Èske lafwa nou nan Ekspyasyon Jezikri a ekri nan kè nou?

Pa Linda K. Burton

Prezidant Jeneral Sosyete Sekou


 
Fè alyans, respekte yo, epi rejwi nan alyans nou yo ap vin tounen prèv ki montre Ekspyasyon Jezikri a vrèman ekri nan kè nou.

Sè byeneme m yo, nou te nan lespri m ak nan kè m pandan mwa k sot pase yo kote m t ap reflechi sou kokenn chenn responsablite sa a. Menmsi m pa santi m alawotè responsablite sa a ki sou zepòl mwen an, mwen konnen apèl la soti nan Senyè a palentèmedyè pwofèt Li a, e pou kounyeya, sa ase pou mwen. Ekriti yo anseye ke “kit se avèk pwòp vwa pa [Senyè a] oubyen avèk vwa sèvitè [L] yo, se menm bagay la.”1

Youn nan pi gwo don ki asosye avèk apèl sa a se asirans ke Papa nou ki nan Syèl la renmen tout pitit fi Li. Mwen santi amou Li pou nou chak!

Menmjan avèk nou, mwen renmen ekriti yo! Nan liv Jeremi an gen yon ekriti ki trè chè pou mwen. Jeremi t ap viv nan yon epòk ak yon kote difisil, men Senyè a te pèmèt li predi “yon tan lespwa nan rasanbleman Izrayèl nan dènye jou a”2—epòk pa nou an. Jeremi te pwofetize:

“Lè sa a, m ap mete lwa mwen andedan kè yo, epi m ap ekri l nan kè yo; epi ma tounen Bondye pou yo, ya tounen yon pèp pou mwen. ...

“… Yo tout ap konnen m, depi nan sa k pi piti a rive nan sa k pi gran an. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Ma padone sa yo fè ki mal, mwen pap sonje peche yo ankò.” 3

Nou se moun sa yo Jeremi te wè a. Èske nou envite Senyè a pou l ekri lwa a, oubyen doktrin nan, nan kè nou? Èske nou kwè ke padon ki disponib atravè Ekspyasyon an Jeremi pale a aplike pou nou menm pèsonèlman?

Sa gen kèk ane, Èldè Jeffrey R. Holland te pataje santiman li sou lafwa byen anrasinen nan kèk pyonye ki te oblije kontinye avanse nan vwayaj yo pou ale nan Vale Salt Lake la menm apre pitit yo te fin mouri. Li te di: “Yo pa t fè sa pou yon pwogram, yo pa t fè l pou yon aktivite sosyal, yo te fè li paske lafwa levanjil Jezikri a te nan nanm yo, li te nan tout mwèl nan zo yo.”

Li te eksprime, avèk anpil emosyon:

“Se sèl fason k fè manman sa yo te ka antere [tibebe] yo nan yon bwat epi kontinye vwayaj yo, kote yo te di: ‘Tè pwomiz la yon kote nan zòn nan. Na va rive nan vale a.’

“Yo te ka di sa gras ak alyans ak doktrin ak lafwa ak revelasyon ak lespri a.”

Li te fini avèk pawòl pwofon sa yo: “Si nou kapab kenbe atitid sa a nan fanmi nou ak nan Legliz la, petèt yon pakèt lòt bagay ap kòmanse regle. Petèt yon pakèt lòt bagay nou pa tèlman bezwen ap sispann enpòtan pou nou. Yo te di charyo sa yo pa t ka kenbe anpil bagay. Menmjan zansèt nou yo te oblije chwazi kisa yo t ap pote a, petèt tou 21 nyèm syèk la va pouse nou deside: “Kisa nou kapab mete nan charyo sa a?’ Sa se sibstans nanm nou; sa se bagay egzat la nan mwèl zo nou.”4 Oubyen pou m di l yon lòt fason, sa se sa k ekri nan kè nou!

