2010–2019
Fanmi ki fë alyans yo
Avril 2012


Fanmi ki fè alyans yo

Pa gen anyen ki rive oubyen ki ka rive fanmi nou ki osi enpòtan ke benediksyon sèlman yo.

Mwen kontan reyini avèk nou nan reyinyon sa a kote tout detantè prètriz Bondye yo ki sou tè a envite a. Nou gen benediksyon pou n prezide pa Prezidan Thomas S. Monson. Antanke Prezidan Legliz la, li se sèl moun vivan ki responsab kle ki sele fanmi yo ansanm ak tout lòt òdinans Prètriz nesesè pou atenn lavi etènèl yo, pi gwo nan tout don Bondye yo.

Gen yon papa k ap koute aswè a ki retounen vin aktif paske li vle gen asirans don sa a avèk tout kè li. Li menm ak madanm ni renmen de ti pitit yo genyen yo, yon tigason ak yon tifi. Menmjan ak lòt paran, li ka imajine bonè selès la lè l li pawòl sa yo: “Epi menm relasyon sosyal ki egziste pami nou isit la pral egziste pami nou lòtbò a; sèlman l ap double avèk laglwa etènèl, yon laglwa nou pa jwi kounyeya.”1

Papa sa a ap k ap koute avèk nou an aswè a konnen chemen ki mennen nan destinasyon gloriye sa a. Sa pa fasil. Li konn sa deja. Sa te mande lafwa nan Jezikri, pwofon repantans, ak yon chanjman nan kè ki te pwodui lè yon evèk byenveyan te ede l santi padon eman Senyè a.

Bèl chanjman kontinye te kontinye fèt lè l te ale nan tanp sakre a pou resevwa yon dotasyon ke Senyè a te dekri pou moun Li te bay pouvwa yo nan premye tanp nan dispansasyon sa a. Sete nan Kirtland, Ohio. Senyè a te di:

“Se poutèt sa, se pou rezon sa a m te ba nou kòmandman pou nou ale Ohio; epi se la m ap ba nou lalwa mwen an; epi se la nou pral dote avèk pouvwa ki soti anlè a;

“Epi depi kounyeya, ... m gen yon gran travay nan magazen, paske Izrayèl pral sove, epi m ap mennen yo nenpòt kote m vle; epi okenn pouvwa p ap kapab rete men m.”2

Pou zanmi m nan ki fèk retounen legliz la ak pou tout prètriz la, yon gwo travay k ap tann nou se pou pran inisyativ pou sove pati Izrayèl sa a kote nou soti a oubyen ke nou pral responsab la: fanmi nou. Zanmi m nan ak madanm ni te konnen ke sa mande pou nou sele pa pouvwa Prètriz Mèlkisedèk la nan yon tanp sakre Bondye.

Li te mande pou m fè sèlman an. Li menm ak madanm ni te vle sa fèt osito ke posib. Men avèk tan okipe konferans jeneral la k t ap apwoche a, m te kite pou koup la ak evèk yo travay avèk sekretè m nan pou jwenn pi bon dat la.

Imajine sipriz mwen ak kontantman m lè papa a te di m nan legliz la ke sèlman an te fikse pou 3 Avril. Sete jou sa a an 1836 ke yo te voye Eli, pwofèt anlve a, nan Tanp Kirtland nan pou l te bay Joseph Smith ak Oliver Cowdery pouvwa sèlman an. Kle sa yo nan Legliz la jodia e y ap kontinye rete jiskalafen tan yo.3

Se menm otorite divin sa a Senyè te bay Pyè lè L te pwomèt: “M ap ba ou kle wayòm syèl la. Tout sa ou va liye sou latè va liye nan syèl la tou; e tout sa ou va delye sou latè va delye nan syèl la tou.”4

Retou Eli a se yon benediksyon pou tout moun ki detni prètriz la. Èldè Harold B. Lee te di klèman lè l te pale nan yon konferans jeneral, kote l te site Prezidan Joseph Fielding Smith. Koute byen: “Mwen detni prètriz la. Nou menm, frè m yo ki la a detni prètriz la. Nou te resevwa Prètriz Mèlkisedèk---ki te detni pa Eli ak lòt pwofèt, ansanm avèk Pyè, Jak, ak Jan. Men, pandan ke nou gen otorite pou batize a, pandan ke nou gen otorite pou enpoze men pou bay don Sentespri a ak pou òdone lòt frè ak fè tout bagay sa yo, san pouvwa sèlman an nou pa t ap kapab fè anyen, paske pa t ap gen okenn validite nan sa nou t ap fè a.”

