Kote ki sen pou nou yo

Pa Ann M. Dibb

Dezyèm Konseyè nan Prezidans Jeneral Jènfi a


Ann M. Dibb
Keseswa [lye sen w lan] se lye jeyografik oubyen dè moman byen detèmine, yo egalman sakre e yo gen yon kapasite enkwayab pou fòtifye.

Tèm aktivite echanj pou ane 2013 la soti nan seksyon 87 Doktrin ak Alyans yo. Enstriksyon sa a nou jwenn ni nan twa seksyon separe nan Doktrin ak Alyans yo; aparaman, egzòtasyon sa a enpòtan. Li eksplike kijan nou ka resevwa pwoteksyon, fòs ak lapè nan tan twouble. Enstriksyon enspire sa a di: “Rete nan kote ki sen, epi pa kite moun deplase nou.”1

Pandan m t ap medite sou tèm sa a, mwen te santi pou m mande tèt mwen: “Ki ‘kote sen’ sa yo Papa nou ki nan syèl la ap pale a?” Prezidan Ezra Taft Benson te konseye: “Kote ki sen yo se tanp nou yo, chapèl nou yo, fwaye nou, ak pye Siyon yo, ki se, ‘kòm yon defans, epi kòm yon refij.’”2 Anplis kote espesifik sa yo, mwen kwè nou chak kapab jwenn pi plis kote ki sen. Nou gen dwa dabò konsidere mo kote a kòm yon anviwonman fizik oubyen yon lye jeyografik. Men, yon kote se kapab “yon kondisyon, yon pozisyon, oswa yon eta despri.”3 Sa vle di kote ki sen yo kapab enkli dè moman byen detèmine—moman kote Sentespri a temwaye nou, moman kote nou santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la, oswa moman kote nou resevwa yon repons pou priyè nou yo. Plis toujou, mwen kwè ke nenpòt lè nou gen kouraj pou nou kanpe pou defann sa ki byen, espesyalman nan sitiyasyon kote okenn lòt moun pa dispoze pou yo fè sa, nou kreye yon kote ki sen.

Pandan ti bout lavi mayifik Joseph Smith la, li te vrèman “[kanpe] nan kote ki sen” e li pa t deplase. Pandan l te adolesan, li te twouble pa konfizyon relijyon ki te genyen nan kominote l la e li te vle konnen kiyès nan tout legliz sa yo ki te vrè. Zòn forè a tou pre lakay li a te vin tounen yon kote ki sen pou li kote l te mete l ajenou nan mitan pyebwa yo pou l te priye awotvwa. Priyè l la te jwenn repons, e jodia Sen Dènye Jou yo fè referans ak forè sa a kòm Boskè Sakre.

Anpil jènfi nan mond lan kanpe nan kote ki sen nan kan Jènfi nou yo. Yon dirijant Jènfi te pataje istwa sou eksperyans yon jènfi. Jènfi sa a te yon tijan inaktiv e li te yon tijan pa t kwè l te ka fè yon eksperyans espirityèl nan kan an. Apre premye jou a, li te di dirijant li: “M ap pase yon bon moman, men èske nou ka evite pale de Lespri a? Mwen nan kan la a, m ap jwi lanati, mwen avèk zanmi m yo e m ap amize m!” Men, nan reyinyon temwayaj lè kan an te fini, menm jènfi sa a te di an kriyan: “M pa anvi retounen lakay mwen. Kijan pou m fè pou m ka gen sa m santi la a, Lespri sa a, avèk mwen tout tan?” Li te dekouvri yon kote ki sen.

Yon lòt kote ki sen nan lavi Joseph Smith sete chanm ni. Sa ka difisil pou nou kwè, paske tankou anpil nan nou, li te pataje chanm ni avèk frè l ak sè l yo. Chanm nan te vin yon kote ki sen lè l te priye avèk gwo lafwa, imilite ak bezwen an. Li te eksplike: “Apre m te fin monte nan kabann mwen, m te lage tèt mwen nan lapriyè ak siplikasyon devan Bondye Toupisan an pou padon tout peche m yo ak foli m yo.”4 Twazan k te pase apre Joseph Smith te fin fè vizyon an nan Boskè Sakre a pa t fasil ditou. Joseph, ki te gen disetan, te sibi anpil mokri, yo te pase l nan betiz, yo te joure l. Men jou swa sa a, nan chanm ni an, anj Mowoni te parèt e li te rele Joseph pa non l kòm repons priyè l la. Joseph te resevwa konesans ak rekonfò. Nan nuit sa a chanm ni an te vin tounen yon kote sakre.

