2010–2019
Epi yon timoun piti va dirije yo
Avril 2012


Epi yon timoun piti va dirije yo

Mari yo ak madanm yo dwe konprann ke premye apèl yo---ke yo pa p janm relve ladan---se youn anvè lòt epi apresa anvè pitit yo.

Sa gen kèk ane, yon jou swa byen frèt nan yon estasyon tren nan Japon, m te tande yon frape nan vit konpatiman m nan. Epi m te wè yon ti gason k t ap tranble anba fredi ki te abiye avèk yon chemiz dechire ak yon moso twal sal ki te mare nan machwa li k te anfle. Tèt li te kouvri avèk kwout. Li te kenbe yon timamit wouye ak yon kiyè, senbòl yon òfelen k ap mande charite. Pandan m t ap lite pou louvri pòt la pou ba l kòb, tren an te derape.

Mwen pap janm bliye tigason grangou sa a m te kite kanpe nan fredi a, avèk yon timamit vid nan men l lan. Ni tou m pap janm bliye kijan m te santi m enpuisan pandan tren an t ap derape a epi m te kite l kanpe sou platfòm nan.

Kèk ane apre nan Cusco, yon vil byen wo nan Montay Pewou yo, Èldè A. Theodore Tuttle avèk mwen t ap fè yon reyinyon Sentsèn nan yon sal long etwat ki te bay sou yon lari. Li te aswè, epi pandan Èldè Tuttle t ap pale a, yon tigason, ki te gen petèt sizan, te parèt nan pòt la. Li te abiye sèlman avèk yon chemiz chire ki te rive nan jenou li.

Sou goch nou te gen yon ti tab ki te gen yon plato pen pou Sentsèn nan. Òfelen grangou sa a nan lari a te wè pen an epi li te glise kòl dousman bò mi an pou al bò kote pen te ye a. Li te prèske rive bò tab la lè yon dàm ki te nan ale a te wè li. Avèk yon jès sevè ak tèt li, li te chase l soti deyò a. M te jemi andedan mwen.

Nan apre tigason an te retounen. Li te glise bò mi an, li te gade pen epi l te gade m. Lè l te prèske rive kote pou dàm nan te wè l la, mwen te lonje bra m, epi li te kouri vin jwenn mwen. Mwen te mete l chita sou janm mwen.

Epi, kòm yon jès senbolik, m te mete l chita sou chèz Èldè Tuttle la. Apre priyè final la, tigason grangou a te sove soti ale nan lannuit la.

Lè m te retounen, m te rakonte Prezidan Spencer W. Kimball eksperyans lan. Li te pwofondeman touche epi l te di m: “Ou te kenbe yon nasyon sou janm ou an.” Li te di m plis pase yon fwa: “Eksperyans sa a gen pi gwo siyifikasyon anpil pase jan ou panse.”

Pandan prèske 100 fwa yo m te al vizite Amerik Latin nan, mwen te toujou ap chèche tigason sa a nan figi tout moun m te rankontre. Kounyeya m konprann sa Prezidan Kimball te vle di a.

M te rankontre yon lòt tigason k t ap tranble nan lari Vil yo. Sete byen ta nan yon lòt lannuit ivè byen frèt. Nou ta pral nan yon dine Nwèl nan yon otèl. Anba lari a m te wè sis oubyen uit tigason k t ap fè bri ki t ap vini. You tout ta dwe lakay yo pou soti nan fredi a.

Gen youn ladan yo ki pa t gen manto. Li te mache sote byen vit pou l te eseye chofe kò li. Li te disparèt nan yon ri akote a, san dout pou al nan yon ti apatman mizerab avèk yon kabann ki petèt pa t gen ase dra pou kenbe l cho.

Jou swa sa a, lè m te rale dra pou m te kouvri, m te fè yon priyè pou moun ki pa t gen kabann byen cho pou yo t al kouche lakay yo.

M te nan Osaka, nan Japon, lè Dezyèm   Gè Mondyal la te fini. Vil la te kraze, e lari yo te plen ak blòk, debri, ak twou bonb. Malgre ke pifò nan pyebwa yo te detwi, kèk te ankò debou avèk branch ak rasin kase e yo te gen kouraj pou pouse kèk ti branch ak fèy.

