2010–2019
Gen vizyon pou aji
Avril 2012


Gen vizyon pou fè aksyon

Pou nou pwospere olye ke nou peri, nou dwe rive wè tèt nou jan Sovè a wè nou an.

Menmjan avèk tout bon paran, paran pa m te vle pou pitit yo gen yon bèl demen. Papa m pa t manm Legliz la, e akoz sikonstans eksepsyonèl ki te egziste nan moman sa a, paran m te deside ke frè m yo ak sè m yo avèk mwen te dwe kite zile lakay nou an nan Samoa Ameriken an, nan Pasifik Sid la, pou nou n ale Etazini pou nou te ka al lekol.

Desizyon pou yo te separe avèk nou an te difisil pou paran mwen, espesyalman pou manman m. Yo te konnen nou ta pral rankontre pwoblèm enkoni pandan nou t ap enstale nan nouvo anviwonman an. Men, avèk lafwa ak detèminasyon, yo te egzekite plan yo a.

Paske manman m te elve nan yon fwaye Sen Dènye Jou, li te abitye avèk presip jèn ak lapriyè a, epi paran mwen te santi ke yo toulède te bezwen benediksyon syèl yo pou ede pitit yo. Nan lespri sa a, yo te komanse chwazi yon jou chak semèn pou jene ak priye pou nou. Objektif yo sete pou prepare pitit yo pou yon bèl fiti. Yo te aji an akò avèk vizyon sa a lè yo te egzèse lafwa yo nan chèche benediksyon Senyè a. Gras avèk jèn ak lapriyè, yo te resevwa rekonfò, lapè, ak asirans ke tout bagay va byen.

Nan ki fason noumenm, nan mitan pwoblèm lavi nou yo, nou jwenn vizyon nesesè pou fè bagay ki ap rapwoche nou de Sovè a? An palan de vizyon, liv Pwovèb la anseye verite sa a: “Lè pa gen vizyon, pèp la peri” (Pwovèb 29:18). Si nou dwe pwospere olye nou peri, nou dwe rive wè tèt nou jan Sovè wè nou an.

Sovè a te wè plis potansyèl nan enb pechè pwason yo Li te rele pou suiv Li a pase sa yomenm yo te wè nan tèt pa yo; Li te gen yon vizyon sou sa yo te ka devni. Li te konn kalite yo ak potansyèl yo, epi Li te pran desizyon pou aple yo. Yo pa t gen eksperyans toudabò, men, pandan yo t ap suiv Li a, yo te wè ekzanp Li, yo te touche pa ansèyman L yo, epi yo te vin disip Li. Te gen yon lè kote kèk nan disip yo te abandone Li paske sa yo t ap ande yo te twò di pou yo. Paske l te konsyan ke lòt te ka anvi ale tou, Jezi te mande Douz yo: “E noumenm, nou pa vle ale tou?” (Jan 6:67). Repons Pyè a te reflete kijan l te chanje ak kòman li te kapte vizyon ki moun Sovè a te ye.” Li te reponn: “Ki moun pou n al jwenn? Se oumenm ki gen pawòl lavi etènèl yo (Jan 6:68).

Avèk vizyon sa a, disip fidèl ak devwe sa yo te kapab fè travay difisil pandan yo t ap vwayaje pou al preche levanjil la ak tabli Legliz la apre Sovè a te fin ale. Finalman, kèk nan yo te fè sakrifis siprèm nan pou temwayaj yo.

Gen lòt egzanp nan ekriti yo konsènan moun ki te kapte vizyon levanjil la epi ki te al aji daprè vizyon sa a apresa. Pwofèt Alma te kapte vizyon l la lè l te tande Abinadi t ap bravman anseye ak temwaye devan Wa Noye. Li te aji selon ansèyman Abinadi yo epi l t al preche sa l te aprann yo, li te batize anpil moun ki te kwè nan pawòl li yo (gade Mozya 17:1–4; 18:1–16). Pandan l t ap pèsekite premye Sen yo, Apot Pòl te konvèti sou wout Damas la epi apresa li te aji kote l te anseye ak temwaye de Kris la (gade Travay 9:1–6, 20–22, 29).

Nan epòk pa nou an, anpil jèn gason, fi, ak koup granmoun reponn a envitasyon yon Pwofèt Bondye pou yo sèvi yon misyon. Avèk lafwa ak kouraj, yo kite lakay yo ak tout sa ki familye pou yo, akoz lafwa yo nan gwo byen yo kapab fè kòm misyonè. Pandan ke yo aji sou vizyon yo pou sèvi a, yo beni lavi anpil moun epi, nan pwosesis la, yo chanje pwòp lavi pa yo. Nan dènye konferans jeneral la, Prezidan Monson te remèsye nou pou sèvis nou youn rann lòt epi l te raple nou responsablite nou pou n se men Bondye pou beni pitit Li yo isit la sou tè a (gade “Until We Meet Again,” Liahona ak Ensign, Nov. 2011, 108). Akonplisman tach sa a te touchan, paske manm yo nan Legliz la te aji an akè avèk vizyon l la.

Avan Sovè a te ale, konprenan ke nou t ap bezwen èd, Li te di: “Mwen p ap kite nou poukont nou” (John 14:18). Li te anseye disip Li yo: “Konsolatè a, ki se Sentespri a, ke Papa a ap voye nan non m nan, se li ki pral anseye nou tout bagay, e l ap fè nou raple n, tout sa m te di nou yo” (John 14:26). Se menm Sentespri sa a ki ka soutni nou ak motive nou pou nou fè sa Sovè a ak pwofèt modèn yo ak apot yo anseye nou yo.

