2010–2019
Mòn pou monte
Avril 2012


Mòn pou monte

Si nou gen lafwa nan Jezikri, tan ki pi difisil yo osibyen ke tan ki pi fasil yo kapab vin yon benediksyon.

Nan yon sesyon konferans, mwen te tande Prezidan Spencer W Kimball mande pou Bondye ba li gwo mòn pou l monte. Li te di: “Gen gwo difikilte k ap tann nou, gwo gwo opòtinite pou n rankontre. Mwen kontan pou opòtinite eksitan sa yo e m santi m ta di Senyè a, enbleman, ‘Ban m mòn sa a,’ ba n difikilte sa yo.”1

Kè m te touche, konesan, jan m te konnen an, kèk nan difikilte ak advèsite li te deja rankontre. Mwen te santi yon dezi pou m te vin plis menmjan avèk li, yon sèvitè vanyan Bondye. Konsa, yon jou swa, mwen te priye pou m jwenn yon tès pou m pwouve kouraj mwen. Mwen ka sonje sa trè klè. Nan aswè m te mete ajenou nan chanm mwen, avèk yon lafwa ki te sanble l prèske ranpli kè m fè l boule.

Nan lespas yon jou oswa de priyè m nan te jwenn repons. Eprèv ki te pi difisil nan lavi m yo te siprann mwen e yo te fè m gen imilite. Sa te ban m yon leson an de pati. Premyèman, mwen te gen prèv klè ke Bondye te tande ak reponn priyè lafwa m nan. Men dezyèmman, m te kòmanse yon seri leson ke m toujou kontinye ap aprann jiska jodia sou rezon k fè jou swa sa a m te santi kalite konfyans sa a ke yon gwo benediksyon t ap soti nan advèsite a ki t ap pi rekonpansan pase tout bagay.

Advèsite a ki te frape m nan jou lontan sa a sanble l piti anpil kounyeya konpare avèk sa k te vini depi lè sa a--pou mwen ak pou moun pwòch mwen. Anpil nan nou kounyeya pase pa eprèv fizik, mantal, ak emosyonèl ki ta ka lakoz nou rele jan yon gwo sèvitè fidèl Bondye m konnen trè byen te fè. Enfimyè ki t ap okipe l la te tande l di kote l te kouche sou kabann nan anba doulè a: “Mwen te eseye pandan tout lavi m pou m fè sa ki byen, poukisa bagay sa a rive m?”

Nou konn kijan Senyè a te reponn kesyon sa a pou Pwofèt Joseph Smith lè l te nan prizon an:

“Epi si yo ta jete ou nan twou, oubyen nan men asasen, epi yo ba ou santans lanmò; si yo jete w nan ravin fon; si lang pèvès konspire kont ou; si move van vin tounen ènmi w; si syèl la rasanble tenèb, epi eleman yo konbine pou bare wout la; epi apre tout bagay sa yo, si bouch lanfè a menm ta louvri laj kont ou, ou dwe konnen, pitit gason m nan, tout bagay sa yo ap ba w eksperyans, epi se ap pou byen w.

“Pitit Gason Lòm nan te desann pi ba pase yo tout. Èske ou pi gran pase l?

“Se poutèt sa, rete sou wout ou ye a, epi prètriz la ap rete avèk ou; paske limit moun sa yo deja fikse, yo pa kapab pase. M konnen jou w yo, epi ane w yo p ap vin mwens; se poutèt sa, pa pè sa lòm kapab fè, paske Bondye ap avèk ou pou toujou ajamè.”2

Se kòmsi pou mwen menm pa gen pi bon repons pou kesyon sou rezon nou gen eprèv ak sa pou nou fè a, pase pawòl Senyè a Limenm, Li menm ki te pase pa eprèv ki pi terib nou ka imajine poutèt nou menm.

Nou sonje pawòl Li yo lè L te konseye nou ke, pa lafwa nan Li, nou dwe repanti:

“Se poutèt sa m kòmande ou pou ou repanti---repanti, pou m pa frape ou avèk baton bouch mwen, epi avèk endiyasyon m, epi avèk kòlè m, epi pou soufrans ou yo pa rèd---ou pa konnen kouman y ap rèd, ou pa konnen kouman y ap grav, wi, ou pa konnen kouman y ap rèd pou ou sipòte.

