2010–2019
Konvèti nan Levanjil Li a atravè Legliz Li a
Avril 2012


Konvèti nan Levanjil Li a atravè Legliz Li a

Bi Legliz la se pou ede nou viv levanjil la

Mwen renmen levanjil Jezikri a ak Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo. Kèk fwa nou itilize tèm levanjil la ak Legliz la youn pou lòt, men yo pa menm bagay. Sepandan, yo toutafè makònen youn ak lòt epi nou bezwen toulède.

Levanjil la se plan glworiye Bondye a kote nou menm, antanke pitit Li, nou jwenn opòtinite pou nou resevwa tout sa Papa a genyen (gade D&A 84:38). Sa rele lavi etènèl epi yo dekri li kòm “pi gwo nan tout kado Bondye yo” (D&A 14:7). Yon posyon enpòtan nan plan an se eksperyans tèrès nou, yon tan pou devlope lafwa (gade Mowoni 7:26), pou nou repanti (gade Mozya 3:12), ak pou rekonsilye nou avèk Bondye (gade Jacob 4:11).

Paske feblès lavi motèl nou yo ak “opozisyon nan tout bagay” (2 Nefi 2:11) la t ap rann lavi sa a pwofondeman difisil, epi paske nou pa t ap ka pwòpte pwòp peche nou yo, yon Sovè te nesesè. Lè Eloyim, Bondye Etènèl la e Papa tout espri nou, te prezante Plan Sali L la, te gen youn nan pami nou ki te di, “Men mwen, voye m” (Abraram 3:27). Non Li sete Jewova.

Ne de yon Papa ki nan Syèl la, ni espirityèlman ni fizikman, Li te posede tout pouvwa pou venk mond lan. Ne de yon manman tèrès, Li te sijè a doulè ak soufrans mòtalite a. Gran Jewova a te rele Jezi tou epi adisyonèlman, Li vin resevwa tit Kris la, ki vle di Mesi a oubyen Wen an. Pi gwo travay li te reyalize se te Sakrifis Ekspyatwa a, kote Jezi, Kris la“ te desann pi ba tout bagay” (D&C 88:6), pou te rann posib pou L pou peye yon pri pou rachte chak nan noumenm.

Se Jezikri ki te etabli Legliz la pandan ministè li sou tè a, “bati sou fondasyon apot ak pwofèt” (Efezyen 2:20). Nan sa a, “dispansasyon plenitid tan yo,” (D&A 128:18), Senyè a te retabli sa k te egziste yon fwa deja a, e espesifikman di Pwofèt Joseph Smith, “M ap tabli yon legliz avèk men ou” (D&C 31:7). Jezikri sete epi rete chèf Legliz Li a, ki reprezante sou tè a pa pwofèt, vwayan, ak revelatè ki detni otorite apostolik la.

Se yon Legliz mayifik. Òganizasyon li, efikasite li, ak bonte total li trè respekte pa tout moun ki sensèman chèche konprann ni. Legliz la gen pwogram pou timoun, pou jèn yo, pou gason yo, ak fi yo. Li gen plis pase 18 mil bèl chapèl. Tanp mayifik--ki kounyeya totalize 136---sou tè a, avèk 30 lòt k ap konstwi oubyen ki te anonse. Gen yon gwoup misyonè aplentan ki plis pase 56 mil, ki gen ladan l jèn moun ak mwens jèn, k ap sèvi nan 150 peyi. Travay imanitè Legliz Mondyal nou an se yon bèl demontrasyon jenerozite manm nou yo. Sistèm antrèd nou an pran swen manm nou yo epi l ankouraje otonomi nan yon fason ki pa gen parèy okenn kote. Nan Legliz sa a, nou gen dirijan layik ak yon kominote Sen ki dispoze pou youn sèvi lòt nan yon fason remakab. Pa gen anyen tankou Legliz sa a nan tout mond lan.

Lè m te fèt, fanmi nou t ap viv nan yon ti kay tou piti sou teren youn nan gwo chapèl istorik Legliz la, Tabènak Honolulu a. M ap mande chè zanmi m yo nan Episkopa Prezidan an padon kounyeya, yo menm ki sipèvize batiman Legliz yo, men pandan m te yon tigason, mwen te eskalade anwo, anba e atravè chak pous pwopriyete sa a, soti nan anba pisin plen dlo a rive nan flèch enpozan k ap briye a. Nou te konn menm sote tankou Tazann nan branch long gwo pye banyan nan ki te sou teren sa a.

Legliz la se te tout bagay pou nou. Nou te konn ale nan anpil reyinyon, menm plis pase sa nou genyen yo jodia. Nou te ale nan Primè lè Jedi aprèmidi. Madi maten, sete Reyinyon Sosyete Sekou. SAM pou jèn yo sete Mèkredi swa. Samdi sete pou aktivite pawas. Dimanch mesye yo ak jèn jan yo te konn ale nan reyinyon pretriz la nan maten. Nan mitan jounen an, nou te konn ale nan lekòldidimanch. Apresa nan aswè, nou retounen pou reyinyon Sentsèn. Avèk tout ale vini sa yo ak reyinyon yo,sete kòmsi tan nou te pase nan aktivite Legliz la tout jounen Dimanch la ak laplipa lòt jou yo nan semèn nan.

