2010–2019
An amoni avèk mizik lafwa a
Avril 2012


An amoni avèk mizik lafwa a

Bondye renmen tout pitit Li. Li vle yo tout retounen al jwenn ni. Li vle pou chak moun an amoni avèk mizik sakre lafwa a.

Pandan ke Otorite Jeneral yo nan Legliz la ap rankontre avèk manm yo nan tout mond lan, nou wè an pèsòn kijan Sen Dènye Jou yo se yon fòs pou byen. Nou konplimante nou pou tout sa n ap fè pou beni lavi tout moun.

Sa nan pami nou yo ki responsab zafè piblik yo ekstrèmeman konsyan ke anpil dirijan opinyon ak jounalis nan Etazini ak nan tout mond lan ogmante diskisyon piblik yo sou Legliz la ak manm li yo. Gen yon afliyans faktè san parèy ki fè moun yo pran konsyans de Legliz la anpil. .1

Anpil moun ki ekri sou Legliz la fè yon efò sensè pou konprann manm nou yo ak doktrin nou an. Yo rete poli e yo eseye rete san patipri, nou rekonesan anvè yo pou sa.

Nou rekonèt tou ke anpil moun an amoni avèk bagay sakre. Rabi anchèf, Lord Sacks ki soti Angletè, pandan l t ap pale avèk dirijan Katolik Women yo mwa Desanm pase a nan Inivèsite Pontifikal Gregoryen an, te note kijan kèk pati nan mond lan te vin tounen layik. Li te deklare ke youn nan rezon yo se “yon ateyis syantifik agresif ki soud a mizik lafwa a.”2

Gwo vizyon preliminè nan Liv Mòmon an se rèv pwofesik Leyi a sou pyebwa lavi a.3 Vizyon sa a klèman dekri pwoblèm lafwa ki egziste nan epòk nou an ak gwo divizyon ant moun ki renmen Bondye, ki adore L, epi santi yo responsab devan L yo ak moun ki pa fè sa yo. Leyi eksplike kèk nan konduit ki detwi lafwa yo. Gen kèk moun ki ògeye, plen vanite, ak foli. Yo sèlman enterese nan sa yo rele sajès mond lan.4 Gen lòt ki yon tijan enterese nan Bondye men yo pèdi nan mitan gouf tenèb ak peche.5 Genyen ki te goute lanmou Bondye ak pawòl Li a men yo santi yo wont poutèt lòt moun k ap pase yo nan betiz epi yo tonbe sou “wout entèdi.”6

Finalman, gen moun ki an amoni avèk mizik lafwa a. Nou konnen kiyès nou ye. Nou renmen Senyè a ak levanjil Li a e nou kontinyèlman eseye viv ak pataje mesaj Li a, espesyalman avèk fanmi nou.7 Nou an amoni avèk enspirasyon Lespri a, atantif ak pouvwa pawòl Bondye a, gen konpòtman relijye nan fwaye nou, e nou dilijamman ap eseye viv lavi kretyen antanke disip Li.

Nou rekonèt konbyen ou okipe. San yon gwoup klèje pwofesyonèl yo peye, responsablite pou administre Legliz la depann sou nou menm manm konsakre yo. Nou konnen li komen pou manm episkopa yo ak prezidans pye yo ak anpil lòt pase plizyè èdtan long ap rann sèvis devwe. Prezidans oksilyè yo ak kowòm yo se eganp nan sakrifis dezenterese. Sèvis ak sakrifis sa a etann atravè tout manm yo nan legliz la, moun ki kenbe dosye yo, enstriktè ak enstriktris nan fwaye fidèl, ak moun k ap anseye klas yo. Nou rekonesan pou moun ki kourajezman ap sèvi kòm dirijan Eskout ak dirijan gadri yo tou. Nou tout gen lanmou ak apresyasyon pou sa n ap fè a ak pou sa nou ye!

Nou rekonèt ke gen manm ki mwens enterese ak mwens fidèl a kèk ansèyman Sovè a bay. Dezi nou se pou manm sa yo reveye totalman pou yo vin atantif ak lafwa e ogmante aktivite yo ak angajman yo. Bondye renmen tout pitit Li. Li vle pou yo tout retounen al jwenn ni. Li vle pou chak moun an amoni avèk mizik sakre lafwa a. Ekspyasyon Sovè a se yon kado pou tout moun.

