2010–2019
Rete nan Teritwa Senyè a!
Avril 2012


Rete nan Teritwa Senyè a

Kesyon nou dwe poze chak jou se: “Èske aksyon m yo plase m nan teritwa Senyè a oubyen nan teritwa lenmi an?”

Prezidan Thomas S. Monson te di yon fwa: “Ban m ba nou yon fòmil senp ki ap pètmèt nou mezire chwa n ap konfwonte yo. Li fasil pou nou sonje: ‘Nou pa ka gen rezon nan fè sa ki mal; nou paka antò nan fè sa ki byen’” (“Pathways to Perfection,” Liahona, Jiyè 2002, 112; Ensign,, Me 2002, 100). Fòmil Prezidan Monson nan senp epi dirèk. Li mache menmjan ak Lyawona a yo te bay Leyi a. Si nou egzèse lafwa epi nou dilijan nan obeyi komandman Senyè a, n ap fasilman jwenn direksyon kòrèk pou nou swiv, espesyalman lè nou anfas chwa chak jou yo.

Apot Pol egzòte nou sou enpòtans pou nou simen nan Lespri a e veye pou nou pa simen nan nan lachè. Li te di:

“Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.

“Moun ki simen sa ki fè kò l’ plezi, li gen pou l’ rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l’ rekòlte lavi ki p’ap janm fini an.

“Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n’a rekòlte lè lè a va rive.” (Galat 6:7–9).

Simen nan Lespri a vle di pou tout panse nou, pawol nou ak aksyon nou elve nou nan nivo divinite paran selès nou yo. Toutfwa, ekriti yo refere a lachè kòm nati fizik oubyen chanèl lòm natirèl, ki pèmèt moun enfliyanse pa pasyon, dezi, apeti, ak motivasyon lachè olye yo cheche enspirasyon Sentespri a. Si nou pa pran prekosyon, enfliyans sa yo mete ansanm avèk presyon bagay mal nan mond lan kapab pouse nou vin adopte vye konpòtman vilgè ki kapab vin fè pati de karaktè nou. Pou nou ka evite move enfliyans sa yo, nou dwe suiv sa Senyè a te enstwi Pwofèt Joseph Smith konsènan toujou kontinye simen nan Lespri a. “Sepoutèt sa, pa sispann fè byen, paske n ap poze fondasyon yon gwo travay, epi se nan ti bagay, sa ki gran soti.” (D&A 64:33).

Pou amelyore lespri nou, sa mande pou “yo pa jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k’ap fèt nan mitan nou” (Efezyen 4:31) epi “Gen lasajès pandan jou eprèv nou yo; netwaye tèt nou anba tout salte.” (Mòmon 9:28)

Pandan n ap etidye ekriti yo, nou aprann ke pwomès Senyè a fè nou yo se sou kondisyon obeyisans nou e yo ankouraje nou pou n mennen lavi ki dwat. Pwomès sa yo dwe nouri nanm nou, bannou lespwa nan ankouraje nou pou nou pa lage menm devan eprèv chak jou n ap fè fas yo nan viv nan yon mond kote valè moral ak prensip yo prèske disparèt, e pa konsekan yo motive moun pou yo simen nan lachè piplis. Men kijan nou kapab sèten ke chwa nou yo ap ede nou simen nan Lespri e pa nan lachè?

Prezidan George Albert Smith, pandan l t ap repete konsèy li te pran nan men granpapa li, te di yon fwa: “Gen yon liy demakasyon ki byen defini ant teritwa Senyè a ak teritwa Satan an. Si n ap rete sou bò liy pa Senyè a n ap anba enfliyans Li e nou pap gen dezi pou nou fè mal; men si nou travèse sou bò liy pa Satan an sou menm yon pous, nou anba fòs tantasyon an e si li gen viktwa, nou pap kapab panse ni menm rezone kòrèkteman paske n ap pèdi Lespri Senyè a” ((Teachings of Presidents of the Church: George Albert Smith [2011], 191).

Sepoutèt sa, kesyon nou dwe poze tèt nou chak jou se “Èske aksyon m yo plase m nan teritwa Senyè a oubyen nan teritwa enmi an?”

Mòmon, pwofèt la, te avèti pèp li a sou enpòtans pou gen kapasite pou distenge ant byen ak mal:

“Se poutèt sa, tout bon bagay soti nan Bondye; e sa ki move soti nan dyab la, paske dyab la se enmi Bondye, e l ap goumen avèk li tout tan, li envite e pouse moun nan peche, epi pou yo fè sa ki mal tout tan.