Pandan m t ap gade yon videyo nan seri ki rele Mesaj Mòmon pou Jèn yo, mwen te wè yon lòt chanm ki te vin tounen yon kote ki sen. Videyo sa a montre Ingrid Delgado, yon jènfi nan El Salvador, ki t ap pataje santiman li sou tanp. Li di: “Se yon bon bagay pou nou konnen nou gen yon plas kote nou ka elwaye nou de bagay yo nan mond lan epi resevwa òdonans epi ede moun yo ki pa t ka resevwa yo nan lavi sa a.” Pandan l ap pale a, videyo a montre Ingrid k ap li ekriti li, antoure pa bagay legliz la, sitasyon, yon liv Pwogrè Pèsonèl, foto fanmi li ak foto tanp, epi, wi, nounous favori li.5 Petèt san l pa menm reyalize, li kreye yon kote ki sen lwen bagay mond lan yo. M ap mande m konbyen fwa Ingrid dwe li ekriti yo, santi Lespri a, e resevwa repons pou priyè li nan kote ki sen sa a li kreye a.

Epi yon lòt kote ki sen nou pa ta panse nan lavi Joseph Smith sete Prizon Libète a. Èldè Jeffrey R. Holland te di: “Pa t janm te gen peryòd nan lavi Joseph ki si penib pase tan anprizonman kriyèl, illegal, ak enjis sa a”. Li te kontinye pou l eksplike ke Prizon Libète sa a depi lè sa a te vin tounen yon “tanp prizon” akoz eksperyans espirityèl sakre Pwofèt Joseph Smith te fè nan kote sa a.6

Petèt ka gen kèk nan pami nou menm jènfi yo k ap koute aswè a ki ap fè eksperyans pwòp Prizon Libète pa nou, yon sitiyasyon kote n ap fè fas ak imilyasyon, yon sitiyasyon kote nou santi pa gen okenn bonte, yon sitiyasyon kote y ap moke nou, pase nou nan betiz, ou petèt menm blese nou fizikman. Pou nou menm jènfi sa yo, m ap repete pawòl Èldè Holland yo: “Nou ka jwenn revelasyon e fè eksperyans ki sakre ak pwofondeman enstriktif avèk Senyè a nan mitan eksperyans ki pi mizerab nan lavi nou yo, … pandan n ap andire enjistis ki pi penib yo, lè n ap rankontre difikilte ak lopozisyon ki pi ensimontab nou te ka rankontre yo.”7 Otremandi, menmjan ak Pwofèt Joseph Smith, ou ka kreye oubyen rekonèt “kote ki sen” epi kanpe ladan yo, menm nan moman ki pi difisil w ap travèse.

Yon jènfi ki rele Kirsten, te pataje avèk mwen yon eksperyans penib. Lekòl segondè l la sete Prizon Libète pa li. Erezman, sal mizik l te pote soulajman pou li. Li di: “Lè m te konn antre nan sal la, sete kòmsi m te antre nan yon kote ki sen. Pa t gen okenn remak degradan ni dezoblijan, ni mo vilgè. Men, nou te konn tande mo ankourajman ak lanmou. Nou youn te janti ak lòt. Sete yon kote plen lajwa. Sal mizik la te ranpli avèk Lespri lè nou t ap pratike ak prezante mizik yo. Sete pifò gras ak enfliyans pwofesè mizik la k fè sa la te konsa a. Li sete yon bon Kretyen. Lè m ap gade dèyè, lekòl segondè m nan sete yon gwo kote. Sa te difisil, men m te aprann rezistans. M ap toujou rekonesan pou refij mwen sa a, kote ki sen sa a, ki sete sal mizik mwen la.”8

Aswè a, èske nou panse avèk kote ki sen? Mwen te mande dèsantèn jènfi pou yo te pale m de “kote ki sen” pa yo. Keseswa kote sa yo se lye jeyografik oswa dè moman yo te pase, yo gen menm nivo sakre a e yo gen kapasite enkwayab pou fòtifye. Men nèf nan repons touchan yo te ban mwen:

