Chèche konesans: Nou gen yon travay pou nou fè

Pa Mary N. Cook

Premyè Konseyè nan Prezidans Jeneral Jènfi a


 
Aprann otan nou kapab kounyeya pou nou ka beni pitit nou ak fwaye nou pral genyen demen.

Chè jènfi m yo, nou renmen nou chak anpil. Nou wè n k ap kourajezman leve epi briye avèk limyè nan yon mond kote gwo pwoblèm akonpaye gwo opòtinite. Sa ka lakoz nou mande tèt nou, kisa demen rezève pou mwen?” Mwen asire nou paske nou se pitit fi vètye Bondye, demen nou briyan! N ap viv nan yon tan kote verite levanjil yo retabli, epi verite sa yo nou ka jwenn yo nan ekriti yo. Nou resevwa don Sentespri a lè nou te batize, epi Sentespri a ap anseye nou laverite epi prepare nou pou pwoblèm lavi yo.

Bondye te ba nou libète moral ak opòtinite pou aprann pandan nou sou tè a, e li gen yon travay pou nou fè. Pou akonpli travay sa a, nou gen yon responsablite endividyèl pou chèche konesans. Kle demen nou, “bèl reyon lespwa nou”1 nou kapab jwenn ni nan nouvo bwochi Pou Fòs Jèn yo anba prensip edikasyon an ak nan vèti Jènfi ki rele konesans la.

“Edikasyon ... ap louvri pòt opòtinite.”2 Si nou suiv konsèy Senyè a pou “chèche konesans, menm nan etid epi avèk lafwa,”3 a, n ap akeri non sèlman konesans nan etid nou men plis konpreyansyon tou pandan n ap aprann avèk lafwa a.

Chèche konesans nan etid dilijan. Se raman n ap kapab pase sitèlman tan dedye nan chèche konesans pase kounyeya. Prezidan Gordon B. Hinckley te sajman konseye jèn yo nan Legliz la: “Chema etid nou etabli pandan ane lekòl nòmal nou yo ap grandman afekte swaf konesans tout lavi nou.”4 “Nou dwe akeri tout kalite fòmasyon nou ka posibman pran ... Sakrifye tout bagay ki nesesè pou sakrifye pou kalifye tèt nou pou n fè travay mond [sa a] ... Antrene lespri nou ak men nou pou n vin yon enfliyans pou byen pandan n ap avanse nan lavi nou.”5

Pandan l t ap pale avèk fi yo, Prezidan Thomas S. Monson te di: “Souvan demen se enkoni; se poutèt sa, nou dwe prepare nou pou sitiyasyon ensèten . ... Mwen priye nou pou n chèche pran fòmasyon epi aprann bagay mache a mande yo pou ke, si yon sitiyasyon konsa ta leve, n ap prepare pou reponn ak bezwen yo.”6

Jènfi yo, suiv konsèy pwofèt saj ak enspire sa yo. Se pou nou yon bon elèv. Leve epi briye nan lekòl nou avèk travay di, onètete, ak entegrite. Si n ap lite oubyen nou dekouraje ak akonplisman nou nan lekòl, chèche èd nan men paran, pwofesè, ak manm Legliz la ki vle ede. Pa janm lage sa!

Fè yon lis sa nou vle aprann; epi “pataje bi nou yo sou edikasyon avèk fanmi nou, zanmi nou, ak dirijan nou pou yo ka ba nou sipò ak ankouraje nou.”7 Sa se modèl ki nan Pwogrè Pèsonèl la.

Avèk teknoloji a, nou temwen yon eksplozyon enfòmasyon. Nou konstamman bonbade pa son, videyo, ak rezo entènèt. Se pou nou byen chwazi e pa kite kwasans konesans sa a distrè nou ni ralanti pwogrè nou. Leve, jènfi yo! Se nou ki pou detèmine bi nou. Se nou ki pou deside sa k ap antre nan lespri nou ak nan kè nou.

Kèk nan konesans ki pi enpòtan n ap akeri se pral andeyò klas nou. Antoure tèt nou avèk fi egzanplè ki ka anseye nou talan nan jere kay, nan kilti, mizik, istwa familyal, espò, ekri, oswa pale. Chèche konnen yo epi mande yo pou yo gide nou. Lè nou aprann yon bagay nouvo, anseye l nan Mityèl oubyen vin yon gid pou lòt jènfi yo kòm pati kondisyon pou nou pran Onè Abèy la.

Anplis manman ekstraòdinè m nan, mwen te gen anpil gid nan lavi mwen. Mwen te premye fwa vin gen konesans ak pwosesis pou gide a lè m te fèk gen nevan. Enstriktris mwen nan Primè a te anseye m bwode “M ap pote limyè levanjil la antre lakay mwen,” yon foto ki te toujou nan chanm mwen pandan tout adolesans mwen. Enstriktris mwen an te gide m, korije m, ak toujou ankouraje m sou tout wout mwen. Lòt gid te suiv. De ekselan koutiryè nan pawas mwen te anseye m koud. Avèk direksyon yo, pasyans, ak ankourajman, mwen te prezante yon rad nan yon konkou rad lè m te gen 14 zan, e m te pran pri a! Pwosesis la te ogmante swaf mwen pou konesans ak ekselans nan lòt domèn tou.