Otanke m te renmen Legliz la, sete pandan epòk sa yo nan anfans mwen an ke, pou lapremyè fwa, m te gen yon santiman ke te gen yon bagay ki te menm plis toujou. Lè m te gen senkan, yo te fè yon gwo konferans nan Tabènak la. Nou te mache kite kote n t ap viv la e travèse yon tip on ki te mennen nan gwo chapèl la epi nou te chita nan 10 zyèm ranje nan gwo chapèl sa a. Sete David O. McKay, Prezidan Legliz la, ki t ap prezide epi pale nan reyinyon an. Mwen pa sonje anyen nan sa l te di, men mwen raple m byen klè sa m te wè ak sa m te santi. Prezidam McKay te abiye avèk yon kostim koulè krèm epi, avèk bèl cheve blan l yo, li te ekstraòdinè. Nan tradisyon zile a, li te mete yon kolye ki te fèt ak bèl flè wouj. Pandan l t ap pale, mwen te santi yon bagay entans ak trè pèsonèl. Nan apre m te vin konprann ke sete enfliyans Sentespri a m te santi a. Nou te chante chan final la.

Ki moun ki pou Senyè a? Ki moun?

Kounyeya se moman pou montre sa.

Nou mande sa san krent:

Ki moun ki pou Senyè a? Ki moun?

(“Who’s on the Lord’s Side?” Hymns, no. 260)

Malgre ke te gen prèske 2.000 moun ki t ap chante pawòl sa yo, sete kòmsi kesyon yo te poze a sete jis pou mwen, m te anvi kanpe pou m di “Mwen menm!”

Gen kèk moun ki rive panse ke lefèt ke yo aktif nan Legliz la se bi final la sa. Gen yon danje nan sa. Li posib pou yon moun aktif nan Legliz la e inaktif nan levanjil la. Kite m eksplike: aktivif nan Legliz la se yon bi grandman dezirab; men, li pa sifi. Aktif nan Legliz la se endikasyon eksteryè dezi espiritèl nou. Si nou ale nan reyinyon yo, kenbe ak akonpli tach nou yo nan Legliz la, epi nou sèvi lòt moun, se yon bagay tout moun piblikman obsève.

Pa kontras, bagay konsènan levanjil la se bagay ki abityèlman mwens vizib ak pi difisil pou mezire, men yo gen pigwo enpòtans etènèl. Pa egzanp, ki kantite lafwa nou reyèlman genyen? Nan ki pwen nou repantan? Ki enpòtans òdonans yo genyen nan lavi nou? Èske nou fokis sou alyans nou yo?

M ap repete: nou bezwen levanjil laak Legliz la. Anfèt, bi Legliz la se pou ede nou viv levanjil la. Nou souvan mande: Kòman yon moun fè totalman aktif nan Legliz la lè l jèn epi li pa aktif lè l vin pi gran? Kijan yon adilt ki te konn vini ak sèvi regilyèman fè sispann vini? Kòman yon moun ki desi pa yon dirijan oubyen yon lòt manm fè kite sa fè l pa vin legliz la ankò? Petèt rezon an sèke yo pa t ase konvèti nan levanjil la---nan bagay letènite yo.

M ap sigjere twa mwayen esansyèl pou ke levanjil kapab fondasyon nou:

  1. Apwofondi konpreyansyon nou sou Divinite a. Yon bon konesans de twa manm Divinite a ak yon lanmou pou yo se yon bagay ki endispansab. Priye Papa a tout bon vre, nan non Pitit Gason an, epi chèche direksyon nan men Sentespri a. Konbine priyè avèk etid konstan ak enb meditasyon pou nou kontinyèlman bati lafwa inebranlab nan Jezikri. “Paske, kouman yon nonm ap fè rekonèt yon mèt li pa sèvi ... ki se yon etranje pou li, e ki pa nan panse l ak desizyon kè l?” (Mozya 5:13).

  2. Konsantre sou òdonans yo ak alyans yo. Si ta gen nenpòt nan òdonans esansyèl yo ki poko fèt nan lavi nou, prepare nou atantivman pou resevwa yo chak. Apresa nou bezwen etabli disiplin pou nou viv fidèl nan alyans nou yo, kote n ap totalman itilize kado Sentsèn nan chak semèn. Anpil nan nou pa chanje komsadwa pa pouvwa netwayaj li a akoz mank reverans pou òdonans sakre sa a.

  3. Ini levanjil la avèk Legliz la. Lè nou konsantre sou levanjil, Legliz la ap vin plis yon benediksyon nan lavi nou, pa mwens. Lè nou ale nan chak reyinyon prepare pou nou “chèche konesans, menm nan etid epi avèk lafwa” (D&A 88:118), Sentespri a va pwofesè nou. Si nou vini nan espri divètisman, n ap souvan desi. Prezidan Spencer W. Kimball te mande yon fwa: “Ki sa nou fè lè nou twouve nou nan yon reyinyon Sentsèn raz?” Repons Li: “M pa konnen. Mwen pa janm asiste youn ki raz” (Site pa Gene R. Cook, nan Gerry Avant, “Learning Gospel Is Lifetime Pursuit,” Church News,, Mas. 24, 1990, 10).

Nan lavi nou, nou ta dwe chèche konnen ki sa k te rive apre ke Senyè a te vini nan pami pèp Nouvo mond lan epi etabli Legliz Li a. Ekriti yo di konsa: “Epi se te konsa, yo t ale nan pami tout pèp Nefi a, epi yo te preche tout moun nan peyi a levanjil Kris la; e moun yo te konvèti nan Senyè a, yo te reyini nan legliz Kris la, epi konsa, pèp jenerasyon sa a te beni.” (3 Nefi 28:23).

Senyè a vle manm Legliz Li a konvèti tout bon vre nan levanjil Li a. Se sèl mwayen asire pou nou gen sekirite espirityèl kounyeya ak bonè pou tout tan. Nan non Jezikri, amèn.