Lè nou sove yon tifi, nou sove dè jenerasyon

Pa Mary N. Cook

Premyè Konseyè nan Prezidans Jeneral Jènfi a


 
Viv nan lavèti ap tounen yon benediksyon pou zansèt nou yo, pou fanmi nou genyen aktyèlman an ak pou fanmi nou pral genyen demen.

Se yon onè pou mwen pou m adrese nou menm jènfi fidèl yo nan Legliz la. Nou wè kijan n ap pwogrese sou chemen moun ki onore alyans yo, e nou konnen lavi plen vèti nou an va beni zansèt nou yo, fanmi nou kounyeya, ak manm fanmi nou pral genyen, paske jan Prezidan Gordon B. Hinckley te di : “Lè nou sove yon tifi, nou sove dè jenerasyon.”1

Nou antre nan chemen alyans nou an lè nou te batize ak resevwa don Sentespri a. Li kontinye chak semèn nan reyinyon Sentsèn, yon plas sakre kote nou renouvle alyans batèm nou an. Kounyeya se moman pou nou prepare pounou fè alyans tanp. “Òdonans ak alyans sakre ki disponib nan tanp sakre yo rann posib pou [nou] retounen nan prezans Bondye ak pou fanmi [nou] ini etènèlman.”2

Kanpe nan kote ki sen pou zansèt nou yo. “Chak kretyen vivan ki vini sou tè sa a se pwodui dè jenerasyon paran. Nou gen yon tandans ki tou natirèl lakay nou pou n konekte avèk zansèt nou yo.”3 Lè nou patisipe nan istwa familyal ak travay tanp, nou konekte lavi nou avèk lavi zansèt nou yo nan fè òdonans sali yo pou yo.

Kanpe nan kote ki sen pou tèt nou ak pou fanmi nou genyen kounyeya. Egzanp ladwati nou ap yon sous gwo lajwa, kèlkeswa sitiyasyon familyal nou. Chwa ki jis nou yo ap kalifye nou pou nou fè ak kenbe alyans sakre ki pral lye fanmi nou ansanm pou tout tan.

Kanpe nan kote ki sen pou fanmi nou pral genyen demen. Pran angajman pou nou sele avèk mari nou pa prètriz sakre a nan tanp lè nou kòmanse yon inite familyal etènèl. Pitit nou yo ap beni avèk laverite si nou fè egzanp lavèti nou ak temwayaj inebranlab nou antre nan lavi pa yo epi montre wout la nan chemen alyans lan.

Mwen te wè prensip etènèl sa yo demontre nan yon Konkou Atistik Entènasyonal pou jèn yo dènyèman. Megan Warner te dijitalman konpoze yon travay fotografi, kote l te pran yon apwòch modèn sou parabòl dis vyèj Kris la.4 Mwen te rankontre Megan, epi li te eksplike senbòl dizyèm vyèj la, ke l te dekri kòm yon jènfi vètye e plen lafwa, ki prepare pou fè ak kenbe alyans sakre tanp yo. Menmjan ak tout vyèj saj yo, preparasyon endividyèl li te vini pandan l t ap ajoute luil nan lanp li, yon gout apre lòt, nan viv lavi ki dwat tout tan. Mwen te remake yon bèl très nan cheve li. Megan te eksplike ke très cheve a te reprezante trese lavi vètye jènfi sa a ki trese an pil jenerasyon san fen. Yon mèch te reprezante tresaj lanmou li ak respè li pou zansèt li yo, dezyèm nan te reprezante tresaj enfliyans dwat li sou fanmi li, epi twazyèm riban an, tresaj lavi prepare li antre nan lavi dè jenerasyon ki pou vini.

Mwen te rankontre yon lòt jènfi ke premye preparasyon espirityèl li te tise yon lavi jistis an plizyè jenerasyon.

Yon bèl aprèmidi mwa Septanm, mari m avèk mwen te nan tanp lan ap tann opòtinite pou nou te patisipe nan òdonans tanp. Kris, yon zanmi nou, te antre nan sal la. Sa te bèl pou n te wè jenòm sa a, ki te fèk retounen sot nan misyon nan Larisi.

Lè sesyon an ta pral kòmanse, yon bèl jènfi te vin chita bòkote mwen. Li te bèl, souriyan, e li te ranpli ak limyè. Mwen te anvi konn kiyès li ye, konsa, mwen te prezante tèt mwen. Li te chichote non li, Kate, e mwen te rekonèt siyati li kòm yon fanmi ki te viv nan Michigan kote fanmi m t ap viv yon lè. Kate sete pi gran pitit fi yo ki, sa gen senk mwa, te retounen soti nan misyon an Almay.

