2010–2019
Sakrifis
Avril 2012


Sakrifis

Lavi sèvis nou ak sakrifis nou se ekspresyon ki pi apwopriye pou dekri angajman nou pou sèvi Mèt la ak pwochen nou.

Yo rele Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a “Evenman ki pi gwo nan tout evenman depi nan kòmansman kreyasyon an jis nan letènite.”1 Sakrifis sa a se mesaj santral tout pwofèt yo. Li te anonse pa sakrifis zannimo Lwa Moyiz la te egzije yo. Yon pwofèt te deklare ke tout siyifikasyon yo te “pwente sou gwo sakrifis final la …Pitit Gason Bondye a, wi, enfini epi etènèl” (Alma 34:14). Jezikri te andire soufrans enkonpreyansib pou fè Limenm yon sakrifis pou peche tout moun. Sakrifis sa a te ofri dènye kras bon – ti mouton pwòp san defo a--pou dènye kras mal – peche tout mond lan. Nan pawòl memorab Eliza R. Snow:

Li te vèse san presye l la libreman,

Li te bay lavi l libreman,

Yon sakrifis inosan pou fot,

Pou sove yon mond anba lanmò.2

Sakrifis sa a – Ekspyasyon Jezikri a – se santral plan sali a.

Soufrans enkonpreyansib Jezikri a te fini ak san ki te koule a, men li pa t mete fen a enpòtans sakrifis la nan plan Levanjil la. Sovè nou an kontinye egzije pou nou ofri sakrifis, men sakrifis Li mande nou kounyeya se pou nou “ofri kòm sakrifis pou li yon kè brize ak yon lespri kontri” (3 Nefi 9:20). Li kòmande nou chak tou pou youn renmen ak sèvi lòt – pratikman, pou nou ofri yon ti imitasyon pwòp sakrifis Li a nan sakrifye pwòp tan nou ak priorite egoyis nou yo. Nan yon kantik enspire, nou chante: “Sakrifis rale benediksyon syèl yo desann.”3

Mwen pral pale de sakrifis mòtèl sa yo Sovè a mande nou pou nou fè a. Sakrifis nou oblije fè yo oswa aksyon ki kapab motive pa avantaj pèsonèl nou olyede sèvis oswa sakrifis pa ladan (gade 2 Nefi 26:29).

I.

Relijyon Krisyanis la gen yon istwa sakrifis, ki genyen sakrifis final la ladan. Nan kòmansman epòk Krisyanis la, Wòm te matirize plizyè milye moun poutèt lafwa yo nan Jezikri. Nan syèk ki te vin apre yo, kòm pwoblèm ki gen rapò a doktrin te divize kretyen yo, gen kèk gwoup ki te konn pèsekite e menm touye manm lòt gwoup. Kretyen ke lòt kretyen te konn touye yo rete mati ki pi trajik nan relijyon krisyanis la.

Anpil kretyen volontèman fè sakrifis ki motive pa lafwa yo nan Kris la ak dezi yo pou yo sèvil L. Genyen ki chwazi pou yo konsakre tout lavi granmou yo nan sèvis Mèt la. Gwoup nòb sa a gen ladan l moun ki nan òganizasyon relijye nan Legliz Katolik yo ak sila yo ki bay yon bon valè tan nan lavi yo kòm misyonè kretyen nan divès relijyon pwotestan yo. Egzanp moun sa yo bay ankourajman ak enspirasyon, men pifò kwayan nan Kris la pa oblije ni kapab konsakre tout lavi yo nan sèvis relijye.

II.

Pou pifò moun ki ap suiv Kris la, sakrifis nou yo enplike sa nou kapab fè chak jou nan vi pèsonèl òdinè nou. Nan eksperyans sa a mwen pa konn okenn group ki gen manm ki fè plis sakrifis pase Sen Dènye Jou yo. Sakrifis yo – sakrifis nou yo, frè m ak sè m yo – kanpe diferan avèk efò moun ap fè nan mond lan pou yo kapab jwenn epanouyisman pèsonèl.

