2010–2019
Pretriz Aawon: Leve epi Itilize Pouvwa Bondye a
Avril 2012


Prètriz Aawon: Leve epi Itilize Pouvwa Bondye a

Nou dwe egzèse Prètriz la pou fè byen. Nou aple pou nou “leve epi briye”; pa pou kache limyè nou an nan fènwa.

Sa pa gen twò lontan m te nan Afrik Disid ap vizite yon kay avèk Thabiso, premye asistan nan kowòm prèt yo nan Pawas Kagiso. Thabiso ak evèk li, ki prezide sou kowòm nan epi ki detni kle kowòm sa a, te priye pou manm kowòm ki te inaktif yo, pandan yo t ap chèche enspirasyon pou konen kiyès pou yo vizite ak fason pou yo ede yo. Yo te santi yo pouse pou yo t al lakay kay Tebello, epi yo te envite m pou m ale avèk yo.

Apre nou fin pase devan chyen gadyen move a, nou te twouve nou nan salon an avèk Tebello, ki se yon jènn gason trè kalm ki te sispann ale legliz paske l te gen lòt okipasyon jou Dimanch. Li te sou tansyon men l te kontan resevwa nou epi l te menm envite fanmi li pou vini kenbe nou konpayi. Evèk la te eksprime lanmou li pou fanmi an ak dezi li pou ede yo vini yon fanmi etènèl nan sele nan tanp. Sa te touche yo anpil, epi nou tout te kapab santi prezans Sentespri a k ap gide chak mo ak chak santiman.

Men sete pawòl Thabiso yo ki te fè diferans la nan vizit la. Pou mwen se kòmsi jèn prèt sa a t ap pale langaj zanj yo---pawòl lanmou nou tout te kapab konprann men ki te espesyalman touche zanmi l la. Li te di: “Mwen te konn sitèlman renmen pale avèk ou tout tan nan legliz la, ou toujou janti avèk mwen. E ou konnen, ekip foutbòl nou an prèske disparèt depi nou pa genyen w landann nan. Ou tèlman bon nan sa.”

Tebello te reponn, “Mwen dezole, map retounen vin jwenn nou.”

Thabiso te reponn, “Sa t ap bèl anpil. Èske w sonje jan nou te konn ap prepare pou sèvi misyon nou? Èske nou kapab rekòmanse fè sa ankò?”

Tebello te reponn “Wi, mwen vle retounen.”

Youn nan pigwo lajwa m genyen kòm konseye nan prezidans Jeneral Jènjan yo se gade detantè Pretriz Aawon yo nan tout mond la k ap egzèse pouvwa Pretriz Aawon an. Men pafwa mwen wè tou, avèk tristès, ke gen anpil jènjan ki pa konprann ki kantite byen yo kapab fè avèk pouvwa yo detni a.

Pretriz la se pouvwa ak otorite Bondye pou nou aji nan sèvis pitit Li yo. O, sa t ap meveye si sèlman chak jènjan, chak detantè Pretriz Aawon, te kapab konprann konplètman ke pretriz yo a posede kle ministè zanj yo. Si sèlman yo te kapab konprann ke yo gen devwa sakre pou ede zanmi yo jwenn chemen ki mennen vè Sovè a. Si sèlman yo te konnen Papa nou ki nan Syèl la ap bayo pouvwa pou eksplike verite levanjil retabli yo avèk tèlman klète ak senserite ke lòt moun yo ap santi verite enkontestab pawòl Kris yo.

Chè jènjan m yo nan Legliz la, kite m poze nou yon kesyon ke m espere n ap kenbe nan kè nou pou tout rès lavi nou. Ki pouvwa k pi gran nou kapab akeri sou tè a pase pretriz Bondye a? Ki pouvwa ki ka posibman pi gran pase kapasite pou ede Papa nou ki nan Syèl la chanje lavi pwochen nou yo, pou ede yo toutolon chemen bonè etènèl la nan ede yo pwòpte peche ak move aksyon yo?

Menmjan ak tout lòt pouvwa, nou bezwen egzèse pretriz la pou akonpli tout bagay ki bon. Nou aple pou nou “ Leve epi briye” (D&A 115:5), pa pou kache limyè nou an nan fènwa. Se sèlman moun ki brav yo y ap konte pami eli yo. Lè nou egzèse pouvwa sakre pretriz la, kouraj nou ak konfyans nou ap ogmante. Jènjan, nou konnen nou pi byen kanpe lè nou nan sèvis Bondye. Nou konnen nou pi kontan lè nou gen bon dezi pou angaje nan bon koz. Mayifye pouvwa pretriz la nan rete pwòp ak diy.

M ap ajoute vwa m sou apèl Eldè Jeffrey R. Holland te bannou sis mwa pase a sou menm chè sa a. Li te di: “M ap chèche ... jèn moun ak moun aje ki sousye ase de batay ant byen ak mal la, pou yo anwole epi leve vwa yo. Nou nan lagè.” Li te kontinye: “M ap mande yon vwa ki pi fò ak pi devwe, yon vwa non sèlman kont mal la  … , men yon vwa ki pale pou byen, yon vwa pou levanjil la, yon vwa pou Bondye,” Liahona ak Ensign, Nov. 2011, 44, 47).