Nou dwe anseye w ak fè w konprann ke nou renmen e respekte tout moun Leyi dekri yo.8 Sonje, se pa wòl nou pou n jije moun. Se Senyè a ki fè jijman.9Prezidan Thomas S. Monson te espesifikman mande nou pou nou gen kouraj pou n “pa jije lòt moun.”10 Li te mande chak manm fidèl tou pou yo sekouri moun ki deja goute fwi levanjil yo epi ki tonbe apresa osibyen ke moun ki poko jwenn chemen etwat ak kwense a. Nou priye pou yo ka kenbe ba fè a epi vin pataje amou Bondye, ki ap ranpli “nanm yo avèk anpil lajwa” a.”11

Pandan ke vizyon Leyi a enkli tout moun nan, konsèp doktrinal ki pi enpòtan an se siyifikasyon etènèl fanmi an. “Se Bondye ki òdone fanmi. Se inite ki pi enpòtan an nan letan ak letènite.”12 Lè Leyi te manje fwi pyebwa lavi a (lanmou Bondye), li te vle pou “fanmi li vin manje ladan l tou.”13

Pi gwo dezi nou se elve pitit nou nan laverite ak lajistis. Yon prensip k ap ede nou akonpli bagay sa a se evite pou nou eksesivman pote jijman sou konduit ki ensanse oswa pa saj men ki pa peche. Sa gen kèk ane, pandan madanm mwen avèk mwen te ankò gen pitit nan fwaye nou, Èldè Dallin H. Oaks te anseye ke l te enpòtan pou n distenge ant erè lajenès ki ta dwe korije ak peche ki mande chatiman ak repantans.14 Kote ki manke sajès, pitit nou yo bezwen enstriksyon. Kote ki gen peche, repantans esansyèl.15 Nou te twouve sa itil anpil nan fanmi nou.

Obsèvans relijye nan fwaye nou beni fanmi nou. Egzanp patikilyèman enpòtan. Sa nou yeap enfliyanse pitit nou pi plis pase sa yo ka tande n ap di yo. Lè m te prèske gen senkan, manman m te resevwa nouvèl ke pi jèn tifrè l la te mouri pandan bato kote l t ap sèvi a te bonbade nan zòn kot Japon an prèske nan fen Dezyèm Gè Mondyal la.16 Nouvèl sa a te devastan pou li. Li te trè emosyone epi l t ale nan chanm ni. Apre yon ti tan, mwen t al gade nan chanm nan pou m te wè si l te oke. Li te ajenou bò kabann nan ap priye. Yon gwo lapè te desann sou mwen paske li te anseye m pou m priye ak renmen Sovè a. Sa sete tip egzanp li te toujou etabli pou mwen. Egzanp manman ak papa k ap priye avèk pitit yo kapab pi enpòtan pase tout lòt egzanp.

Mesaj, ministè, ak Ekspyasyon Jezikri, Sovè nou an, se pati esansyèl pwogram fanmi nou an. Okenn ekriti pa karakterize lafwa nou pi byen pase 2 Nefi 25:26: “Epi nou pale konsènan Kris la, nou preche konsènan Kris la, nou pwofetize konsènan Kris la, e nou ekri dapre pwofesi nou yo, pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.”

Youn nan prensip fondamantal vizyon Leyi a sèke manm fidèl yo dwe kenbe bafè a byendi pou l kenbe yo sou chemen etwat ak kwense ki mennen nan pyebwa lavi a. Li esansyèl pou manm yo li, medite, ak etidye ekriti yo.17

Liv Mòmon an gen pi gwo enpòtans. .18 Natirèlman, ap toujou gen moun ki minimize siyifikasyon liv sa a oubyen menm kritike li. Gen moun ki itilize imou. Anvan m t al nan misyon, yon pwofesè inivèsite te site deklarasyon Mark Twain nan ki di ke si nou retire fraz “Epi, se te konsa” a nan Liv Mòmon an, li “t ap rete yon bwochi tou senpleman.”19

Kèk mwa apre, pandan m t ap sèvi misyon nan Lond, an Angletè, yon pwofesè renome nan Inivèsite Lond lan, ki te soti Oxford, yon Ejipsyen ki te ekspè nan lang Semit la, te li Liv Mòmon an, li te antre an korespondans avèk Prezidan David O. McKay, epi l te rankontre misyonè yo. Li te enfòme yo ke l te konvenki Liv Mòmon an sete anfèt yon tradiksyon syans Juif yo ak langaj Ejipsyen yo pou peryòd yo dekri nan Liv Mòmon an.20 Yon egzanp pami anpil lòt li te itilize sete fraz konjonktif “epi, sete konsa” a, ke li di ki koresponn ak fason li t ap tradui ekspresyon yo itilize nan nan ansyen ekri Semitik yo.21 Yo te di pwofesè a ke, menmsi apwòch entelektyèl li, baze sou pwofesyon l lan te ede li, li te ankò esansyèl pou l te akeri yon temwayaj espirityèl. Atravè etid ak lapriyè li te akeri yon temwayaj espirityèl epi l te batize. Konsa sa yon imoris selèb te konsidere kòm yon bagay ridikil la, yon moun save te rekonèt li kòm gwo prèv verasite Liv Mòmon an, sa ke Lespri a te konfime pou li.

