Bèl vwayaj nou pou retounen lakay la

Pa Prezidan Dieter F. Uchtdorf

Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans lan


 
Dieter F. Uchtdorf
Si nou jwayezman itilize kat la Papa eman nou an ba nou pou vwayaj nou an, l ap dirije nou pou n ale nan kote ki sen e l ap eleve nou pou nou rive nan potansyèl selès nou.

Aswè a, nou gen onè pou nou nan prezans Prezidan Thomas S. Monson, pwofèt byeneme nou an. Prezidan, nou toujou priye pou ou.

Chè sè m yo, mèsi pou mizik la ak pawòl nou yo. Yo te enspiran anpil e yo toutafè anrapò avèk Pak, sezon sakre n ap selebre semèn sa a.

Se yon lajwa pou nou la a avèk nou, jèn sè presye sa yo, ansanm avèk manman ak dirijant ekstraòdinè nou yo. Nou gen yon bèl espri ak yon souri kontajye. Se sèten Senyè a sousye pou nou e, avèk amou, l ap voye je sou nou nan syèl la.

Mwen te grandi nan Zwickau, nan ansyen Almay de Lès la. Lè m te gen apeprè 11 an, papa m te tonbe anba gwo siveyans, kòm disidan politik, e paran m te santi ke sèl sa ki t ap sekirite pou fanmi nou sete kouri ale nan Almay de Lwès. Yo te deside ke pi bon plan an sete pou nou te pati nan moman diferan, e pou nou te pran wout diferan pou ale nan Lwès la, epi kite tout sa nou te posede dèyè.

Paske se papa m ki te sou plis siveyans, li te pran wout ki te pi rapid la, ki te pase pa Berlin. Gran frè m yo te pran direksyon zòn Nò, epi yo chak te debwouye yo jwenn chemen yo al nan lwès la. Sè m nan---ki te gen menm laj ak anpil nan nou ki la a jodia---ansanm avèk Helga Fassmann, enstriktris li nan Jènfi, ak kèk lòt moun, te pran yon tren ki te pase brèfman travèse Almay de Lwès la san rete. Yo te peye yon pòtye pou l te delòk youn nan pòt yo pou yo, epi lè tren an te travèse fwontyè Almay Lwès la, yo te vole soti nan tren an kouri al nan libète. Mwen te admire sè m nan anpil pou kouraj li.

Paske m te pi piti, manman m te deside ke li menm avèk mwen t ap mache pou travèse yon ranje mòn ki te separe de peyi yo. Mwen sonje li te mache ak yon ti valiz manje kòmsi nou ta pral fè yon mache oubyen yon piknik nan mòn yo.

Nou te pran yon tren rive osi lwen nou te kapab epi apresa nou te mache pandan plizyè èdtan, ap pwoche bò fwontyè Almay Lwès la. Fwontyè yo te sou gwo siveyans, men nou te gen yon kat e nou te konnen a kilè ak ki kote li t ap pi bon pou nou te travèse an sekirite. Mwen te santi enkyetid manman m. Li te obsève zòn nan anpil anpil pou l te wè si yo t ap suiv nou. A chak pa, sete kòmsi janm ni ak jenou l t ap vin pi febli. Mwen te ede l pote valiz lou l la ki te plen manje, dokiman enpòtan nou yo, ak foto familyal yo pandan nou t ap grenpe yon dènye mòn byen long. Siman li te panse nou te deja franchi fwontyè a nan moman an. Lè l te finalman santi l alabri, nou te chita epi nou te kòmanse manje sa nou te pote a. Mwen si ke pou lapremyè fwa jou sa a, li te respire pi alèz.

Se lè sa a nou te remake pano ki te endike fwontyè a. Li te byen lwen toujou! Nou t ap manje manje nou an nan move bò fwontyè a. Nou te toujou nan Almay de Lès!

Gad fwontyè yo ta ka parèt nenpòt ki moman!

Manman m te kouri vlope manje a, epi nou te kouri monte mòn nan osi vit nou te kapab. Fwa sa a nou pa t oze kanpe jiskaske nou te konnen avèk sètitid ke nou te rive nan lòtbò fwontyè a.

