Kwè ke rete solid ak fidèl nan verite levanjil yo se bagay ki enpòtan anpil. Mwen temwaye ke se vre.

Chè jèn sè m yo, responsablite pou m adrese nou an fè m santi enb. Mwen priye pou m jwenn èd divin, pou m kapab mete m alawotè opòtinite sa a.

20 an desa nou p at ko menm kòmanse vwayaj nou atravè mòtalite a. Nou te toujou nan fwaye selès nou an. Nan kote sa a nou te pami moun ki te renmen nou e ki te sousye pou byennèt etènèl nou. Finalman, lavi terès la te vin esansyèl pou pwogrè nou. Okenn dout ke orevwa te di e ekspresyon konfyans te bay. Nou te akeri kò e nou te vin mòtèl, soti nan prezans Papa nou ki nan Syèl la.

Men, yon bèl akèy t ap tann nou isit la sou tè a. Premye ane sa yo sete ane presye, espesyal. Satan pa t gen okenn pouvwa pout ante nou, paske nou potko vin responsab. Nou te inosan devan Bondye.

Byenvit nou te antre nan peryòd sa a ke kèk moun rele “ane tinedjè terib yo.” Mwen prefere “tinedjè ekstraòdinè.” Ala yon tan opòtinite, yon sezon kwasans, yon peryòd devlopman---make pa akizisyon konesans ak rechèch laverite.

Pa gen okenn moun ki dekri ane adolesans yo kòm ane fasil. Yo se souvan ane ensekirite, santiman kòmsi nou pa alawotè, ane ap eseye jwenn plas nou pami zanmi, ap eseye entegre. Se yon tan kote nou vin pi endepandan---e petèt nou vle plis libète pase paran nou dispoze pou bay nan moman an. Ane sa yo se ane enpòtan tou kote Satan apt ante nou e l ap fè tout sa l kapab pou atire nou lwenn chemen k ap mennen nou retounen nan fwaye selès sa a kote nou te soti a ak retounen al jwenn moun ki renmen nou nan kote sa a e retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la.

Mond lan ki antoure nou an pa ekipe pou bay èd nou bezwen pou reyisi vwayaj souvan danjere sa a. Si anpil moun nan sosyete nou an jodia sanble yo glise soti nan ankraj sekirite yo epi ale lwen refij lapè a.

Tolerans, imoralite, pònografi, dwòg, pouvwa presyon zanmi---tout bagay sa yo ak lòt ankò---lakoz anpil moun balote sou yon lanmè peche epi kraze sou resif opòtinite pèdi, benediksyon pèdi, ak rèv brize.

Èske gen yon mwayen sekirite? Èske gen yon echap anba destriksyon menansan an? Repons lan se yon gwo wi! byen sonnen! M ap konseye nou pou n gade vè phare Senyè a. M te di sa deja; M ap redi l ankò: pa gen okenn bwouya ki si epè, ni van ki si fò, ni maren ki si pèdi ke phare Senyè a pa ka sekouri. L ap fè nou siy atravè tanpèt lavi yo. Li rele “Chemen sa a ki mennen nan sekirite. Chemen sa a ki mennen lakay.” Li voye sinyal limyè fasilman vizib e ki pap janm febli. Si nou suiv yo, sinyal sa yo ap gide nou retounen al nan fwaye selès nou an.

Mwen vle pale avèk nou aswè a sou twa sinyal esansyèl ki soti nan phare Senyè a ki ap ede nou retounen al jwenn Papa sa a ki si ap tann nou retounen triyonfan lakay la. Twa sinyal sa yo se kwè, obeyi, ak pèsevere.

Premyèman, m ap mansyone yon sinyal ki debaz e ki esansyèl: kwè. Kwè ke nou se pitit fi Papa nou ki nan Syèl la, ke li renmen nou, e nou la a isit la pou yon bi gloriye---ki se akeri sali etènèl nou. Kwè ke rete solid ak fidèl nan verite levanjil yo gen enpòtans kapital. Mwen temwaye ke se vre!

