Leve epi briye

Pa Ann M. Dibb

Dezyèm Konseyè nan Prezidans Jeneral Jènfi a


 
Youn nan pi gwo fason pou nou kapab leve epi briye se pou nou obeyi kòmandman Bondye yo an tout konfyans.

Se yon privilèj pou mwen pou m pataje aswè sa a avèk nou. Chak Janvye mwen toujou ap tann anons nouvo tèm Mityèl la avèk enpasyans. Men, mwen toujou pran yon moman pou evalye si m byen metrize leson tèm ane pase yo.

Pandan yon ti moman, annou repase tèm resan yo: “Se pou vèti gain panse ou san rete,”1 “Se pou nou fèm, inebranlab, toujou fè bon zèv an abondans.”2 “Se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo,”3 “Mete gason sou ou; pa janm dekouraje,”4 ak trèzyèm atik lafwa a: “Nou kwè nou dwe onèt, vrè, chas byenveyan, gen vèti, epi nan fè byen pou tout moun.”5

Etidye ekriti sa yo ak konsantre sou yo pandan tout yon ane ede yo vin ankre nan kè nou, nanm nou, ak temwayaj nou. Nou espere ke n ap kontinye suiv direksyon yo pandan n ap konsantre atansyon nou sou tèm Mityèl 2012 la, ke nou jwenn nan Doktrin ak Alyans yo.

Antèt pou seksyon 115 la eksplike ke ane a sete 1838 epi kote a sete Far West, Missouri. Joseph Smith te “te fè konnen volonte Bondye konsènan konstriksyon anplasman sa a ak yon kay pou Senyè a.” Pwofèt la te plen espwa ak kouraj. Nan vèsè 5 la, kote nou jwenn tèm ane sa a, Senyè a di li: “An verite m di nou tout: Leve epi briye, pou limyè nou kapab yon modèl pou nasyon yo.”

Kisa nou panse lè nou tande mo leve? Pèsonèlman, mwen panse avèk nou---nòb jèn yo nan Legliz la. Mwen fè vizyon nou k ap leve avèk dilijans soti nan kabann nou chak maten pou ale nan seminè byen bonè. Mwen wè nou menm k ap fidèlman leve soti sou jenou nou lè nou fin fè priyè jounalye nou. Mwen panse avèk nou ki kourajezman ap leve pou pataje temwayaj nou ak defann prensip nou yo. Mwen enspire pa angajman nou nan levanjil la ak bon egzanp nou. Anpil nan nou deja aksepte envitasyon sa a pou leve epi briye a, epi limyè nou ankouraje lòt pou fè menm bagay la tou.

Youn nan pi gwo fason nou ka leve epi briye se nan obeyi kòmandman Bondye yo nan tout konfyans. Nou aprann kòmandman sa yo nan ekriti yo, nan men pwofèt modèn yo, ak andedan paj bwochi Pou fòs jèn yo. Nou chak dwe posede pwòp bwochi pa nou. Nan pa m nan, mwen ansèkle mopou a ak ou, a, jan yon bon zanmi te anseye m. Senp aksyon sa a raple m ke prensip sa yo se pa sèlman direksyon jeneral---yo espesyalman pou mwen tou. Mwen espere ke n ap pran tan pou ansèkle mo sa yo nan pwòp bwochi pa nou yo, li l depi nan kòmansman rive nan fen, epi santi Lespri a temwaye ke prensip yo la pou ou menm tou.

Kapab gen nan pami nou ki tante pou neglije oswa inyore prensip ki nan Pou fòs jèn yo. Yo gen dwa gade bwochi a epi panse: “Gade, Manman, liv sa a pa pale sou [pwoblèm nou genyen an].” Oubyen yo gen dwa jistifye tèt yo konsa: “Sa m ap fè a pa osi mal ke sa. Sètènman m pa osi mal ke [ mete non yon zanmi oswa yon moun yo konnen].