Premye egzanp mwen se pyonye Mòmon nou yo. Sakrifis ekstrawòdinè yo te fè avèk lavi yo, relasyon familyal yo, fwaye yo, ak konfò yo reprezante fondasyon levanjil retabli a. Sarah Rich te pale de sa k te motive pyonye sa yo lè l te dekri mari l, Charles, ki te resevwa apèl pou l ale an misyon byen lwen: “Se te vrèman yon moman difisil pou mwen ak mari m; men se devwa te mande pou nou separe pandan yon ti tan e, kòm nou te konnen se volonte Senyè a nou t ap obeyi, nou te santi nesesite pou nou mete santiman nou yo akote pou nou kapab ede tabli travay … pou ede bati Wayòm Bondye a sou tè a.”4

Jodi a fòs Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ki pi vizib se sèvis dezenterese ak sakrifis manm li yo. Anvan rekonsekrasyon youn nan tanp nou yo, yon pastè te mande Prezidan Gordon B. Hinckley poukisa tanp lan pa t gen okenn reprezantasyon kwa a, senbòl lafwa kretyen ki pi komen an. Prezidan Hinckley te reponn ke senbòl lafwa kretyen nou se “lavi moun nou yo.”5 Vrèman, vi sèvis ak sakrifis nou yo se fason ki pi apwopriye pou nou eksprime angajman nou pou nou sèvi Mèt la ak pwochen nou yo.

III.

Nou pa gen klèje ki pwofesyonèlman fòme ak resevwa salè nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Kòm konsekans, manm layik ki resevwa apèl pou yo dirije ak sèvi kongregasyon nou yo dwe administre tout reyinyon, pwogram, ak aktivite Legliz nou yo. Yo fè sa nan plis pase 14.000 kongregasyon pou jis Etazini ak Kanada sèlman. Natirèlman, se pa sèl noumenm ki gen manm layik nan kongregasyon nou yo ki ap sèvi kòm enstriktè ak dirijan layik. Men pil kantite tan manm nou yo bay pou youn fòme ak pran swen lòt yo pa gen parèy. Efò nou pou fè chak fanmi nan kongregasyon nou yo resevwa vizit enstriktè nan fwaye chak mwa epi pou fè chak fi granmoun resevwa vizit enstriktris nan fwaye chak mwa yo se egzanp sa nou di a. Nou pa okouran de okenn sèvis konparab nan okenn òganizasyon nan mond lan.

Egzanp moun pi konnen sou sèvis ak sakrifis san parèy SDJ yo se travay misyonè nou yo. Pou kounyeya, yo gen plis pase 50.000 jèn gason ak jèn fi ak plis pase 5.000 granmoun gason ak fi. Yo konsakre soti sis mwa rive dezan nan lavi yo pou anseye levanjil Jezikri a ak founi sèvis imanitè nan anviwon 165 peyi nan mond lan. Travay yo toujou enplike sakrifis, enkli ane yo bay pou travay Senyè a ak sakrifis yo fè nan bay fon pou sipòte yo tou.

Paran yo fè sakrifis tou lè yo pase yo de konpayi ak sèvis pitit gason oswa pitit fi yo ki ap fè misyon yo. Pa egzanp, yon jèn Brezilyen te resevwa yon apèl misyonè pandan li tap travay pou soutni fanmi li apre papa l ak manman l te mouri. Yon Otorite Jeneral te dekri fanmi sa a ki te reyini an konsèy kote yo te sonje ke defen paran yo te anseye yo kijan yo dwe toujou pare pou sèvi Senyè a. Jenòm nan te asepte apèl misyon an, epi yon frè ki te gen 16 an te pran responsablite pou al travay pou soutni fanmi an.6 Pifò nan nou konnen anpil lòt egzanp sakrifis pou sèvi yon misyon oubyen pou soutni yon misyonè. Nou pa konn okenn lòt sèvis volontè ak sakrifis tankou sa a nan okenn lòt òganizasyon nan mond lan.

