Byen pran konsyans devwa nou

Pa Carole M. Stephens

Premyè Konseyè nan Prezidans Jeneral Sosyete Sekou


 
Nou dwe pran konsyans devwa nou epi kontinye avèk lafwa pandan n ap rale pouvwa rekonfòtan, fòtifyan, sanktifyan, ak gerisè Ekspyasyon an desann sou nou.

Lè yo te fin aple m nan prezidans jeneral Sosyete Sekou a, mwen te santi yon dezi pou m konnen plis sou medàm ki te sèvi anvan m yo. Mwen te enpresyone pa ansèyman Sè Zina D. Young, premyè konseyè nan dezyèm prezidans jeneral Sosyete Sekou a. Li te di: “Sè m yo, se pou nou byen konprann devwa nou.”1 Mwen te medite sou mo konprann nan ak sou mo devwa a epi m te fè kèk rechèch adisyonèl nan ekriti yo.

Nan nouvo testaman an, Pòl te anseye Sen yo nan epòk li a:

“Li lè pou nou leve soti nan dòmi, lè a sonnen, paske kounyeya, delivrans nou pi pre. ...

“Nuit la vanse fini, jou prèt pou rive. ... ann pran zam nou pou nou goumen.”2

Nan Liv Mòmon an, Alma te anseye pèp li a devwa sakre moun ki antre nan alyans avèk Bondye yo:

“Kounyeya, etandone vou vle antre nan twoupo Bondye a, pou nou pote non pèp li a, e nou vle youn pote chay lòt, pou yo kapab vin lejè;

“Wi, nou vle kriye ak moun k ap kriye yo; wi, konsole moun ki bezwen konsolasyon, e pou nou sèvi kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, e tout kote.

“Kounyeya, m ap di nou konsa, si se dezi kè nou, kisa ki anpeche nou batize nan non Senyè a, kòm yon temwayaj devan l pou nou montre l nou te fè alyans avèk li, n ap sèvi l e n ap respekte kòmandman l yo, pou l kapab vide Lespri l sou nou avèk plis abondans?

“Epi kounyeya lè pèp la te tande pawòl sa yo, yo te bat men yo ak lajwa e yo te di konsa: Se dezi kè nou.”3

Deklarasyon Sè Young nan ak ekriti sa yo te lakoz mwen te reflechi sou “devwa” nou dwe konsyan yo nan epòk nou an.

Lè nou batize, nou antre nan yon alyans. Èldè Robert D. Hales te anseye: “Lè nou fè ak respekte alyans, nou mache soti nan mond lan epi nou antre nan wayòm Bondye a.”4

Nou chanje. Nou parèt diferan, epi nou aji diferan tou. Bagay n ap koute ak li ak di yo vin diferan, epi sa nou mete sou nou diferan paske nou vin tounen pitit fi Bondye, ki lye avèk Li pa alyans.

Lè nou konfime, nou resevwa don Sentespri a, dwa pou nou gen enfliyans konstan yon manm Divinite a pou gide nou, rekonfòte nou, ak pwoteje nou. Li avèti nou lè nou tante pou n inyore alyans nou yo e retounen nan mond lan. Prezidan Boyd K. Packer anseye ke okenn nan nou “p ap janm komèt yon peche grav san l pa resevwa avètisman toudabò, pa enspirasyon Sentespri a.”5

Pou nou resevwa don sa a epi toujou gen Lespri a avèk nou an, nou dwe diy ak vijilan nan tcheke kondisyon kè nou. Èske kè nou adousi? Èske nou gen yon kè enb, yon kè yo ka anseye, yon kè soumi? Oubyen èske kè nou vin tikras pa tikras andisi paske nou kite twòp nan bri mond lan distrè nou e elwaye nou de chichotman dou Lespri a pote yo?

Lè nou te batize, kè nou te chanje e nou te vin konnen Bondye. Pandan vwayaj mòtèl nou an, nou bezwen regilyèman mande tèt nou: “Si [m] te santi yon chanjman nan kè m, ... èske [m] ka santi l kounyeya?”6 E, si non, poukisa?

Anpil nan premye Sen yo te “santi gwo chanjman sa a nan kè [yo].”7 Li te prepare yo pou yo te resevwa benediksyon tanp yo ki te fòtifye yo nan devwa yo. Premye Sen Novou yo te ale “nan tanp lan tout lajounen ak prèske tout lannuit”8 pou yo te resevwa òdonans ak fè òdonans anvan yo te kòmanse vwayaj yo pou ale nan lwès la.

