Kounyeya se moman pou nou leve epi briye!

Pa Elaine S. Dalton

Prezidant Jeneral Jènfi yo


 
Antanke pitit fi Bondye, nou ne pou n dirije.

Nan fenèt mwen nan biwo Jènfi a, mwen gen yon bèl vi Tanp Salt Lake la. Chak jou mwen wè anj Mowoni, kanpe anlè tanp lan kòm yon bèl senbòl non sèlman lafwa li men lafwa pa nou tou. Mwen renmen Mowoni paske, nan yon sosyete ki t ap dejenere anpil anpil, li te rete pi ak vrè. Li se ewo mwen. M santi se kòmsi li kanpe anlè tanp lan jodia, ap priye nou pou nou gen kouraj, pou n sonje kiyès nou ye ak pou n rete diy pou antre nan tanp sakre a---pou “leve epi briye,”1 pou kanpe anwo bri mond lan yo, epi, jan Ezayi te pwofetize a, pou “Vini ... monte sou mòn Senyè a” ”2---tanp sakre a.

Nou gen pitit fi chwazi Senyè a ki rasanble isit la jodia. Pa gen okenn gwoup konsekan ki kanpe pou laverite ak lajistis nan tout mond lan pase jènfi ak fi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Mwen wè karaktè nòb nou e m konnen idantite ak destine divin nou. Nou te distenge tèt nou nan egzistans premòtèl la. Linyaj nou pote avèk li alyans ak pwomès. Nou eritye karakteristik espirityèl patriyach fidèl tankou Abraram, Izaak, ak Jakòb. Yon pwofèt Bondye yon fwa te fè referans avèk nou chak ki reyini la a aswè a kòm “bèl lespwa briyan”3 demen. E mwen dakò! Nan yon mond plen pwoblèm, limyè nou briye klè. Anfèt, jou sa yo se “jou pou n pa janm bliye.”4 Yo se jou pa nou, epi kounyeya se moman pou jènfi yo toupatou “leve epi briye, pou limyè nou kapab yon modèl pou nasyon yo.”5

“Yon modèl se yon règ mezi ki pèmèt yon moun detèmine presizyon oswa pèfeksyon.”6 Nou dwe yon modèl sentete pou tout mond lan ka wè! Nouvo bwochi revize Pou fòs jèn yo gen non sèlman modèl pou n viv avèk presizyon men benediksyon ki pwomèt si nou fè sa tou. Pawòl yo ki nan bwochi enpòtan sa a se modèl pou mond lan, epi viv prensip sa yo ap pèmèt nou konnen kisa pou n fè pou n vin pi plis tankou Sovè a ak gen kè kontan nan yon mond ki toujou ap vin pi fènwa. Viv prensip ki nan bwochi sa yo ap ede nou kalifye pou konpayi konstan Sentespri a. Epi nan mond kote n ap viv la, n ap bezwen konpayi sa a pou nou pran desizyon enpòtan ki ap detèmine pifò nan siksè ak bonè fiti nou. Viv prensip sa yo ap ede nou chak kalifye pou antre nan tanp sakre Senyè a epi nan kote sa a, resevwa benediksyon ak pouvwa ki ap tann nou lè nou fè ak kenbe alyans sakre.7

Lè pitit fi m nan, Emi, te yon tifi tou piti, li te renmen gade tou mouvman m lè m te konn ap pare pou al legliz. Lè l fin obsève woutin mwen, li te konn penyen tèt li, epi mete rad sou li, epi apresa li te toujou mande m pou m mete enpe “briyan” pou li. “Briyan” an li t ap pale a sete yon krèm epè m te konn itilize pou anpeche rid. Jan l te mande a, mwen te konn mete l sou figi ak sou lèv Emi, epi li te konn souri apresa epi di: “Kounyeya, nou pare pou n ale!” Sa Emi pa t reyalize sèke li te deja gen “briyan” pa li sou figi li. Figi l te briye paske li te si pi ak inosan ak bon. Li te gen Lespri a avèk li, e sa te parèt.