Souvan yo mande nou: “Kijan nou fè konvenk jèn nou yo ak lòt manm ki pi gran yo pou kite lekòl yo oswa retrèt yo pou yo fè sakrifis nan fason sa a?” Mwen konn tande anpil moun bay eksplikasyon sa a: “Kòm mwen konnen sa Sovè m nan te fè pou mwen – gras Li lè li tap soufri pou peche m yo ak lè li te pase pa lanmò pou m ka viv ankò – mwen santi se yon privilèj pou mwen pou m fè ti sakrifis yo mande pou m fè nan sèvis Li a. Mwen vle pataje konpreyansyon li ban mwen an.” Kijan nou fè konvenk disip Jezikri sa yo pou yo sèvi? Jan yon pwofèt te eksplike a: “Nou [jis] mande yo.”7

Lòt sakrifis ki soti nan sèvis misyonè se sakrifis moun ki aji sou ansèyman misyonè yo e ki vin manm Legliz la. Pou anpil konvèti, sakrifis sa yo gen anpil siyifikasyon, pami yo pèt zanmi ak asosyasyon fanmi.

Sa gen dèzane, moun nan konferans sa a te tande pale de yon jenòm ki te jwenn levanjil retabli a pandan li tap etidye nan Etazini. Lè l ta pral retounen nan peyi l, Prezidan Gordon B. Hinckley te mande l kisa ki tap rive lè l retounen lakay li kòm Kretyen. Jenòm nan te reponn: “Fanmi m ap desi. Yo ka mete m deyò epi konsidere m kòm yon moun ki mouri. Pou sa ki konsène avni mwen ak karyè mwen, tout opòtinite kapab fèmen devan m.”

Prezidan Hinckley te mande l: “Èske ou dispoze pou peye gwo pri sa a pou levanjil la?

Avèk dlo nan je, jenòm nan te reponn: “Li vrè, pa vre?” Lè sa te konfime pou li, li te reponn: “Enben, ki lòt bagay ki konte?”8 Sa a se espri sakrifis pami anpil nan nouvo manm nou yo.

Lòt egzanp sèvis ak sakrifis parèt nan lavi manm fidèl k ap sèvi nan tanp nou yo. Sèvis nan tanp se bagay karakteristik a Sen Dènye Jou yo sèlman, men tout Kretyen ta dwe konprann siyifikasyon sakrifis sa a. Sen Dènye Jou yo pa gen tradisyon sèvis nan yon monastè, men nou kapab toujou konprann ak onore sakrifis moun ke lafwa Kretyen yo motive pou yo konsakre lavi yo pou aktivite relijye sa a.

Sa fè sèlman ennan nan konference sa a, Prezidan Thomas S. Monson te pataje yon egzanp sakrifis an koneksyon avèk sèvis tanp lan. Yon papa Sen Dènye Jou fidèl nan yon zile rekile nan Pasifik la te fè gwo travay fizik di nan yon kote lwen pandan sizan pou l te kapab fè kòb ki te nesesè pou mennen madanm ni ak 10 piti li yo nan Tanp Nouvèl Zelann nan pou maryaj ak sèlman pou letènite. Prezidan Monson te eksplike: “Moun ki konprann benediksyon etènèl ki soti nan tanp lan konnen ke pa gen sakrifis ki twò gwo, pa gen pri ki twò lou, pa gen lit ki twò difisil pou moun resevwa benediksyon sa yo.” .”9

Mwen rekonesan pou bèl egzanp lanmou Kretyen, sèvis ak sakrifis mwen wè pami Sen Dènye Jou yo. Mwen wè nou k ap mayifye apèl nou yo nan Legliz la, souvan sa mande gwo sakrifis tan ak mwayen. Mwen wè nou ap sèvi misyon ak pwòp kòb pa nou. Mwen wè nou ap bay talan pwofesyonèl nou ak kè kontan nan sèvi pwochen nou. Mwen wè nou k ap pran swen pòv yo atravè efò pèsonèl ak nan sipò nou ofri pou antrèd ak èd imanitè Legliz la. .10 Tout sa demontre nan yon etid yo te fè nan peyi a ki te montre ke manm aktif Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo “volontè e bay anpil anpil plis pase Ameriken mwayen an e yo menm gen plis jenewozite nan tan ak lajan pase [20 pousan] nan tòp moun relijye yo nan Amerik la.”11 Egzanp sa yo fòtifye nou tout. Yo fè nou sonje ansèyman Sovè a:

Kalite egzanp sa yo nan bay lòt moun nan fòtifye nou tout. Yo raple nou ansèyman Sovè a:

“Si yon moun vle mache dèyè m, se pou l bliye tèt li …

“Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen, li va jwenn li ankò” (Matye 16:24–25).

IV.

