Kijan pou w gade


Lektè Medya LDS (Videyo)

Ki kondisyon sistèm nan mande pou gade videyo a avèk Lektè Medya LDS la?

Ou sipoze gen youn nan bouton rechèche Entènèt sa yo ak vèsyon Flach yo enstale sou konpitè w la.

Nòt: Si flach ou a ap etenn san rete, tanpri dezaktive materyèl akselerasyon flash la. Sa ka sispann etenn nan e pèmèt videyo a kontinye jwe. Tanpri gade enstriksyon sou fason pou fè sa a.

 

Ekran Òdinatè Pèsonèl

Mac

Bouton rechèch

  • Chrome
  • Firefox 3.0.1 oswa pi wo
  • Internet Explorer 6 SP1
  • Internet Explorer 7
  • Internet Explorer 8
  • Safari 3.2.2 or higher
  • Safari 4 or higher
  • Chrome
  • Firefox 3.0.1 oswa pi wo
  • Safari 3.2.1 oswa pi wo
  • Safari 4 oswa pi wo

 

 

Flach

  • Lektè Flach 10
  • Lektè Flach 10

Nòt: Gen pwoblèm enkoni avèk vèsyon Flach 10.1.85.3 a. Tanpri mete l ajou avèk dènye vèsyon Flach la si w rankontre pwoblèm lè w ap gade videyo avèk lektè Medya LDS la.

Nou remake gen yon pwoblèm avèk iOS 4.3x la tou. Lè w fin peze bouton jwe a, tanpri tann kèk segond pandan l ap chaje a epi apresa li sipoze jwe. Lè l ap chaje a, tanpri pa manyen mitan bouton jwe a ankò ni sa ki ap parèt nan kwen an. Sa fèk sot rive nan 4.3x la.


Poukisa videyo a pafwa ralanti oswa poze pandan l ap jwe?

Videyo a gen dwa ralanti oubyen poze pandan l ap jwe a si koneksyon entènèt ou a pa ase vit oubyen si konpitè w la gen yon motè ki lan oubyen li pa gen anpil memwa. Menm avèk gwo koneksyon yo, si gen anpil moun k ap itilize entènèt la sa ka bay pwoblèm jwe sakade oubyen arè san rete.

Kijan m ka pataje sit yon videyo byen espesifik?

Itilize opsyon Pataje Videyo a oswa Chèche sit la nan lis bouton yo sou lektè a. Ou gen dwa kopye sit la epi louvri li nan yon mesaj email oubyen sou yon paj entènèt.

Kisa fonksyon “Chèche kòd” la fè?

Fonksyon Chèche kòd la pèmèt ou kopye kòd HTML ki andedan lektè a epi kopye l nan yon lòt paj. Ou gen dwa itilize opsyon sa a pou fè Lektè Medya LDS la vin fè pati paj entènèt ou a.

Lektè Medya LDS la ap montre yon avètisman ki di ke w bezwen mete Lektè Flach ou a ajou. Kijan pou w mete l ajou?

Lektè medya a ap montre yon mesaj ki sanble avèk sa a:

Ou ka klike sou mesaj la pou jwenn dènye vèsyon Lektè Flash la nan Adobe.

Lektè Medya LDS la pap afiche kòrèkteman oubyen li parèt nan yon lòt videyo. Kijan m ka fikse sa?

Bouton rechèch ou a gen dwa afiche enfòmasyon kache (oubyen ansyen). Pou efase enfòmasyon kache a epi wè dènye vèsyon paj ou ye a, klike sou CTRL + F5 pou Windows oubyen COMMAND + SHIFT + R pou Mac.

Lektè Medya Windows (Videyo oswa Odyo sèlman)

LDS.org itilize ‘Windows Media Player’ Microsoft la pou w gade videyo ak pwogram odyo. Pou w gade oubyen koute videyo oswa pwogram odyo yo, w ap bezwen gen ‘Windows Media Player’ a enstale sou konpitè w la si w poko genyen li.

Pou teste si ou genyen oubyen pa genyen Windows Media Player sou konpitè w la, klike sou Windows Media Player test. Si yon ti fenèt parèt epi ou tande son, ou genyen l deja. Si bouton rechèch ou a di ke ou pa gen aplikasyon ki nesesè pou w ploge ladan l lan, ou ka le nan download Windows Media Player gratis.