Antanke yon nouvo prezidans Sosyete Sekou, nou priye Senyè a sensèman pou konnen ki bagay esansyèl Li ta renmen nou mete nan charyo Sosyete Sekou nou an pou fè travay li a kontinye avanse. Nou santi ke Papa nou ki nan Syèl la ta renmen toutabò pou nou ede pitit fi byeneme L yo konprann dotrin Ekspyasyon Jezikri a. Lè nou konprann ni, nou konnen lafwa nou ap ogmante, osibyen ke dezi nou pou viv nan lajistis. Dezyèmman, pandan nou t ap reflechi sou bezwen enpòtan pou fòtifye fwaye ak fanmi yo, nou te santi Senyè a ta renmen nou ankouraje pitit fi byeneme l yo pou yo kontan respekte alyans yo. Lè nou respekte alyans yo, fanmi nou fòtifye. Finalman, nou santi ke L ta renmen nou travay ansanm avèk lòt oksilyè yo epi avèk dirijan Prètriz yo, pou eseye al chèche ak ede moun ki bezwen pwogrese yo sou wout la. Priyè fèvan nou se pou nou chak louvri kè nou e kite Senyè a grave andedan yo doktrin Ekspyasyon, alyans ak inite yo.

Kijan nou ka espere fòtifye fanmi yo oubyen ede lòt moun si nou pa genyen ekri nan kè nou yon lafwa pwofon ak konstan nan Jezikri ak nan Sakrifis Ekspyatwa enfini L la? Aswè a mwen ta renmen pataje twa prensip sou Ekspyasyon an ki si yo ekri nan kè nou, ap grandi lafwa nou nan Jezikri. Mwen espere ke konpreyansyon nou sou prensip sa yo ap beni nou chak keseswa nou se yon nouvo manm nan Legliz la oubyen manm ki la depi lontan.

Prensip 1: “Tout sa ki pa pa jis nan lavi a kapab korije atravè Ekspyasyon Jezikri a.”5

Nou menm, avèk ou, rann temwayaj sou ekspyasyon Sovè nou an, Jezikri. Temwayaj nou, menmjan ak pa ou, ekri nan kè nou paske nou rankontre anpil eprèv ak advèsite diferan ki fè nou grandi. San yon konpreyansyon sou plan pafè Papa nou ki nan syèl la ak Ekspyasyon Sovè a kòm pwen santral plan sa a, eprèv sa yo t ap parèt enjis. Nou tout pase anba eprèv lavi a ansanm. Men nan kè moun fidèl yo, genyen ekri: “Tout sa ki pa jis yo nan lavi a kapab vin jis atravè Ekspyasyon Jezikri a.”

Poukisa Senyè a kite nou pase anba soufrans ak advèsite nan lavi sa a? Pou nou di sa senpleman, sa fè pati plan an pou kwasans nou ak pwogrè nou! Nou “te pouse kri lajwa”6 lè nou te konnen nou ta pral gen opòtinite pou vini sou tè a pou fè eksperyans mòtalite a. Èldè Dallin H. Oaks te anseye: “Konvèsyon nou bezwen an pi fasilman atenn atravè soufrans ak advèsite pase pa konfò ak trankilite.”7

Egzanp yon sè pyonye fidèl ilistre verite sa a. Mary Lois Walker te marye nan laj 17 an avèk John T. Morris in St. Louis, Missouri. Yo te travèse plèn yo avèk Sen yo an 1853, yo te antre nan Vale Salt Lake la yon ti bout tan apre premye anivèsè yo. Pandan vwayaj la, yo te soufri privasyon menmjan ak tout lòt Sen yo. Men soufrans yo ak advèsite yo pa t fini lè yo te rive nan Vale Salt Lake la. Nan ane apre a, Mary, ki te gen 19 an lè sa a, te ekri: “Nou te fè yon pitit gason. ... Yon jou swa, pandan l te gen de ou twa mwa ... yon bagay te chichote m, ‘W ap pèdi ti pitit sa a.’”

