2010–2019
Lafwa, Kouraj, Akonplisman: Yon Mesaj pou Paran Selibatè yo.
Avril 2012


Lafwa, Kouraj, Akonplisman: Yon Mesaj pou Paran Selibatè yo.

N ap eseye elve pitit nou yo nan lajistis ak laverite, konesan ke pandan ke nou pa kapab chanje lepase a, nou ka modle lefiti.

Mesaj mwen se pou paran selibatè yo nan Legliz la, majorite nan yo se manman ki selibatè---nou menm fi vanyan ki, atravè sikonstans varye nan lavi a, twouve nou ap elve timoun ak pran swen yon fwaye poukont nou. Petèt nou vèv oswa divòse. Nou petèt ap fè fas ak pwoblèm paran selibatè kòm rezilta yon move koub nou te pran andeyò maryaj men kounyeya n ap viv selon prensip levanjil yo, paske nou chanje lavi nou vin fè sa ki byen. Nou beni paske n ap evite kalite konpayi ke nou ta pral peye avèk vèti nou ak kalite nou antanke disip. Sa se t ap yon pri twò wo pou nou peye.

Byenke nou kapab mande tèt nou pafwa, “Poukisa se mwen?” se nan difikilte lavi a ke n ap grandi nan direksyon Bondye pandan karaktè nou ap fòme pa bonjan afliksyon, e pandan difikilte lavi yo ap rive pandan ke Bondye respekte libabit lèzòm. Jan Eldè Neal A. Maxwell te kòmante, nou pa kapab fè total la ni fè tout bagay adisyone paske, “nou pa gen tout nimewo yo.”1

Kèlkeswa sikonstans oubyen rezon k fè yo konsa a, nou se moun ekstraòdinè. Jou apre jou n ap rankontre difikilte nan lavi a, n ap fè travay de moun ta dwe fè, men n ap fè l pifò poukont nou. Nou oblije papa ak manman an menm tan. N ap dirije fwaye nou, veye sou fanmi nou, pafwa n ap lite pou n reponn a bezwen yo, e mirakilezman nou menm jwenn mwayen pou nou sèvi nan Legliz nan fason trè efikas. Nou nouri pitit nou. Nou kriye e nou priye avèk yo epi pou yo. Nou vle sa ki pi bon an pou yo men nou sousye chak swa ke tout efò nap fè pou yo a gen dwa pa janm bon ase.

Pandan ke m ap eseye pa twò pèsonèl, mwen menm mwen se pwodwi yon fwaye konsa. Prèske tout anfans mwen ak adolesans mwen, manman m te elve nou poukont li nan sikonstans pòvrete. Lajan te mezire avèk prekosyon. Li t ap fè fas ak yon solitid andedan l, dezespere pafwa pou jwenn sipò ak yon konpayon. Men malgre tout sa, te gen yon diyite kay manman m, yon pwofon sous detèminasyon ak yon karaktè Ekosè trè fèm.

Erezman, ane apre l yo te pi beni pase premye ane l kòm selibatè yo. Li te marye avèk yon nouvo konvèti, yon vèf; yo te sele nan tanp Lond la an Angletè epi apre yo te brèfman sèvi kòm travayè nan tanp lan. Yo te ansanm pandan prèske 25 an---kontan, jwaye, e satisfè jiskaske yo te mouri.

Gen anpil nan noumenm, bon fi nan Legliz la atravè tout mond lan, k ap fè fas ak menm kalite sikonstans sa yo e ki demontre menm espri a ane apre ane.

Se pa t egzakteman sa nou te espere ni planifye, ni priye, ni atann lè nou t ap kòmanse sa te gen kèk ane. Vwayaj nou atravè lavi a gen difikilte ak chanjman nou pat atann, pi souvan kòm rezilta lavi nan yon mond dechi ki vle di l se yon kote pou nou vin pase tès ak mizaleprèv.

Pandan tan sa a, n ap goumen pou nou elve pitit nou nan lajistis ak laverite, konesan ke menmsi nou pakapab chanje lepase, nou kapab fòme fiti a. Toutolon chemen an n ap jwen rekonpans benediksyon, menm si yo pa parèt imedyatman.

Avèk èd Bondye, nou pa bezwen pè pou demen. Pitit nou yo ap grandi epi y a rele nou beni, epi chak grenn bagay nan tout sa y ap akonpli yo ap kanpe pou onore nou.

Tanpri, pa janm santi ke nou vini nan dezyèm pozisyon, ke nou enferyè konpare ak lòt manm yo nan Legliz la, yon tijan mwens merite benediksyon Senyè a pase lòt mou. Nan wayòm Bondye a, pa gen sitwayen dezyèm klas.