Pandan sesyon an, yon panse t ap plede vini nan lespri mwen: “Prezante Kate bay Chris.” Mwen t ap mande tèt mwen: “Kilè, ki kote, kijan?” Pandan nou t ap prepare pou nou ale, Chris te vin di nou orevwa epi m te pwofite opòtinite a. Mwen te rale Kate e m te chichote: “Nou se de jèn plen vèti ki bezwen youn kont lòt.” Mwen te kite tanp lan satisfè dèske m te aji selon enspirasyon an.

Sou wout pou n retounen an, mari m avèk mwen t ap pale sou souvni nou de difikilte fanmi Kate te rankontre. Mwen vin konnen Kate pi byen kounyeya, e li te ede m konprann rezon kalite lajwa m te wè nan figi l la nan tanp lan jou sa a.

Kate te toujou eseye rete nan chemen alyans lan e l te toujou chèche kote ki sen.Li te elve nan yon kay kote fè sware familyal, priye ansanm, ak etidye ekriti yo te fè kay la vin yon kote sakre. Lè l te piti, li te aprann sou tanp, epi chante “I Love to See the Temple (Mwen renmen wè tanp lan)” sete chante favori yo pou sware familyal.5 Lè l te jèn tifi, li te gade paran l ap tabli egzanp chèche kote ki sen nan toujou ale nan tanp yon sware olye yo ale nan sinema oubyen al nan restoran.

Li te renmen papa l anpil, e papa l te itilize otorite prètriz li a pou ede l fè premye alyans batèm ni. Apresa li te mete men sou tèt li e li te resevwa Sentespri a. Kate di: “Mwen te eksite pou m te resevwa Sentespri a, e m te konnen ke li t apral ede m rete sou chemen lavi etènèl la.”

Lavi te kontinye pou Kate nan yon fason plen lajwa ak benediksyon. Lè l te gen 14 an, li te kòmanse lekòl segondè e li te renmen seminè, yon lòt kote ki sen pou moun aprann levanjil la. Yon jou, enstriktè l la te kòmanse pale sou eprèv epi l te garanti ke nou tout t ap gen pou konfwonte yo. Kate te di tèt li: “Mwen pa vle eprèv; mwen pa vle tande bagay sa a.”

Jis kèk semèn apre, papa l te reveye ekstrèmman malad yon Dimanch Pak. Kate di: “Papa m sete yon moun ki te trè ansante; li sete yon moun ki te konn kouri nan marathon. Manman m te enkyèt pou jan l te malad la e li te mennen l lopital. Nan lespas 36 èdtan, li te fè yon gwo kriz kadyak ki te kite tout kòl paralyze. Li te ka bat je li, men tout rès kò li te paralyze. Mwen sonje lè m te wè l mwen te panse ‘O non, sa ap rive. Enstriktè seminè m nan te gen rezon. Men m ap pase eprèv.’ Nan lespas kèk grenn jou, papa Kate te mouri.

Kate te kontinye pou l di: “Sa te difisil anpil. Ou pa janm ta renmen pèdi ewo lavi ou. mwen te konnen m te ka pèmèt bagay sa a ede m grandi oubyen kite l tounen yon pyèdachopman pou mwen. Mwen pa t vle l gache lavi mwen paske m te gen sèlman 14 an. Mwen te eseye rete pre Senyè a otan sa te posib. Mwen te li ekriti yo anpil. Alma chapit 40 la te asire m ke Rezirèksyon an reyèl epi gras avèk Ekspyasyon Kris la mwen te ka avèk papa m ankò. Mwen te priye anpil. Mwen te ekri nan jounal mwen osi souvan m ta kapab. Mwen te kenbe temwayaj mwen vibran kote m te ekri li. Mwen te ale legliz ak nan Jènfi chak semèn. Mwen te antoure avèk bon zanmi. Mwen te rete pre fanmi eman e espesyalman manman m, ki sete ankraj fanmi nou. Mwen te chèche benediksyon prètriz nan men granpapa m ak man men lòt dirijan prètriz.”

Chwa repete sa yo, menmjan ak chwa vyèj saj yo, te ajoute lwil nan lanp Kate. Li te motive pa dezi li pou l reyini avèk papa l ankò. Kate te konnen papa l t ap wè chwa l yo e li pa t vle fè l desi. Li te vle gen yon relasyon etènèl avèk li, e li te konprann ke rete nan chemen alyans lan t ap kenbe lavi l kole sere avèk lavi papa l.

Sepandan, eprèv yo pa t fini. Lè Kate te gen 21 an e li te ranpli papye misyon li, yo te dekouvri manman l te gen kansè. Kat te gen pou l te pran yon desizyon enpòtan nan lavi li. Èske l ta dwe rete lakay pou ede manman l oubyen ale nan misyon? Yo te bay manman l yon benediksyon prètriz ki te pwomèt li ke li t ap siviv anba maladi a. Asire pa benediksyon sa a, Kate te avanse avèk lafwa e li te kontinye plan li pou al sèvi misyon an.

