2010–2019
Li vrèman renmen nou
Avril 2012


Li Vrèman Renmen nou

Paske modèl fanmi an se yon bagay ki sot nan syèl la, nou pi totalman konprann kijan Papa nou ki nan Syèl la vrèman renmen nou chak egalman ak totalman.

Mwen renmen lè m avèk misyonè aplentan yo. Yo ranpli ak lafwa, espwa, ak charite sensè. Eksperyans misyonè yo se yon eksperyans tout yon lavi ki pran plas nan 18 a 24 mwa. Yo rive tankou tibebe espirityèl avèk yon gwo apeti pou aprann, epi yo kite chan misyon an kòm adilt plen matirite, aparaman pare pou konkeri nenpòt difikilte ki plase devan yo. Mwen renmen senyò misyonè devwe yo tou, ki plen pasyans, sajès, ak asirans kalm. Yo pote yon kado estabilite ak lanmou bay jèn misyonè plen enèji yo ki antoure yo a. Ansanm, jèn misyonè yo ak koup senyò yo se yon fòs puisan, pèseveran pou sa ki byen, ki gen yon pwofon efè sou lavi yo ak sou lavi moun ki touche pa sèvis yo.

Resamman m t ap koute de nan gwo jèn misyonè sa yo pandan yo t ap repase eksperyans yo ak efò yo te fè. Nan moman refleksyon sa a yo te panse ak kèk moun yo te kontakte jou sa a, kèk nan yo te pi reseptif pase lòt. Pandan yo t ap konsidere sikonstans sa yo, yo te mande: “Kijan nou ka ede chak moun devlope yon dezi pou konnen plis sou Papa nou ki nan Syèl la? Kijan nou ka ede yo santi Lespri a? Kijan nou ka ede yo konnen nou renmen yo?”

Nan lespri mwen m t ap vizyalize de jènjan sa yo twa ou katran apre yo fini misyon yo. Mwen te vizyalize yo k ap jwenn konpay etènèl yo ak sèvi nan yon kowòm ansyen oubyen anseye yon gwoup jènjan. Kounyeya, olye ke se ak envestigatè y ap panse, yo t ap poze menm kesyon sa yo pou manm kowòm yo oubyen jènjan yo te resevwa apèl pou yo nouri yo. Mwen te wè kijan eksperyans misyonè yo ta ka aplike kòm yon modèl pou nouri lòt moun pandan tout rès lavi yo. Lè lame disip jis sa yo soti nan misyon yo pou retounen al nan pil peyi sou tout tè a, yo vin tounen patisipan kle nan travay pou etabli Legliz la.

Pwofèt Liv Mòmon an, Leyi, te siman ap medite sou menm kalite kesyon sa yo misyonè yo t ao poze a lè l te tande repons pitit gason l yo pou direksyon ak vizyon li te resevwa a: “Epi sete konsa Laman ak Lemyèl, ki te pi gran, te plenyen kont papa yo. E yo te plenyen paske yo pa t konnen anyen nan zafè Bondye sa a ki te kreye yo a. (1 Nefi 2:12).

Petèt nou chak santi fristrasyon Leyi te santi avèk de pi gran pitit gason l yo. Lè nou rankontre yon timoun k ap derape, yon envestigatè ki pa angaje, oubyen yon èldè potansyèl ki pa reponn, kè nou dechire menmjan ak Leyi epi nou mande, kijan m ka ede yo santi ak koute Lespri a pou yo pa tonbe nan pyèj distraksyon mond lan yo? Mwen gen de ekriti nan lespri m ki ka ede nou jwenn fason pou n travèse distraksyon sa yo ak santi pouvwa lanmou Bondye.

Nefi bay yon kle pou pòt konesans la atravè pwòp eksperyans pa li: “Mwen menm Nefi, .... m te gen gran dezi pou m konnen mistè Bondye yo, se poutèt sa, m te kriye nan pye Senyè a; e li te vizite m, e li te touche kè m pou m te kapab kwè tout pawòl papa m te pale yo; se poutèt sa m pa t fè rebèl kont li tankou frè m yo te fè a (1 Nefi 2:16).