Yon tifi abiye avèk yon kimono koulè dechire te okipe ap ranmase fèy jòn sycamore pou fè yon bouke flè. Tipitit la te sanble l pa t konsyans de devastasyon ki te antoure l la pandan l t ap mache sou debri yo pou al chèche nouvo fèy pou boukè l la. Li te jwenn sèl bote ki te rete nan mond li a. Petèt m ta dwe di li sete sèl bèl pati mond li a. Lè m pase avèk li sa ogmante lafwa mwen. Timoun sa a sete egzanp lespwa.

Mòmon te anseye ke “timoun piti yo vivan nan Kris la”1 e yo pa bezwen repanti.

Prèske nan fen syèk anvan an, de misyonè t ap travay nan montay Sid Etazini yo. Yon jou, pandan yo te sou tèt yon kolin, yo te wè moun ki te rasanble nan yon kleryè byen lwen anba a. Misyonè yo pa t souvan jwenn anpil moun pou yo te preche, konsa yo te kouri desann al nan kleryè a.

Yon tigason te nwaye, epi sete antèman li. Paran l te voye chèche pastè a pou “di kèk mo” pou pitit gason yo a. Misyonè yo te rete kanpe dèyè pandan pastè vwayajè a te vire gade papa ak manman k t ap kriye a epi l te kòmanse diskou li. Si paran yo te panse ke yo t ap resevwa rekonfò nan men pastè sa a, yo t ap desi anpil.

Li te reprimande yo sevèman dèske yo pa t fè tigason an batize. Yo te neglije batize li poutèt yon bagay kèlkonk, epi kounyeya li te twò ta. Li te di yo kareman ke tigason yo a te al nan lanfè. Sete fòt pa yo. Se yo k te merite blame poutèt touman etènèl tigason an.

Lè diskou a te fini epi yo te fèmen tonm nan, èldè yo te pwoche bò kot paran k t ap kriye yo. Yo te di manman an: “Nou se sèvitè Senyè a, e nou pote yon mesaj pou ou.” Pandan yo t ap kriye a, paran yo t ap koute, de èldè yo te li nan revelasyon yo epi yo te rann temwayaj yo sou retablisman kle pou redanmsyon vivan yo ak mò yo.

Mwen yon tijan gen senpati pou pastè sa a. Li t ap fè pi byen l te kapab avèk kantite limyè ak konesans li te genyen an. Men gen plis li ta dwe kapab pou ofri. Gen plenitid levanjil la.

Èldè yo te vini kòm konsolatè, kòm enstriktè, kòm sèvitè Senyè a, kòm minis otorize nan levanjil Jezikri a.

Timoun sa yo m te pale a reprezante tout pitit Papa nou ki nan Syèl la. “Pitit se kado Bondye bay; epi ... se yon rekonpans pou moun ki genyen yo.”2

Kreyasyon lavi se yon gwo responsablite pou yon koup marye. Youn nan pi gwo defi lavi mòtèl sa a se vin yon paran diy ak responsab. Ni gason an ni fi a pa ka fè pitit poukont yo. Sa ki te prevwa a se pou timoun gen de paran---yon manman ak yon papa. Okenn lòt chema oswa pwosesis pa ka ranplase sa.

Sa gen yon ti tan, yon fi k t ap kriye te di ke pandan l te etidyan nan kolèj li te fè yon erè grav avèk mennaj li. Li te aranje l pou fè yon avòtman. Lè moman te rive, yo te diplome epi yo te marye e yo te gen plizyè lòt pitit. Li te di m konbyen l te toumante kounyeya pou l t ap gade fanmi li, bèl pitit li yo, epi nan lespri li l wè plas vid la kounyeya, kote timoun sa a ta dwe ye a.

Si koup sa a konprann e aplike Sakrifis Ekspyatwa a, y ap konnen ke eksperyans sa yo ak doulè ki konekte avèk yo a kapab efase. Okenn soufrans pa dire pou tout tan. Li pa fasil, men lavi pa t janm te la pou l te fasil ni ekitab. Repantans ak lespwa dirab padon pote a ap toujou diy pou efò nou.