Prezidan Harold B. Lee te anseye: “Kòmandman ki pi enpòtan nan tout kòmandman Bondye yo se sa nou gen plis difikilte pou respekte a jodia.” .”6 Wa Benjamen te eksplike: “M pa kapab di nou tout fason nou kapab fè peche; paske gen anpil fason ak mwayen, tèlman gen anpil m pa kapab konte yo.”7 Si n ap lite pou n kenbe prensip ak kòmandman sakre sa yo, mwen ankouraje nou pou n chèche sipò andedan levanjil la. Li ekriti nou yo. Pase tan nan sit ofisyèl Legliz la, LDS.org, pou jwenn repons pou kesyon nou yo. Pale avèk paran nou, dirijan Legliz yo, ak moun ki gen bon egzanp nan viv levanjil la. Priye. Devèse kè nou bay Papa nou ki nan Syèl la, ki renmen nou. Itilize don repantans la chak jou. Sèvi lòt moun. Epi pi enpòtan, koute e obeyi chichotman Sentespri a.

Prezidan Thomas S. Monson ankouraje nou tout avèk pawòl sa yo: “Jèn zanmi m yo, rete solid. ... Nou konnen sa ki bon ak sa ki mal, epi okenn degizman, kèlkeswa jan l ka bèl, pa ka chanje sa. .. Si moun ki swadizan zanmi nou yo ap pouse nou fè yon bagay nou konnen ki mal, nou dwe se moun k ap defann sa ki byen, menmsi sa vle di pou n kanpe poukont nou.”8

Papa nou ki nan Syèl la pa vle nou tounen vè mond lan ak suiv tandans toujou chanjan ki nan mond lan. Li vle nou tounen vè Li menm epi suiv gidans enchanjab pa l yo. Li vle nou viv levanjil la ak dirije lòt moun vè li nan etabli prensip ki elve.

Ekriti yo bay anpil gwo egzanp pou ilistre ides a a. Nan liv Jij yo nan Ansyen Testaman an, nou aprann sou Samson. Samson te fèt avèk gwo potansyèl. Yo te pwomèt manman l: “Se li menm ki pral delivre pèp Izrayèl la anba men Filisten yo.”9 Men amezi Samson t ap grandi, li te plis anvi suiv tantasyon mond lan yo pase direksyon Bondye. Li te fè chwa paske yo te “fè [li] plezi” ”10 olye ke l te fè yo paske chwa sa yo te bon. Anpil fwa, ekriti yo itilize fraz “epi li te ale” ”11 a lè y ap rakonte vwayaj, aksyon, ak chwa Samson. Olye ke l te leve epi briye pou akonpli gwo potansyèl li, Samson te kite mond lan simonte li, li te pèdi pouvwa Bondye te ba l la, epi li te mouri bonè anba lanmò trajik.

Yon lòtbò, ekriti yo ba nou egzanp Danyèl. Danyèl te fèt ak gwo potansyèl tou. Nan liv Danyèl la, chapit 6, nou li: “Danyèl te sipase tout chèf yo ak prefè yo, paske li te gen yon lespri siperyè nan li.” .”12 Lè pwoblèm mond lan yo te prezante devan Danyèl, li pa t gade vè mond lan---li te leve epi l te gade vè syèl la. Olye l te suiv dekrè monden wa a ki te di pou tout moun lapriyè nan pye wa a sèlman pandan 30 jou a, Danyèl “te antre lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fenèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li te mete ajenou devan fenèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye nan l te toujou fè, twa fwa pa jou.”13

Danyèl pa t pè leve kanpe epi briye nan suiv kòmandman Bondye yo. Malgre li te pase yon nuit enkonfòtab nan fòs lyon an paske l te kanpe pou sa ki dwat, li te pwoteje ak beni poutèt obeyisans li. Lè wa Dariyis te retire Danyèl nan fòs lyon an nan demen maten, li te pibliye yon dekrè ki di ke tout moun dwe gen krentif pou Bondye Danyèl la epi suiv egzanp fidelite Danyèl. Reyèlman, Danyèl montre nou kisa sa vle di pou yon moun kanpe kòm modèl pou nasyon yo e pa janm bese prensip nou anfas tantasyon mond lan yo.