Reveye dezi pou konnen an kapab ba nou kapasite espirityèl pou tande vwa k soti nan syèl la. Jwenn yon fason pou reveye ak nouri dezi sa a se rechèch ak responsablite nou chak---misyonè, paran, enstriktè, dirijan, ak manm. Si nou santi dezi sa a ap fòme nan kè nou, nou prepare pou n benefisye nan konesans dezyèm ekriti m vle mansyone a.

An Jen 1831, pandan yo t ap bay premye dirijan Legliz yo apèl, yo te di Joseph Smith ke “Satan tout kote sou tè a epi l ale pou l twonpe nasyon yo.” Pou konbat enfliyans detounan sa a, Senyè a te di ke L t ap ba nou “yon modèl nan tout bagay, pou nou pa egare” (D&A 52:14).

Modèl se baz, gid, se etap repetitif, oubyen chemen yon moun suiv pou rete aliyen avèk objektif Bondye. Si nou suiv yo, y ap fè nou rete enb, veyatif, ak kapab pou disène vwa Sentespri a de vwa k ap distrè nou e detounen nou yo. Senyè enstwi nou apresa: “Moun ki tranble anba pouvwa m, m ap fè l fò epi l ap pote fwi louwanj ak lasajès, dapre revelasyon ak verite m te ba nou yo ” (D&A 52:17).

Benediksyon priyè enb, ki ofri avèk entansyon reyèl, pèmèt Sentespri a touche kè nou epi ede nou sonje sa nou te konnen anvan nou te fèt nan mòtalite sa a. Lè nou klèman konprann plan Papa nou ki nan Syèl la pou nou, nou kòmanse rekonèt responsablite nou pou ede lòt moun aprann ak konprann plan Li a. Kolekole avèk ede lòt moun sonje, se fason nou pèsonèlman viv levanjil la ak aplike li nan lavi pa nou. Lè nou vrèman viv levanjil la selon modèl Jezikri te anseye a, kapasite nou pou ede lòt moun ogmante. Eksperyans sa a se yon egzanp sou fason prensip sa a kapab travay.

De jèn misyonè te frape nan yon pòt, ak espwa pou yo te jwenn yon moun pou resevwa mesaj yo a. Pòt la te louvri, epi yon gwo mesye te akeyi yo nan yon vwa ki pa t amikal: “M kwè m te di nou pou nou pa frape nan pòt mwen ankò. M avèti nou ke si nou janm retounen ankò, sa pa p yon eksperyans plezan. Kounyeya, kite m an repo m.” Li te fèmen pòt la byen vit.

Pandan èldè yo t ap mache ale, ansyen an, ki te gen plis eksperyans misyonè, te pase bra l sou zepòl jèn misyonè a pou rekonfòte l ak ankouraje li. Sa yo pa t konnen, sèke mesye a t ap gade nan fenèt la pou l te si ke yo te konprann mesaj li a. Li te totalman atann ke l t ap wè y ap ri e fè rizib avèk repons enpoli l te bayo nan vizit yo a. Men, pandan l t ap gade ekspresyon jantiyès ant de misyonè sa yo, kè l te adousi imedyatman. Li te louvri pòt la ankò epi l te mande misyonè yo pou yo te retounen vin pataje mesaj yo a avèk li.

Se lè nou soumèt anba volonte Bondye epi viv selon modèl Li ke nou santi Lespri a. Sovè a te anseye: “Si nou youn renmen lòt, lè sa a, tout moun va konnen se disip mwen nou ye” (Jan 13:35). Prensip sa a pou youn renmen lòt ak devlope kapasite nou pou nou santre sou Kris la nan fason nou panse, pale, ak aji a, se prensip fondamantal nan vin disip Kris la ak anseye levanjil Li a.

