Fonksyon lektè a


videyo fonksyon lektè a

  1. Enfòmasyon videyo
    Bay enfòmasyon sou fason pou jwe videyo a.
  2. Pataje
    Pèmèt ou pataje videyo a nan kopye lyen an epi pataje l nan email oswa Instant Message. Ou gen dwa itilize Facebook oubyen Twitter pou pataje l tou.
  3. Sit
    Pèmèt ou kopye ak pataje sit entènèt la.
  4. Fonksyon entegre
    Pèmèt ou kopye kòd andedan lektè a epi ajoute lektè a sou yon sit entènèt oswa blòg.
  5. Bouton Jwe/Poz
  6. Navigatè
    Navigatè a montre ou dire videyo a epi l pèmèt ou deplase ale nan kèk pwen nan videyo a senpleman nan glise l ale vini.
  7. Bouton pou jwe DVR
    Pandan w ap gade yon videyo an dirèk ou gen dwa glise ale nan yon yon pwen nan kòmansman videyo a oubyen klike bouton poz la, epi bouton jwe a ap vin gri. Peze bouton an ankò epi videyo a ap retounen jwe epi koulè gri bouton an prale. Peze bouton an ankò pou ap fè videyo a retounen jwe epi bouton an ap vin vèt lè w ap gade videyo a. (Lè w ap gade yon videyo sou demann, bouton jwe a ap kanpe e ou gen dwa glise l ale nan nenpòt kote nan videyo a).
  8. Closed Caption (Tèks sou ekran)
    Klike sou bouton sa a pou w ka gade videyo a avèk tèks ekri sou ekran an. Pou w ka wè tèks ekri sou yon aparèy iOS, suiv enstriksyon sa yo:

    • Klike sou “Fonksyon”
    • Klike sou “Videyo”
    • Vire “Closed Captions” nan sou “On”
  9. Lajè ekran an
    Klike sou bouton sa a pou w ka gade videyo a tout lajè ekran an.

  10. Volim
    Klike sou bouton sa a pou kontwole volim nan.