Wi, detantè Pretriz Aawon yo, nou nan lagè. E nan lagè sa a, meyè fason pou nou defann nou kont mal se pou nou ankouraje lajistis avèk fòs. Nou paka ap koute pawòl vilgè epi nou fè kòmsi nou pa tande. Nou paka ap gade, poukont nou oubyen avèk lòt moun, imaj nou konnen ki sal epi nou fè kòmsi nou pa wè. Nou pa kapab ap manyen bagay ki pa pwòp epi nou fè kòmsi se pa anyen. Nou pa kapab rete de bra kwaze lè Satan ap chèche pou detwi tout sa ki bon ak pi. Olyede sa, kanpe fèm pou defann sa nou konnen ki vrè! Lè nou tande oubyen wè nenpòt bagay ki vyole prensip Senyè a, sonje sa nou ye--- yon sòlda nan lame Bondye a Limenm, ki gen pouvwa Sent Pretriz li a. Pa gen pigwo zam kont enmi an, papa manti a, pase laverite--- verite k ap soti nan bouch nou pandan n ap egzèse pouvwa pretriz la. Pifò nan zanmi nou yo ap respekte nou pou kouraj nou ak entegrite nou. Gen kèk ki pap respekte nou. Men sa pa fè anyen. N ap jwenn respè ak konfyans Papa nou ki nan Syèl la paske nou itilize pouvwa li a pou akonpli objektif Li.

Map mande chak prezidans kowòm Pretriz Aawon yon fwa ankò pou yo leve etanda libète a epi òganize ak dirije batayon yo. Itilize pouvwa pretriz nou an pou envite moun bò kote nou pou vin jwenn Kris la atravè repantans ak batèm. Nou gen manda ak pouvwa Papa nou ki nan Syèl la pou nou fè sa.

Dezan pase, pandan m t ap vizite Santiago, nan Chili, mwen te trè enpresyone pa Daniel Olate, yon jèn gason ki konn akonpanye misyonè yo souvan. Mwen te mande li pou l ekri m, e avèk pèmisyon li, m ap li pou nou yon pati nan yon email li fèk voye ban mwen: “Mwen fèk gen 16 an, e Dimanch mwen te òdone nan ofis prèt. Menm Dimanch sa a mwen te batize yon zanmi mwen, li rele Carolina. Mwen te ansenye l levanjil la, e li vini legliz regilyèman, li te menm resevwa rekonpans Pwogrè Pèsonèl la, men paran li pa t vle l batize jiskaske yo te vin konnen m byen epi gen konfyans nan mwen. Li te vle pou m batize li, konsa nou te oblije tann yon mwa jiska Dimanch sa a, lè m te vin gen 16 an. Mwen santi m byen anpil dèske m te ede yon bon moun konsa vin batize, e mwen santi m kontan se mwenmenm ki te batize li.”

Daniel se jis youn nan anpil jènjan nan mond lan k ap viv epi aji alawotè pouvwa Bondye konfye yo a. Yon lòt ankò se Luis Fernando, nan Honduras, ki te reyalize ke zanmi l la t ap fè move chwa espirityèl nan lavi li, epi li te pataje temwayaj li avèk li, sa ki te konplètman sove lavi li (gade “A Change of Heart,” lds.org/youth/video). Olavo, nan Brezil se yon lòt egzanp. Yon vrè minis anplas nan fwaye li (gade D&A 84:111), Olavo te enspire manman li pou retounen vin totalman aktiv nan Legliz la (gade “Reunited by Faith,” lds.org/youth/video). Nou kapab jwenn kèk nan istwa sa yo ak anpil lòt ankò menmjan an sou sit entènèt Legliz la pou jèn yo nan youth.lds.org. Jis ale nan Google. Anpasan, entènèt, medya sosyal, ak lòt teknoloji yo se zouti Senyè a plase nan men nou pou ede nou egzèse devwa pretriz nou yo ak elaji enfliyans verite ak vèti.

Chè jènjan m yo, lè n ap egzèse Pretriz Aawon an nan fason m sot dekri la yo, n ap prepare tèt nou pou responsablite fiti nou. Men n ap fè plis toujou pase sa. Tankou Janbatis, gwo egzanp detantè pretriz Aawon an, n ap prepare chemen Senyè a ak aplani santye Li tou. Lè nou fèmeman deklare levanjil repantans ak batèm nan, jan Jan te fè a, n ap prepare moun yo pou vin jwenn Senyè a (gade Matye 3:3; D&A 65:1–3; 84:26–28). Yo di nou souvan nou gen gwo potansyèl. Ebyen, kounyeya se moman pou nou mete potansyèl sa a an aksyon, pou nou itilize kapasite Bondye bannou yo pou nou beni lòt moun, retire yo nan fènwa, mennen yo nan limyè, epi prepare chemen Senyè a.

Legliz la bannou liv Devwa anvè Bondye a kòm yon resous pou ede nou aprann ak akonpli devwa nou. Etidye l souvan. Mete nou ajenou, lwen teknoloji, epi chèche gidans Senyè a. Epi apresa leve epi itilize pouvwa Bondye a. Mwen pwomèt nou ke n ap jwenn repons nan men Papa nou ki nan Syèl la sou fason pou nou mennen pwòp lavi nou ak fason pou nou ede lòt moun.

M ap site pawòl Prezidan Monson yo: “Pa janm souzestime lajè enfliyans temwayaj nou. … Nou gen kapasite pou nou detekte moun lòt yo pa ka detekte. Lè nou gen je pou nou wè, zòrèy pou nou tande, ak kè pou nou santi emosyon, nou kapab lonje lamen pou sove lòt moun” (“Be Thou an Example,” Liahona ak Ensign, Me 2005, 115).

Mwen temwanye nou ke pouvwa pretriz la reyèl. Mwen te akeri temwanyaj mwen nan egzèse pretriz la mwen menm. Mwen wè mirak apre mirak ki fèt pa moun ki gen pouvwa Pretriz Aawon an. Mwen se temwen pouvwa ministè zanj yo pandan detantè Pretriz Aawon fidèl yo ap pale pawòl lespwa ranpli ak Lespri, ki louvri kè yon moun ki bezwen limyè ak lanmou. Nan non Jezikri, Senyè nou, dirijan nou ak Sovè nou, amèn.