Malgre chak manm fanmi nou te pran wout trè diferan e nou te fè eksperyans pwoblèm diferan sou wout nou, nou tout te finalman rive an sekirite. Fanmi nou te finalman reyini. Ala yon bèl jou sa a te ye!

Istwa vwayaj

Sa m fèk sot di nou la a se yon eksperyans pèsonèl ki se yon vwayaj trè presye pou mwen. Kounyeya, mwen ka gade dèyè nan lavi m epi rekonèt yon kantite “vwayaj” konsa m te konn fè. Se pa tout nan yo ki te gen gwo ranje mòn oswa fwontyè politik pou m te travèse; kèk nan yo te gen plis pou wè ak simonte eprèv oswa pwogrese espirityèlman. Men nan yon sans, yo tout sete vwayaj. Mwen kwè ke chak lavi se yon koleksyon “istwa vwayaj” pèsonèl.

Mwen sèten nou konnen ke tout tradisyon kiltirèl ranpli ak istwa vwayaj. Pa egzanp, nou gen dwa konn tande pale de vwayaj Dorothy avèk chyen l lan, Toto, nan The Wizard of Oz la. Dorothy ak Toto te pran nan yon tanpèt e yo te ateri nan Peyi Oz. Nan kote sa a, Dorothy te jwenn wout an brik jòn distenktif sa a ki te montre chemen pou yon vwayaj ki t ap finalmen mennen l retounen lakay li.

Apresa gen istwa Ebenezer Scrooge Charles Dickens la, ke vwayaj li te mennen l pase non pa de lye an lye men sot nan yon epòk al nan yon lòt. Se yon vwayaj egzakteman andedan pwòp kè li ki te ede l konprann poukisa li te vin fason l te ye a ak wè kisa k t ap rive si l te kontinye nan wout mizerab egoyis ak engratitid li te pran an.1

Youn nan gwo woman klasik nan literati Chinwa a se Journey to the West (Pelerinaj pou al nan Lwès) la. Istwa a, ki te ekri nan 16zyèm syèk la, rakonte bèl avanti ak pelerinaj yon mwàn Boudis ki, avèk èd kat pèsonaj amikal, te vwayaje rive nan sajès espirityèl.

E, natirèlman, gen Bilbo Baggins, ti ‘hobbit’ enb lan ki ta prefere anpil pou l rete lakay li epi bwè soup li. Men apre yon frape l te tande nan pòt li, li suiv apèl pou ale nan gran enkoni an epi li te derape soti kite mond lan, ansanm avèk yon asistan ak yon ekip ‘nain’ pou l te ranpli yon misyon danjere men ki te gen enpòtans kapital.2

Yon istwa inivèsèl

Èske nou pa renmen istwa vwayaj sa yo paske nou ka wè tèt nou nan vwayajè yo? Siksè yo ak echèk yo kapab ede nou jwenn pwòp wout pa nou atravè lavi a. Petèt yo raple nou istwa yon vwayaj nou tout ta dwe familye avèk li tou---yon istwa vwayaj kote nou chak jwe yon pati enpòtan.

Istwa sa a kòmanse trè trè lontan, lontan anvan tè a te kòmanse vire nan obit li, lontan anvan solèy la te kòmanse lonje bra chalè li nan fredi lespas la, lontan anvan kreyati gwo kou piti te ranpli planèt nou an. Nan kòmansman istwa sa a, nou te viv nan yon bèl kote byen lwen.

Nou pa gen anpil detay sou lavi nan egzistans premòtèl sa a, men nou konn kèk bagay. Papa nou ki nan syèl la te revele nou kiyès Li ye, kiyès nou ye, ak kisa nou ka devni.

Nan premye eta sa a, nou te konnen avèk sètitid absoli ke Bondye egziste paske nou te wè li e nou te tande Li. Nou te konnen Jezikri, ki te gen pou vin Mouton Bondye a. Nou te gen lafwa nan Li. Epi nou te konnen destine nou se pa t pou rete nan sekirite fwaye premòtèl nou an. Osi renmen nou te renmen egzistans etènèl sa a, nou te konnen nou te bezwen anbake nan yon vwayaj. Nou te bezwen derape soti nan bra Papa nou, pase atravè yon vwal oubli, resevwa yon kò mòtèl, e aprann ak pase pa bagay nou te espere k t ap ede nou grandi pou n vin tounen plis menmjan ak Papa nou ki nan Syèl la ak retounen nan prezans Li.