Akeri konesans kounyeya ap pote anpil fwi lè nou vin manman. “Nivo edikasyon yon manman gen yon pwofon enfliyans sou chwa pitit [li] pral fè nan domèn fòmasyon.”8 Fòmasyon yon manman kapab detni “kle pou soti nan sèk pòvrete.”9 paske “fi ki gen bon fòmasyon yo “gen tandans pou: fè pitit ki pi ansante, elve timoun ki pi ansante, ki gen plis konfyans, pi rezistan epi ki gen pi bon rezonman ak jijman.”10

Nan “Fanmi: yon pwoklamasyon pou mond lan” nou aprann ke “manman yo responsab prensipalman pou nouri pitit yo.”11 Founi yon edikasyon pou pitit nou fè pati nourisman sa a, e se yon responsablite sakre. Menmjan ak gèrye Elaman yo, ki te “anseye pa manman yo,” a12 se nou menm ki pral enstriktris ki pi enpòtan pitit nou ap janm genyen, konsa, se pou nou byen chwazi sa n ap aprann. Beni pitit nou ak fwaye nou pral genyen deman an pa otan konesans nou kapab pran kounyeya.

Chèch konesans pa lafwa. Nou aprann pa lafwa lè, ak dilijans, nou chèche akeri konesans espirityèl atravè lapriyè, etid ekriti, ak obeyisans ak lè nou chèche gidans Sentespri a, ki temwaye konsènan tout verite. Si nou fè pati pa nou an nan akeri konesans la, Sentespri ap kapab eklere lespri nou. Pandan n ap efòse nou pou kenbe tèt nou diy, Sentespri a ap ba nou direksyon e ajoute limyè sou konesans nou an.

Lè m te jènfi, mwen te prete eski ki te twò long pou mwen ak bòt ki te twò long pou mwen anpil, epi yon zanmi te montre m skiye! Nou te ale nan yon bèl jounen prentan plen solèy, bèl nèj, ak syèl briye san nyaj. Anksyete pou pant rèd yo te fè plas ak kontantman pandan m t ap aprann nan. E malgre ke m te tonbe anpil sou eski twò long sa yo, mwen te leve e m te kontinye eseye. Mwen te vin renmen espò a!

Men, mwen te vin rann mwen kont byen vit ke se pa t tout jounen eski ak tanperati ki te ideyal. Nan jou eski kote syèl la te sonb yo, nou te eskiye nan yon kondisyon yo rele “limyè plat”. Limyè plat la rive lè limyè solèy la difize pa nyaj yo. Lè w ap gade dèyè sou nèj blanch la, ou wè ke pèsepsyon ou disparèt, epi li difisil pou jije redè pant la ni wè bòs yo ak pant yo sou kolin nan.

Jènfi yo, nou gen dwa ap tann fiti nou avèk enpasyans menmjan m te gade pis eski rèd sa a. Nou gen dwa pafwa santi ke n ap viv nan limyè plat, enkapab pou wè sa k ap tann nou devan yo. Konesans avèk lafwa ap ba nou konfyans epi ede nou navige sou wout nou nan tan ensètitid yo.

Nan chapit 25 Matye a, parabòl dis vyèj yo anseye nou ke preparasyon espirityèl enpòtan e nou dwe atenn ni endividyèlman. N ap raple nou ke tout dis vyèj yo te envite pou akonpaye mesye marye a nan resepsyon maryaj la, men sèlman senk vyèj saj te prepare avèk gaz nan lanp yo.

“Tèt chaje yo te mande sa ki gen bon konprann yo: tanpri, ban nou ti gout nan gaz nou pote a; paske lanp pa nou yo ap mouri.

“Men senk vyèj saj yo te reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n al achte nan men machann yo.

“Antan yo t al achte gaz la, mesye marye a te vin rive; epi senk vyèj ki te pare yo te antre ansanm avè l nan kay nòs la. Yo te fèmen pòt la dèyè yo.”13

Nou gen panse ke sa te egoyis pou senk vyèj saj yo pa t pataje gaz yo a, men li te enposib pou yo te fè sa. Preparasyon espirityèl dwe akeri endividyèlman, gout pa gout, e nou pa ka pataje l.

Kounyeya se moman pou nou pou n aplike tèt nou ak dilijans nan ogmante konesans espirityèl nou---gout pa gout---atravè lapriyè, etid ekriti, ak obeyisans. Kounyeya se moman pa nou pou n kontinye fòmasyon nou---gout pa gout. Chak panse ak aksyon vètye ajoute gaz nan lanp nou tou, pou kalifye nou pou gidans Sentespri a, enstriktè divin nou an.