Reveye dezi sa a nan nou ap prepare nou pou n chèche modèl yon pwomèt yo. Chèche modèl yo ap mennen nou nan doktrin Kris la jan Sovè a ak dirijan pwofèt Li yo te anseye l la. Youn nan modèl doktrin sa a se pèsevere jiskalafen: “Epi moun ki chèche pou tabli Siyon m nan, nan jou sa a, ap beni, paske y ap gen kado ak pouvwa Sentespri a; e si yo pèsevere jiskalafen, y ap reziste, nan dènye jou a pou yo kapab sove nan wayòm Ti Mouton an ki p ap janm fini an” (1 Nefi 13:37).

Ki metòd final nou ka itilize pou nou ka jwi don ak pouvwa Sentespri a? Se pouvwa ki vini nan rete disip fidèl Jezikri a. Se lanmou nou pou Li ak pou pwochen nou. Se Sovè a ki te defini modèl lanmou an lè l te anseye nou: “Men m ap ba nou yon kòmandman nouvo. Se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an” (Jan 13:34).

Prezidan Gordon B. Hinckley te konfime prensip sa a lè l te di: “Renmen Senyè a se pa jis konsèy; se pa jis yon bagay nou ta swete. Se yon kòmandman ... Renmen Bondye se rasin tout vèti, tout bonte, tout fòs karaktè, tout fidelite pou fè sa ki byen” (“Words of the Living Prophet,” Liahona, Dec. 1996, 8; “Excerpts from Recent Addresses of President Gordon B. Hinckley,” Ensign, Avr. 1996, 73).

Plan Papa a prepare modèl fanmi an pou ede nou aprann, aplike, ak konprann pouvwa lanmou. Jou m te òganize pwòp fanmi pa m nan, madanm mwen Ann avèk mwen te ale nan tanp lan epi nou te antre nan alyans maryaj la. Ala anpil m te panse m te renmen l jou sa a, men m te sèlman kòmanse wè vizyon lanmou an. Amezi chak nan pitit nou ak pitit pitit nou yo te antre nan lavi nou, lanmou nou te vin pi gran pou fè nou youn chak nan yo egalman e totalman. Se kòmsi pa gen okenn fen nan kapasite lanmou grandisan sa a.

Santiman lanmou nan men Papa nou ki nan Syèl la se tankou yon lwa gravite a ki soti nan syèl la. Pandan ke n ap retire distraksyon k ap rale nou ale nan mond lan e egzèse libabit nou pou chèche Li, n ap louvri kè nou pou fòs selès ki ap mennen nou pwoche tou pre Li. Nefi dekri enpak sa a kòm “jistan kò [li] boule” ” (2 Nefi 4:21). Menm pouvwa lanmou sa a te lakoz Alma chante yon “kantik lanmou redanmtè” (Alma 5:26; gade vèsè 9 tou). Li te touche Mòmon nan yon fason ke l te konseye nou pou nou “priye ... avèk tout enèji kè [nou]” pou nou kapab chaje avèk lanmou Li (Mowoni 7:48).

Ekriti modèn yo ak ansyen yo gen gwo rapèl sou lanmou etènèl Papa nou ki nan Syèl la pou pitit Li yo. Mwen konnen ke bra Papa nou ki nan Syèl la toujou lonje, pare pou anbrase nou cha kepi pou di nou chak nan vwa trankil, nèt sa a: “Mwen renmen ou.”

Gras ak modèl fanmi ki soti nan syèl sa a, nou pi totalman konprann kijan Papa nou ki nan Syèl la vrèman renmen nou chak egalman e totalman. Mwen temwaye ke se verite. Bondye konnen e Li renmen nou. Li ba nou yon vizyon sou plas sakre L la e li rele pwofèt ak apot pou anseye nou prensip ak modèl k ap mennen nou retounen al jwenn ni. Pandan n ap fè efò pou nou reveye dezi pou konnen nan nou menm ak nan lòt moun e pandan n ap viv selon modèl nou dekouvri yo, n ap rapwoche de Li. Mwen temwaye ke Jezi se reyèlman Pitit Gason Bondye, Egzanp nou, Redanmtè Byeneme nou, mwen eksprime sa nan non Jezikri, amèn.