Nan kote sakre sa a, antoure pa moun nou te konnen e renmen, gwo kesyon ki te sou bouch nou ak nan kè nou sete siman “Èske m ap kapab retounen nan fwaye selès mwen an?”

Te gen sitèlman bagay ki t apral depase kontwòl nou. Lavi mòtèl la ta pral difisil pafwa, ranpli ak bagay sanzatann sou wout la: maladi, kè sere, aksidan, konfli.

San yon souvni sou egzistans anvan an---san souvni ke yon fwa nou te viv avèk Papa nou ki nan Syèl la---èske nou t ap kapab kontinye rekonèt vwa Li nan mitan tout bri ak distraksyon lavi mòtèl la?

Vwayaj la ki te devan nou an te parèt long ak ensèten---si ranpli ak risk.

Li pa t ap fasil, men nou te konnen li te vo tout efò nou.

Konsa, men nou menm ki te kanpe nan pòt letènite, ap gade avni an avèk eksitasyon ak espwa indeskriptib---epi, mwen imajine, avèk anpil enkyetid ak laperèz tou.

Alafen, nou te konnen Bondye t ap jis---ke bonte Li t ap triyonfe. Nou te patisipe nan gwo konsèy nan syèl la e nou te konnen Sovè nou an t ap vin ba nou yon mwayen pou nou pwòpte anba peche e sove anba lanmò fizik. Nou te gen lafwa ke, alafen, nou ta pral rejwi e leve vwa nou avèk yon koral selès pou nou chante lwanj pou sen non li

Epi konsa, nou te rale yon gwo souf ...

Epi nou te fè yon gwo pa annavan ...

Epi men nou, la a!

Nou chak, chak grenn nan nou, anbake nan pwòp vwayaj mèveye pa nou an pou retounen nan fwaye selès nou!

Kat jeyografik nou

Kounyeya nou isit la sou tè a, li t ap pi saj pou nou mande tèt nou kijan vwayaj nou an ye. Èske nou sou bon wout la? Èske n ap vin moun nou te deziyen pou n te ye a e nou te vle devni an? Èske n ap fè chwa k ap ede nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la?

Li pa t voye nou nan vwayaj sa a pou nou te ere san bi poukont nou. Li vle nou tounen lakay al jwenn ni. Li ba nou paran eman ak dirijan fidèl nan Legliz la, ansanm avèk yon kat jeyografik ki dekri teren an e ki montre danje yo; kat la montre nou kote nou ka jwenn lapè ak bonè e l ap ede nou planifye wout nou pou n retounen al lakay nou.

Kounyeya, ki kote nou pral jwenn kat jeyografik sa a?

  1. Nan ekriti sakre yo.
  2. Nan pawòl pwofèt ak apot yo.
  3. E atravè revelasyon pèsonèl nan men Sentespri a.

Kat sa a se levanjil Jezikri a, bòn nouvèl la, e wout jwaye yon disip Kris la. Se kòmandman ak egzanp Avoka ak Konseye nou an, ki konn chemen an paske li se chemen an.3

Natirèlman, senpleman posede yon kat pap fè anyen pou nou si nou pa etidye li---amwenske nou itilize l pou navige atravè lavi a. Mwen envite nou pou nou fè etidye ak aplike pawòl Bondye a vin tounen yon gwo priyorite pou nou. Louvri kè nou pou Sentespri a ka dirije nou toutolon vwayaj nou atravè lavi a.

Kat jeyografik nou an ranpli ak mesaj ankourajan e enstriktif Papa nou ki nan Syèl la ba nou. Jodia mwen ta renmen pataje avèk nou twa nan mesaj sa yo ki ap ede nou fè yon vwayaj reyisi pou retounen lakay nou.

Premye mesaj la: “Pa krenn, paske mwen menm Senyè a, m avèk nou.”4

Nou pa poukont nou nan vwayaj sa a. Papa nou ki nan Syèl la konnen nou. Menm lè okenn lòt moun pa tande nou, Li tande nou. Lè nou rejwi nan ladwati, Li rejwi avèk nou. Lè eprèv anvayi nou, li kriye avèk nou.