“Paske gade, mwen menm Bondye, m te soufri bagay sa yo pou tout moun, pou yo pa soufri si yo repanti;

Men si yo pa vle repanti yo dwe soufri tankou m;

Soufrans sa a ki te fè, mwen menm Bondye, ki pi gran pase tout moun, tranble anba doulè, epi ki te fè m senyen nan chak twou swè nan kòm, epi ki te fè m soufri nan ni kò m ni nan lespri m---epi m te swete pou m pa t wè tas anmè a, epi tou pou m te pa t fè bak---

Men, laglwa pou Papa a, m te bwè l epi m te fini preparasyon m yo pou pitit lèzòm.”3

Ou menm avèk mwen gen lafwa ke mwayen pou nou leve kanpe e soti anba eprèv yo se kwè ke gen yon “remèd nan Galad”4 epi Senyè a pwomèt: “M p ap janm ... lage ou.”5 Se sa Prezidan Thomas S. Monson anseye nou pou ede nou menm ak moun n ap sèvi yo lè yo santi yo solitè e depase pa eprèv yo.6

Men Prezidan Monson toujou sajman anseye ke yon fondasyon lafwa nan reyalite pwomès sa yo pran tan pou bati. Nou gen dwa wè bezwen fondasyon sa a, jan m te wè l bò kabann yon moun ki pare pou abandone lit pèsevere jiskalafen an. Si fondasyon lafwa a pa anrasinen andedan kè nou, pouvwa pou pèsevere a ap kraze.

Objektif mwen jodia se pou dekri sa m konnen sou fason nou ka kreye fondasyon inebranlab. M ap fè sa avèk gwo imilite pou de rezon. Premyèman, sa m ap di a ka dekouraje kèk moun k ap lite nan mitan gwo advèsite epi ki santi ke fondasyon lafwa yo ap ebranle. Epi dezyèmman, mwen konnen ke gen pi gwo tès toujou k ap tann mwen anvan fen lavi a rive. Se poutèt sa, preskripsyon m ap ba nou an poko menm aplike nan pwòp lavi pa mwen nan pèsevere jiskalafen pa mwen.

Lè m te jèn gason mwen te travay avèk yon kontraktè ki te konn bati baz ak fondasyon pou nouvo kay. Nan chalè ete a li te difisil pou travay pou prepare teren an pou ba l fòm pou yo te vide siman an pou baz la. Pa t gen machin. Nou te konn itilize yon pik ak yon pèl. Bati fondasyon ki te dirab pou bilding sete travay difisil nan epòk sa yo.

Sa te mande pasyans. Lè nou te fin fouye baz la nou te konn tann pou l te sèch. Malgre nou te anvi kontinye fè travay la avanse, nou menm tou nou te oblije tann tou lè yo te fin vide fondasyon an anvan nou te retire fòm yo.

E sa ki te menm pi enpresyonan pou yon novis sete sa k te sanble yon pwosesis long ki pran tan pou mete ba metal yo byen antre andedan fòm yo pou bay fondasyon ki fini an fòs.

Nan menm fason an, teren an dwe byen prepare pou fondasyon lafwa nou pu n kanpe devan tanpèt k ap vini nan lavi chak moun yo. Baz solid pou yon fondasyon lafwa sa a se entegrite pèsonèl.

Chwazi bon bagay tout tan kèlkeswa chwa ki plase devan nou kreye teren solid anba lafwa nou. Sa ka kòmanse nan anfans paske chak moun fèt avèk don Lespri Kris la. Avèk Lespri sa a nou ka konnen kilè nou fè sa ki bon devan Bondye ak lè nou fè sa ki mal devan je Li.

Chwa sa yo, dèsantèn nan pifò jou yo, prepare teren solid pou edifis lafwa nou bati. Fondasyon metal la kote sibstans lafwa nou an bati a se levanjil Jezikri a, avèk tout alyans, òdonans, ak prensip li yo.

Youn nan kle pou yon lafwa dirab se jije kòrèkteman ki kantite tan sa mande pou l byen solid. Se poutèt sa li pa t saj pou m te priye si bonè konsa nan lavi m pou jwenn gwo mòn pou monte ak pi gwo eprèv.

