2010–2019
Kijan pou nou jwenn revelasyon ak enspirasyon pou lavi pèsonèl nou
Avril 2012


Kijan pou nou jwenn revelasyon ak enspirasyon pou lavi pèsonèl nou

Poukisa Senyè a vle pou nou priye Li epi mande Li? Paske se fason sa a nou resevwa revelasyon.

Tout moun ki kanpe sou chè sa a pou fè yon diskou santi fòs ak soutyen manm yo nan tout mond lan. Mwen rekonesan dèske m ka resevwa menm soutyen sa a nan men yon konjwen byeneme ki nan lòtbò vwal la. Mèsi Jeanene.

Sentespri a kominike enfòmasyon enpòtan nou bezwen pou gide nou nan vwayaj mòtèl nou. Lè l ekstrèmeman klè ak esansyèl, li merite tit revalasyon. Lè se yon seri pouse ke nou souvan resevwa pou gide nou etap pa etap vè yon objektif ki diy, nan kontèks mesaj sa a, li rele enspirasyon.

Nou ka bay kòm yon egzanp revelasyon enspirasyon Prezidan Spencer W. Kimball te resevwa apre l te fin priye Senyè a pandan lontan san rete konsènan prètriz la pou tout gason ki diy nan Legliz la lè nan moman an li te disponib pou sèlman kèk grenn nan yo a.

Yon lòt egzanp revelasyon se gidans yo te bay Pwofèt Joseph F. Smith la: “Mwen kwè nou deplase e nou nan prezans mesaje selès ak èt selès. Nou pa separe avèk yo. ... Nou pwòch paran nou ak zansèt nou yo ...ki deja ale nan mond lespri a. Nou pa ka bliye yo; nou pa sispann renmen yo; nou toujou kenbe yo nan kè nou, nan memwa nou, epi konsa nou asosye e ini avèk yo pa lyen ke nou pa ka kraze. ... Se ka a pou nou, nan kondisyon mòtèl nou an, antoure pa feblès mòtèl nou yo, ... konbyen sa pi sèten ... pou kwè ke moun ki te fidèl yo, ki deja ale lòtbò vwal la ... kapab wè nou pi byen pase nou ka wè yo; ke yo konnen nou pi byen pase nou konnen yo. ... N ap viv nan prezans yo, yo wè nou, yo sousye pou byennèt nou, yo renmen nou plis pase jamè.”1

Relasyon nou avèk moun nou konnen ak renmen yo ki lòtbò vwal la kapab fòtifye. Sa fèt pa efò detèmine nou pou toujou fè sa ki dwat. Nou ka fòtifye lyen nou avèk moun nou renmen ki deja mouri yo nan rekonèt ke separasyon an tanporèl e alyans nou te fè nan tanp yo etènèl. Lè nou respekte yo tout tan, alyans sa yo garanti reyalizasyon etènèl pwomès ki atache avèk yo a.

Yon egzanp trè klè sou revelasyon nan lavi m te rive lè m te santi m pouse pa Lespri a pou mande Jeanene Watkins pou l te sele avèk mwen nan tanp.

Youn nan gwo leson nou chak bezwen anprann sèke nou bezwen mande. Poukisa Senyè a vle pou nou priye Li pou nou mande? Paske se fason sa a nou resevwa revelasyon.

Lè m ap fè fas ak yon chwa trè difisil, men kijan m eseye konprann sa pou m fè. Mwen jene. Mwen priye pou m jwenn yon ekriti m konprann ki kapab itil. Pwosesis sa a repete. Mwen kòmanse lekti yon pasaj ekriti; mwen medite sou sa vèsè a siyifi epi m priye pou m jwenn enspirasyon. Apresa mwen medite epi m priye pou m konnen si m konprann tout sa Senyè a vle pou m fè a. Souvan plis enpresyon vini, avèk yon pi gwo konpreyansyon sou doktrin nan. Mwen twouve ke chema sa a se yon bon fason pou m aprann nan ekriti yo.

Gen kèk prensip pratik ki ranfòse revelasyon. Toudabò, sede anba kèk emosyon tankou fè kòlè oswa santi w blese oubyen kanpe sou ladefansiz chase Sentespri a. Nou dwe elimine emosyon sa yo, san sa chans nou pou revelasyon piti anpil.