Yon lòt koup te di m an kriyan ke yo te fè k sot kot yon doktè kote yo te di yo ke yo pa t ap kapab fè pitit. Nouvèl la te brize kè yo. Yo te sezi lè m te di yo ke anfèt yo te gen anpil chans. Yo t ap mande poukisa m t ap di yon bagay konsa. M te di yo sitiyasyon yo a te enfiniman pi bon pase pa lòt koup ki te kapab paran men ki te egoyisman rejte ak evite responsablite sa a.

Mwen te di yo: “Omwen nou anvi fè pitit, e dezi sa a pral anfavè nou anpil nan lavi terès nou ak nan lòt vi a paske sa ap pote estabilite espirityèl ak emosyonèl. Finalman, sa pral pi byen pou nou paske nou vle timoun e nou pa ka genyen, konpare avèk moun ki ta ka fè pitit e ki deside ke yo pap fè yo.”

Gen anpil moun ki rete san marye epi konsa san timoun. Gen kèk, poutèt sikonstans ki depase kontwòl yo, ap elve timoun kòm manman oubyen papa selibatè. Bagay sa yo se sitiyasyon pasaje yo ye. Nan plan etènèl bagay yo---pa toujou nan mòtalite a---dezi ak anvi ki jis yo ap reyalize.

“Si se nan lavi sa a sèlman nou espere nan Kris la, nou se moun ki pi mizerab ki gen sou latè.”3

Bi final tout aktivite nan Legliz la se pou gen yon mari ak madanm ni ak pitit yo ki kontan nan fwaye a, pwoteje pa prensip ak lwa levanjil yo, sele an sekirite nan alyans prètriz etènèl la. Mari ak madanm dwe konprann ke premye apèl yo---ke yo pap janm jwenn relèv pou li---se youn anvè lòt epi anvè pitit yo.

Youn nan pi gwo dekouvèt nan parante sèke nou aprann pi plis sou sa ki vrèman konte nan men pitit nou yo pase nou te janm aprann nan men paran nou. Nou vin rekonèt verite nan pwofesi Ezayi a ke “yon timoun piti ap dirije yo a.”4

Nan Jerizalèm, “Jezi te rele yon timoun, li te mete l nan mitan yo.

“Epi li te di, Anverite, m ap di nou, si nou pa konvèti, epi tounen tankou yon timoun piti, nou pap ka antre nan wayòm syèl la.

“Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va pi gran nan wayòm syèl la.”5

“Jezi te di, Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa enpoze yo vini. Paske wayòm syèl la se pou moun ki tankou yo li ye.

“Epi li te mete men sou tèt yo, apresa li te ale.”6

Nou li nan Liv Mòmon an sou vizit Jezikri nan Nouvo Mond lan. Li te geri ak beni moun yo epi l te kòmande yo pou mennen timoun piti yo ba li.

Mòmon ekri: “Konsa, yo te pote timoun piti yo, e yo te depoze yo atè a alantou l, e Jezi te kanpe nan mitan; epi foul la te fè pasaj jistan yo tout te prezante devan l.”7

Apresa li te kòmande foul la pou yo mete ajenou atè a. Avèk timoun piti yo antoure Li, Sovè a te mete ajenou epi l te priye Papa nou ki nan Syèl la. E lè l te fin priye, Sovè a te kriye: “epi li te pran timoun piti yo youn apre lòt, li te beni yo, e li te priye Papa a pou yo.

“Epi lè l te fin fè sa, li te kriye avèk dlo nan je ankò.”8

Mwen ka konprann santiman Sovè a te eksprime pou timoun yo. Gen anpil bagay nou ka aprann nan suiv egzanp Li nan chèche pou priye pou “timoun piti sa yo.”9, beni yo ak anseye yo.

Mwen te dizyèm pitit nan yon fanmi ki te gen onz pitit. Osi lwen ke m sonje, ni papa m ni manman m pa t gen gwo apèl nan Legliz la.

