Nourisè a

Pa Prezidan Henry B. Eyring

Premye Konseye nan Premye Prezidans lan


 
Henry B. Eyring
Nou ap resevwa fòs ak enspirasyon pou konnen limit nou ak jis ki pwen nou ka sèvi.

Mwen rekonesan dèske m an konpayi nou aswè a. Fi yo nan Legliz Jezikri a nan pwosesis pou vin tounen sosyete sè manman Pwofèt Joseph Smith, Lucy Mack Smith, te dekri a nan pawòl sa yo: “Nou dwe youn cheri lòt, youn veye sou lòt, youn rekonfòte lòt epi chèche enstriksyon, pou nou tout kapab chita nan syèl la ansanm.”1

Gen twa pati nan deskripsyon remakab sa a sou kalifikasyon nou pou n asosye nan yon lavi byenere avèk Bondye. Youn se pou nou youn pran swen lòt. Yon lòt se pou nou youn anseye ak resevwa ansèyman nan men lòt. Epi twazyèm nan se pou nou tout kapab chita ansanm avèk Bondye.

Objektif mwen aswè a se pou ede nou santi apwobasyon ak apresyasyon Bondye pou sa nou deja fè pou youn ede lòt atenn objektif elve sa a. Epi, dezyèmman, se pou dekri kèk nan sa nou kapab fè ankò nan sèvis nou ansanm.

Menmjan ak sè nan tan lontan yo, nou reponn apèl Senyè a pou pote sekou bay lòt yo. An 1856, Pwofèt Brigham Young te mande Sen yo pou yo t al pote èd bay charyo pyonye yo ki te bloke nan nèj nan mòn yo. Nan moman bezwen sa a, li te di manm yo nan yon konferans jeneral: “Lafwa nou, relijyon nou, ak deklarasyon kwayans nou pa p janm sove nou youn nan wayòm selès la, si nou pa viv egzakteman selon prensip sa yo m ap anseye nou an. Ale epi mennen moun sa yo vini kounyeya nan plèn yo, epi estrikteman pran swen bagay nou rele tanporèl yo, ... san sa lafwa nou ap initil.”2

Fi nan Uta yo te reponn pa santèn. Nan pòvrete yo, yo te ranpli charyo yo avèk tout sa yo te ka jwenn ak tout sa yo te ka ranmase nan men lòt pou yo t al osekou moun ki te nan detrès yo. Youn nan sè vanyan sa yo te ekri: “Mwen pa t janm pran plis satisfaksyon, e mwen ka di, plis plezi pase sa nan okenn travay m te janm akonpli nan lavi m. Te gen yon amoni santiman ki te grandman egziste.”3

Lè yo te fin pote sekou a epi nèj yo te fin fonn, menm sè sa a te ekri kesyon l te gen nan kè fidèl li: “Kisa k genyen apresa pou moun ki dispoze aji yo fè?”4

Nan epòk pa nou an, gwoup sè vanyan toupatou sou tè a mete lafwa yo an aksyon nan dè santèn kote. Epi nan kè yo ak nan priyè yo, yo poze menm kesyon an sou fiti lavi sèvis yo.

Nou chak nan yon sitiyasyon pèsonèl nan vwayaj nou pou ale nan lavi etènèl la. Gen nan nou ki gen dèzane eksperyans, e gen lòt ki fèk kòmanse antre nan travay disip yo sou tè a. Nou chak enkonparab nan istwa pèsonèl nou ak pwoblèm nou. Men nou tout se sè ak pitit fi byeneme Papa nou ki nan Syèl la, ki konnen nou e ki ap veye sou nou chak.

Sa nou remakabman fè byen ansanm se youn cheri, rekonfòte, ak veye sou lòt. Jis mwa pase a m te temwen mirak twa pati sa a nan sèvis nou te bay yon sè. Antanke papa li, mwen remèsye nou e mwen vle remèsye Bondye ki te gide yon enstriktris nan fwaye.