Yon lòt prensip se itilize imou avèk pridans. Gwo ekla ri inapwopriye ofanse Lespri a. Yon bon sans imou ede revelasyon; gwo ekla ri pa ede l. Yon sans imou se yon valv soulajman pou presyon lavi yo.

Yon lòt enmi revelasyon soti nan pale avèk egzajerasyon oubyen fè gwo deklarasyon. Pawòl dous, ki pale avèk atansyon, ap favorize revelasyon.

Yon lòt kote, kominikasyon espirityèl kapab ogmante pa bon pratik sante. Egzèsis, kantite somèy rezonab, ak manje bon bagay ogmante kapasite nou pou resevwa ak konprann revelasyon. N ap viv pou yon dire tan byen detèmine. Men, nou ka amelyore kalite sèvis nou an menm tan ak byennèt nou nan pran prekosyon, ak fè chwa apwopriye.

Li enpòtan pou aktivite chak jou nou yo pa anpeche nou koute Lespri a.

Revelasyon kapab vini nan yon rèv tou kote gen yon tranzisyon prèske enpèseptib ant somèy ak revèy. Si nou eseye kaptire kontni an imedyatman, nou ka wè gwo detay, men, otreman, li efase rapidman. Kominikasyon enspire pandan lannuit yo jeneralman akonpaye pa yon santiman sakre konsènan eksperyans lan. Senyè a itilize moun nou gen gwo respè pou yo, pou anseye nou nan yon rèv, paske nou gen konfyans nan yo epi n ap koute konsèy yo. Se Senyè a ki anseye atravè Sentspri a. Men, Li gen dwa, nan yon rèv, rann bagay yo pi fasil pou konprann ak pi fasil pou touche kè nou nan anseye nou palentèmedyè yon moun nou renmen ak respekte.

Lè se pou objektif Senyè a, Li kapab pote tout bagay nan souvni nou. Sa pa dwe febli detèminasyon nou pou ekri enpresyon Lespri yo. Enspirasyon ke nou byen ekri montre Bondye ke kominikasyon Li sakre pou nou. Ekri yo ap ogmante kapasite nou pou raple revelasyon an tou. Nou dwe pwoteje ekri sa yo nou fè sou direksyon Lespri a pou yo pa pèdi ni pou lòt moun pa pran yo.

Ekriti yo bay bon konfimasyon sou fason laverite, si nou viv li konstaman, louvri pòt enspirasyon an pou nou konnen sa pou nou fè epi, lè nou bezwen, pou nou gen kapasite pèsonèl pou ogmante pouvwa divin nan. Ekriti yo dekri fason kapasite yon moun pou simonte difikilte, dout, ak pwoblèm aparaman ensimontab, kapab fòtifye pa Senyè a nan moman bezwen. Si nou medite sou egzanp sa yo, n ap resevwa yon konfimasyon pezib atravè Sentespri a ke eksperyans yo a se verite. N ap vin konnen ke gen menm kalite èd la ki disponib pou nou tou.

Mwen konn wè moun k ap rankontre pwoblèm ki konnen sa pou yo fè lè l depase pwòp eksperyans yo paske yo gen konfyans nan Senyè a epi yon konnen ke L ap gide yo nan solisyon ke yo bezwen an ijans lan.

Senyè a deklare: “Epi ansèyman nou dwe soti anwo. Sanktifye tèt nou epi n ap dote avèk pouvwa, pou nou kapab bay menm jan m pale a.”2 Mosanktifye tèt nouan ka ba nou pwoblèm. Prezidan Harold B. Lee te eksplike m yon fwa ke nou ka ranplase mo sa yo pa fraz “respekte kòmandman m yo.” Li nan fason sa a, konsèy la ap parèt pi klè.3

Yon moun dwe toujou mantalman ak fizikman pwòp e gen entansyon ki pi pou Senyè a kapab enspire li. Yon moun ki obeyi kòmandman L yo, Senyè a fè l konfyans. Moun sa a gen aksè a enspirasyon Li pou konnen sa pou l fè epi, si bezwen, ak pouvwa divin pou fè li.

Pou espirityalite grandi e vin pi disponib, nou dwe plante l nan yon anviwonman ki dwat. Awogans, ògèy, ak vanite se tankoou teren plen wòch ki pa p janm ka pwodui fwi espirityèl.

