt misyonè yo ak mezire rezilta eksteryè yo pou efò ou yo ak pa yo. Konparezon dabitid mennen nan konklizyon negatif, tankou dekourajman oswa ògèy. Konparezon tou souvan ka twonpe n. Sa Senyè a vle se meyè efò pa w—pou ou “sèvi li avèk tout ou, pouvwa, panse, ak fòs” (Doktrin ak Alyans 4:2; anfaz te mete).

Ou gendwa santi w tris si moun po ko akspete mesaj la. Pafwa ou gendwa santi w dekouraje. Menm gran misyonè ak pwofèt yo nan ekriti yo te santi yo dekouraje pafwa (gade 2 Nefi 4:17–19; Alma 26:27). Nan moman konsa yo, suiv egzanp Nefi nan tounen jwenn Senyè a, mete konfyans ou nan Li, priye pou fòs, epi sonje bon bagay yo Li te deja fè pou ou (gade 2 Nefi 4:16–35).

Imaj
de misyonè k ap priye

Lè ou tounen jwenn Senyè a nan moman difisil yo, Li te pwomèt, “M ap ban nou fòs; wi, m ap ede nou; wi, m ap sipòte w” (Ezayi 41:10). Atravè egzèsis lafwa nan Kris la, ou ka jwenn lapè ak reasirans konsènan efò ou yo. Lafwa pral ede w avanse epi kontinye ak dezi jis yo.

Rete fokis sou angajman w pou Kris ak objektif misyonè w—men pa rezilta eksteryè yo. Rezilta sa yo souvan pa evidan imedyatman. Nan menm moman an, kontinye gen gran espwa kelkeswa defi ou ap rankontre yo. Gran espwa pral ogmante efikasite w, dezi w, ak abilte w pou suiv Lespri a.

Kèk fason ou ka evalye angajman w pou Senyè a ak efò w pou vin yon misyonè ki gen siksè prezante pi ba la:

Lè ou fin fè pi byen ou kapab, ou gendwa toujou santi ensatisfaksyon, men ou pap ensatisfè ak tèt ou. Ou ka santi asirans ke Senyè a satisfè lè w santi Lespri a ap travay atravè oumenm.

Etid Ekriti

Kijan sèvitè Senyè a santi yo konsènan travay la? KIjan sèvitè Senyè a enfliyanse moun y ap sèvi yo? Kijan ou santi w konsènan travay la?

Etid Pèsonèl

  • Li Elaman 10: 1–5 ak 3 Nefi 7:17–18. Kijan Senyè a te santi l anvè misyonè sa yo ak sèvis yo?

  • Reflechi konsènan efò misyonè Abinadi ak Amon yo (gade Mozya 11:18; Alma 17–20; 23–24). Poukisa Senyè a te aksepte toude misyonè yo malgre rezilta imedya efò yo te diferan?

  • Anrejistre sa ou aprann nan jounal etid ou.


Ide pou Etid ak Aplikasyon

Etid Pèsonèl

Etid ak Konpayon ak Echanj Konpayon

  • Seleksyone youn nan gran misyonè sa yo, epi li ekri yo ki nan lis la. Pandan w ap li, diskite kijan misyonè sa a (1) te konprann ak angaje tèt li nan apèl li, (2) demontre atitid ak dezi li pou travay la, epi (3) ede lòt moun yo aksepte levanjil la.

  • Seleksyone de kantik konsènan Retablisman levanjil la. Li oswa chante kantik yo. Diskite siyifikasyon mo yo.

Konsèy Distri, Konferans Zòn, ak Konsèy pou Dirijan Misyon

  • Envite de oswa twa konvèti resan pou yo pataje eksperyans konvèsyon yo. Kijan yo te santi yo konsènan misyonè yo? Kijan yo te santi yo konsènan sa misyonè yo te anseye yo? Kisa ki te ede yo kenbe angajman yo? Kisa ki te enfliyanse konvèsyon avèk plis puisans?

  • Plizyè jou avan reyinyon an, asiyen plizyè misyonè pou medite sou kesyon ki seleksyone yo nan “Konsidere Sa ” nan kòmansman chapit la. Mande chak misyonò pou prepare yon diskou de- a twa minitt sou kesyon ki asiyen an. Pandan konsèy distri oswa konferans zòn, envite misyonè yo pou bay diskou yo. Apre diskou yo, diskite kisa nou te aprann ak kijan sa ka sèvi nan travay misyonè a.

  • Divize misyonè yo an kat gwoup. Mande chak gwoup pou drese pi plis verite, alyans, ak òdonans yo kapab ki te retabli ak revele atravè Pwofèt Joseph Smith. Fè chak gwoup pataje lis pa yo. Envite misyonè yo pataje kijan nenpòt nan verite ki te revele atravè Retablisman an te enfliyanse lavi yo.

  • Diskite kisa li vledi pou vin yon misyonè ki gen siksè. Envite misyonè yo bay egzanp espesifik.

Dirijan Misyon ak Konseye Misyon yo

  • Pandan antrevi yo oswa nan konvèsasyon avèk misyonè yo, peryodikman mande yo pou yo pataje avèk ou:

    • Rann temwayaj yo konsènan Jezikri.

    • Temwayaj yo sou levanjil retabli a ak misyon Joseph Smith la.

    • Temwayaj yo konsènan Liv Mòmon an

    • Panse yo konsènan objektif yo kòm yon misyonè.

  • Envite misyonè yo anrejistre nan jounal etid yo kisa yo santi ki se kèk nan objèktif yo kòm misyonè. Pandan yon antrevi oswa konvèsasyon, mande yo pou yo pataje kisa yo te ekri.

  • Voye yon lèt felisitasyon pou nouvo manm yo.