Gerizon sa a pa vini otomatikman atravè tan k ap pase, men sa pran tan. Vin granmoun pa di ke sa ap fèt. Se sèvi Bondye ak lòt moun tout tan avèk tout kè nou ak tout nanm nou ki fè temwayaj nou konsènan laverite a vin tounen yon fòs espirityèl inebranlab.

Kounyeya, mwen ta renmen ankouraje moun k ap travèse eprèv difisil yo, ki santi lafwa yo ka febli anba atak eprèv yo. Eprèv la nan limenm kapab se mwayen pou fòtifye nou ak finalman fè nou akeri lafwa inebranlab. Mowoni, pitit gason Mòmon an nan Liv Mòmon an, te di nou kijan benediksyon sa a ta ka vin reyalize. Li anseye bèl verite senp ke aji sou menm yon ti kras lafwa pèmèt Bondye ede l grandi.

“Kounyeya, mwen menm Mowoni, m vle yon jan pale konsènan bagay sa yo; m ap montre mond lan lafwa se bagay moun espere san yo pa wè; se poutèt sa, pa diskite paske w pa wè, paske w p ap resevwa temwayaj jistan lafwa ou pa fin teste.

“Paske se avèk lafwa Kris la te fè zansèt nou yo wè l lè l te fin leve nan pami mò yo; li pa t fè yo wè l jistan yo te gen lafwa nan li; se poutèt sa, li te nesesè pou kèk moun te gen lafwa nan li, paske, li pa t fè mond lan wè l.

“Men, poutèt lafwa lèzòm, li te fè mond lan wè l, li te glorifye non Papa a, epi li te pare yon mwayen pou lòt moun kapab pataje don ki sòti nan syèl la, pou yo kapab espere bagay yo pa wè.

Se poutèt sa, ou kapab espere pataje don an, si sèlman ou gen lafwa.”7

Ti kal lafwa pi presye a ke nou dwe pwoteje epi itilize nan kèlkeswa fason nou kapab la se lafwa nan Senyè a, Jezikri. Mowoni te anseye pouvwa lafwa sa a nan fason sa a: “Ni tou, nan okenn tan, okenn moun pa fè mirak jistan yo te gen lafwa; se poutèt sa, yo kwè nan Pitit Gason Bondye a anvan.”8

Mwen te rankontre yon madanm ki te resevwa mirak fòs sifizan pou l te andire pèt inimajinab avèk senp kapasite pou repete pawòl sa yo san rete: “Mwen konnen Redanmtè m nan vivan.”9 Lafwa sa a ak pawòl temwayaj sa yo te toujou la nan mitan souvni nwa anfans li yo ki fane men ki pa janm totalman efase yo.

Mwen te etone aprann ke yon lòt fi te padone yon moun ki te fè l ditò pandan dèzane. Mwen te etone e m te mande l poukisa li te chwazi pou l padone ak bliye si anpil ane abi mechanste sa yo.

Li te di pezibleman: “Sete bagay ki pi te difisil mwen te janm fè, men mwen senpleman te konnen ke m te dwe fè sa. Konsa m te fè l.” Lafwa li ke Sovè a t ap padone si li padone lòt moun nan te prepare l avèk yon santiman lapè ak espwa pandan l t ap fè fas ak lanmò jis kèlke mwa apre l te fin padone advèsè san repanti l la.

Li te mande m: “Lè m rive, kijan sa pral ye nan syèl la?”

Epi m te di: “Apati sa m sot wè a, mwen konnen kapasite ou pou egzèse lafwa ak pou padone a pral fè w resevwa yon bèl akèy pou ou.”

Mwen gen yon lòt ankourajman pou moun ki kounyeya ap mande tèt yo si lafwa nan Jezikri ap ase pou yo andire byen jiskalafen. Mwen te gen benediksyon pou m te konnen kèk lòt nan pami nou k ap koute la a kounyeya lè nou te jèn, plen enèji, dote plis pase moun bò kote nou, men nou te chwazi fè sa Senyè a t ap fè. Nan abondans nou, nou te jwenn mwayen pou ede ak pran swen moun nou ta ka inyore oubyen pa menm okipe dapre plas nou nan lavi a.