Chè jèn zanmi m yo, kwè nan pawòl nou di chak semèn yo lè nou resite tèm Jènfi a. Panse sou sans pawòl sa yo. Gen verite ladan yo. Toujou eseye viv valè ki mansyone ladan yo. Kwè, jan tèm nou an deklare a, ke si nou aksepte valè sa yo epi aji selon yo, n ap prepare pou fòtifye fwaye nou ak fanmi nou, pou fè ak kenbe alyans sakre, pou resevwa òdonans tanp yo, epi pou finalman jwi benediksyon egzaltasyon yo. Sa yo se bèl verite levanjil, e si nou suiv yo, n ap gen plis kontantman pandan tout lavi nou isit la ak nan lavi apre a pase si nou dezobeyi yo.

Pifò nan nou la a te resevwa verite levanjil yo depi lè nou te tou piti. Paran eman ak enstriktè sousye te anseye nou. Verite yo te aprann nou yo te ede nou akeri yon temwayaj; nou te kwè sa yo te anseye nou yo. Malgre ke temwayaj sa a kapab kontinye nouri espirityalman ak grandi pandan n ap etidye, pandan n ap priye pou direksyon, ak pandan n aprale nan reyinyon Legliz nou chak semèn, sa depann de nou pou n kenbe temwayaj sa a vivan. Satan ap eseye avèk tout kò li pou detwi li. Pandan tout lavi nou n ap bezwen nouri li. Tankou flanm yon bèl dife k ap boule, temwayaj nou---si nou pa kontinyèlman nouri li---ap bese vin tounen tison chabon epi etenn konplètman. Nou pa dwe kite sa rive.

Apa ale nan reyinyon Dimanch yo ak aktivite chak semèn nou yo, lè nou gen chans pou nou ale nan seminè, keseswa bonè nan maten oubyen lè lekòl nou fini, pwofite de opòtinite sa a. Anpil nan nou ap ale nan seminè kounyeya. Menjman ak tout bagay nan lavi, pifò nan sa nou pran nan eksperyans seminè nou an depann sou atitid nou ak dispozisyon nou pou yo anseye nou. Se pou nou genyen yon atitid imilite ak yon dezi pou aprann. Ala mwen rekonesan pou opòtinite m te genyen lè m te adolesan pou m te ale nan seminè bonè nan maten, paske sa jwe yon wòl kapital nan devlopman mwen ak devlòpman temwayaj mwen. Seminè kapab chanje lavi.

Sa gen kèk ane m te nan yon komite direksyon avèk yon bon mesye ki te gen anpil siksè nan lavi. Mwen te enpresyone pa entegrite li ak lwayote li anvè Legliz la. M te aprann ke l te akeri yon temwayaj e li te antre nan Legliz la akoz seminè. Lè l te marye, madanm ni sete yon manm Legliz la depi lontan. Li pa t ale nan okenn legliz. Atravè ane yo e malgre efò madanm ni, li pa t montre okenn anvi pou ale legliz avèk madanm ni ak pitit li. Epi apresa li te kòmanse kondui de nan pitit fi l yo ale nan seminè bonè nan maten. Li te konn rete nan machin nan pandan yo te nan klas yo, epi apresa li te kondi yo mennen lekòl. Yon jou lapli t ap tonbe, epi youn nan pitit fi yo te di: “Vini non, Papa. Nou ka chita nan koulwa a.” Li te aksepte envitasyon an. Pòt klas la te louvri, epi li te kòmanse koute. Kè l te touche. Pandan rès ane lekòl sa a, li te ale nan seminè avèk pitit fi l yo, sa ki te finalman mennen l vin manm e pase tout yon lavi aktif nan Legliz la. Kite seminè ede bati ak fòtifye temwayaj nou.

Ap gen moman kote n ap gen pou fè fas ak pwoblèm ki gen dwa mete temwayaj nou andanje, oubyen nou gen dwa neglije li pandan n ap pousuiv lòt bagay. Mwen priye nou pou n kenbe l solid. Se responsablite pa nou, e pa nou sèlman, pou kenbe flanm li ap brile byen wo. Sa mande efò, men se efò nou pa p janm, janm regrèt. Mwen sonje pawòl yon chan ki te ekri pa Julie de Azevedo Hanks. An referans ak temwayaj li, li te ekri:

Atravè van chanjman yo
Ansèkle pa nyaj doulè
M gade l avèk lavi m
Mwen bezwen chalè a---Mwen bezwen limyè a
Menmsi tanpèt ap fè raj
M ap kanpe kont lapli k ap tonbe a
M ap rete
Yon moun k ap kenbe flanm nan.1

Se pou nou kwè epi apresa se pou nou kenbe flanm temwayaj nou boule byen wo, kèlkeswa sa k rive.