Doktrin esansyèl libabit la mande ke yon temwayaj konsènan levanjil retabli a dwe baze sou lafwa olye ke l baze sou prèv eksteryè oswa syantifik. Gwo fokis sou bagay ki poko totalman revele tankou kijan vyèj la te fè ansent oswa kijan Rezirèksyon Sovè a ta ka reyalize oswa egzakteman kijan Joseph Smith te tradui ekriti nou yo, p ap itil ni mennen pwogrè espirityèl. Bagay sa yo se zafè lafwa. Finalman, konsèy Mowoni an pou nou li ak medite epi apresa mande Bondye nan tout senserite kè a, avèk entansyon reyèl, pou konfime verite yo pa temwayaj Lespri a se repons la.22Anplis desa, lè nou fè ekriti yo enperatif nan lavi nou epi nou viv levanjil la, nou beni pa Lespri a e nou goute bonte Li avèk santiman lajwa, bonè, e espesyalman lapè.23

Klèman, yon diferans ant moun ki tande mizik lafwa a ak moun ki pa tande yo oswa ki gen fos nòt yo se etid ekriti yo aktivman. Mwen te pwofondeman touche palefèt ke, sa gen kèk ane, yon pwofèt byeneme, Spencer W. Kimball, te mete aksan sou bezwen pou nou kontinyèlman li ak etidye ekriti yo. Li te di: “Mwen konstate ke lè m pran lèz kò m nan relasyon m avèk divinite a, e lè sanble ke pa gen zòrèy divin k ap koute ni okenn vwa k ap pale, mwen lwen, trè lwen. Si m plonje m nan ekriti yo, distans la redui epi espirityalite a retounen.”24

Mwen espere ke n ap li Liv Mòmon an avèk pitit nou yo regilyèman. Mwen te diskite sa avèk pitit mwen yo. Yo te pataje avèk mwen de bagay yo reyalize. Premyèman, pèsistans nan li ekriti yo chak jou an fanmi an se kle a. Pitit fi m nan, sou ton plezantri, te dekri premye efò mari l avèk li fè lematen avèk pitit yo, pifò adolesan, pou li ekriti yo regilyèman. Li menm ak mari l leve bonè nan maten, epi tou nan dòmi, yo chèche kenbe manch eskalye anfè a jis nan sal kote fanmi an reyini pou li pawòl Bondye a. Pèseverans se repons la, e yon sans imou ap ede tou. Sa mande gwo efò nan men chak manm fanmi an, chak jou, men sa vo lapèn. Si nou pèsiste, n ap simonte echèk tanporè yo.

Dezyèm nan se fason dènye pitit gason m nan ak madanm ni li ekriti yo avèk fanmi yo ki tou jèn nan. De nan kat pitit yo gran ase pou yo li. Pou sa ki gen senkan an, yo gen senk sinyal ak dwèt yo ke li rekonèt pou l ka totalman patisipe nan lekti ekriti familyal la. Sinyal dwèt 1 an se pou li repete: “Epi, sete konsa,” chak fwa sa parèt nan Liv Mòmon an. Mwen dwe admèt ke m renmen lefèt ke fraz sa a parèt si souvan an. An pasan m ap di ke, pou enterese jèn fanmi yo, sinyal dwèt 2 a se “Epi konsa, nou wè”; dwèt 3, 4, ak 5 yo chwazi pa paran yo baze sou mo ki nan chapit y ap li a.

Nou konnen ke etid ekriti an fanmi ak sware familyal yo pa toujou pafè. Men kèlkeswa pwoblèm n ap rankontre, pa dekouraje.

Tanpri konprann ke lafwa nan Senyè Jezikri ak respekte kòmandman l yo rete e ap toujou rete tès ki pi detèminan nan mòtalite a. Anlè tout bagay, nou chak dwe reyalize ke lè yon moun pa ka tande mizik lafwa a, li pa an amoni avèk Lespri a. Jan pwofèt Nefi te anseye a: “Nou te tande vwa l … ; epi li te pale avèk nou avèk yon ti vwa dous, men nou te san sansiblite, ki fè nou pa t kapab santi pawòl li yo.”25

Doktrin nou an klè; nou dwe pozitif epi pran kouraj. Nou aksantye lafwa nou, pa laperèz nou. Nou rejwi nan asirans Senyè a ba nou ke L ap kanpe bò kote nou e L ap ba nou gidans ak direksyon.26 Sentespri a temwaye bay kè nou ke nou gen yon Papa eman nan syèl la, ke plan mizèrikòd li a pou rachte nou an ap akonpli nan tout aspè gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.

