2010–2019
Sèlman selon prensip lajistis
Avril 2012


Sèlman selon prensip lajistis

Paran ki saj yo prepare pitit yo pou yo debwouye yo san yo menm. Yo ba yo opòtinite pou pwogrese amezi timoun yo ap pran matirite espirityèl ki nesesè pou yo kòrèkteman egzèse libabit yo a.

Prèske yon mwa apre nou te fin marye, madan mwen avèk mwen t ap fè yon long vwayaj nan machin nou. Li t ap kondui, e m t ap eseye rilaks. Mwen di m t ap eseye paske otowout la nou t ap vwayaje a te gen repitasyon plen rada lapolis, e madanm mwen te yon ti jan konn gen tandans pou fè vitès nan epòk sa yo. M te di: “Wa p kouri twò vit; ralanti.”

Madanm tou nèf mwen an te panse nan tèt li: “Wèl, m ap kondui depi prèske dizan, e apa moun ki te montre m kondui a, okenn moun pa janm di m kijan m dwe kondui.” Konsa li te reponn: “Kisa ki ba w dwa pou w di m kijan pou m kondui?”

Franchman, kesyon l lan te pran m pa sipriz. Konsa, nan fè sa m kapab pou m alawotè nouvo responsablite mesye marye mwen, m te reponn “M pa konnen. Paske m se mari ou epi m gen prètriz la.”

Frè m yo, yon ti konsèy: Si jamè nou twouve nou nan yon sitiyasyon konsa, se pa bon reyaksyon an ditou. E m kontan pou m di sete sèl grenn fwa m te fè erè sa a.

Doktrin ak Alyans yo eksplike ke dwa pou egzèse prètriz la nan fwaye a oubyen lòt kote dirèkteman konekte avèk lajistis lavi nou: “Pouvwa syèl la pa kapab kontwole ni manipile san se pa avèk prensip lajistis.”1 Li kontinye pou l di ke nou pèdi pouvwa sa a lè nou “egzèse kontwòl oubyen dominasyon oubyen presyon sou nanm [lòt moun], nan kèlkeswa degre enjistis la.”2

Ekriti sa a di ke nou dwe dirije selon “prensip lajistis.” Prensip sa yo aplike pou tout dirijan nan Legliz la osibyen pou tout papa ak manman nan fwaye yo.3 Nou pèdi dwa nou pou n gen konpayi Lespri Senyè a ak otorite nou resevwa nan men Bondye a lè nou egzèse kontwòl sou yon lòt moun nan yon fason enjis.4 Nou gen dwa panse ke metòd sa yo se pou byen moun nan n ap “kontwole” a. Men chak fwa nou eseye fòse yon moun ki kapab epi ki ta dwe egzèse pwòp libabit pa l, pou fè sa ki jis, nou aji enjisteman. Lè limit fèm nou fikse yon lòt moun yo fèt nan bon lòd, nou dwe toujou jere yo ak pasyans ranpli lanmou e nan yon fason ki pèmèt nou anseye prensip etènèl.

Nou senpleman pa kapab fòse lòt moun pou fè sa ki byen. Ekriti yo eksplike klèman ke Bondye pa aji konsa. Kontrent fè moun santi yo irite. Li ba yo enpresyon ke ou pa fè yo konfyans, ke yo enkonpetan. Opòtinite pou aprann yo pèdi lè moun k ap kontwole yo asime ògeyezman ke yo gen bon repons la pou lòt moun nan. Ekriti a di: “Se nan nati ak dispozisyon prèske tout moun” pou egzèse dominasyon enjis,”5 konsa nou dwe konsyan ke se yon pyèj ki fasil pou moun tonbe ladan. Fi yo tou ka egzèse dominasyon enjis, byenke ekriti yo idantifye pwoblèm nan espesyalman pou gason yo.

Dominasyon enjis souvan akonpaye pa kritik konstan ak refi pou apwouve oubyen eksprime lanmou. Moun k ap sibi l yo santi kòmsi yo pap janm ka fè dirijan sa a oswa paran sa a plezi e ke yo p ap janm alawotè. Paran ki saj yo dwe evalye kilè pitit yo pare pou kòmanse egzèse pwòp libabit pa yo nan yon desizyon patikilye nan lavi yo. Men, si paran yo kenbe tout pouvwa pou pran desizyon yo epi yo twouve ke se “dwa” yo pou yo fè sa, yo gravman limite pwogresyon ak devlopman pitit yo.

Pitit nou yo nan fwaye nou pou yon tan limite. Si nou tann jiska lè yo pa nan kay la ankò pou nou ba yo dwa pou itilize libète moral yo a, enben, nou tann twò lontan. Yo pa p toudenkou devlope kapasite pou pran bon desizyon si yo pa janm lib pou pran desizyon enpòtan lè yo te lakay nou an. Souvan, timoun sa yo oubyen rebele kont lafòs sa a oubyen yo limite pa yon enkapasite pou yo pran desizyon poukont pa yo.

Paran saj yo prepare pitit yo pou yo ka debwouye yo poukont pa yo. Yo ba yo opòtinite pou yo pwogrese amezi timoun yo ap akeri matirite espirityèl nesesè pou yo egzèse libabit yo kòrèkteman an. Epi wi, sa vle ke di ke timoun yo ap fè erè pafwa e y ap aprann apati erè sa yo.