Prezidan Smith te kontinye:

“Òdonans siperyè yo, pi gwo benediksyon yo ki esansyèl pou egzaltasyon nan wayòm Bondye a, epi ke nou ka sèlman jwenn nan sèten kote, okenn moun pa gen dwa pou akonpli yo si l pa resevwa otorite pou fè sa a nan men moun ki detni kle sa yo. …

Pa gen okenn moun sou sifas tè a ki gen dwa administre youn nan òdonans sa yo nan levanjil la si Prezidan Legliz la, ki detni kle yo, pa otorize li. Li ba nou otorite. Li mete pouvwa sèlman an nan prètriz nou an, paske li detni kle sa yo.”5

Nou te resevwa menm asirans sa a nan men Prezidan Boyd K. Packer lè l te ekri sou pouvwa sèlman an. Sa pote rekonfò pou mwen dèske m konnen ke pawòl sa yo vrè, menmjan l ap rekonfòte fanmi m pral sele 3 Avril la: “Pyè te oblije detni kle yo. Pyè te oblije gen pouvwa sèlman an, ... pou liye oubyen sele oubyen delye sou tè a e sa t ap fèt tou nan syèl la. Kle sa yo apatni a Prezidan Legliz la---pwofèt, vwayan, ak revelatè a. Pouvwa sakre sèlman sa a disponib nan Legliz la jodia. Pa gen anyen ki konsidere avèk pi gwo venerayon pa moun ki konprann pòte otorite sa a. Anyen pa osi pwoteje pase li. Se relativman kèk grenn gason ki detni pouvwa sèlman an sou tè a nan yon sèten epòk---nan chak tanp gen frè yo bay pouvwa sèlman an. Okenn moun pa ka resevwa l nan men yon lòt moun, sof nan men pwofèt, vwayan, ak revelatè a ki se Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.”6

Lè Eli te vini an, non sèlman li te pot pouvwa a bay Prètriz la men kè te pou tounen tou: “Espri, pouvwa, ak apèl Eli a sèke nou gen pouvwa pou detni kle revelasyon an, kle òdonans, orak, pouvwa ak dotasyon plenitid Prètriz Mèlkisedèk la ak wayòm Bondye a sou tè a; ak pou resevwa, jwenn, ak akonpli tout òdonans ki apatni ak wayòm Bondye a, pou vire kè papa yo vè pitit yo, ak kè pitit yo vè papa yo, menm sila yo ki nan syèl la.”7

Zanmi m nan ak fanmi li deja gen santiman pou vire kè yo vè yon moun ki chè pou yo a. Nou petèt te ka santi li pandan reyinyon sa a. Nou gen dwa wè nan lespri nou, jan m wè a, figi papa nou oubyen manman nou. Se gen dwa figi yon sè oubyen yon frè. Se petèt yon pitit fi oubyen yon pitit gason.

Yo petèt nan mondèzespri a oubyen sou lòt kontinan byen lwen nou. Men sa pote lajwa pou nou pou n santi ke koneksyon nou avèk yo asire paske nou liye oubyen nou kapab liye avèk yo pa òdonans prètriz yo ke Bondye ap onore.

Detantè Prètriz Mèlkisedèk yo ki se papa nan fanmi ki deja sele yo te resevwa ansèyman sou sa yo dwe fè. Pa gen anyen ki vini oubyen k pral vini andedan fanmi nou ki osi enpòtan pase benediksyon sèlman yo. Pa gen anyen ki pi enpòtan pase onore maryaj nou ak alyans konjigal yo nou te fè yo oubyen n ap gen pou fè nan tanp Bondye yo.

Fason pou fè l la klè. Sentespri Pwomès la, atravè obeyisans nou ak sakrifis nou, dwe sele alyans tanp nou yo pou yo ka reyalize nan mond k ap vini an. Prezidan Harold B. Lee te eksplike kisa sa vle di pou yon moun sele pa Sentespri Pwomès la, kote l te site Èldè Melvin J. Ballard: “Nou gen dwa twonpe moun men nou pa ka twonpe Sentespri a, e benediksyon nou yo pap etènèl si yo pa sele pa Sentespri Pwomès la. Se Sentespri a ki li panse ak kè lèzòm epi ki bay so apwobasyon pou benediksyon yo pwononse sou yo. Lè sa a, yo gen fòs; yo totalman efikas, epi yo valid.”8

Lè Sè Eyring avèk mwen te sele nan Tanp Logan nan nan Uta, mwen pa t konprann tout enpòtans pwomès sa a lè sa a. Mwen toujou ap eseye konprann tout sa l vle di, men madanm mwen avèk mwen te deside, nan kòmansman maryaj nou, sa gen prèske 50 an, pou n te envite Sentespri a otan nou te kapab nan lavi nou ak nan fanmi nou.