Jan Naomi W. Randall, otè chan “Je suis enfant de Dieu” a, te ekri: “Lespri Li gide nou; lanmou Li asire nou ke laperèz chase lè lafwa andire.”27

Konsa, kèlkeswa kote nou ye sou chemen disip la nan vizyon Leyi a, annou pran rezolisyon pou reveye andedan nou ak nan fanmi nou yon gwo dezi pou reklame don lavi etènèl enkonpreyansib la Sovè a bay la. Mwen priye pou nou ka rete an amoni avèk mizik lafwa a. Mwen temwaye sou divinite Jezikri ak reyalite Ekspyasyon L lan, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Doktrin ak Alyans 1:30.

  2. Jonathan Sacks, “Has Europe Lost Its Soul?” (diskou ki te fèt 12 Desanm 2011, nan Inivèsite Pontifikal Gregoryen an), chiefrabbi.org/ReadArtical.aspx?id=1843.

  3. Gade 1 Nefi 8.

  4. Gade 1 Nefi 8:27; 11:35.

  5. Gade 1 Nefi 8:23; 12:17.

  6. 1 Nefi 8:28.

  7. Gade 1 Nefi 8:12.

  8. Enstriksyon Sovè a pou al chèche brebi ki egare yo; gade Matye 18:12–14.

  9. Gade Jan 5:22; gade tou Matye 7:1–2.

  10. Thomas S. Monson, “May You Have Courage,” Liahona ak Ensign, Me 2009, 124.

  11. 1 Nefi 8:12.

  12. Handbook 2: Administering the Church (2010), 1.1.1.

  13. 1 Nefi 8:12.

  14. Gade Dallin H. Oaks, “Sins and Mistakes,” Ensign, Okt. 1996, 62. Eldè Oaks te anseye ides a a lè li te prezidan Inivèsite Brigham Young nan nan zòn ane 1980 yo.

  15. Gade Doktrin ak Alyans 1:25–27.

  16. Gade Marva Jeanne Kimball Pedersen, Vaughn Roberts Kimball: A Memorial (1995). Vaughn te jwe foutbòl pou Inivèsite Brigham Young nan lotòn 1941 an. Jou apre Pearl Harbor la, 8 Desanm 1941, li te anwole nan Lame Etazini an. Li te mouri jou 11 Me 1945, pa atak bonb enmi an te lanse kont bato Ris Bunker Hill la epi yo te antere l nan lanmè a.

  17. Gade Jan 5:39.

  18. Gade Ezra Taft Benson, “The Book of Mormon—Keystone of Our Religion,” Ensign, Nov. 1986, 4; oswa Liahona ak Ensign, Okt. 2011, 52.

  19. Mark Twain, Roughing It (1891), 127–28. Yo prezante chak nouvèl jenerasyon kòmantè Mark Twain nan kòmsi se yon nouvo dekouvèt siyifikan. Yo pa janm fè referans ak lefèt ke Mark Twain te egalman pa t respekte Krisyanite a ni relijyon an jeneral.

  20. Gade 1 Nefi 1:2.

  21. M te rankontre Dr. Ebeid Sarofim nan Lond lè èldè yo t ap anseye li. Gade N. Eldon Tanner, nan Conference Report, Avr. 1962, 53. Anpil save nan ansyen ekri Semitik/Ejipsyen yo te note itilizasyon repetisyon fraz “Epi, se te konsa ...” a nan kòmansman fraz yo; gade Hugh Nibley, Since Cumorah, 2nd ed. (1988), 150.

  22. Gade Mowoni 10:3–4; pa gen anpil moun ki sensèman teste sa avèk entansyon reyèl.

  23. GadeDoktrin ak Alyans 59:23.

  24. Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball (2006), 67.

  25. 1 Nefi 17:45; gade tou Ezra Taft Benson, “Seek the Spirit of the Lord,” Tambuli, Sept. 1988, 5; Ensign, Avr. 1988, 4: ““Nou tande pawòl Senyè a pi souvan nan yon santiman. Si nou enb ak sansib ase, senyè a ap enspire nou pa mwayen santiman nou.”

  26. Gade Doktrin ak Alyans 68:6.

  27. “When Faith Endures,” Hymns, no. 128.