Pitit fi m nan, Elizabeth, k ap viv nan yon lòt eta, te lakay li avèk pitit fi twazan l lan. Lòt pitit li a te nan premye semèn ni nan jaden danfan. Elizabeth te ansent sis mwa e l t ap tann nesans twazyèm pitit li, ke doktè yo te di k t ap yon lòt tifi. Mari li, Joshua, t al nan travay.

Lè l te wè l t ap bay san epi flo a t ap ogmante, li te rele mari l nan telefòn. Mari l te di pou l te rele anbilans e li t apral rankontre l nan lopital la, ki te apeprè 20 minit ak lakay li. Anvan l te menm fè apèl la, li te tande yon frape nan pòt devan an.

Lè l t al nan pòt la, li te etone wè konpay vizit ofwaye li nan Sosyete Sekou a. Yo pa t gen randevou jou maten sa a. Konpay la te senpleman santi ke l te dwe vin wè Elizabeth.

Li te ede l monte nan machin ni. Yo te rive lopital la jis kèk minit anvan Joshua te rive soti nan travay li. Nan mwens pase 20 minit doktè yo te deside pou yo te fè l operasyon pou pran tibebe a pou yo te ka sove Elizabeth ak tibebe a. Konsa, yon tifi tou piti te vini nan mond lan, ap kriye byen fò, 15 semèn anvan pou l te vini. Li te peze yon liv, 11 ons (765 kg). Men li te vivan, e Elizabeth te vivan tou.

Pawòl Lucy Mack Smith yo te anpati akonpli jou sa a. Yon manm fidèl Sosyete Sekou, pouse pa Sentespri a, te cheri, rekonfòte, ak veye sou sè li nan wayòm Bondye a. Li menm ak dè milye lòt k ap bay kalite sèvis enspire sa yo atravè jenerasyon yo non sèlman gen remèsiman Senyè a ak fanmi yo men pa Senyè a tou.

Nou sonje pawòl apresyasyon Li pou moun ki resevwa tikras rekonpans pou konpasyon yo. “Wa a va reponn yo: sa m ap di nou la a, se vre wi. Chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.”5

Men mirak yon sè nan Sosyete Sekou ki te rive egzakteman nan moman bezwen an miltipliye atravè pouvwa yon sosyete sè ki ini ansanm. Men yon pati nan mesaj evèk Elisabeth la te voye bay Elisabeth ak Joshua nan lopital la yon tikras tan apre tibebe a te fèt: “Prezidant Sosyete Sekou a gen tout bagay sou kontwòl. Nou deja prepare yon plan pou ede avèk timoun yo nan kay la pou Elisabeth ka fè ale vini nan lopital la pou tan bèl tibebe ki poko gen non an ap rete lopital la. Nou abitye fè sa deja, pandan lontan, e sè [nou] yo kontan pou jwenn chans sa a.”

Evèk la te kontinye pou di, an palan pou tèt li ak pou pawas la: “Nou menm konn al lopital la pou chita avèk timoun yo nan sal jwèt la si manman yo pa vle kite yo okenn lòt kote.”

Epi apresa: “Natirèlman, nou pa p egzekite plan an san kowòdinasyon ak apwobasyon pa ou. Nou jis bezwen fè w konnen pou ou pa preyokipe pa bagay ke nou menm nou kapab [e n apral] fè yo.”

Sa yo te fè pou pitit fi m nan te pèmèt li jwenn yon moman presye lè l te kenbe ti pitit fi l la pou lapremyè fwa.

Epi evèk la te fini mesaj li a pou Joshua ak Elizabeth avèk yon mesaj sè yo voye soti nan angajman yo atravè tout tè a pou sèvi lòt yo pou Mèt la: “Kenbe lafwa.”