Sarah Rich, yon sè Sosyete Sekou nan Novou, te di bagay sa a: “Benediksyon nou te resevwa yo nan kay Senyè a te anpil, sa ki te pote anpil lajwa ak rekonfò pou nou nan mitan tout pwoblèm nou yo e ki te pèmèt nou gen lafwa nan Bondye, konesan ke Li t ap gide nou ak soutni nou nan vwayaj vè lenkoni sa a ki t ap tann nou an.”9

Avèk kè yo chanje atravè lafwa nan Sovè a, yo te konte sou pouvwa Ekspyasyon an. Yo te pouse pou yo aji. Yo te konnen fon nan kè yo ke te gen yon moun---Sovè a---ki te konprann advèsite yo a paske Li te soufri l pou yo nan Jaden Jetsemane ak sou kwa a. Li te santi laperèz yo, dout yo, lapenn yo, ak solitid yo. Li te soufri doulè yo, pèsekisyon yo, grangou yo, fatig yo, ak pèt yo te fè yo. Epi paske Li te soufri tout bagay sa yo, Li te ka di yo: “Vin jwenn mwen, nou tout [ki] bouke epi k ap pote chay, ma ba nou soulajman.”10

Epi yo te vini. Yo te fè pwofèt la konfyans epi yo te suiv li. Yo te konnen vwayaj la ta pral long, devwa yo difisil. Yo te konnen yo t ap oblije fè sakrifis, men soutni pa lafwa yo epi ankre nan alyans yo, yo te espirityèlman prepare.

Anvan yo te kite Novou, yon gwoup Sen te ekri yon mesaj nan sal reyinyon tanp lan yo te fòse yo abandone a. Li di: “Senyè a wè sakrifis nou: suiv egzanp nou.”11

Dènyèman m te patisipe nan yon vwayaj pyonye avèk jènjan ak jènfi nan pawas mwen yo. Chak maten m te mande tèt mwen: “Kisa sakrifis pa m ye? Nan ki fason pou m suiv egzanp yo?”

Nan dezyèm jou vwaaj la, nou te rale charyo amen nou yo sou distans (13 km) lè nou te rive nan yon zòn sou wout la ki te rele “zòn pou fi yo rale.” Yo te separe gason yo ak fi yo, epi yo te voye mesye yo devan monte sou yon mòn. Pandan nou te kòmanse rale charyo nou yo, mwen te wè frè nou yo nan prètriz la, jèn kou granmoun, aliyen sou debò wout la, ki te retire chapo yo an siy respè pou salye fi yo.

Chemen an te fasil nan kòmansman, men byen vit nou te rive nan sann fon, epi mòn nan t ap vin pi wo. Mwen te bese tèt mwen e m t ap pouse charyo a avèk tout mwen menm lè m te santi yon ti frape sou charyo a epi m te wè Lexi, youn nan jènfi nou yo ki se vwazin mwen. Li te gentan rale charyo pa l la rive anlè epi, paske l te wè nou te bezwen èd, li te retounen pou vin ede nou. Lè nou te rive anlè, mwen te anvi retounen al ede moun ki t ap vin apre m yo, men respirasyon m te kout, e kè m te sitèlman bat ke plizyè fwa mo kriz kadyak la te pase nan tèt mwen! Mwen te gade avèk gratitid lè m te wè lòt jènfi yo te depoze charyo pa yo pou yo te kouri al ede lòt moun.

Lè tout moun te rive sou mòn nan, nou te pran yon ti tan pou ekri enpresyon nou nan jounal nou. Mwen te ekri: “M pa t byen prepare fizikman se poutèt sa m pa t gen fòs pou m te ede moun ki te vin apre m yo. Mwen gen dwa pa janm gen pou pouse yon charyo ankò, men mwen pa vle janm kite abandone sè m yo espirityèlman ankò, jamè!”

Sete yon eksperyans sakre ki te espirityèlman fè m pran konsyans devwa m genyen anvè fanmi m ak lòt moun. Pandan tout vwayaj la, mwen te reflechi sou sa m te aprann yo.

Premyèman, m te panse ak sè m yo, moun ki te rale charyo yo ak moun ki kontinye jodia ap rale charyo yo poukont yo. Prèske 20 pousan nan fi nan premye konpayi charyo sa yo te poukont yo, pandan omwen yon pati nan chemen an. Yo sete fi ki pa t marye, ki te divòse, oubyen ki te vèv. Anpil nan yo sete manman selibatè.12 Yo tout te travay ansanm---pitit fi alyans, jèn kou granmoun, nan sikonstans lavi diferan, sou menm wout la, avèk menm bi a.

Moun ki te kouri al ede sè yo ki te nan bezwen yo te raple m sovtè, ni sa nou wè ni sa nou pa wè yo, ki vit pou obsève, wè yon bezwen, epi aji.