Pwochen an, jènfi m yo, se pou nou obeyi. Obeyi paran nou. Obeyi lwa Bondye yo. Se yon Papa eman ki nan Syèl la ki ba nou yo. Si nou obeyi yo, lavi nou ap vin pi akonpli, mwens konplike. Pwoblèm ak difikilte nou yo ap vin pi fasil pou n pote. N ap resevwa benediksyon Senyè a pwomèt yo. Li te di: “Senyè a vle yon kè ak yon panse ki ben bon volonte; epi moun ki gen bon volonte epi ki obeyisan pral manje bon bagay ki nan tè Siyon an nan dènye jou sa yo.”2

Nou gen yon sèl lavi pou n viv. Kenbe lib anba twoub otan nou kapab. N ap jwenn tantasyon, pafwa nan men moun nou te panse ki te zanmi nou.

Sa gen kèk ane m te pale avèk yon konseyè nan Eglantin ki te di pale m de yon eksperyans li te fè avèk yon jènfi nan klas li. Yo te tante jènfi sa a plizyè fwa pou l te kite chemen verite a epi suiv detou peche. Atravè pèsyazyon san rete nan men kèk nan zanmi lekòl li yo, li te finalman dakò pou suiv detour sa a. Yo te fikse plan an: li t ap di paran l ke l ta pral nan aktivite Jènfi semèn nan. Sepandan, li te planifye pou l te ale nan aktivite jis letan pou zanmi l yo ak mennaj yo te vin chèche li. Apresa yo ta prale nan yon fèt kote yo t ap pran bwazon alkòl epi kote konpòtman yo t ap an vyolasyon total ak sa jènfi sa a te konnen ki te byen.

Enstriktris la te priye pou l jwenn enspirasyon nan ede jènfi l yo espesyalman jènfi sa a menm, ki te sanble l pa t asire nan angajman li nan levanjil la. Enstriktris la te resevwa enspirasyon jou swa sa a pou l te abandone sa l te deja planifye a epi pale avèk timedàm yo sou rete totalman pwòp. Pandan l te kòmanse ap pataje panse li ak santiman li, jènfi an kesyon an te tcheke mont li souvan pou asire l ke li pa t rate randevou a avèk zanmi l yo. Men, amezi diskisyon an t ap avanse, kè li te touche, konsyans li te reveye, epi detèminasyon li te renouvle. Lè lè a te rive, li te inyore son repete klaksonn otomobil la ki te vin chèche l la. Li te rete pandan tout aswè a avèk enstriktris li a ak lòt jènfi yo nan klas la. Tantasyon pou detounen de chemen Bondye apwouve a te detounen. Satan te bloke. Jènfi a te rete lè lòt yo te fin ale pou l te ka remèsye enstriktris la pou leson an epi pou fè l konnen kijan li te ede l evite sa ki ta ka gen yon rezilta trajik. Priyè enstriktris la te reponn.

Mwen te aprann nan apre ke poutèt li te pran desizyon pou l pa t ale avèk zanmi l yo jou swa sa a---kèk nan tifi ak tigason ki te pi popilè yo nan lekòl la---te kouri pou jènfi sa a e pandan plizyè mwa li pa t gen okenn zanmi nan lekòl la. Yo pa t ka aksepte pou l pa t vle fè sa yo te fè a. Sete yon peryòd ekstrèmeman difisil ak solitè pou li, men li te rete inebranlab e finalman li te fè zanmi ki te gen menm prensip avèk li. Kounyeya, plizyè ane apre, li te marye nan tanp e li gen kat bèl pitit. Ala diferan lavi l te ka ye. Desizyon nou detèmine destine nou.

