2010–2019
Pandan n ap fini konferans sa a
Avril 2012


Nan fen konferans sa a

Se pou nou medite sou verite nou te tande yo epi se pou yo ede nou vin pi bon pase nou te ye nan kòmansman konferans sa a.

Kè m ranpli pandan nou rive nan fen bèl konferans sa a. Nou te si richman beni pou n te tande rekòmandasyon ak temwayaj moun ki te pale avèk nou yo. Mwen panse n ap dakò avèk mwen ke nou te santi Lespri Senyè a. Kè nou te touche epi temwayaj nou te ranfòse.

Yon fwa ankò nou te apresye yon bèl mizik, ki te amelyore ak anrichi chak sesyon konferans sa a. Mwen eksprime gratitid mwen pou nou tout ki te pataje talan nou avèk nou yo nan konferans sa a.

Remèsiman sensè pou chak moun ki te pale avèk nou osibyen pou moun ki te ofri priyè nan chak sesyon yo.

Gen anpil moun ki travay dèyè sèn yo oubyen nan pozisyon mwens vizib nan chak konferans. Li pa t ap posib pou nou fè sesyon sa yo san èd yo. Mwen remèsye yo tout tou.

Mwen konnen nou rejwenn mwen nan eksprime pwofon rekonesans mwen pou frè ak sè ki te relve yo pandan konferans sa a. N ap sonje yo anpil. Kontribisyon yo nan travay Senyè a te gwo anpil e n ap kontinye santi yo atravè jenerasyon k ap vini yo.

Konsa tou, nou soutni, avèk men nou leve, frè ak sè ki fèk aple nan nouvo pozisyon yo pandan konferans sa a. Nou swete yo byenveni e nou vle yo konnen ke n ap tann avèk enpasyans pou n sèvi avèk yo nan koz Mèt la. Yo te aple pa enspirasyon ki soti anwo.

Retransmisyon konferans sa a ale nan plis zòn pase anvan, li atenn kontinan ak oseyan rive jwenn moun toupatou. Byenke nou lwen anpil nan ou fizikman, nou santi lespri ou ak devouman ou, e nou voye lanmou nou ak apresyasyon nou pou ou kèlkeswa kote ou ye a.

Ala nou beni, frè m ak sè m yo, pou nou gen levanjil retabli Jezikri a nan lavi nou ak nan kè nou. Li pote repons pou gwo kesyon lavi yo. Li pote sans ak bi ak espwa nan lavi nou.

N ap viv nan tan difisil. Mwen asire nou ke Papa nou ki nan syèl la konsyan de pwoblèm n ap rankontre yo. Li renmen nou chak e li vle beni nou e ede nou. Se pou nou rele Li nan lapriyè, jan Li te rekòmande nou an lè L te di: “Priye tout tan, epi m ap vide Lespri m sou ou, epi benediksyon w ap anpil---wi, plis pase si ou ta jwenn trezò tè yo.”1

Frè m ak sè m yo, se pou fwaye nou ranpli ak lanmou ak koutwazi epi avèk Lespri Senyè a. Renmen fanmi nou. Si gen diskòd ak kontansyon nan mitan nou, mwen priye nou pou nou rezoud yo. Sovè a te di:

“Epi pa p gen diskisyon nan pami nou. …

“Paske anverite anverite, m ap di nou, yon moun ki gen lespri chirepit se pa mwen ki voye l, men se dyab la, ki se papa chirepit, e li soulve kè lèzòm pou yo goumen nan kòlè youn ak lòt.

“[Gade], se pa doktrin pa m  … ; men sa ase doktrin mwen, pou bagay konsa sispann.”2

Antanke enb sèvitè nou, m ap repete pawòl Wa Benjamen yo nan diskou li te fè pou pèp li a, kote l te di:

“M pa t kòmande nou pou nou ... panse pou tèt pa m, m plis pase yon nonm mòtèl.

“Men, m menm jan avèk nou, m soumèt anba tout enfimite kò ak panse yo, malgre sa, pèp sa a te chwazi m, ... e men Senyè a ... te pwoteje m, prezève m, pou m kapab sèvi nou avèk tout pouvwa, panse, ak fòs Senyè a ban mwen.”3

Chè frè m ak sè m yo, avèk tout kè mwen, m fè volonte Bondye epi sèvi Li epi sèvi nou.

Kounyeya pandan n ap kite konferans sa a, mwen envoke benediksyon syèl yo sou nou chak. Se pou nou menm ki lwen lakay nou yo retounen lakay nou an sekirite. Se pou nou medite sa nou te tande yo, epi se pou yo ede nou vin pi bon pase nou te ye anvan konferans sa a te kòmanse sa gen de jou a.

Jiskaske nou rankontre ankò nan sis mwa, mwen mande benediksyon Senyè a sou nou, sou nou tout, e mwen fè sa nan non sakre li---nan non Jezikri, Senyè nou, ak Sovè nou an, amèn.