Enterè Papa nou ki nan Syèl la nan nou menm pa depann de richès nou oswa bote nou, sante nou oswa entelijans nou. Li wè nou non pa jan mond lan wè nou; Li wè kiyès nou reyèlman ye. Li gade nan kè nou.5 Epi Li renmen nou6 paske nou se pitit Li.

Chè sè m yo, chèche li sensèman, epi n ap jwenn ni.7

Mwen pwomèt nou, nou pa poukont nou.

Kounyeya, pran yon moman la menm pou nou gade moun bò ki bò kote nou yo. Genyen ki se petèt dirijan nou, zanmi nou, oswa manm fanmi nou. Gen lòt nou petèt pa t janm te rankontre anvan sa. Men, chak moun nou wè bò kote nou yo---nan reyinyon sa a ak nan tout lòt kote, jodia oubyen nenpòt ki lòt lè---yo te vanyan nan mond premòtèl la. Moun aparans enb ki parèt òdinè sa a ki chita bò kote w la sete petèt yon moun ou te renmen ak admire nan egzistans premòtèl la. Ou menm tou ou sete petèt youn nan egzanp sa yo!

Youn nan bagay nou ka sèten sèke chak moun nou wè---kèlkeswa ras, relijyon, kwayans politik, tip, oswa aparans yo---se fanmi. Jènfi sa a w ap gade a gen menm Papa Selès avèk ou, e li te kite prezans eman Li menmjan avèk ou, eksite pou vini sou tè sa a epi viv yon fason pou l te ka retounen al jwenn ni yon jou.

Sepandan, li gen dwa santi l poukont li, jan ou menm ou ka santi w pafwa. Li gen dwa menm bliye bi vwayaj li a pafwa. Tanpri raple li, atravè pawòl ou ak aksyon ou, ke li pa poukont li. Nou la a pou youn ede lòt.

Lavi kapab difisil, e li kapab fè kè moun andisi rive nan pwen ke l enposib pou nou atenn yo. Gen moun ki gen dwa ranpli ak kòlè. Gen lòt gen dwa moke ak ridikilize moun ki kwè nan Bondye. Men panse ak sa: menmsi yo pa sonje, yo menm tou yon fwa yo te gen anvi pou retounen al jwenn Papa yo ki nan Syèl la.

Se pa responsablite pa w pou konvèti moun. Sa se travay Sentespri a. Tach pa w se pataje kwayans ou e pa pè. Se pou w zanmi tout moun, men pa janm konpwomèt prensip ou. Rete fidèl nan konviksyon ou ak lafwa ou. Kanpe fèm, paske ou se yon pitit fi Bondye, e Li kanpe avèk ou!

Dezyèm mesaj la: “Se pou nou youn renmen lòt, jan mwen renmen nou an.”8

Èske ou janm mande tèt ou ki lang nou tout te pale lè nou t ap viv nan prezans Bondye a? Mwen sispèk sete Alman, malgre m sipoze okenn moun pa vrèman konnen. Men m konnen nan lavi premòtèl la nou te aprann dirèkteman, nan men Papa espri nou an, yon lang inivèsèl---yon lang ki gen pouvwa pou travèse tout baryè emosyonèl, fizik ak espirityèl.

Lang sa a se amou pi Jezikri.

Se lang ki pi puisan nan mond lan.

Lanmou Kris la se pa yon renmen ki pretann. Se pa yon lanmou jan l eksprime nan yon kat. Se pa kalite lanmou yo montre nan mizik ak nan sinema yo.

Lanmou sa a pote yon veritab chanjman nan karaktè. Li ka depase rayiman e li ka kraze lanvi. Li ka geri rankin e efase santiman amètim. Li ka reyalize mirak.

Nou te resevwa “premye leson”9 nou yo nan lang lanmou sa a pandan nou te espri nan prezans Bondye, e isit sou tè nou gen opòtinite pou nou pratike li e vin alèz ladan. Nou ka konnen si n ap aprann langaj lanmou sa a lè nou evalye kisa ki motive panse nou ak aksyon nou.

Lè panse prensipal nou santre sou avantaj nou kapab benefisye nan bagay yo, motivasyon nou egoyis ak sipèfisyèl. Sa se pa langaj nou dwe aprann nan.