M te panse ak pawòl sa yo Senyè a te di: “M prale devan nou. M ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè.”13

Te gen gason fidèl, obeyisan, ki kenbe alyans, ki te aliyen sou de bò chemen an. Pouvwa prètriz yo---pouvwa Bondye itilize pou beni tout pitit Li yo---te enspire, fòtifye, ak sipòte nou. Yo sete yon rapèl pou n sonje ke nou pa janm poukont nou. Nou ka gen pouvwa sa a avèk nou tout tan si nou respekte alyans nou yo.

M te panse ak mesye yo ki te separe avèk fanmi yo a, ki te kite yo pou rale charyo yo poukont yo. Anpil gason te mouri pandan vwayaj la. Gen pitit gason ki te rete dèyè pou sèvi misyon nan peyi natif natal yo. Gen lòt ki te ale anvan sa pou yo t al prepare pou rive fanmi yo nan Vale Salt Lake la. Genyen ki absan pa chwa yo, yo te chwazi pou yo pa t respekte alyans yo te fè yo.

Menmjan ak sila yo ki ale devan yo, anpil moun jodia ap viv nan sikonstans ki pa ideyal. Nou kontinye ap anseye ak chèche ideyal paske nou konnen ke lefèt ke nou kontinye ap eseye a ap kenbe nou sou wout la epi prepare nou pou opòtinite pou n resevwa tout benediksyon pwomiz yo pandan ke n ap “mete konfyans nan Senyè a.”14

Nou chak te genyen e ap kontinye genyen advèsite nan lavi nou. Lavi mòtèl sa a se yon tan mizaleprèv, e n ap kontinye gen opòtinite pou itilize libabit nou pou chwazi sa n ap aprann nan advèsite k ap vini kanmèm yo.

Antanke pitit fi Bondye, nou kontinye sou chemen an ak lafwa, paske nou rekonèt sa Prezidan Thomas S. Monson te anseye a: “Òdonans sali yo nou resevwa nan tanp lan, ki ap pèmèt nou retounen yon jou nan prezans Papa nou ki nan Syèl la nan yon relasyon fanmi etènèl la, ki pèmèt nou dote avèk benediksyon ak pouvwa ki soti anwo yo, merite tout sakrifis ak tout efò nou.”15

Li pa sifi pou nou jis nan vwayaj la; nou dwe pran konsyans devwa nou epi kontinye ak lafwa pandan n ap apiye sou pouvwa rekonfòtan, fòtifyan, sanktifyan, ak gerisè Ekspyasyon an.

Sè m yo, mwen renmen nou. M pa konnen anpil nan nou pèsonèlman, men mwen konnen kiyès nou ye! Nou se pitit fi k ap kenbe alyans nan wayòm ni an, epi dote ak pouvwa atravè alyans nou yo, nou prepare pou fè devwa nou.

Sosyete Sekou prepare fi yo pou benediksyon lavi etènèl yo nan reveye nou espirityèlman pou nou grandi nan lafwa ak ladwati pèsonèl. Annou kòmanse avèk tèt nou. Annou kòmanse kote nou ye a. Annou kòmanse jodia. Lè nou espirityèlman reveye, n ap plis gen kapasite pou fòtifye fanmi yo ak fwaye yo ak ede lòt moun.

Sa se yon travay sali, epi pouvwa fòtifyan ak sanktifyan Ekspyasyon an rann ni posib. Pran konsyans kiyès nou ye. Pran konsyans devwa nou. Nou se pitit fi Papa nou ki nan Syèl la, ki renmen nou. Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.

Montre referans

    Nòt

  1.  

    1. Zina D. Young, nan Woman’s Exponent, Okt. 15, 1877, 74.

  2.  

    2.  Women 13:11–12.

  3.  

    3.  Mozya 18:8–11.

  4.  

    4. Robert D. Hales, “Modesty: Reverence for the Lord,” Liahona, Out. 2008, 21; Ensign, Out 2008, 36.

  5.  

    5. Boyd K. Packer, “How to Survive in Enemy Territory,” Liahona, Oct. 2012, 35; New Era, Avr. 2012, 3.

  6.  

    6.  Alma 5:26.

  7.  

    7.  Alma 5:14.

  8.  

    8.  Daughters in My Kingdom: The History and Work of Relief Society (2011), 29.

  9.  

    9. Sarah Rich, nan Daughters in My Kingdom, 30.

  10.  

    10.  Matye 11:28.

  11.  

    11. Nan Daughters in My Kingdom, 30.

  12.  

    12. Research conducted by Jolene S. Allphin from stories and company rosters; gade Tell My Story, Too, 8th ed. (2012).

  13.  

    13.  Doktrin ak Alyans 84:88.

  14.  

    14.  Ezayi 40:31.

  15.  

    15. Thomas S. Monson, “The Holy Temple—a Beacon to the World,” Liahona and Ensign, Me 2011, 92.