Sentespri a ap gide nou nan vwayaj nou isit la nan mòtalite a, menm lè nou santi nou nan limyè plat, ensèten pou sa k ap tann nou. Nou pa bezwen pè. Si nou rete sou chemen ki mennen nan lavi etènèl la, Sentespri a ap gide nou nan desizyon nou ak nan aprantisaj nou.

Mwen temwaye apati eksperyans pèsonèl ke si n ap chèche konesans menm nan etid epi avèk lafwa, nou ap gide nan sa “Senyè a ... ap bezwen nou fè ak sa nou pral bezwen konnen.”14

Mwen te resevwa benediksyon patriyakal mwen pandan m te jènfi epi yo te konseye m pou prepare tèt mwen avèk yon bon fòmasyon epi aprann bonè nan lavi vèti ki konsène jere yon kay ak elve yon fanmi. Mwen te sitèlman anvi gen yon fanmi; men, benediksyon sa a pa t rive jiskaske m te gen 37 an, kote m te finalman marye. Mari m sete yon vèf, epi konsa, jou nou te sele nan tanp lan, mwen te toudenkou beni avèk non sèlman yon mari men yon fanmi kat timoun tou.

Lontan anvan sa, te gen anpil jou kote m te santi m tankou m ap eskiye nan limyè plat, ap poze kesyon: “Kisa demen rezève pou mwen?” an. M te eseye suiv konsèy nan benediksyon patriyakal mwen yo. M te etidye ak dilijans pou m te vin yon pwofesè lekòl epi m te kontinye fòmasyon m pou m te vin direktris nan lekòl elemantè. M te priye Papa m ki nan syèl la epi m te chèche gidans Sentespri a. M te kwè fèm nan pwomès pwofèt yo ki te asire m ke si m te “rete fidèl ak vrè, kenbe alyans [mwen] yo, sèvi Bondye, ak renmen Papa [m] ki nan Syèl la ak Senyè Jezikri, [m] t ap jwenn tout benediksyon etènèl Papa nou ki nan syèl la genyen pou pitit fidèl li yo.”15

Mwen konnen ke fòmasyon m te prepare m pou yon lavi ki pa t janm te ditou imajine lè m te jènfi a. M te panse ke m t ap etidye pou anseye nan lekòl ak anseye pitit mwen t ap vin genyen yo, men m pa t konnen ke Senyè a t ap prepare m pou anseye Anglè nan yon misyon nan Mongoli avèk mari m, ak pou anseye jènfi yo nan Legliz la nan tout mond lan ak pou anseye pitit pitit mwen yo valè konesans lan---tout se benediksyon ekstraòdinè ke m pa t janm te imajine.

Mwen temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la konnen nou e Li renmen nou. Li mete gwo konfyans nan nou epi li gen yon travay ke sèlman nou menm kapab fè. Mwen asire nou ke nou ap prepare pou gwo travay sa a si nou chèche konesans nan etid epi avèk lafwa tou. Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.

Montre referans

    Nòt

  1.  

    1. Gordon B. Hinckley, “Reaching Down to Lift Another,” Liahona, Jan. 2002, 67; Ensign, Nov. 2001, 54.

  2.  

    2.  For the Strength of Youth (booklet, 2011), 9.

  3.  

    3.  Doktrin ak Alyans 88:118.

  4.  

    4. Gordon B. Hinckley, Way to Be! Nine Ways to Be Happy and Make Something of Your Life (2002), 28.

  5.  

    5. Gordon B. Hinckley, “Seek Learning,” New Era, Sept. 2007, 2, 4.

  6.  

    6. Thomas S. Monson, “If Ye Are Prepared Ye Shall Not Fear,” Liahona ak Ensign, Nov. 2004, 116.

  7.  

    7.  Pou Fòs Jèn yo, 9.

  8.  

    8. Cheryl Hanewicz and Susan R. Madsen, “The Influence of a Mother on a Daughter’s College Decision,” Utah Women and Education Project Research Snapshots, no. 3 (Jan. 2011): 1.

  9.  

    9. Marjorie Cortez, “Mom’s Education Key to Halt Poverty Cycle,” Deseret News, Sept. 23, 2011, A1.

  10.  

    10. Olene Walker, “More Utah Women Need to Finish College,” Salt Lake Tribune, Oct. 30, 2011, O4.

  11.  

    11. “The Family: A Proclamation to the World,” Liahona ak Ensign, Nov. 2010, 129.

  12.  

    12.  Alma 56:47.

  13.  

    13.  Matye 25:8–10.

  14.  

    14. Henry B. Eyring, “Education for Real Life,” Ensign, Okt. 2002, 18.

  15.  

    15. M. Russell Ballard, “Preparing for the Future,” Ensign, Sept. 2011, 27.