Pandan ivè a sante tibebe a te bese. “Nou te fè tout sa nou te kapab, ... men tibebe a te kontinye ap vin pi mal ... Jou k te 2 Fevriye a li te mouri ... epi konsa, mwen te bwè koup anmè lanmò pwòp chè ak zo m nan.” Men eprèv li pot ko fini toujou. Mari Mary a te tonbe malad tou, epi twa semèn apre yo te fin pèdi tibebe a, li te mouri.

Mary te ekri: “Epi sete konsa, pandan m potko menm gen ventan, nan yon ti bout tan ven jou sèlman, m te pèdi mari m ak sèl pitit mwen an, nan yon peyi etranje dè santèn kilomèt lwen fanmi m epi avèk yon montay pwoblèm devan m ... e m te anvi pou mwen menm tou, mwen ta mouri epi al jwenn moun byeneme m yo.”

Mary kontinye: “Yon Dimanch swa m t al fè yon ti mache avèk yon zanmi. ... Mwen te santi absans [mari m] ak gwo solitid mwen epi pandan m t ap kriye anpil, mwen te ka wè, tankou nan yon vizyon nan lespri m, mòn lavi a m ta pral gen pou m monte a e m te santi sete yon bagay ki te trè reyèl. Yon gwo dekourajman te tonbe sou mwen, paske enmi an konnen lè pou l atake nou,, men [Sovè nnou an, Jezikri] puisan pou sove. Gras avèk ... èd Papa a, mwen te kapab batay avèk tout fòs ki te sanble kanpe devan m nan nan moman sa a.”8

Mary te aprann nan laj 19 an ke Ekspyasyon an ba nou asirans ke tout bagay ki pa jis yo nan lavi sa a kapab e y ap vin jis---menm pi gwo doulè yo.

Prensip 2: Gen pouvwa nan Ekspyasyon an ki ap pèmèt nou simonte lòm oswa fi natirèl la pou nou vin tounen vrè disip Jezikri.9

Gen yon fason pou nou konnen lè nou aprann yon doktrin oswa yon prensip nan levanjil la. Se lè nou kapab anseye doktrin oswa prensip la nan yon fason pou yon timoun pitit ka konprann ni. Yon bon jan resous pou anseye timoun yo konprann Ekspyasyon an se yon analoji nou jwenn nan yon leson Primè. Petèt sa kapab ede nou lè n ap anseye pwòp pitit, pitit pitit, oswa zanmi lòt lafwa pa nou yo ki anvi konpran doktrin esansyèl sa a.

“Yon [fi] k t ap mache sou yon wout te tonbe nan yon pi si fon ke [li] pa k ka grenpe soti. Kèlkeswa sa [l] te fè, [li] pa t ka soti poukont li. Fi a te rele mande èd e li te kontan lè yon moun ki t ap pase te tande li epi l te pouse yon nechèl desann nan pi a. Sa te pèmèt li grenpe soti nan pi a epi rejwenn libète li.

“Nou menm jan avèk fi a nan pi a. peche se tankou tonbe nan yon pi, enou pa ka soti poukont pa nou. Menmjan pasan janti a te tande fi a k t ap mande èd la, Papa nou ki nan Syèl la te voye Sèl Pitit Gason Literal li a pou pote mwayen pou nou ka chape. Ekspyasyon Jezikri a ta kapab konpare avèk pouse yon nechèl desann nan pi a; li ba nou mwayen pou nou grenpe soti.”10 Men Sovè a fè plis pase pouse yon nechèl desann, Li “desann nan pi a e li rann posib pou nou itilize nechèl la pou nou chape.”11 “Menmjan fi a nan pi a te oblije monte nechèl la, nou dwe repanti pou peche nou yo epi obeyi prensip ak òdonans levanjil yo pou nou ka grenpe soti nan pi a epi fè Ekspyasyon an travay nan lavi nou. Konsa, apre tout sa nou kapab fè, Ekspyasyon an rann posib pou nou vin diy pou retounen al nan prezans Papa nou ki nan Syèl la.”12