Men lè panse prensipal nou ak atitid nou santre sou sèvi Bondye ak lòt moun---lè vrè dezi nou se fè byen ak soulaje moun ki bò kote nou---lè sa a, pouvwa amou pi Kris la kapab travay nan kè nou ak nan lavi nou. Se lang sa a nou dwe aprann.

Yon fwa ke nou fin metrize lang sa a epi nou itilize li nan relasyon nou avèk lòt moun, y ap vin rekonèt yon bagay nan nou ki ka pwovoke yon santiman yo te genyen kache lontan nan yo pou chèche bon chemen an nan vwayaj pou retounen nan fwaye selès yo a. Apretou, lang lanmou an se vrè lang natif natal pa yo tou.

Enfliyans pwofon ak andiran sa a se yon langag ki atenn pwofondè nanm moun. Se yon langaj konpreyansyon, yon langaj sèvis, yon langaj edifikasyon ak kontantman ak konsolasyon.

Aprann itilize langaj inivèsèl amou Kris la.

Epi twazyèm mesaj la: “Fè kè nou kontan.”10

Pafwa sa konn rive ke nou pèdi pasyans lè nou wè ki kote nou ye, pa vre? Si ou gen 12 an, ou ta swete ou te gen 14. A 14 an, ou swete ou te gen 18. Epi a 18 an, pafwa ou gen dwa menm ta swete ou te gen 12 an ankò pou w ta ka rekòmanse tout bagay.

Ap toujou gen bagay pou fè w plenyen---bagay ki pa sanble yo pase jan ou ta renmen an. Ou gen dwa pase jounen ou ap santi w tris, solitè, enkonpri, oswa rejte. Men sa se pa vwayaj ou te espere a, e se pa vwayaj Papa nou ki nan Syèl la te voye ou fè a. Sonje, ou se vrèman yon pitit fi Bondye!

Avèk sa nan lespri nou, mwen envite nou pou nou mache avèk konfyans ak lajwa. Wi, wout la gen bonp ak detou e menm kèk danje. Men pa rete sou yo. Chèche bonè Papa nou ki nan Syèl la prepare pou nou an nan chak etap nan vwayaj nou. Bonè se destinasyon an, men li se chemen an tou. “Lapè nan mond sa a , ak lavi etènèl nan mond k ap vini an” se sa Li pwomèt promises.11 Se poutèt sa Li kòmande nou pou nou “pran kouraj.”

Si nou jwayezman itilize kat jeyografik Papa eman nou an prepare pou nou pou vwayaj nou an, l ap mennen nou nan kote ki sen e n ap rive atenn potansyèl selès nou. N ap grandi vin tounen pitit fi Bondye espere n ap devni an.

Chè sè m yo, chè jènfi yo nan Legliz la, chè jèn zanmi m yo, antanke yon Apot Senyè a m ap kite yon benediksyon pou nou pou nou ka jwenn wout nou nan vwayaj sa a pou retounen lakay la ak pou nou rete yon enspirasyon pou moun k ap vwayaje avèk nou yo. Pwomès mwen ak priyè mwen sèke, si nou onore alyans, prensip, ak valè yo nan levanjil Jezikri a e nou rete fidèl nan yo, Papa nou ki nan Syèl la ap la nan fen vwayaj nou an. La va anbrase nou, e na va konnen yon fwa pou tout ke nou reyisi retounen lakay an sekirite. Nan non Jezikri, amèn.

Show References

    Nòt

  1.  

    1. Gade Charles Dickens, A Christmas Carol.

  2.  

    2. Gade J. R. R. Tolkien, The Hobbit.

  3.  

    3. Gade Jan 14:6.

  4.  

    4. Doktrin ak Alyans 68:6; gade tou Ezayi 41:10; Jan 14:18.

  5.  

    5. Gade 1 Samyèl 16:7.

  6.  

    6. Gade 1 Pyè 5:6–7.

  7.  

    7. Gade Jeremi 29:13.

  8.  

    8. Jan 15:12; gade tou Jan 13:34; Mowoni 7:45–48.

  9.  

    9. Doktrin ak Alyans 138:56.

  10.  

    10. Doktrin ak Alyans 78:18; gade tou Jan 16:33; 3 Nefi 1:13.

  11.  

    11. Doktrin ak Alyans 59:23.