2010–2019
Rantre nan nou menm: Sentsèn, Tanp, ak Sakrifis nan Sèvis.
Avril 2012


Rantre nan nou menm: Sentsèn, Tanp, ak Sakrifis nan Sèvis.

Nou vin konvèti ak espirityèlman endepandan lè nan espri lapriyè nou viv alyans nou yo.

Sovè a te pale disip Li yo de yon pitit gason ki te kite papa l ki te rich anpil pou l te ale nan yon peyi byen lwen, kote li te gaspiye eritaj li. Lè grangou te leve, jèn gason sa a te pran yon ti jòb pou bay kochon manje. Li te tèlman grangou ke l te konn anvi manje ki te prepare pou bèt yo.

Byen lwen lakay li, lwen kote li te vle ye a, epi nan bonjan kondisyon pòvrete, yon bagay ki te gen siyifikasyon etènèl te rive nan lavi jèn gason sa a. Nan pawòl Sovè a: “li pran kalkile sou sitiyasyon li.”1 Li te sonje kiyès li ye, li te reyalize sa l te manke, epi li te kòmanse dezire bendiksyon gratis yo ki disponib lakay papa l la.

Pandan tout lavi nou, keseswa nan tan fènwa, pwoblèm, chagren, oubyen peche, nou gen dwa santi Sentespri a ap raple nou ke nou se reyèlman pitit fi ak pitit gason yon Papa eman ki nan Syèl la ki renmen nou, epi nou gen dwa santi gwo dezi pou jwenn benediksyon sakre ke sèl Limenm kapab ba nou yo. Nan moman sa yo, nou dwe eseye pou nourantre nan nou menmepi retounen nan limyè amou Sovè a.

Benediksyon sa yo nòmalman apatni a tout Pitit Papa nou ki nan Syèl la. Dezire benediksyon sa yo, ansanm ak yon lavi lajwa ak bonè, se yon pati esansyèl nan plan Papa nou ki nan Syèl la pou nou chak. Pwofèt Alma te anseye: “Menm si nou sèlman vle kwè, kite santiman sa a travay nan nou.”2

Pandan santiman espirityèl nou yo ap grandi, n ap vin pi endepandan espirityèlman. Lè sa a, kijan pou nou ede lòt moun, tèt nou ak fanmi nou ogmante dezi nou pou suiv Sovè a ak viv Levanjil Li a? Kijan pou nou fòtifye dezi nou pou n repanti, vin diy, ak pèsevere jiskalafen? Kijan n ap ede jèn nou yo ak jèn adilt nou yo fè dezi sa yo travay nan yo jiskaske yo vin tounen vrè “sen atravè ekspyasyon Kris la”?3

Nou vin konvèti ak espirityèlman endepandan lè nan espri lapriyè nou viv alyans nou yo---nan pran Sentsèn avèk diyite, viv diy pou resevwa yon rekòmandasyon tanp, epi fè sakrifis pou sèvi lòt moun.

Pou nou pran Sentsèn nan ak diyite, nou dwe sonje ke n ap renouvle alyans nou te fè lè nou t ap batize a. Pou Sentsèn nan vin yon eksperyans netwayaj espirityèl chak semèn, nou bezwen prepare tèt nouanvannou vin nan reyinyon Sentsèn nan. Nou fè sa lè nou volontèman kite travay ak lwazi chak jou nou yo dèyè epi nou abandone vye panse ak sousi monden yo. Lè nou fè sa, nou fè plas nan lespri nou ak nan kè nou pou Sentespri a.

Lè sa a, nou prepare pou nou medite sou sakrifis ekspyatwa a. Plis pase jis panse sou lefèt ke Sovè a te soufri ak mouri pou nou, meditasyon nou ap ede nou rekonèt ke gras ak sakrifis Sovè a, nou gen espwa, opòtinite ak fòs pou nou fè bonjan chanjman sensè nan lavi nou.

