2010–2019
Pandan nou reyini yon fwa ankò
Avril 2012


Pandan nou reyini yon fwa ankò

Papa nou ki nan Syèl la sousye pou nou chak ak pou bezwen nou. Se pou nou ranpli avèk Lespri Li pandan n ap patisipe nan dewoulman konferans sa a.

Frè ak sè byeneme m yo, pandan nou reyini yon fwa ankò nan yon konferans jeneral Legliz la, m ap swete nou byenveni e eksprime lanmou m pou nou. Nou reyini chak sis mwa pou youn fòtifye lòt, pou bay ankourajman, pou pote rekonfò, pou bati lafwa. Nou isit la pou aprann. Gen nan nou k ap chèche repons pou kesyon ak pwoblèm n ap rankontre nan lavi nou. Gen nan nou k ap lite avèk desepsyon ak pèt. Nou chak kapab eklere ak edifye ak rekonfòte pandan n ap santi Lespri Senyè a.

Si nou ta gen chanjman ki bezwen fèt nan lavi nou, se pou nou jwenn motivasyon ak kouraj pou nou fè sa pandan n ap koute pawòl enspire ki pral pale yo. Se pou nou chak renouvle detèminasyon nou pou viv nan fason pou kapab pitit gason ak pitit fi diy Papa nou ki nan Syèl la. Se pou nou kontinye opoze ak mal kèlkeswa kote nou jwenn ni.

Ala nou beni dèske nou vini sou tè a nan yon tan tankou sa a---yon tan ekstraòdinè nan long istwa mond lan. Nou tout pa kapab ansanm nan menm bilding nan, men kounyeya nou gen posiblite pou patisipe nan dewoulman konferans sa a gras ak mèvèy televizyon, radyo, kab, retransmisyon pa satelit, ak Entènèt---menm sou aparèy pòtab. Nou vin ansanm fè youn, pandan n ap pale plizyè kalite lang, pandan n ap viv nan plizyè peyi, men nou tout gen yon sèl lafwa ak yon sèl doktrin ak yon sèl bi.

Soti nan yon ti kòmansman enb sa gen 182 an, yo santi prezans nou kounyeya toupatou nan mond lan. Gran koz sa a nou angaje ladan an ap kontinye avanse, pou chanje ak beni lavi moun jan l ap fè a. Okenn kòz, okenn fòs nan tout mond lan pa ka stope travay Bondye a. Malgre sa k ap vini, gran kòz sa a ap kontinye avanse. Nou raple n pawòl pwofesik Pwofèt Joseph Smith yo: “Okenn men enpi pa kapab anpeche èv sa a pwogrese; menmsi pèsekisyon fè raj, foul moun reyini; lame rasanble, menmsi kalomni denigre, verite Bondye a aprale an avan fyèman, nobleman, e endepandan, jiskaske l penetre nan tout kontinan, vizite tout klima, bale tout peyi, e rezone nan tout zòrèy, jiskaske objektif Bondye yo akonpli, epi Gran Jewova a di ke travay la fin fèt.”1

Gen anpil bagay difisil ak defyan nan mond lan jodia, frè m ak sè m yo, men gen anpil bagay ki bon ak elvan tou. Jan nou deklare nan trèzèm Atik Lafwa nou an, “Si gen nenpòt bagay ki gen vèti, ki emab, oubyen ki gen bon rapò, oubyen ki atire louwanj, nou chèche bagay sa yo.” Se pou nou toujou kontinye fè sa.

Mwen remèsye nou pou lafwa nou ak devouman nou nan levanjil la. Mwen remèsye nou pou lanmou nou ak swen nou pote youn bay lòt. Mwen remèsye nou pou sèvis n ap rann nan pawas nou ak branch nou ak nan pye nou yo ak distri nou yo. Se sèvis sa yo ki pèmèt Senyè a akonpli anpil nan bi L yo isit la sou tè a.

Mwen eksprime remèsiman mwen pou jantiyès nou anvè mwen kèlkeswa kote m ale. Mwen remèsye nou pou priyè nou fè pou mwen yo. Mwen santi priyè sa yo e m rekonesan anpil pou yo.

Kounyeya, frè m ak sè m yo, nou vini pou nou resevwa enstriksyon ak enspirasyon. Anpil mesaj pral pataje pandan de jou sa yo. Mwen ka asire nou ke gason sa yo ak fi sa yo ki pral adrese nou yo te chèche èd ak direksyon syèl la pandan yo t ap prepare mesaj yo a. Yo te jwenn enspirasyon konsènan sa pou yo pataje avèk nou.

Papa nou ki nan Syèl la sousye pou nou chak ak pou bezwen nou. Se pou nou ranpli avèk Lespri li pandan n ap patisipt nan dewoulman konferans sa a. Se priyè sensè mwen nan non sakre Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 444.