Pandan m te yon jèn papa, sele nan tanp avèk kè m tounen vè madanm mwen ak jèn pitit mwen yo, m te rankontre Prezidan Joseph F. Smith pou lapremyè fwa. Nan sal reyinyon Premye Prezidans lan, kote yo te envite m nan, m te resevwa yon temwayaj absoliman sèten lè Prezidan Harold B. Lee te mande m, pandan l t ap montre m Prezidan Smith ki te chita bò kote li: “Èske ou kwè ke mesye sa a ta ka Pwofèt Bondye?”

Prezidan Smith te fèk antre nan sal la epi li potko pwononse yon mo. Mwen etènèlman rekonesan dèske m te kapab reponn gras ak sa k te vini nan kè mwen: “Wi, m konnen sa,” e m te konnen osi sètènman ke solèy la t ap briye, ke li te detni pouvwa sèlman prètriz la sou tout tè a.

Eksperyans sa a te bay pawòl li gwo pouvwa pou mwen menm ak madanm mwen lè, nan yon sesyon konferans jou 6 Avril 1972 la, Prezidan Joseph Fielding Smith te bay konsèy sa a: “Se volonte Bondye pou fòtifye ak pwoteje selil familyal la. Nou priye papa yo pou yo pran plas kòrèk yo kòm tèt fwaye a. Nou mande manman yo pou yo soutni ak sipòte mari yo epi pou yo se egzanp pou pitit yo.”9

Kite m sigjere kat bagay nou ka fè, antanke ke papa ki detantè prètriz, pou edifye ak dirije fanmi nou lakay ankò pou yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a.

Premyèman, akeri epi konsève yon temwayaj sèten ke kle Prètriz yo avèk nou e yo detni pa Prezidan Legliz la. Priye pou sa chak jou. Repons la ap vini avèk yon ogmantasyon detèminasyon pou dirije fanmi nou, nan santiman lespwa nou, epi avèk pi gwo lajwa nan sèvis nou. N ap gen plis lajwa ak plis optimis, sa ki ap yon gwo benediksyon pou madanm nou ak pitit nou.

Dezyèm enperatif la se renmen madanm nou. Sa mande lafwa ak imilite pou nou fè enterè madanm nou pase anvan enterè pa nou nan difikilte lavi yo. Nou gen responsablite pou nou sibveni a bezwen fanmi an ak veye sou li avèk madanm nou pandan n ap sèvi lòt moun. Sa kapab pafwa pran tout enèji ak fòs nou genyen. Laj ak maladi gen dwa ogmante bezwen madanm nou. Mwen pwomèt nou ke, si nou chwazi menm nan moman sa yo pou mete bonè li anvan pa nou, lanmou nou pou li ap ogmante.

Twazyèmman, mande tout manm fanmi an pou nou youn renmen lòt. Prezidan Ezra Taft Benson te anseye:

“Nan yon sans etènèl, sali se yon zafè familyal. …

“Anlè tout lòt bagay, timoun yo bezwen konnen ak santi ke nou renmen yo, ke nou aksepte yo, ke nou apresye yo. Yo bezwen gen asirans sa a souvan. Evidamman, sa se yon wòl paran yo dwe ranpli, e pi souvan, se manman yo ki kapab fè sa pi byen.”10

Men yon lòt sous enpòtan pou yo santi ke nou renmen yo a se lanmou lòt timoun nan fanmi an. Pou frè ak sè toujou youn ap pran swen lòt, sa mande efò pèsistan paran yo avèk èd Bondye. Nou konnen sa vre apati eksperyans nan pwòp fanmi pa nou. E sa konfime chak fwa nou li resi konfli familyal paran jis tankou Leyi ak madanm ni Sariah, nan Liv Mòmon an te rankonre.

Siksè yo te genyen yo sèvi kòm gid pou nou. Yo te anseye levanjil Jezikri a si byen ak si pèsistan ke timoun yo ak menm kèk desandan atravè jenerasyon yo te gen kè yo adousi anvè Bondye epi youn anvè lòt. Pa egzanp, Nefi ak lòt te ekri epi yo te rive atenn manm fanmi ki sete enmi yo. Nan sèten moman, Lespri a te adousi kè dèmilye moun epi l te ranplase rayiman pa lanmou.