Avèk tout diferans nou yo nan sikonstans pèsonèl nou ak eksperyans pase nou, mwen ka di nou yon bagay sou sa k ap tann nou pi devan. Si nou kenbe lafwa, n ap jwenn envitasyon Senyè a souvan pou sèvi yon moun ki nan bezwen menm lè sa parèt pa konvnab pou nou. Sa gen dwa yon tach ki pa plezan e ki ka menm enposib. Lè apèl la vini, se gen dwa kòmsi yo pa menm bezwen nou oubyen yon lòt moun ta ka fasilman pote sekou a.

Sonje ke lè Senyè a kite nou rankontre yon moun ki nan detrès, nou onore bon Samariten an pou sa li pa t fè osibyen ke pou sa l te fè. Li pa t pase sou lòtbò chemen an malgre vwayajè an detrès la sete yon etranje e menm petèt yon enmi pou li. Li te fè sa l te kapab pou mesye yo te bat la epi apresa li te mete yon plan presi anplas pou lòt moun te ka fè plis. Li te fè sa paske li te konprann ke ede gen dwa mande plis pase sa yon sèl moun ka fè.

Leson nan istwa sa a kapab gide nou nan kèlkeswa sa demen pote. Menm leson sa yo te disponib nan pwòp anfans nou ak eksperyans resan yo.

Omwen yon fwa, e petèt souvan, nou konn etone lè nou rankontre yon moun ki bezwen swen. Sete petèt yon paran, yon gran paran, yon sè, oswa yon timoun, ki te frape pa maladi oswa andikap. Santiman konpasyon nou te domine dezi lòm natirèl nou. Konsa nou te kòmanse ofri èd nou.

Tankou vwayajè a nan istwa nan ekriti yo sou bon Samariten an, se kòmsi èd yo bezwen an vin tounen anpil swen ke nou pa t kapab bay poukont nou. Samariten an te oblije kite vwayajè a sou kont mèt otèl la. Plan Senyè a pou sèvi lòt moun ki nan bezwen yo mande ekip.

Evèk yo ak Prezidant Sosyete Sekou yo toujou envite manm fanmi yo pou youn ede lòt lè gen yon bezwen. Gen anpil rezon pou prensip sa a. Pi enpòtan an se pou pote bay plis moun benediksyon gwo lanmou ki soti nan youn ap sèvi lòt.

Nou siman konn wè ak santi benediksyon sa a. Kèlkeswa lè nou sousye pou yon moun pou menm yon ti bout tan, nou santi lanmou pou moun nan nou sèvi a. Si tan pou pote èd la alonje, santiman lanmou an gen tandans ogmante.

Paske nou se moun mòtèl, ogmantasyon lanmou sa a kapab entèwonp pa santiman fristrasyon ak fatig. Sa se yon lòt rezon k fè Senyè a kite nou gen èd lòt moun nan sèvis n ap rann moun ki nan bezwen yo. Se poutèt sa Senyè a kreye sosyete moun k ap pote swen.

Sa gen kèk semèn m te prezan lè yon jènfi te leve kanpe nan yon reyinyon Sentsèn pou yo te soutni l kòm asistan kowòdinatè vizit nan fwaye, yon pozisyon m pa t menm konnen k te egziste. M t ap mande tèt mwen si l te konnen ki omaj Senyè a te rann ni la a. Paske li te gen timoun ki te yon tijan ajite nan men li, li te oblije kite reyinyon an anvan m te ka di l konbyen Senyè a t ap renmen li ak apresye li pou èd li, nan pote kole ak efò disip Li yo.

Pran swen moun ki nan bezwen mande yon ekip, yon sosyete ini ak eman. Se sa Senyè a ap bati nan mitan nou an. Li renmen nou pou nenpòt pati nou jwe ladan.