Lè n ap chante chan Sentsèn nan, patisipe nan priyè Sentsèn nan epi pataje anblèm kò ak san L lan, n ap reyèlman cheche padon pou peche avèk feblès nou yo nan lapriyè. Nou panse sou pwomès nou te fè ak kenbe pandan semèn ki sot pase a epi nou pran angajman espesifik pou n suiv Sovè a pandan semèn k ap vini an.

Paran ak dirijan yo, nou kapab ede jèn yo fè eksperyans benediksyon enkonparab Sentsèn yo lè nou bayo opòtinite espesyal pou yo etidye, diskite ak dekouvri siyifikasyon sakrifis ekspyatwa a nan lavi yo. Kite yo fouye ekriti yo poukont yo epi youn anseye lòt apati pwòp eksperyans pa yo.

Papa yo, dirijan prètriz yo, ak prezidans kowòm yo gen yon responsablite espesyal pou ede detantè Pretriz Aawon yo sensèman prepare yo pou ranpli devwa sakre yo nan Sentsèn nan. Preparasyon sa a fèt pandan tout semèn nan nan viv prensip levanjil yo. Lè jènjan yo prepare, beni ak distribiye Sentsèn nan nan diyite ak reverans, yo literalman suiv egzanp Sovè a nan Dènye Repa4 a epi vini tankou Li.

Mwen temwanye ke Sentsèn nan ba nou yon opòtinite pou nourantre nan nou menm epi fè eksperyans “yon gwo chanjman nan kè nou”5---pou nou sonje kiyès nou ye ak sa nou plis dezire. Lè nou renouvle alyans pou respekte kòmandman yo, nou jwenn konpayi Sentespri a pou dirije nou retounen al nan prezans Papa nou ki nan Syèl la. Se pa san rezon k fè yo rekòmande nou pou nou “reyini ansanm souvan pou pataje pen [an] ak dlo [a]”6 ak pou pran Sentsèn nan pou nanm nou.7

Anplis Sentsèn nan, dezi nou pou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la ap ogmante lè nou vin diy pou resevwa yon rekòmandasyon tanp. Nou vin diy lè nou toujou obeyi kòmandman yo. Obeyisans sa a kòmanse nan anfans nou epi li grandi atravè eksperyans nou nan Prètriz Aawon ak Jènfi pandan ane preparasyon yo. Apresa, nou espere, prèt yo ak Loreyòl yo fikse bi e espesyalman prepare tèt yo pou dote epi sele nan tanp.

Kisa prensip pou moun ki gen rekòmand yo ye? Salmis la raple nou:

“Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a?

“Se moun ki pa gen men pwòp, ak yon kè ki pi.”8

Diyite pou detni yon rekòmandasyon tanp ba nou fòs pou nou kenbe alyans tanp nou yo. Kijan nou kapab jwenn fòs sa a pèsonèlman? Nou eseye jwenn yon temwanyaj konsènan Papa nou ki nan Syèl la, Jezikri, Sentespri a, reyalite Sakrifis ekspyatwa a a, ak verasite Pwofèt Joseph Smith ak Retablisman an. Nou soutni dirijan nou yo, nou trete fanmi nou ak jantiyès, nou kanpe kòm temwen vrè Legliz Senyè a, nou ale nan reyinyon Legliz yo, nou onore alyans nou yo, nou ranpli obligasyon nou antanke paran, epi nou viv yon vi ki vètye. Nou kapab di sa sonnen jis tankou yon fidèl Sen Dènye Jou! Nou gen rezon. Chema pou nou gen yon rekòmandasyon tanp lan pa twò wo pou nou atenn. Se senpleman fidèlman viv levanjil la ak suiv pwofèt yo.