Nou espere ke, lè nou ale nan reyinyon legliz yo epi nou wè fanmi ki parèt konplè ak plen lajwa, oubyen lè nou tande yon moun ap pale de fanmi ideyal, n ap santi nou kontan dèske nou fè pati yon legliz ki santre sou fanmi epi ansenye wòl santral fanmi nan plan Papa nou ki nan Syèl la pou bonè pitit Li yo; ke nan yon mond kote ki gen anpil kalamite ak fanmi k ap kraze, nou gen doktrin, otorite, òdonans ak alyans ki ofri pi bon lespwa a pou mond lan, ansanm ak fiti bonè pitit nou yo ak fanmi y apral kreye.

Nan reyinyon Jeneral Sosyete Sekou Septanm 2006 la, Prezidan Gordon B. Hinckley te rakonte yon eksperyans yon manman selibatè divòse ki te gen sèt timoun soti nan laj 7 rive 16 an lè sa a. Li te travèse lari a pou l t al pote yon bagay bay yon vwazen. Li te di:

“Pandan m te vire pou retounen lakay mwen, m te wè limyè lakay mwen k te limen. Mwen te tande bri timoun yo lè m t ap soti nan pòt la sa gen kèk minit la. Yo t ap di: “Manman, kisa nou pral manje aswè a pou dine?’ ‘Èske w ka mennen m nan libreri a?’ ‘Mwen bezwen papye katon aswè a.’ Kraze avèk fatig, m te gade kay sa a epi m te wè limyè limenm nan chak chanm yo. M te panse ak tout timoun sa yo ki te lakay ap tann mwen rantre pou m te ka satisfè bezwen yo. Mwen te santi fado m yo pi lou pase sa m te ka pote.

“Mwen sonje avèk dlo nan je m te gade syèl la epi m te di: ‘Chè Papa, mwen jis pa kapab aswè a. Mwen twò fatige. Mwen pap kapab. Mwen pap kapab ale lakay la pou m pran swen tout timoun sa yo poukont mwen. Èske m kapab jis vin jwenn ou epi rete avèk ou pou jis yon nuit? …’

“Mwen pa t reyèlman tande pawòl yo an repons la, men mwen te tande yo nan lespri m. Repons la sete: ‘Non, pitit mwen, ou pap kapab vin jwenn mwen kounyeya. … Men mwen kapab vin jwenn ou.’”2

Mèsi, sè m yo, pou tout sa n ap fè pou elve fanmi nou ak kenbe yon fwaye lanmou kote gen bonte, lapè ak opòtinite.

Byenke souvan nou santi nou poukont nou, an reyalite, nou pa janmtotalmanpoukont nou. Toutotan n ap avanse nan pasyans ak nan lafwa, Pwovidans la ap mache avèk nou; syèl la ap devèse sou nou benediksyon nou bezwen yo.

Konsepsyon nou ak vizyon nou de lavi a ap chanje lè, olye ke nou dekouraje, nou leve tèt nou gade Bondye.

Anpil nan nou dejà dekouvri gwo verite transfòman sa a lè nou viv pou soulaje fado lòt moun, pwòp fado pa nou yo vin pi lejè. Byenke sikonstans yo gen dwa pa chanje, atitid nou chanje. N ap kapab fè fas ak pwò eprèv nou yo ak pi plis aksepetans, yon kè pi konpreyansif, ak yon gratitid pi pwofon pou sa nou genyen, olye ke nou ap plenyen pou sa nou manke.

N ap dekouvri ke lè nou eseye rekonfòte lòt moun ki sanble yo nan dezespwa, n ap resevwa rekonfò pou pwòt tèt pa nou tou; koup nou reyèlman “ranpli pou l devèse” (Psalm 23:5).

Nan viv yon lavi jis, noumenm ak pitit nou yo kapab yon jou jwi de benediksyon ki se vin fè pati yon fanmi etènèl konplè.

Manm yo ak dirijan yo, èske gen plis bagay nou ta kapab fè pou sipòte fanmi ki paran selibatè yo san nou pa jije ni kritike yo? Èske nou ka gide jèn yo ki nan fanmi sa yo, espesyalman chèche ba yo egzanp jèn gason ki se egzanp sa bon gason fè ak fason bon gason viv? Lè pa gen papa, èske nou ba yo modèl ki diy pou suiv?

Men, natirèlman, gen kèk fanmi selibatè kote se papa a ki paran selibatè a. Frè m yo, nou priye pou nou tou e nou rann nou omaj. Mesaj sa a pou nou tou.

Frè m ak sè m yo, mwen temwanye ke pandan n ap fè tout sa nou kapab nan sa ki pi difisil nan pwoblèm imen an, syèl la ap beni nou. Reyèlman, nou pa poukont nou. Kite pouvwa eman ak redanmtè Kris la beni lavi nou kounyeya epi ranpli nou avèk lespwa pwomès etènèl la. Pran kouraj, Kenbe lafwa ak lesperans. Konsidere prezan an avèk kouraj epi gade fiti a avèk konfyans. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Neal A. Maxwell, Notwithstanding My Weakness (1981), 68.

  2. Nan Gordon B. Hinckley, “In the Arms of His Love,” Liahona ak Ensign, Nov. 2006, 117.