2010–2019
Rapò Depatman Odit Legliz la, 2011
Avril 2012


Rapò Depatman Odit Legliz la, 2011

Pou Premye Prezidans Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo

Chè Frè yo: Jan sa rekòmande pa revelasyon nan seksyon 120 Doktrin ak Alyans yo, se Konsèy pou Dispozisyon Dim yo ki otorize depans nan fon Legliz la. Konsèy sa a konpoze pa Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, ak Episkopa Prezidan an.

Konsèy sa a apwouve bidjè pou depatman yo nan Legliz la, pou etablisman yo nan Legliz la, ak lòt depans inite eklezyastik yo. Antite yo nan Legliz la depanse fon yo selon bidjè ki apwouve epi an akò avèk politik ak pwosedi Legliz yo.

Depatman Odit Legliz la gen aksè ak tout rejis ak sistèm ki nesesè pou evalye konpetans kontwòl resèt yo ak depans yo ak pou veye sou byen Legliz la yo. Depatman Odit Legliz la endepandan de tout lòt depatman ak fonksyonman yo nan Legliz la epi moun k ap travay ladan yo se kontab piblik sètifye, oditè entèn sètifye, oditè sistèm enfòmasyon sètifye, ak lòt pwofesyonèl sètifye.

Baze sou odit ki te fèt yo, Depatman Odit Legliz la deklare ke, nan tout sa ki konsène zafè materyèl, kontribisyon yo resevwa, depans ki fèt, ak kapital Legliz la pou ane 2011 la, tout bagay sa yo te anrejistre ak administre an akò avèk pratik kontablite apwopriye, bidjè apwouve, e selon règleman ak pwosedi Legliz yo.

Prezante avèk respè,

Depatman Odit Legliz la

Robert W. Cantwell

Direktè Jeneral