Apresa, kòm moun dote ki gen rekòmandasyon tanp, nou etabli modèl pou nou viv tankou Kris la. Sa gen ladan obeyisans, fè sakrifis pou nou kenbe kòmandman yo, youn renmen lòt, viv ak chastete nan panse ak nan aksyon, epi dedye tèt nou nan bati wayom Bondye a. Gras ak Sakrifis Ekspyatwa Sovè a epi nan swiv prensib debaz fidelite sa yo, nou resevwa “pouvwa ki soti anwo”9pou nou fè fas ak pwoblèm lavi yo. Nou bezwen pouvwa diven sa a jodi a plis ke jamè. Se pouvwa nou resevwa sèlman atravè òdonans tanp yo. Mwen temwanye ke sakrifis nou fè pou nou resevwa òdonans tanp yo vo tout efò nou kapab fè.

Lè dezi pou nou aprann ak viv levanjil la ogmante, nou natirèlman chèche pou youn sèvi lòt. Sovè a te di Pyè: “Ou menm, lè wa konvèti, fòtifye frè w yo.”10 Mwen enpresyone palefèt ke jenn yo jodia gen gwo dezi pou sèvi ak beni lòt moun--- pou fè yon diferans nan mond sa a. Yo anvi jwenn lafwa ke sèvis yo pote a tou.

Sepandan, li difisil pou jèn yo konprann kòman aksyon y ap fè kounyeya ap prepare oubyen diskalifye yo pou opòtinite sèvis k ap vini yo. Nou tout gen yon “devwa san kondisyon” 11 pou nou ede jèn nou yo prepare tèt yo pou yon lavi sèvis nan ede yo vin otonòm. Anplis otonomi espirityèl nou pale la a, gen otonomi tanporèl tou, ki gen ladann akeri bonjan fòmasyon lekòl, aprann travay, ak viv avèk mwayen nou genyen. Nan evite dèt, ak ekonomize lajan kounyeya, n ap prepare pou sèvis aplentan nan Legliz la nan ane k ap vini yo. Bi otonomi tanporèl ak espirityèl la se pou mete nou nan pi gwo pozisyon pou nou kapab ede lòt moun ki nan bezwen.

Nou te mèt jèn oswa granmoun, sa nou fè jodi ap detèmine sèvis n ap kapab rann ak jwi demen. Jan powèt la raple nou an: “Nan tout mo tris lang ak plim genyen, mo ki pi tris yo se mo sa yo: “si m te konnen!”12 An nou pa viv lavi nou nan regrèt sa nou te fè oubyen pa t fè!

Frè ak sè byenneme m yo, jèn gason sa a Sovè a t ap pale a, sa nou refere a limenm kòm anfan pwodig la,te retounen lakay. Papa l pa t bliye li; Papa l t ap tann ni. E “lè [pitit gason an] te byen lwen kay la toujou, papa l te wè li. Kè l te fè l mal, li te kouri al rankontre l, epi .... li bo li.”13 An onè pou retou pitit gason l la, li te fè yon bèl wob pou li, mete bag nan dwèt li, ak yon selebrasyon kote yo te touye bèf pou li14---rapèl ke pa gen okenn benediksyon k ap retire si nou fidèlman pèsevere nan mache sou chemen ki mennen retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la.

Avèk lanmou Li ak Lanmou Pitit Gason L la nan kè mwen, mwen mande nou chak pou nou suiv dezi espirityèl nou yo epi rantre nan nou menm. Annou fè yon pale avèk tèt nou nan yon glas epi mande, “Nan ki pozisyon m ye nan viv alyans mwen yo?” Nou sou bon wout la lè nou kapab di: “Mwen pran Sentsèn diyman chak semè, mwen diy pou gen yon rekòmandasyon tanp epi pou m ale nan tanp, e mwen fè sakrifis pou sèvi ak beni lòt moun.”

Mwen pataje temwayaj espesyal mwen ke Bondye sitèlman renmen nou chak ke “li bay Sèl Pitit Byeneme L la”15 pou ekspye pou peche nou yo. Li konnen nou epi l ap tann nou, men lè nou byen lwen toujou. Si nou aji selon dezi nou yo epi kalkile sitiyasyon nou, n ap “ansèkle etènèlman nan bra lanmou Li”16 epi L ap swete nou byenvini lakay. Mwen temwanye konsa nan non sakre Sovè nou an Jezikri, amèn.