  1. En: “M te nan lopital la, kote m te kenbe ti frè m nan ki te fèk fèt.”
  2. De: “Chak fwa m li benediksyon patriyakal mwen. Lè m li l, mwen santi Papa m ki nan Syèl la konnen m e li renmen mwen.”
  3. Twa: Jou m te gen douzan, jènfi yo nan pawas la te dekore pòt lakay mwen avèk papye an fòm kèrt.9 Mwen te santi yo renmen mwen, aksepte mwen e m te kontan!”
  4. Kat: “Yon jou, pandan m t ap li ekriti yo, yon fraz te “frape m.” Mwen te jwenn yon repons pou priyè m yo.”
  5. Senk: “M tale nan yon fèt kote moun t ap bwè ak patisipe nan lòt aktivite inakseptab. Lespri a te di m pou m te vire retounen al lakay mwen. M te fè sa, epi wi, te gen konsekans sosyal. Men, moman sa a te ban m asirans m te bezwen pou m te konnen si m te ka viv levanjil la.”
  6. Sis: “Pandan Sentsèn nan, mwen t ap panse sou Ekspyasyon an. M te rekonèt ke m te bezwen padone yon moun m te fache avèk li. Lefèt ke m te chwazi padone a sete yon aksyon pozitif ki t ap pote Ekspyasyon an nan lavi m chak jou.”
  7. Sèt: “Apre m te fin asiste New Beginnings (Nouvo kòmansman) avèk manman m, li te li te bo m sou figi, epi li te di m li renmen mwen. Sete premyè fwa si m sonje byen, li te fè yon bagay konsa.”
  8. Uit: “Avèk asirans evèk mwen, mwen te konnen pwomès sa a nan ekriti yo sete verite: “Menmsi peche ou wouj tankou san, yo ka vin blan tankou lanèj.’10 Mwen te santi lespwa e m te konnen m te ka kòmanse gwo pwosesis repantans mwen an.”
  9. Finalman: “Yon jou swa, m te jwenn kouraj pou m te pataje santiman m sou levanjil la ak sou Liv Mòmon an avèk pi bon zanmi mwen. Nan apre, sete yon privilèj pou mwen pou m te asiste batèm ni. Kounyeya nou al legliz ansanm.”

Kite m pale nou de youn nan kote ki sen pou mwen. Yon fwa, m te santi m depase, efreye, e totalman poukont mwen. An silans, m te priye: “Papa nou ki nan Syèl la, m pa konn kisa pou m fè. Tanpri, tanpri, ede m!” Byen vit, yon moun te antre sanzatann, li te mete men l sou zepòl mwen, epi li te di m kèk pawòl ankourajman plen senserite. Nan moman sa a, m te santi m anpè. M te santi yo apresye m. Tout bagay te chanje. Pawòl Prezidan Spencer W. Kimball yo te vini nan lespri mwen: “Bondye wè nou, e li veye sou nou. Men se abityèlman atravè yon lòt moun li reponn bezwen nou.”11 Pou mwen, moman sa a, kote sa a, te vin sen.

Chè jènfi m yo, gen anpil anpil lòt kote ki sen mwen swete nou youn ka pataje avèk lòt. Lè nou retounen lakay nou aswè a, mwen ankouraje nou pou nou ekri nan jounal nou, kote sa yo nou rekonèt e sonje yo. Mwen konnen dè milye nan nou kanpe nan kote ki sen. Kote sa yo ap ba nou pwoteksyon, fòs, ak lapè nan tan twouble. Temwayaj nou ap vin pi solid paske n ap defann laverite ak lajistis nan fason mayifik .

Nou menm, nòb jèn yo nan Legliz la, nou se ewo pou mwen. Mwen renmen nou. Mwen santi gwo lanmou Papa nou ki nan Syèl la genyen pou nou e mwen rann nou temwayaj mwen ke levanjil Jezikri a vrè. L ap tann, pare pou l sipòte nou lè nou “rete ... nan kote ki sen, epi pa kite moun deplase nou.” Mwen renmen nou e m soutni Prezidan Thomas S. Monson, vrè pwofèt ankourajan nou an. Mwen di bagay sa yo nan non Jezikri, amèn.

Show References

    Nòt

  1.  

    1. Doktrin ak Alyans 87:8; gade tou Doktrin ak Alyans 45:32; 101:22.

  2.  

    2. Ezra Taft Benson, “Prepare Yourself for the Great Day of the Lord,” New Era, Me 1982, 50; gade tou Doktrin ak Alyans 115:6.

  3.  

    3. Merriam-Webster Online, “place,” merriam-webster.com/dictionary/place.

  4.  

    4. Joseph Smith—Istwa 1:29.

  5.  

    5. Gade “Practice, Celebration, Dedication: Temple Blessings in El Salvador,” lds.org/youth/video.

  6.  

    6. Jeffrey R. Holland, “Lessons from Liberty Jail,” Ensign, Sept. 2009, 26, 28.

  7.  

    7. Jeffrey R. Holland, “Lessons from Liberty Jail,” 28.

  8.  

    8. Konvèsasyon pèsonèl avèk otè a.

  9.  

    9. Yo pafwa rele sa “kriz kadyak” nan Etazini.

  10.  

    10. Ezayi 1:18.

  11.  

    11. Spencer W. Kimball, “The Abundant Life,” Ensign, Jiyè 1978, 4;Tambuli, Jen 1979, 3.