Dènyèman, m te gen privilèj pou m te rankontre yon pyonye modèn, yon bèl pitit fi BOndye ki te fèk konvèti nan Legliz la nan Chili. Li se yon manman selibatè ki gen de jèn pitit gason. Atravè pouvwa Ekspyasyon an, li te vin kapab kite pase li epi kounyeya li ap onètman eseye vin yon vrè disip Jezikri. Lè m panse avèk li, yon prensip Èldè David A. Bednar te anseye vin nan lespri mwen: “Konnen ke Jezikri te vin sou tè a pou l te mouri pou nou se youn---sa fondamantal e se fondasyon doktrin Kris la. Men nou bezwen apresye lefèt ke Senyè a vle, pa mwayen Ekspyasyon L lan ak pouvwa Sentespri a, viv nan nou---non sèlman pou dirije nou men tou pou rann nou pi fò.”13

Pandan ke sè sa a nan Chili a avèk mwen t ap diskite sou fason pou rete sou chemen ki mennen nan lavi etènèl la, li te asire m ak kontantman ke l te detèmine pou kontinye sou chemen an. Li te deyò pandan pifò nan lavi li, e li te deklare ke pa t gen anyen nan sa k “deyò” a sou chemen an li te vle retounen vin nan lavi l ankò. Pouvwa sanktifyan Ekspyasyon an vivan andedan li. Li ekri nan kè li.

Pouvwa sa a non sèlman pèmèt nou grenpe soti nan pi a men li banou pouvwa pou kontinye sou wout dwat epi kwense a ki mennen retounen nan prezans Papa nou ki nan syèl al tou.

Prensip 3: Ekspyasyon an se pi gwo prèv nou genyen de lanmou Papa a npou pitit li yo.

Li ta bon pou nou t amedite sou panse emouvan sa a Eldè Oaks te ekri a: “Panse kijan sa dwe te fè Papa nou ki nan Syèl la mal pou l te wè Pitit Gason l lan ap andire soufrans enkonpreyansib sa a pou peche nou yo. Sa se pi gwo prèv nou genyen de lanmou li pou nou chak!”14

Zak siprèm lanmou sa a ta dwe fè nou chak mete nou ajenou nan enb priyè pou remèsye Papa nou ki nan Syèl la dèske Li renmen nou sitèlman ke l te voye Sèl Pitit Gason Literal ak pafè Li a pou vin soufri pou peche nou, soufrans nou, ak tout sa ki parèt enjis nan lavi nou chak pèsonèlman.

Èske nou sonje fi a Prezidan Dieter F. Uchtdorf te pale avèk li resamman an? Li te di: “Yon fi ki te pase atravè anpil ane eprèv ak soufrans te di avèk dlo nan je li.. ‘mwen vin reyalize ke m tankou yon ansyen biyè 20 dola---ize, chifonnen, sal, plen mak. Men m toujou rete yon biyè 20 dola. Mwen vo yon bagay. Menmsi m ka pa sanble anyen e menmsi m parèt chifonnen ak ize, mwen toujou vo 20 dola”15

Fi sa a konnen ke l se yon pitit fi byeneme Papa nou ki nan Syèl la epi li vo ase pou L te voye Pitit Gaosn la lan ekspye pou li, pèsonèlman. Chak sè nan legliz la ta dwe konnen sa fi sa a konnen an, ke li se yon pitit fi byeneme Bondye. Nan ki sans konnen sa nou vo pou Li ka chanje fason nou respekte alyans nou yo? Nan ki fason konnen sa nou vo pou Li afekte dezi nou pou sèvi lòt moun? Nan ki fason konnen sa nou vo pou li ogmante dezi nou pou edemoun ki bezwen konprann Ekspyasyon an jan nou konnen an---byen anrasinen? Lè nou chak genyen doktrin Ekspyasyon an ekri fon nan kè nou, lè sa a n ap kòmanse vin kalite moun Senyè a vle nou ye a l lè l retounen ankò. L ap rekonèt nou antanke vrè disip li.