Paran nou te sèvi fidèlman nan apèl ki pi enpòtan an---antanke paran. Papa nou te dirije fwaye a nan lajistis, jamè avèk fache ni laperèz. E egzanp puisan papa mwen te mayifye pa konsèy eman manman nou. Levanjil la se yon enfliyans puisan nan lavi chak moun nan fanmi Packer e l etann jiska pwochen jenerasyon an ak pwochen an ak pwochen an, osi lwen ke nou ka wè.

Mwen espere ke ya va jije m kò yon bon gason ak yon bon papa. Anvan m tande mo sa yo “Se byen” nan men Papa m ki nan Syèl la, mwen espere pou m tande l toudabò nan men papa m nan mòtalite a.

Anpil fwa m konn ap medite sou rezon k fè m te aple kòm Apot epi apresa kòm Prezidan Kolèj Douz Apot yo malgre ke m soti nan yon fwaye kote papa a te ka konsidere kòm yon moun inaktif. Mwen pa sèl manm nan Legliz la ki reprezante deskripsyon sa a.

Finalman, m te ka wè epi konprann ke sete petèt poutèt sikonstans sa a k fè m te aple. E mwen te ka vin konprann poukisa nan tout sa n ap fè nan Legliz la, nou bezwen, antanke dirijan, chèche mete mwayen pou paran yo pase tan ansanm avèk fanmi yo. Dirijan Prètriz yo dwe fè atansyon pou fè fanmi yo nan Legliz la kontan.

Gen anpil bagay nan viv levanjil Jezikri a ke nou pa kapab mezire pa sa ki konte oubyen enskri nan dosye prezans yo. Nou chaje tèt nou avèk konstriksyon ak bidjè ak pwogram ak pwosedi. Nan fè sa, li posib pou nou bliye vrè espri levanjil Jezikri a.

Twò souvan m jwenn moun vin di m: “Prezidan Packer, èske l pa t ap pi bon si … ?”

Mwen abityèlman stope yo epi m di non, paske m sispèk ke sa k pral suiv la se pral yon nouvo aktivite oubyen yon nouvo pwogram ki pral ajoute sou fado tan ak mwayen finansye fanmi an.

Tan pou fanmi an se tan sakre e nou dwe pwoteje l ak respekte l. Nou priye manm nou yo pou yo montre devouman pou fanmi yo.

Lè nou te fèk marye, madanm mwen avèk mwen te deside ke nou ta pral aksepte timoun nou t apral fè yo avèk responsablite ki vini pou pote yo ak elve yo a. Lè moman te rive, yo te fòme fanmi pa yo.

Defwa nan maryaj nou, nan moman nesans de nan tigason nou yo, te gen yon doktè k te di nou: “M pa kwè nou pral kenbe sa a.”

Toulède fwa yo repons nou te bay la sete ke nou t ap bay lavi nou si ti pitit gason nou sa a ta ka kenbe pa li. Nan òf sa a, nou te reyalize ke menm devouman sa a se sa Papa nou ki nan Syèl la santi pou nou chak. Ala yon panse ekstraòdinè.

Kounyeya, nan fen lavi nou, Sè Packer avèk mwen konprann e nou gen temwayaj ke fanmi nou kapab viv ansanm pou tout tan. Pandan n ap obeyi kòmandman yo ak viv levanjil la totalman, n ap jwenn pwoteksyon ak benediksyon. Pou pitit nou yo ak pitit pitit nou yo ak pitit pitit pitit nou yo, priyè nou se pou chak nan fanmi yo k ap grandi yo gen menm devouman sa a pou ti pitit presye pa yo.

Papa, manman, pwochèn fwa nou kenbe yon tibebe k fèk fèt nan bra nou, nou kapab gen yon vizyon enteryè sou mistè ak bi lavi a. N ap vin pi byen konprann poukisa Legliz la jan l ye a ak poukisa fanmi se òganizasyon debaz nan letan ak nan letènite. Mwen rann temwayaj ke levanjil Jezikri a vrè, ke plan redanmsyon an, ki rele plan bonè a, se yon plan pou fanmi. M priye Senyè a pou fanmi yo nan Legliz la beni, paran ak pitit, pou travay sa a avanse an avan jan Papa a vle a. Mwen rann temwayaj sa a nan non Jezikri, amèn.