Lè nou mete ansèyman dirijan nou yo an aksyon, nou akeri yon pi gwo konpreyansyon sou vizyon Sovè a pou nou. Pandan tout konperans sa a, nou resevwa konsèy enspire nan men pwofèt ak apot. Etidye ansèyman yo epi medite yo nan kè nou pandan ke n ap chèche Lespri Sentespri a pou ede nou kapte yon vizyon ansèyman sa yo nan lavi nou. Avèk vizyon sa a, egzèse lafwa nou kote n ap aji selon konsèy yo.

Sonde ekriti yo e etidye yo avèk ide pou nou resevwa plis limyè ak konesans nan mesaj yo ba nou yo. Medite yo nan kè nou epi kite yo enspire nou. Apresa aji selon enspirasyon nou.

Jan nou te aprann nan fanmi m nan, nou aji lè nou jene ak priye. Alma te pale konsènan jèn ak lapriyè kòm mwayen pou resevwa yon sètitid lè l te di: “M te jene epi m te priye pou anpil jou, pou m te kapab konnen pou tèt pa m(Alma 5:46). Nou menm tou nou rive konnen kijan pou nou jere pwoblèm lavi nou yo pa mwayen jèn ak lapriyè.

Nou fè eksperyans bagay difisil nan lavi nou ki kapab pafwa diminye vizyon nou ak lafwa nou pou fè bagay nou ta dwe fè yo. Nou vin sitèlman okipe ke nou souvan santi nou depase ak pa kapab fè anyen ankò. Byenke nou chak diferan, m ap enbleman sigjere nou pou n vrèman konsantre vizyon nou sou Sovè a ak ansèyman L yo. Kisa L te wè nan Pye, Jak ak Jan ak lòt Apot yo ki te pouse Li aji pou l te envite yo pou suiv Li? Menm jan avèk yo, Sovè a gen yon gwo vizyon de kimoun nou ka devni. Sa ap mande menm lafwa ak kouraj premye Apot yo te genyen an pou nou kapab rekonsantre nou sou sa ki konte pi plis nan pote bonè dirab ak gwo lajwa ki pap janm fini.

Lè nou etidye lavi Sovè a ak ansèyman L yo, nou wè Li nan pami pèp la ap anseye, priye, fòtifye, ak geri. Lè nou imite Li e fè sa nou wè l fè yo, nou kòmanse gen yon vizyon de moun nou kapab devni an. N ap jwenn benediksyon ide pa mwayen èd Sentespri a pou nou fè plis byen. Chanjman ap kòmanse fèt, epi n ap pote yon pèpesktiv diferan nan lavi nou ki ap yon benediksyon pou noumenm ak fanmi nou. Pandan ministè Li nan pami Nefit yo, Sovè a te mande: “Ki kalite moun nou dwe ye?” Li te reponn: “Menm jan avèk mwen” (3 Nefi 27:27). Nou bezwen èd Li pou nou vin menmjan avèk Li, epi Li montre nou chemen an: “Se poutèt sa, mande e n ap resevwa; frape e y ap louvri pou nou; paske, moun ki mande ap resevwa; e moun ki frape, y ap louvi pou li” (3 Nefi 27:29).

Mwen konnen ke si nou akeri yon vizyon de noumenm jan Sovè a wè nou an, epi si nou aji selon vizyon sa a, lavi nou ap beni nan fason nou pa ta imajine. Gras ak vizyon paran m yo, non sèlman lavi m te benefisye eksperyans edikatif, men te egalman twouve m nan sitiyasyon kote m te jwenn ak aksepte levanjil la. Sa k pi enpòtan ankò, mwen te aprann nan ki pwen li enpòtan pou yon moun gen bon paran fidèl. Pou m di pi senpleman, lavi m te chanje ajamè.

Menmjan vizyon te dirije paran m yo pou yo te jene ak priye pou byenèt pitit yo a e menm jan vizyon premye Apot yo te pouse yo pou yo te suiv Sovè a, menmjan tou, vizyon sa a disponib pou nou e l ap enspire nou e ede nou aji. Frè m ak sè m yo, nou se yon pèp ki gen yon eritaj vizyon ak lafwa ak kouraj pou aji. Gade ki kote nou rive ak benediksyon nou resevwa! Kwè ke Li kapab beni nou avèk vizyon nan lavi nou ak kouraj pou nou aji.

Mwen rann nou temwayaj mwen konsènan Sovè a ak dezi Li pou nou retounen al jwenn Li. Pou nou fè sa, nou dwe gen lafwa pou aji-pou n suiv Li e vin menmjan avèk Li. Nan mitan tout kalite epòk nan lavi nou yo, Li lonje lamen li epi L envite nou:

“Pran jouk mwen sou nou, epi aprann nan men mwen; paske mwen dou ak enb nan kè; epi na va jwenn repo pou nanm nou.

“Paske jouk mwen fasil, e fado m yo lejè” (Matye 11:29–30).

Menmjan Sovè a te wè gwo potansyèl nan premye disip Li yo, Li wè menm bagay la nan nou tou. Annou wè tèt nou jan Sovè a wè nou an. Mwen priye pou nou ka gen vizyon sa a ak lafwa ak kouraj pou aji a, nan non Jezikri, amèn.