Mwen ta swete pou chak jènfi ki reyini la a aswè a konnen epi konprann ke bote nou---“briyan” nou---pa chita nan makiyaj, krèm briyan, oswa dènye modèl rad oubyen koup cheve a. Li chita nan pite pèsonèl nou. Lè nou viv prensip yo epi n kalifye pou konpayi konstan Sentespri a, nou ka gen yon enpak puisan nan mond lan. Egzanp nou, menm limyè nan je nou, ap enfliyanse lòt moun ki wè “briyan” nou, epi y ap anvi vin menmjan avèk nou. Ki kote nou jwenn limyè sa a? Senyè a se limyè, “epi Lespri a klere chak moun nan mond lan, ki koute vwa Lespri a.”8 Yon limyè divin vini nan je nou ak sou figi nou lè nou pwoche pre Papa nou ki nan syèl la ak Pitit Gason L la, Jezikri. Se konsa nou jwenn “briyan” an! Epitou, jan nou tout kapab wè, “krèm briyan” an pa t reyèlman fè anyen pou rid mwen yo!

Apèl pou nou “leve epi briye” a se yon apèl pou nou chak dirije mond lan nan yon koz puisan---pou distenge tèt nou---epi dirije jenerasyon sa a nan vèti, pite, ak diyite pou tanp. Si nou vle fè yon diferans nan mond lan, nou dwe diferan de mond lan. M ap repete pawòl Joseph F. Smith yo, ki te di fi yo nan epòk li a: “Se pa wòl nou pou n kite [jèn] fi yo nan mond lan dirije nou; se pou nou menm nou dirije ... [jèn] fi yo nan mond lan, nan tout bagay ki ... pirifyan pou pitit lèzòm.”9 Pawòl sa yo sonnen vrè jodia. Antanke pitit fi Bondye, nou te ne pou n dirije.

Nan mond kote n ap viv la, kapasite nou pou dirije ap mande gidans ak konpayi konstan Sentespri a ki pral montre nou “tout bagay nou dwe fè”10 si nou rekonèt gidans ak enspirasyon l yo e apiye sou yo. E paske Sentespri a pa rete nan tanp ki pwofane, nou chak ap bezwen egzamine abitid nou ak kè nou. Nou tout ap bezwen chanje yon bagay---pou repanti. Jan papa Wa Lamoni te deklare nan Liv Mòmon an, “M ap kite tout peche m pou m kapab konnen ou.”11 Èske nou menm avèk mwen, dispoze pou fè menm bagay la tou?

Yon gwoup jèn nan Queen Creek, nan Arizona, te detèmine pou “leve epi briye” epi dirije jèn yo nan kominote yo a nan viv prensip ki etabli nan Pou fòs jèn yo. Yo chak te ekri yon bagay yo te santi ki t ap rale yo dèyè oswa yon bagay yo te vle chanje nan lavi yo nan jounal yo, epi apresa yo te literalman fouye yon twou. Yo te ale ansanm epi dechire paj jounal la epi voye l nan twou a nan tè a menmjan pèp Amon an te fè nan Liv Mòmon an pou zam lagè yo te genyen yo.12 Apresa yo te antere paj sa yo, epi jou sa a, yo chak te pran yon angajman pou chanje. Yo te repanti. Yo te detèmine pou leve!

Èske w gen yon bagay nan lavi w ou bezwen chanje? Nou kapab fè sa.Nou kapab repanti gras ak sakrifis ekspyatwa enfini Sovè a. Li rann posib pou nou menm avèk mwen chanje, pou n vin pi ak pwòp ankò, epi vin menmjan avèk Li. E Li pwomèt ke lè nou fè sa, Li p ap sonje peche nou yo ak erè nou yo ankò.13