Presye jènfi m yo, fè pou tout desizyon n ap pran pase tès sa a: “Kisa l ap fè mwen? Kisa l ap fè pou mwen?” Epi se pou règ konduit nou sousye non pa de “Kisa lòt yo ap panse?” men olyesa “Kisa m ap panse de tèt mwen?” Se pou nou kite ti vwa dous la enfliyanse nou. Sonje ke yon detantè prètriz ki te gen otorite te mete men sou tèt nou lè konfimasyon nou epi l te di: “Resevwa Sentespri a.” Louvri kè nou, nanm nou menm, bay son vwa espesyal sa a ki temwaye laverite a. Jan pwofèt Ezayi pwomèt la: “Na tande yon vwa nan zòrèy nou ... k ap di, men bon chemen an bò isit, se la a pou w pase.”3

Atitid komen nan epòk nou an se tolerans. Revi yo ak televizyon montre pòtre vedèt sinema, ewo nan domèn atletik---moun ke anpil jèn anvi imite---k ap meprize lwa Bondye yo ak benyen nan pratik peche, aparaman san okenn konsekans. Pa kwè sa! Gen yon tan pou rann kont---yon tan pou balanse gwo liv la. Chak Sandriyon gen minui pa l --- si se pa nan lavi sa a, enben, se nan pwochen an. Jou Jijman an ap vini pou tout moun. Èske nou prepare? Èske nou satisfè ak sa n ap akonpli?

Si gen nenpòt nan nou ki te tonbe nan vwayaj la, mwen pwomèt nou ke gen yon mwayen pou retounen. Pwosesis la rele repantans. Sovè nou an te mouri pou bay ou menm avèk mwen kado beni sa a. Menmsi chemen an difisil, pwomès la reyèl. Senyè a di: “Menmsi peche nou yo ta tache wouj kou san, m ap fè nou vin blan tankou lanèj.”4 “Epi mwen pap sonje [yo] ankò.”5

Jèn sè byeneme m yo, nou gen kado presye libabit la. Mwen priye nou pou n chwazi obeyi.

Finalman, se pou nou pèsevere. Kisa sa vle di pèsevere? Mwen renmen definisyon sa a: reziste avèk kouraj. Kouraj ka nesesè pou nou pou n kwè; li ap pafwa nesesè pou nou obeyi. Li ap asireman nesesè pandan n ap pèsevere jiska jou sa a kote nou pral kite egzistans mòtèl sa a.

Pandan tout ane yo mwen te pale avèk moun ki konn di mwen: “Mwen sitèlman gen pwoblèm, sousi reyèl. Mwen depase pa pwoblèm lavi yo. Kisa pou m fè?” Mwen toujou ba yo, e m ap banou l jodia, direksyon espesifik sa a: chèche gidans syèl la yon jou alafwa. Viv pandan w ap sousye de demen difisil; men viv lavi kote w ap sousye de moman prezan an fasil. Nou chak kapab vrè pou jis yon jounen---epi apresa youn anplis epi youn anplis apresa---jiskaske nou viv tout yon lavi gide pa Lespri a, tout yon lavi tou pre Senyè a, tout yon lavi bon zèv ak lajistis. Sovè a pwomèt: “Leve tèt gade m e pèsevere jiska lafen e n ap viv; paske, moun ki pèsevere jiska lafen m ap ba li lavi etènèl.”6

Se pou bi sa a nou vin nan mòtalite a, jèn zanmi m yo. Pa gen anyen ki pi enpòtan pase bi n ap eseye atenn nan---ki se lavi etènèl nan wayòm Papa nou an.

Nou se pitit fi trè presye Papa nou ki nan Syèl la ke l voye sou tè a nan epòk sa a pou yon bi. Nou te rezève jiska moman sa a menm. Bagay ekstraòdinè ak gloriye ap tann nou si nou sèlman kwè, obeyi, ak pèsevere. Pou sa se benediksyon nou, mwen priye nan non Jezikri, Sovè nou an, amèn.

Montre referans

    Nòt

  1.  

    1. Julie de Azevedo Hanks, “Keeper of the Flame,” Treasure the Truth (compact disc, 1997).

  2.  

    2.  Doktrin ak Alyans 64:34.

  3.  

    3.  Ezayi 30:21.

  4.  

    4.  Ezayi 1:18.

  5.  

    5.  Jeremi 31:34.

  6.  

    6.  3 Nefi 15:9.