Se pou Ekspyasyon Jezikri a pwodui yon ‘gwo chanjman” nan kè nou.16 Pandan n ap reveye a doktrin sa a, deklare pa yon zanj Bondye pou l vin “bòn nouvèl ki bay anpil lajwa,” 17 mwen pwomèt nou ke n ap santi nou tankou pèp Wa Benjamen an te santi l la. Apre yo te fin priye anpil pou Ekspyasyon an te aplike nan lavi yo, “yo te ranpli ak lajwa” 18 epi yo te “vlefè alyans ak Bondye .. pou fè volonte l e pou obeyi kòmandman l yo nan tout bagay.” 19 Fè alyans, respekte yo epi kenbe yo, se ap prèv ke Ekspyasyon Jezikri a reyèlman ekri nan kè nou. Tanpri, sonje twa prensip sa yo, sè m yo:

  1. 1.

    “Tout sa ki parèt enjis nan lavi akapb vin jis atravè Ekspyasyon Jezikri a.”20

  2. 2.

    Gen pouvwa nan EKspyasyon an pou pèmèt nou simonte lòm oubyen fi natirèl la epi vin tounen vrè disip Jezikri.21

  3. 3.

    Ekspyasyon an se gwo prèv amou Papa a pou pitit li yo.22

“Senyè a di, apre jou sa yo, m ap mete lwa mwen nan pati enteryè yo, epi m ap ekri li nan kè yo; e m ap tounen Bondye yo e yo va tounen pèp mwen.”23 Mwen envite nou pou nou mande Senyè a pou l ekri prensip Eksyasyon sa yo nan kè nou. Mwen temwaye ke yo vre. Nan non Jezikri, amèn.

Montre referans

    Nòt

  1.  

    1.  Doktrin ak Alyans 1:38.

  2.  

    2.  Ansyen Testaman: Manyèl Doktrin Levanjil pou Enstriktè (2001), 198.

  3.  

    3.  Jeremi 31:33–34; italik ajoute.

  4.  

    4. Jeffrey R. Holland, “Roundtable Discussion,” Worldwide Leadership Training Meeting, Fev. 9, 2008, 28.

  5.  

    5.  Preche Levanjil mwen an : Yon gid pou travay misyonè (2004), 52.

  6.  

    6.  Jòb 38:7.

  7.  

    7. Dallin H. Oaks, “The Challenge to Become,” Liahona, Jan. 2001, 42; Ensign, Nov. 2000, 33.

  8.  

    8. Autobiography of Mary Lois Walker Morris (copy in possession of Linda Kjar Burton).

  9.  

    9. Gade David A. Bednar, “The Atonement and the Journey of Mortality,” Liahona, Avr. 2012, 12–19; Ensign, Avr. 2012, 40–47.

  10.  

    10.  Primè 7: Nouvo Testaman (1997), 104.

  11.  

    11. Joseph Fielding Smith, Doctrines of Salvation, comp. Bruce R. McConkie, 3 vols. (1954–56), 1:123.

  12.  

    12.  Primè 7 , 104.

  13.  

    13. David A. Bednar, Liahona, Avr. 2012, 14; Ensign, Avr. 2012, 42.

  14.  

    14. Dallin H. Oaks, “Love and Law,” Liahona ak Ensign, Nov. 2009, 26.

  15.  

    15. Dieter F. Uchtdorf, “You Are My Hands,” Liahona ak Ensign, Me 2010, 69.

  16.  

    16. Gade Alma 5:12–14.

  17.  

    17.  Mozya 3:3.

  18.  

    18. Gade Mozya 4:1–3.

  19.  

    19. Gade Mozya 5:2–5.

  20.  

    20.  Preche Levanjil Mwen an, 52.

  21.  

    21. Gade David A. Bednar, Liahona, Avr. 2012, 12–19; Ensign, Avr. 2012, 40–47.

  22.  

    22. Gade Dallin H. Oaks, Liahona ak Ensign, Nov. 2009, 26.

  23.  

    23.  Jeremi 31:33; italik ajoute.