Pafwa li ka parèt prèske enposib pou nou kontinye ap briye. Nou rankontre sitèlman pwoblèm ki gen dwa vwale sous tout limyè a, ki se Sovè a. Pafwa wout la difisil, e li gen dwa menm sanble pafwa ke yon bwouya epè bouche limyè a. Se konsa sa te ye pou yon jènfi ki te rele Florence Chadwick. Nan laj 10 zan, Florence te dekouvri ke l sete yon najè plen talan. Li te naje atravè English Channel la kote l te bat rekò 13 èdtan 20 minit. Florence te renmen defi, e nan apre li te eseye naje ant kot Kalifòni an ak Zile Catalina---prèske 34 kilomèt. Nan naj sa a li te vin fatige apre l te fin naje pandan 15 èdtan. Yon gwo bwouya te leve ki te bouche kot la. Manman l te bò kote l sou yon bato, epi Florence te di manman l ke li pa t panse l t ap ka kontinye. Manman l ak antrenè a te ankouraje l pou l kontinye, men tout sa l te ka wè sete bwouya epè a. Li te abandone naj la, men lè l te monte nan bato a, li te dekouvri ke l te kite jis prèske 1.6 kilomèt agoch kot la. Nan apre, lè l te fè entèvyou, yo te mande l poukisa li te abandone naj la, li te konfese ke se pa t dlo frèt la ni se pa t distans la ki te lakoz. Li te di: “Bwouya a te bat mwen.”14

Nan apre li te rekòmanse naj la ankò, e yon fwa ankò, bwouya epè a te leve. Men fwa sa a, li te kontinye jiskaske l te reyisi atenn kot la. Fwa sa a lè yo te mande l kisa k te fè diferans lan, li te di ke l te kenbe imaj kot la nan tèt li atravè bwouya a e pandan tout dire naj la.15

Pou Florence Chadwick, kot la sete bi li. Pou nou chak, tanp lan se bi pa nou. Jènfi, rete fokis. Pa pèdi bi nou devi. Pa kite bwouya epè polisyon moral la ak vwa dekourajan mond lan anpeche nou atenn bi nou yo, viv prensip yo, jwi konpayi Sentespri a, ak rete diy pou antre nan tanp sakre yo. Kenbe vizyon tanp lan---kay sakre Sovè a---toujou tache nan kè nou ak nan lespri nou.

Sa gen kèk semèn m te kanpe nan sal selès Tanp Reno a nan Nevada. Limyè ki t ap filtre antre nan sal sa a te briye e chandelye kristal yo te rann ni pi klere toujou, yo te voye reflè limyè a sou tout fas li yo fè yo voye reyon limyè tankou akansyèl toupatou. Sa te koupe souf mwen pandan m te reyalize ke Sovè a se “limyè ak lavi mond lan,”16 ke se limyè Li nou dwe kenbe ak reflete. Nou se ti kristal tou piti yo ki reflete limyè Li, e pou nou ka fè sa, nou dwe pwòp e debarase n de pousyè mond lan. Pandan m te kanpe nan tanp lan jou sa a, m te tande ankò nan lespri mwen apèl Mowoni fè nou an---nou menm pitit fi Siyon yo: “Reveye, leve sòti nan pousyè a.”17 “E pa touche move don an, ni bagay ki pa pwòp la.”18 “Reveye, leve ... e mete bèl rad ou yo sou ou, O pitit fi Siyon an ..., pou alyans Papa Etènèl la te fè avèk ou a, O, ou menm kay Izrayèl la, kapab akonpli.”19

Benediksyon yo pwomèt nan tanp yo se non sèlman pou nou men pou tout jenerasyon tou. Lè nou fè tanp lan vin bi nou, enfliyans nou pou bon bagay ap travèse tan ak plas, e travay nou akonpli pou moun ki te ale anvan yo ap vin akonplisman pwofesi!

Nan dènye konferans lan, m te kontan lè m te tande Èldè David A. Bednar envite nou chak pou n vin totalman angaje nou nan fè pwòp istwa familyal nou ak travay tanp pou moun ki deja ale san yo pa t jwenn benediksyon levanjil retabli Jezikri a.20 Pandan l t ap fè nou envitasyon sa a, kè m te bat fò andedan mwen. Nan Doktrin ak Alyans nou li konsènan “lòt lespri espesyal ki te rezève pou vini nan plenitid tan yo, pou fè pati nan poze fondasyon gwo travay dènye jou sa a, ansanm avèk konstriksyon “tanp yo ak akonplisman òdonans nan tanp yo, pou redanmsyon mò yo.”21 Lespri espesyal sa yo se nou menm! Kounyeya se moman pou nou diy pou yon rekòmandasyon tanp epi al pran l. Sa se jou pa nou e travay nou an kòmanse! Pandan n ap fè travay sa a, n ap vin tounen sovè sou Mòn Siyon an.22