Kate di: “M te fè yon pa nan fènwa san konnen sa k tapral rive, men pandan m te nan misyon an, limyè a te finalman rive e mwen te resevwa nouvèl ke benediksyon manman m nan te reyalize. Mwen te kontan anpil dèske m pa t repouse dezi pou al sèvi Senyè a. Lè moman difisil yo vini, mwen panse li fasil pou nou rete kanpe e pa reyèlman anvi avanse, men, si nou mete Senyè a anpremye, advèsite yo kapab mennen nan bèl benediksyon. Nou ka wè men li e nou ka wè mirak.” Kate te fè eksperyans reyalite pawòl Prezidan Thomas S. Monson yo: “Opòtinite ki pi siyifikan yo se nan tan gwo difikilte nou jwenn yo.”6

Kate te gen kalite lafwa sa a paske li te konprann plan sali a. Li te konnen nou te viv anvan, ke tan nou sou tè a se yon tan pou n pase tès, e nou pral viv ankò. Li te gen lafwa ke manman l t ap beni, men apati eksperyans papa l la, li te konnen si manman l t ap gen pou mouri, sa t ap oke tou. Li te di: “Mwen pa t jis siviv lanmò papa m nan, li te vin fè pati idantite mwen pou bon, e si manman m te mouri, sa t ap fè menm bagay la pou mwen tou. Sa t ap tise yon pi gwo temwayaj nan lavi mwen.”7

Kate t ap chèche yon lye ki sen jou swa sa a m te rankontre l nan tanp lan. Paske li te vle kenbe relasyon etènèl ki soti nan sèvis tanp yo kole kole, li te suiv chema ki te tabli pa paran l yo pou ale nan tanp regilyèman an.

Anyen pa t pase jou swa sa a m te prezante Kat bay Chris la, men nan chèche yon lòt lye ki sen nan Dimanch apre a, Kate te wè Chris ankò pami jèn adilt sèl yo nan yon devosyon enstiti. Lè sa a yo te vin aprann plis bagay youn sou lòt. Kèk semèn apre, Chris te envite l pou gade konferans jeneral avèk li. Yo te kontinye chèche kote ki sen ki te envite Lespri a pandan tout sòti ansanm yo epi yo te finalman sele nan tanp, lye sen kote yo te rankontre a. Yo toulède ap ranpli responsablite sakre paran kounyeya, sa k ap trese temwayaj yo sou plan sali a ansanm ak lavi twa tigason, pou montre yo wout la nan chemen alyans lan.

“Lè nou sove yon tifi, nou sove dè jenerasyon” Desizyon Kate te pran pou l te rete sou chemen an lè l te gen 14 an an, pou l te konstamman ajoute lwil nan lanm li a, ak pou l rete nan kote ki sen an ap sove e ap kontinye sove dè jenerasyon e sa ap kontinye. Chèche zansèt li yo ak sèvi nan tanp lan te makònen kè yo ansanm epi bay zansèt yo opòtinite lavi etènèl.

Viv levanjil la nan fwaye nou ap ajoute lwil nan lanp nou tou e sa ap tise fòs espirityèl andedan fwaye nou e beni fiti fanmi nou nan fason san fen. Epi plis ankò, jan Èldè Robert D. Hales te di a: “Si egzanp nou resevwa nan men paran nou yo pa t bon, nou gen responsablite pou nou chanje sa ... epi anseye tradisyon kòrèk pou jenerasyon k ap suiv yo.”8

Deside kounyeya pou nou fè tout sa nou kapab pou ranpli lanp nou, pou temwayaj ak egzanp solid nou kapab tise nan lavi anpil jenerasyon, pase, prezan, ak fiti. Mwen temwaye ke lavi vètye nou ap non sèlman sove dè jenerasyon, men l ap sove lavi etènèl pa nou tou, paske se sèl mwayen pou nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la e jwenn vrè lajwa kouneyeya e atravè tout letènite. Nan non Jezikri, amèn.

Montre referans

    Nòt

  1.  

    1. Gordon B. Hinckley, “Standing Strong and Immovable,” Worldwide Leadership Training Meeting, Jan. 10, 2004, 20; gade tou Gordon B. Hinckley, “Our Responsibility to Our Young Women,” Ensign, Sept. 1988, 10.

  2.  

    2. “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan,” Ensign or Liahona, Nov. 2010, 129.

  3.  

    3. Russell M. Nelson, “Generations Linked in Love,” Ensign oswa Liahona, Me 2010, 92.

  4.  

    4. Gade Matye 25:1–13.

  5.  

    5. Gade “I Love to See the Temple,” Children’s Songbook, 95.

  6.  

    6. Thomas S. Monson, “Meeting Your Goliath,” New Era, Jen 2008, 7.

  7.  

    7. Entèvyou pèsonèl avèk otè a, 2013.

  8.  

    8. Robert D. Hales, “How Will Our Children Remember Us?” Ensign, Nov. 1993, 10.