Youn nan prèv apresyasyon li sèke Bondye pèmèt nou santi plis lanmou pou moun n ap sèvi yo. Se pou rezon sa a k fè nou kriye lè lanmò yon moun nou te sèvi pandan lontan. Pèdi chans pou pran swen yo a kapab parèt tankou yon menm pi gwo pèt pase sa separasyon tanporè a pote. Dènyèman m te tande yon madanm---ke m konnen depi lontan,---nan semèn mari l te mouri a, ki t ap rann yon temwayaj gratitid pou chans li te genyen pou te sèvi l rive jis nan fen lavi li. Okenn dlo pa t nan je li, men nou te ka wè souri li.

Malgre ke sèvis eman nou rann moun pandan lontan yo richman rekonpanse, nou aprann ke gen limit fizik, emosyonèl, ak finansyal nan sa ki posib. Moun ki ap bay swen an pandan lontan an gen dwa vin tounen moun ki bezwen swen poukont pa li.

Senyè a, ki se Mèt Nourisè moun ki nan bezwen, te bay konsèy enspire pou moun k ap bay swen ki fatige yo nan pawòl sa yo Wa Benjamen te bay ke nou jwenn nan Liv Mòmon an: “Pou nou kapab toujou gen padon pou peche nou yo jou apre jou ..., m ta renmen pou nou pataje byen nou ak pòv, chak moun dwe bay dapre sa li genyen, tankou bay moun ki grangou manje, abiye moun ki toutouni, vizite moun ki malad yo e bay yon soulajman espirityèl, ak tanporèl, dapre bezwen yo.”6

Men apresa Li avèti sa nan pami nou yo ki gen dwa pa okipe sa nan pwen ke nou ale twò lwen nan sèvis eman nou an: “Epi fè tout bagay sa yo nan lasajès ak nan lòd; paske li pa nesesè pou yon moun [oswa yon nourisè] kouri plis pase kouraj li. Men nan yon lòt sans, li nesesè pou yon moun dilijan, pou l kapab ranpòte viktwa; se poutèt sa, tout bagay dwe fèt nan lòd.”7

Konsèy sa a kapab difisil pou aplike lè nou oblije chwazi kijan pou balanse yon dezi nou pou fè tout sa nou kapab pou ede lòt moun pandan n ap rete saj nan pran swen pwòp bezwen pa nou yo pou nou ka toujou gen pouvwa pou sèvi. Nou gen dwa konn wè lòt moun k ap lite ak chwa difisil konsa. Yon egzanp chwa konsa se okipe yon moun k ap pwoche nan fen lavi li lakay nou oswa nan yon sant sante, lè nou menm nou gen dwa prèske mouri anba fatig.

Sa nou konnen sou plan sali a kapab gide nou nan kalite chwa ekrazan sa yo. Se youn nan rezon k fè Lucy Mack Smith te si sajman di ke sè yo dwe “chèche akeri enstriksyon.”

Li itil pou n gen yon asirans sèten sou objektif Senyè a pou chak pitit Bondye nan eksperyans difisil lavi sou tè a. Li te anseye Pwofèt Joseph Smith esans plan sali a nan fason sa a pandan l t ap lite pou konprann eprèv aparaman san fen l t ap rankontre yo: “Epi apre sa, si ou te sipòte byen, Bondye ap leve ou anlè.”8

Chwa nou pou pi byen ede yon moun k ap ede yon travèse eprèv difisil lè sa a vin tounen: “Ki sa m ta kapab fè pou pi byen ede moun m renmen an ‘andire byen’?” Objektif nou se rann pi posib pou l ka egzèse lafwa nan Kris la, kenbe yon bèl espwa lavi etènèl, ak pratike charite, amou pi Kris la, rive jis nan fen lavi li.

Mwen konn wè sè nan wayòm nan ki mete fokis sa a sou Sovè a ak objektif Li. Panse ak lè nou konn al nan yon sal kote Sosyete Sekou oswa Primè oswa jènfi fin rankontre.