Èldè Russell M. Nelson te di de nou: “Enfliyans jènfi [yo] nan Legliz la, tankou yon jeyan k ap dòmi, va reveye, leve, epi enspire moun k ap viv sou tè a tankou yon fòs puisan pou lajistis.”23 Leve epi pran plas nou nan evenman gloriye yo ki pral fòme demen nou ak fiti mond lan. Kounyeya se moman an!

Anlè tèt mòn nan yon banyè deplwaye. Nou menm nasyon yo, kounyea gade; l ap flote nan tout mond lan”!24 Jènfi yo, nou se banyè a! Se pou nou gen vèti, rete pi, chèche konpayi Sentespri a, antere peche ak transgresyon nou yo, rete fokis e pa kite bwouya polisyon moral la bouche bi nou. Rete diy pou antre nan tanp. Mete “briyan” nou sou nou! Mwen temwaye nou avèk tout kè m ke Bondye vivan e L ap klere lavi nou pandan n ap rapwoche n tou pre Pitit Gason Byeneme L la---Sovè an, Jezikri. E mwen priye, menmjan ak Mowoni, pou nou “Leve epi briye, pou limyè [nou] kapab yon modèl pou nasyon yo”!25 Nan non sakre Jezikri, amèn.

Montre referans

    Nòt

  1.  

    1.  Doktrin ak Alyans 115:5.

  2.  

    2.  Ezayi 2:3; 2 Nefi 12:3.

  3.  

    3. Gordon B. Hinckley, “Standing Strong and Immovable,” Worldwide Leadership Training Meeting, Jan. 10, 2004, 20.

  4.  

    4. Oliver Cowdery, in Joseph Smith—History 1:71, note.

  5.  

    5.  Doktrin ak Alyans 115:5.

  6.  

    6. Ezra Taft Benson, “Strengthen Thy Stakes,” Tambuli, Out. 1991, 4; Ensign, Jan. 1991, 2.

  7.  

    7. Gade Doktrin ak Alyans 109:22.

  8.  

    8.  Doktrin ak Alyans 84:46.

  9.  

    9.  Enseignements des présidents de l;église: Joseph F. Smith (1998), 184.

  10.  

    10.  2 Nefi 32:5.

  11.  

    11.  Alma 22:18; italik ajoute.

  12.  

    12. Gade Alma 24:17.

  13.  

    13. Gade Doktrin ak Alyans 58:42.

  14.  

    14. Gade Sterling W. Sill, nan Conference Report, Avr. 1955, 117.

  15.  

    15. Gade Randy Alcom, “Florence Chadwick and the Fog,” epm.org/resources/2010/Jan/21/florence-chadwick-and-fog. See also “Florence Chadwick,” in Encyclopedia of World Biography, vol. 19 (2004): 64–66; “Navigation Information” and “Swim Successes,” Catalina Channel Swimming Federation, swimcatalina.com, accessed Mar. 27, 2012. Additional varying accounts about Florence Chadwick exist.

  16.  

    16.  3 Nefi 9:18.

  17.  

    17.  Mowoni 10:31.

  18.  

    18.  Mowoni 10:30.

  19.  

    19.  Mowoni 10:31.

  20.  

    20. Gade David A. Bednar, “The Hearts of the Children Shall Turn,” Liahona ak Ensign, Nov. 2011, 24–27.

  21.  

    21.  Doktrin ak Alyans 138:53–54.

  22.  

    22. Gade Obadiah 1:21; Doctrine and Covenants 103:9; and Teachings of Presidents of the Church: Joseph Smith (2007), 472–73.

  23.  

    23. Russell M. Nelson, “Daughters of Zion,” New Era Young Women Special Issue, YW Nov. 1985, 9.

  24.  

    24. “High on the Mountain Top,” Hymns, no. 5.

  25.  

    25.  Doktrin ak Alyans 115:5.