Mwen te gen benediksyon pou tande anpil egzanp jèn nou yo jodia, menmjan avèk nou, ki pa pè leve kanpe pou briye epi pèmèt limyè yo vin yon modèl pami zanmi yo. Joanna sete sèl manm Legliz la nan lekòl segondè li ak sèl grenn jènfi nan pawas li. Li te pran angajman anvèt tèt li ak anvè Senyè a ke li pa t ap janm itilize move langaj. Lè, poutèt yon pwojè nan lekòl la, yo te mete l ansanm avèk yon jenòm ki pa t pran menm angajman an, li pa t bese prensip li. Li te mande jenòm nan pou respekte ak onore valè pa l yo. Alalong, avèk anpil rapèl janti e pa janti tou, zanmi l lan te fòme nouvo abitid epi l te itilize langaj pi pwòp. Anpil moun te remake diferans lan, enkli manman jenòm sa a, ki te remèsye Joanna dèske li te gen yon bon enfliyans nan lavi pitit gason l lan.14

Nan yon tach nan Filipin dènyèman, m te rankontre Karen, ki te pataje yon eksperyans li te fè lè l te Loreyòl pandan l t ap etidye pou pran yon doktora nan dirije otèl ak restoran. Yon pwofesè te mande pou chak etidyan aprann fè ak goute yon varyete bwason ke yo t ap gen pou sèvi nan restoran yo. Kèk nan bwason yo te gen alkòl, epi Karen te konnen ke kòmandman Senyè a entèdi pou l te goute yo. Angas gwo konsekans sa t ap pote, Karen te jwenn kouraj pou l te leve epi briye, e li pa t goute bwason yo.

Karen eksplike: “Pwofesè m nan te vin bò kote m epi l te mande m poukisa m pa t bwè. Li te di ‘Miss Karen, kijan w ap fè konnen save a ak pase nan sijè enpòtan sa a si w pa omwen yon fwa goute bwason yo?” Mwen te di l ke m sete yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, e, antanke manm, nou pa bwè bagay ki danjere pou nou. Kèlkeswa sa l t ap atann de mwen, menmsi sa te vle di yon move nòt, mwen t ap konprann, men mwen pa t ap febli nan viv prensip pèsonèl mwen yo.”

Semèn te pase epi yo pa t di anyen ankò sou jou sa a. Nan fen semès la, Karen te konnen ke nòt mwayèn final li t ap afekte palefèt ke li te refize goute bwason yo. Li te ezite gade nòt li, men lè l te gade, li te wè ke l te resevwa pi gwo nòt la nan klas la.

Li di: “Atravè eksperyans sa a mwen aprann ke Bondye ... ap toujou beni nou lè nou suiv Li. M konnen tou ke menmsi m te resevwa yon move nòt, mwen pa t ap regrèt sa m te fè a. M konnen ke m pap janm echwe nan je Senyè a lè m chwazi pou fè sa m konnen ki se bon bagay pou fè a.” .”15

Chè jènfi m yo, nou chak la a fèt avèk gwo potansyèl. Nou se pitit fi byeneme Papa nou ki nan Syèl la. Li konnen nou epi Li renmen nou. Li envite nou pou n “leve epi briye,” epi Li pwomèt ke si nou fè sa, L ap soutni nou ak beni nou. Mwen priye pou nou chak jwenn kouraj pou aksepte envitasyon L la ak resevwa pwomès Li yo. Nan non Jezikri, amèn.

Montre referans

    Nòt

  1.  

    1.  Doktrin ak Alyans 121:45.

  2.  

    2.  Mozya 5:15.

  3.  

    3.  1 Timote 4:12.

  4.  

    4.  Jozye 1:9.

  5.  

    5.  Atik Lafwa 1:13.

  6.  

    6.  Teachings of Presidents of the Church: Harold B. Lee (2000), 30.

  7.  

    7.  Mozya 4:29.

  8.  

    8. Thomas S. Monson, “Examples of Righteousness,” Liahona and Ensign, Me 2008, 65.

  9.  

    9.  Jij 13:5.

  10.  

    10.  Jij 14:3.

  11.  

    11.  Jij 14:7.

  12.  

    12.  Danyèl 6:3.

  13.  

    13.  Danyèl 6:10.

  14.  

    14. Pou yon pati nan istwa a, gade Joanna Ehrisman, “The Thing about Being Mormon,” nan Katilin Medlin and others, eds., Going on 15: Memoirs of Freshmen (2010), 93–96.

  15.  

    15. Korespondans pèsonèl pou Ann M. Dibb, 2012.