Lè eprèv difisil yo vini, lafwa pou andire yo byen an ap la, bati jan nou ka petèt remake kounyeya men ke nou te petèt pa t wè nan moman an nou t ap aji selon amou pi Kris la, pou sèvi ak padone lòt moun jan Sovè a t ap fè. Nou te bati yon fondasyon lafwa nan renmen jan Sovè a te renmen ak sèvi pou Li. Lafwa nou nan Li te pouse nou fè zak charite ki ap pote lespwa pou nou.

Li pa janm twò ta pou fòtifye fondasyon lafwa a. Toujou gen tan. Avèk lafwa nan Sovè a, nou ka repanti epi priye pou padon. Gen yon moun nou ka padone. Gen yon moun nou ka remèsye. Gen yon moun nou ka sèvi. Nou ka fè sa kèlkeswa kote nou ye e kèlkeswa jan nou ka santi nou solitè ak abandone.

Mwen pa ka pwomèt nou ke advèsite nou ap fini nan lavi sa a. Mwen pa ka asire nou ke eprèv nou yo ap sanble pou nou ke yo te sèlman pou yon ti bout tan. Youn nan karakteristik eprèv nan lavi a sèke yo sanble yo fè revèy yo mache oralanti epi apresa yo prèske kanpe.

Gen rezon pou sa. Konnen rezon sa yo pa p pote anpil rekonfò, men sa ka ba nou yon santiman pasyans. Rezon sa yo soti nan bagay sa a sèlman: nan amou pafè yo pou nou, Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a vle nou prepare pou nou avèk yo pou viv an fanmi pou tout tan. Se sèlman moun ki lave yo ki vin pafètman pwòp atravè Ekspyasyon Jezikri a k ap kapab la.

Manman m te batay ak kansè pandan prèske 10 an. Tretman ak operasyon e finalman oblije rete kouche sete kèk nan eprèv pa li.

M sonje papa m ki t ap di, pandan l t ap gade l ki t ap rann dènye souf li: “Yon ti pitit fi retounen lakay pou al repoze.”

Youn nan moun ki te pale nan antèman li sete Prezidan Spencer W. Kimball. Pami omaj li te rann yo, mwen sonje youn ki te di konsa: “Kèk nan nou gen dwa panse ke Mildred te soufri si lontan ak si anpil konsa poutèt kèk bagay li pa t fè byen ki te mande eprèv yo.” Epi apre li te di: “Non, sèke Bondye te vle jis poli l yon ti kras plis.” Mwen sonje nan moman an m te panse: “Si yon moun ki si bon konsa bezwen sitèlman poli konsa, mwen menm kisa k ap tann mwen?”

Si nou gen lafwa nan Jezikri, tan pi difisil yo osibyen tan pi fasil yo kapab yon benediksyon. Nan tout kondisyon, nou ka chwazi bon bagay avèk gidans Lespri a. Nou gen levanjil Jezikri a pou fòme ak gide lavi nou si nou chwazi l. Epi avèk pwofèt k ap revele nou plas nou nan plan sali a nou ka viv avèk esperans pafè ak yon santiman lapè. Nou pa janm bezwen santi ke nou poukont nou ni yo pa renmen nou nan sèvis Senyè a paske li pap janm konsa. Nou ka santi lanmou Bondye. Sovè a pwomèt ke zanj li yo ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou pou pote nou anlè.10 Epi Li toujou kenbe pawòl li.

Mwen temwaye ke Bondye Papa a vivan e Pitit Gason Byeneme l la se Redanmtè nou. Sentespri a konfime laverite nan konferans sa a e l ap fè sa ankò si nou chèche l pandan n ap koute a e si nan apre, nou etidye mesaj ke sèvitè otorize Senyè a ki la a bay yo. Prezidan Thomas S. Monson se pwofèt Senyè a pou tout mond lan. Senyè a ap veye sou nou. Bondye Papa a vivan. Pitit Gason Byeneme l la, Jezikri, se Redanmtè nou. Lanmou li inebranlab. Mwen temwaye konsènan sa nan non Jezikri, amèn.