Petèt egzanp sèvis dezenterese ak sakrifis ki pi familye ak pi enpòtan yo fèt nan fanmi nou. Manman yo konsakre tèt yo pou pote ak elve pitit yo. Mari yo konsakre tèt yo pou yo soutni madanm yo ak pitit yo. Sakrifis ki antre nan sèvis etènèlman enpòtan pou fanmi nou yo twòp pou nou ta mansyone yo ak twò familye pou yo ta bezwen mansyone.

Mwen wè Sen Dènye Jou ki pa egoyis ki ap adopte timoun tou, pami yo timoun ki gen bezwen espesyal, e ki ap chèche bay timoun ki sou kont leta yo espwa ak opòtinite ke sikonstans anvan yo pa t ba yo. Mwen wè nou k ap pran swen manm fanmi ak pwochen ki ap soufri depi yo fèt ak malfòmasyon, maladi mantal ak fizik ak efè avansman laj. Senyè a wè nou tou, e Li fè pwofèt Li yo deklare ke “lè nou sakrifye tèt nou youn pou lòt ak pou pitit nou yo, Senyè a ap beni nou.”12

Mwen kwè ke Sen Dènye Jou ki bay sèvis dezenterese e ki fè sakrifis nan adore Senyè a nan suiv egzanp li tache a valè etènèl yo plis ke nenpòt lòt gwoup moun. Sen Dènye Jou yo konsidere sakrifis tan yo ak mwayen yo kòm yon pati nan fòmasyon lekòl yo ak kalifikasyon yo pou letènite. Sa se yon verite ki te revele nan Lectures on Faith, ki anseye ke “yon relijyon ki pa egzije sakrifis tout bagay pa janm gen ase pouvwa pou l pwodui lafwa ki nesesè pou lavi ak sali…. Se atravè sakrifis sa a, e sa a sèlman, ke Bondye te òdone pou lòm jwi lavi etènèl.”13

Menm jan sakrifis ekspyatwa Jezikri a se sant plan sali a, noumenm ki ap suiv Kris la, nou dwe fè pwòp sakrifis pa nou pou nou rive nan destine plan an prepare pou nou an.

Mwen konnen Jezikri se sèl Pitit Gason Literal Bondye Papa Etènèl la. Mwen konnen ke gras ak sakrifis ekspyatwa L la, nou gen asirans imòtalite ak opòtinite pou lavi etènèl. Li se Senyè nou, Sovè nou, ak Redanmtè nou, e mwen rann temwayaj de Li nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Bruce R. McConkie, The Promised Messiah: The First Coming of Christ (1981), 218.

  2. “How Great the Wisdom and the Love,” Hymns, no. 195.

  3. “Praise to the Man,” Hymns, no. 27.

  4. Sarah Rich, in Guinevere Thomas Woolstenhulme, “I Have Seen Many Miracles,” in Richard E. Turley Jr. and Brittany A. Chapman, eds., Women of Faith in the Latter Days: Volume 1, 1775–1820 (2011), 283.

  5. Gordon B. Hinckley, “The Symbol of Our Faith,” Liahona and Ensign, Avr. 2005, 3.

  6. Gade Harold G. Hillam, “Sacrifice in the Service,” Ensign, Nov. 1995, 42.

  7. Gordon B. Hinckley, “The Miracle of Faith,” Liahona, July 2001, 84; Ensign, May 2001, 68.

  8. Gordon B. Hinckley, “It’s True, Isn’t It?” Tambuli, Oct. 1993, 3–4; Ensign, July 1993, 2; see also Neil L. Andersen, “It’s True, Isn’t It? Then What Else Matters?” Liahona and Ensign, May 2007, 74.

  9. Thomas S. Monson, “The Holy—a Beacon to the World,” Liahona and Ensign, May 2011, 91–92.

  10. Gade, pa egzanp, Naomi Schaefer Riley, “What the Mormons Know about Welfare,” Wall Street Journal, Feb. 18, 2012, A11.

  11. Ram Cnaan and others, “Called to Serve: The Prosocial Behavior of Active Latter-day Saints” (draft), 16.

  12. Ezra Taft Benson, “To the Single Adult Brethren of the Church,” Ensign, May 1988, 53.

  13. Lectures on Faith (1985), 69.