Fanmi nou te fè yon eksperyans ki te anseye nou pou ede timoun nou yo devlope kapasite yo pou fè chwa. Pitit fi nou an, Mary, te jwe foutbòl pandan l t ap grandi epi li sete gadyen. Yon ane, ekip li a te rive nan final, epi, jan nou ka sipoze, match la t ap fèt yon jou Dimanch. Mary te nan kòmansman adolesans li, e sa te gen dèzane depi nou t ap anseye l ke Saba a sete yon jou repo ak ranfòsman espirityèl, pa yon jou divètisman. Men li te kanmèm santi presyon antrenè l yo ak lòt manm ekip yo, ak dezi pou l pa t kite ekip la tonbe tou.

Li te mande manman l kisa pou l te fè. Madanm mwen avèk mwen te ka fasilman pran desizyon sa a pou li. Men, apre nou te fin reflechi ak priye sou sa, nou te deside ke nan ka sa a, pitit fi nou an te pare pou asime responsablite espirityèl pwòp desizyon pa li. Nou te li kèk ekriti ansanm, epi apresa nou te ankouraje Mary pou l te priye ak panse sou sa.

Apre kèk jou, li te anonse desizyon li. Li t ap jwe match la jou Dimanch la. Nou t ap mande tèt nou kisa pou n te fè. Apre plis diskisyon ak asirans nan men Lespri a, nou te fè jan nou te pwomèt nou t ap fè a epi nou te kite l fè chwa pou l jwe. Lè match la te fini, Mary te mache lantman al jwenn manman l ki t ap tann. Li te di: “O, manman, mwen sa fè m santi m terib. Mwen pa vle janm santi m konsa ankò. Mwen pap janm jwe yon match jou Dimanch ankò.” E li pa t janm fè l ankò.

Mari kounyeya te pèsonèlman konprann prensip pou sanktifye Saba a. Si nou te fòse li pou l pa t jwe, nou t ap prive l de yon presye eksperyans aprantisaj avèk Lespri a.

Jan nou ka wè, ede timoun yo egzèse libabit yo kòrèkteman mande pou anseye yo kijan pou yo priye ak resevwa repons pou priyè yo. Nou dwe anseye yo valè ak bi obeyisans ansanm avèk tout lòt prensip esansyèl yo nan levanjil la tou.6

Lè nou t ap elve pitit nou yo, nou te deside ke objektif pi enpòtan nou t ap genyen sete ede timoun yo etabli pwòp koneksyon pa yo avèk syèl la. Nou te konnen ke finalman yo t ap bezwen apiye sou Senyè a, non pa sou nou. Brigham Young te di: “Si m ta gen pou fè distenksyon nan tout devwa yo mande pitit lèzòm ... mwen t ap mete anvan tout devwa pou chèche Senyè a Bondye nou jiskaske nou louvri wout kominikasyon ant syèl la ak tè a---ant Bondye ak pwòp nanm nou.”7

Mary te resevwa repons pou priyè li nan anpil lòt okazyon, e nou konnen ke pitit fi nou an te nan wout pou louvri wout kominikasyon sa a avèk syèl la. Konsa, li te aprann yon bagay pozitif nan eksperyans li a e li te pi byen prepare pou fè pi bon chwa nan apre. San yon lyen avèk Lespri a, ni timoun yo ni paran yo kapab pran tout kalite move desizyon sou pretèks ke y ap egzèse libabit yo. Pwomès ekriti yo bay sèke “moun ki saj yo ... epi ki te pran Sentespri a pou gid yo ... [pa p] twonpe.”8

Yon lòt efè segondè trajik nan dominasyon enjis se kapab pèt konfyans nan lanmou Bondye. Mwen konn kèk moun ki te gen dirijan oubyen paran kontwolè ak egzijan, e yo twouve l difisil pou santi amou Papa yo ki nan Syèl la ki te ka soutni yo ak motive yo sou wout lajistis la.

Si nou vle ede moun ki sou kont nou yo pou yo fè koneksyon trè enpòtan sa a avèk syèl la, nou dwe kalite paran ak dirijan yo dekri nan Doktrin ak Alyans seksyon 121 an. Nou dwe aji “sèlman pou pèsyade, avèk pasyans, avèk jantiyès, dousman, epi avèk amou enfayib. .”9 Prezidan Henry B. Eyring te di: “Nan pami tout èd nou ka bay ... jèn yo, pi gwo a se kite yo santi konfyans nou ke yo sou chemen ki mennen lakay al jwenn Bondye a e ke y ap rive.”10

Pandan n ap reflechi sou prensip ki dwe gide nou yo nan Legliz la ak nan fwaye nou, kite m fini avèk yon ilistrasyon ki soti nan byografi Prezidan Thomas S. Monson. Ann Dibb, pitit fi fanmi Monson, di ke jiska jodia, lè l ap mache antre nan pòt antre kay kote li te elve a, papa l toujou di: “O, gade kiyès ki vini. E èske n pa kontan wè l, e ala li bèl?” Li te kontinye “Paran m toujou fè m konpliman; kèlkeswa jan m abiye oubyen kèlkeswa sa m fè. ... Lè m al vizite paran mwen, mwen konnen yo renmen m, yo konplimante m, yo fè m santi m byenveni, m santi m lakay.”11

Frè m ak sè m yo, sa a se fason Senyè a aji. Menm si yo te maltrete nou nan lepase, mwen konnen Senyè a vle nou vin jwenn ni.12 Li renmen noutout. Nou tout byenveni. Nan non Jezikri, amèn.