Yon fason pou nou kopye siksè Pè Leyi yo se pa fason nou dirije priyè familyal yo ak tan nou pase an fanmi, pa egzanp sware familyal. Bay timoun yo opòtinite pou priye kote youn ka priye pou lòt nan fanmi an ki bezwen benediksyon. Se pou nou detekte premye siy yon diskòd byen vit epi felesite yo pou zak sèvis dezenterese yo, patikilyèman youn pou lòt. Lè youn priye pou lòt epi youn sèvi lòt, kè yo ap vin adousi epi l ap tounen youn vè lòt epi tounen vè paran yo.

Katriyèm opòtinite pou dirije fanmi nou nan fason Senyè a, se lè gen bezwen disiplin. Nou ka ranpli obligasyon nou pou korije nan fason Senyè a ak pou dirije pitit nou yo vè lavi etènèl la.

Na sonje pawòl yo, men nou gen dwa pa t wè puisans yo lè yon detantè Prètriz Mèlkisedèk ap prepare fanmi li pou viv nan menm relasyon sosyal ya pral genyen nan wayòm selès la. Nou sonje pawòl sa yo. Yo si familye:

“Okenn pouvwa oubyen enfliyans pa kapab oubyen pa ta dwe egzèse pa mwayen prètriz la eksepte pou pèsyade, avèk pasyans, avèk jantiyès, dousman, epi avèk amou enfayib;

“Avèk jantiyès, ak konesans ki pi, ki grandi nanm moun anpil san ipokrizi, epi san riz---

“Pou korije moun kèk fwa dirèkteman, lè Sentespri a anime yo; epi apre sa pou montre yon pi gwo lanmou pou moun ou te korije a, pou l pa konsidere ou kòm yon enmi;

“Pou l kapab konnen fidelite ou pi fò pase kòd lanmò.”11

Epi nan apresa nou jwenn yon pwomès ki gen gwo valè pou nou antanke papa nan Siyon: “Sentespri a ap konpayon ou tout tan, pwoteksyon ou san chanje, pwoteksyon kont lajistis ou ak verite ou; epi dominasyon ou ap yon dominasyon etènèl, epi san presyon l ap koule vin jwenn ou pou toujou ajamè.”12

Sa se yon nivo ki wo pou nou, men lè, avèk lafwa, nou kontwole tanperaman nou epi nou metrize ògèy nou, Sentespri a ap ba nou apwobasyon li, epi pwomès ak alyans sakre yo ap vin asire.

N ap reyisi atravè lafwa nou ke Senyè a te voye kle prètriz yo tounen, kle ki toujou avèk nou---avèk yon lyen lanmou asire avèk madanm nou, avèk èd Senyè a nan tounen kè pitit nou yo youn vè lòt ak vè paran yo nan lanmou, epi avèk lanmou k ap gide nou pou korije ak egzòte nan fason ki envite Lespri.

Mwen konnen Jezi se Kris la a li se Sovè nou. Mwen temwaye ke Prezidan Thomas S. Monson, ke nou pral tande kounyeya, detni ak egzèse kle prètriz yo sou tè a jodia. Mwen renmen li e mwen soutni li. Mwen renmen nou e m priye pou nou. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Doktrin ak Alyans 130:2.

  2. Doktrin ak Alyans 38:32–33.

  3. Gade Joseph Fielding Smith, Sealing Power and Salvation, Brigham Young University Speeches of the Year (Jan. 12, 1971), speeches.byu.edu.

  4. Matye 16:19.

  5. Joseph Fielding Smith, quoted by Harold B. Lee, in Conference Report, Oct. 1944, 75.

  6. Boyd K. Packer, “The Holy Temple,” Liahona and Ensign, Okt. 2010, 34.

  7. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 11.

  8. Melvin J. Ballard, site pa Harold B. Lee, nan Conference Report, Oct. 1970, 111.

  9. Joseph Fielding Smith, “Counsel to the Saints and to the World,” Ensign, Jiyè 1972, 27.

  10. Ezra Taft Benson, “Salvation—a Family Affair,” Tambuli, Nov. 1992, 3, 4; Ensign, Jiyè 1992, 2, 4.

  11. Doktrin ak Alyans 121:41–44.

  12. Doktrin ak Alyans 121:46.