Nou gen dwa pa wè yon foto Sovè a oswa pawòl Li, men nou konnen ke yo te santi yon temwayaj sou reyalite ak valè Ekspyasyon L lan nan moman an jan sa te ye aswè a. Gen dwa pa gen foto yon tanp oswa pawòl “Fanmi kapab ansanm etènèlman” yo ekri, men nou ka wè lespwa nan souri sè yo.

Epi nou konn wè, janm konn wè, yon saj enstriktris nan fwaye bati konfyans lakay yon sè k ap lite pou l konnen ke sèvis l ap rann yon lòt moun, menmsi l ap febli, li toujou enpòtan ak valab. Gwo prezidant Sosyete Sekou yo jwenn fason pou fè moun ki nan bezwen yo ede nan pran swen lòt moun. Yo kreye opòtinite pou sè yo andire eprèv yo byen pandan youn ap pran swen lòt nan amou pi Kris la. Sa kapab enkli pou jantiman mande moun fatige a pou l repoze epi aksepte èd lòt moun.

Sè yo rann sa posib lè yo pa prese jije moun k ap travèse eprèv yo. Pifò nan moun k ap pote gwo chay yo kòmanse doute de tèt yo ak pwòp valè yo. Nou soulaje fado yo lè nou gen pasyans avèk feblès yo e selebre kèlkeswa bonte nou ka wè nan yo. Senyè a fè sa. E nou ka suiv egzanp---Li se pi gwo nourisè tout moun ki nan bezwen.

Nou pale souvan de fòs ki nan gwoup sè yo nan Legliz Jezikri a. Nou dwe aprann rekonèt ke Sovè a toujou nan sèk la lè nou envite Li.

Plis anplis, n ap wè pitit fi Bondye k ap envite sè vin nan sèk la avèk yo. Lè sè yo vin nan yon reyinyon oubyen ap chèche yon plas, y ap tande bèl ti pawòl sa yo: “Tanpri, vin chita bò kote m.”

Nou pral tande pawòl sa yo nan jou fiti sa a Lucy Mack Smith te predi a kote sè yo pral “chita ansanm nan syèl la.” Nou pa prepare pou jou sa a jis nan yon moman. Sa ap mande jou ak ane ap pote swen youn bay lòt ak mete pawòl lavi etènèl yo byen fon nan kè nou.

Priyè mwen se pou anpil nan nou ka ansanm nan fiti gloriye ki ap tann nou an. Mwen rann nou temwayaj mwen ke espwa nou pou jou sa a ap jistifye. Senyè a, Jezikri, pa mwayen Ekspyasyon enfini L la, rann ni posib pou nou chak. Papa nou ki nan syèl la tande e reponn priyè lafwa nou yo pou gidans ak èd pou n andire nan sèvis nou pou Li.

Li voye Sentespri a pou nou menm ak pou moun n ap pran swen yo. N ap jwenn fòs ak enspirasyon pou konnen limit nou ak nivo kapasite nou pou sèvi. Lespri a ap rekonfòte nou lè n ap petèt mande: “Èske m te fè ase?”

Mwen temwaye ke Senyè a ap avèk nou e Li prepare ak make wout la pou nou nan sèvis n ap rann moun Li renmen yo nan bezwen yo ak eprèv yo. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Mostrar referencias

    Nòt

  1.  

    1 Lucy Mack Smith, nan Filles dans mon royaume : l’histoire et l’œuvre de la Société de Secours (2011), p. 29.

  2.  

    2. Brigham Young, nan Filles dans mon royaume, p. 41.

  3.  

    3. Lucy Meserve Smith, nan Filles dans mon royaume, p. 42.

  4.  

    4. Lucy Meserve Smith, nan Filles dans mon royaume, p. 42.

  5.  

    5.  Matye 25:40.

  6.  

    6.  Mozya 4:26.

  7.  

    7.  Mozya 4:27.

  8.  

    8.  Doktrin ak Alyans 121:8.