Imilite se yon teren fètil kote espirityalite grandi e pwodui fwi enspirasyon pou konnen sa ki pou fèt. Li bay aksè a pouvwa divin pou akonpli sa nou bezwen fè. Yon moun motive pa dezi pou moun louwe l oubyen gen rekonesans pou li p ap kalifye pou Lespri a anseye li. Yon moun ki awogan oubyen ki kite emosyon li enfliyanse desizyon li pap jwenn direksyon Lespri a.

Lè nou aji kòm enstriman pou lòt moun, nou pi fasilman enspire pase lè nou panse ak pwòp tèt nou. Nan pwosesis ede lòt moun nan, Senyè a kapab pote direksyon pou benefis nou.

Papa nou ki nan Syèl la pa t mete nou sou tè a pou nou echwe men pou nou reyisi gloriyezman. Sa ka parèt kontradiktwa men, se poutèt sa repons priyè nou yo kapab pafwa trè difisil. Pafwa, san sajès, nou eseyefè fas a lavi nan depann sou pwòp eksperyans ak kapasite pa nou. Li pi saj pou nou chèche konnen sa pou nou fè atravè lapriyè ak enspirasyon. Obeyisans nou asire ke lè nou mande, nou ka kalifye pou pouvwa divin pou akonpli yon objektif enspire.

Menmjan ak anpil nan nou, Oliver Cowdery pa t rekonèt prèv ke Senyè a te deja ba l repons priyè l yo. Pou louvri je li ak je pa nou, yo te bay Joseph Smith revelasyon sa a:

“An verite, an verite, m di w, ou beni poutèt sa w te fè a; paske w te mande m, epi, gade, toutotan ou te mande ou te resevwa enstriksyon nan men Lespri m. Si se pa t sa, ou pa t ap rive nan pozisyon ou ye kounyeya.

“Gade, ou konnen ou te mande m e m te klere panse w; e kounyeya, m di ou bagay sa yo pou w kapab konnen se Lespri verite a ki te klere ou.”4

Si ou santi ke Bondye pa reponn priyè w yo, medite sou ekriti sa yo---atantivman chèche prèv nan pwòp lavi ou ke Li te siman deja reponn ou.

De endikatè pou fè nou wè ke yon santiman oswa yon enspirasyon soti nan Bondye sèke li pwodui lapè nan kè nou, ak yon santiman chalè pezib. Si nou suiv prensip mwen te pale yo, n ap prepare pou rekonèt revelasyon nan moman kritik nan lavi nou yo.

Pi pre nou suiv gidans divin nan, si pi gran bonè n ap genyen isit sou tè a ak pou letènite---epi pwogrè nou ak kapasite nou pou sèvi ap pi abondan. Mwen pa fin totalman konprann kijan sa fèt, men gidans sa a nan lavi nou an pa retire libabit nou. Nou kapab pran desizyon nou chwazi pou nou pran. Men sonje, dispozisyon pou fè byen an pote lapè nan lespri ak bonè.

Si nou ta deja fè move chwa, yo ka rektifye atravè repantans. Lè kontisyon repantans yo totalman ranpli, Ekspyasyon Jezikri a, Sovè nou an, bay on soulajman pou demand lajistis yo pou erè nou fè yo. Sa trè senp e trè bèl. Si nou kontinye viv dwat, n ap toujou jwenn enspirasyon pou konnen kisa pou n fè. Pafwa dekouvri kisa pou nou fè kapab mande gwo efè ak konfyans bò kote pa nou. Men n ap santi enspirasyon pou konnen sa pou nou fè si nou reponn a kondisyon pou nou resevwa gidans divin sa a nan lavi nou, ki se obeyi kòmandman Senyè a, kwè nan plan bonè divin ni an, epi evite tout sa ki kontrè avèk li.

Kominikasyon avèk Papa nou ki nan Syèl la se pa yon bagay konsa konsa. Se yon privilèj sakre. Li baze sou prensip etènèl ki enchanjab. Nou resevwa èd nan men Papa nou ki nan Syèl la an repons ak lafwa, obeyisans, ak bon itilize libabit nou.

Se pou Senyè a ba nou enspirasyon pou nou konprann ak itilize prensip ki mennen nan revelasyon ak enspirasyon pèsonèl la, nan non Jezikri, amèn.