“Men gade, sa ki soti nan men Bondye envite e pouse moun pou yo fè byen tout tan” (Mowoni 7:12–13).

Limyè Kris la ansanm ak konpayi Sentespri a dwe ede nou determine si fason n ap viv la plase nou nan teritwa Senyè a ou pa. Si atiti nou bon, yo enspire de Bondye, paske tout bagay ki byen soti nan Bondye. Men, si atitid nou pa bon, nou anba enfliyans enmi an paske li pèsyade moun pou yo fè mal.

Pèp Afriken te touche kè mwen akoz detèminasyon yo ak dilijans yo pou rete nan teritwa Senyè a. Menm nan sikonstans difisil nan lavi a, sila ki aksepte envitasyon pou vini jwenn Kris la yo tounen yon limyè pou mond lan. Sa gen kèk semèn, pandan m t ap vizite youn nan pawas nou yo nan Afrik diSid, mwen te gen privilèj pou m te akonpaye de jèn prèt, evèk yo, ak prezidan pye yo a nan yon visit kay jènjan inaktif yo nan kowòm yo a. Mwen te enpresyone anpil pa kouraj ak imilite de prèt sa yo te montre pandan yo t ap envite jènjan inaktif sa yo pou retounen legliz la. Pandan yo t ap pale ak jènjan inaktif sa yo, mwen te note ke aparans yo te reflete limyè Sovè a, e an menm tan te ranpli tout moun bò kote yo ak limyè tou. Yo t ap ranpli devwa yo pou “pote moun ki fèb yo sekou, leve men ki pandye yo, epi ranfòse jenou ki fèb yo” (D&A 81:5). Atitid de prèt sa yo te mete yo nan teritwa Senyè a, epi yo te sèvi kòm enstriman nan men Li pandan yo t ap envite lòt moun pou fè menm bagay la.

Nan Doktrin ak Alyans 20:37, Senyè a ansenye nou sa sa vle di pou simen nan Lespri ak kisa ki reyèlman plase nou nan teritwa Senyè a konsa: “imilye nou devan Bondye, vini avèk yon kè brize ak yon lespri kontri, temwanye devan Legliz la ke nou reyèlman repanti pou tout peche nou yo, pran non Jezikri sou tèt nou, gen yon detèminasyon pou sèvi l jiska lafen, manifeste nan aksyon nou ke nou te resevwa Lespri Kris la epi pa batèm, yo te resevwa nou nan Legliz Li a. Dispozisyon nou pou nou ranpli alyans sa yo prepare nou pou nou viv nan prezans Bondye antanke èt egzalte. Souvni alyans sa yo dwe gide konpòtman nou parapò avèk fanmi nou, nan rapò sosyal nou avèk lòt moun, epi espesyalman nan relasyon nou avèk Sovè a.

Jezikri te etabli chema konpòtman pafè a kote nou kapab bati sou atitid nou pou nou kapab akonpli alyans sakre sa yo. Sovè a te bani nan lavi Li tout enfliyans ki t ap detounen L de misyon diven Li a, espesyalman lè li te tante pa enmi an oubyen pa moun ki t ap swiv li yo pandan li t ap fè ministè Li isit sou tè a. Byenke Li pa t janm peche, Li te gen yon kè brize ak yon espri kontri, plen lanmou pou Papa nou ki nan Syèl la ak pou tout moun. Li te imilye tèt li devan Papa nou ki nan Syèl la, li te nye pwòp volonte pa L pou l te akonpli sa Papa a te mande Li nan tout bagay jiskalafen. Menm nan momanm gwo soufrans fizik ak espirityèl sa a, kote l t ap pote fado peche tout limanite a sou zepol Li e san t ap koule nan ti twou nan kò li yo, Li te di Papa a, “Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a” (Mak 14:36).

Priyè mwen, frè m ak sè m yo, pandan n ap panse ak alyans nou yo se pou nou kenbe tèt nou fèm kont “flèch anflame advèsè a” (1 Nefi 15:24), swiv egzanp Sovè a pou nou kapab simen nan Lespri a epi rete nan teritwa Senyè a. Annou sonje fòmil Prezidan Monson nan: “Nou pa kapab gen rezon nan fè sa ki mal, nou pa kapab antò nan fè sa ki byen.” Mwen di bagay sa yo nan non Jezikri, amèn.