2010–2019
Leson Espesyal
Avril 2012


Leson Espesyal

Mwen espere ke n ap kontinye pote fado nou yo nobleman epi n ap lonje lamen bay moun nan pami nou k ap soufri yo. Mwen priye pou sa.

Pandan 20 mwa ki sot pase yo, fanmi m te gen benediksyon pou n te gen yon tibebe trè espesyal.

Pitit pitit nou an, Paxton, te fèt avèk yon gwo problèm maladi ki trè ra nan kwomozòm ni, yon iregilarite jenetik ki koz li diferan totalman avèk dè santèn milyon moun ki gen pwoblèm sa a. Pou pitit fi m nan ak mari li, yon sikonstans lavi chanje, ki pa t planifye, te kòmanse lè Paxton te fèt la. Eksperyans sa a te vin tounen yon tès difisil pou aprann leson espesyal ki liye avèk letènite yo.

Eldè Russell M. Nelson ki fèk sot pale avèk nou an, te ansenye:

“Pou anpil rezon nou jeneralman pa konnen, gen kèk moun ki fèt avèk andikap fizik. Kèk pati espesifik nan kò yo gen dwa pa nòmal. Sistèm biyolojik yo gen dwa pa fonksyone byen. Epi kò tout moun ekspoze anba maladi ak lanmò. Malgre sa, kado yon kò fizik la pa gen pri. …

Nou pa oblije gen yon kò fizik pafè pou nou atenn destine divin nou. Anfèt, kèk nan espri pi espirityèl yo loje nan kò fizik ki frèl. …

“Finalman, tan an ap vini kote ‘lespri a ... ak kò a pral reyini ankò nan ... yon fòm pafè; manm yo ak jwenti yo pral jwenn ansanm avèk kò a’ (Alma 11:43). Epi lè sa a, gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, n ap kapab vin pefeksyone nan Li.”1

Nou tout ki gen difikilte, sousi, desepsyon, oubyen chagren akoz yon moun pa nou, nou dwe konnen ke: avèk lanmou enfini ak konpasyon etènèl, Bondye Papa nou ki nan Syèl la renmen moun nou an ki aflije a e Li renmen nou tou!

Gen kèk nan nou ki kapab ap mande tèt nou, lè nou rankontre yon soufrans konsa, poukisa Bondye Toupuisan an kite bagay sa a rive? Epi apre, kesyon aparaman inevitab sa a, poukisa se mwenmenm sa rive? Poukisa nou dwe sibi maladi ak bagay ki andikape nou ouyen ki lakoz manm presye nan fanmi nou mouri bonè oubyen ki fè yo pase anpil ane nan soufrans konsa? Poukisa chagren sa yo?

Nan moman sa yo nou ka konsidere gwo plan bonè Papa nou ki nan Syèl la te kreye a. Plan sa a ki, lè yo te prezante l nan lavi premòtèl la, te fè nou tout pouse kri lajwa a.2 Pou m di sa pi senpleman, lavi sa a se yon fòmasyon pou egzaltasyon etènèl, e pwosesis sa a vle di tès ak eprèv. Se konsa sa te toujou ye, e pa gen pèsonn ki epanye.

Konfyans nan volonte Bondye se yon pati enpòtan nan lavi motèl la. Si nou gen lafwa nan Li, n ap resevwa pouvwa sakrifis ekspyatwa Kris la nan moman sa yo kote nou gen anpil kesyon an men pa tèlman gen anpil repons pou yo a.

Apre rezirèksyon li, lè l t al vizite kontinan ameriken an, Sovè nou an, Jezikri, te fè tout moun envitasyon sa a:

“Èske gen moun ki malad nan mitan nou? Mennen yo vini. Eske gen moun ki paralize, oubyen avèg, oubyen bwate, oubyen domaje, oubyen lepre, oubyen ki vyeyi, oubyen ki soud, oubyen ki aflije nan nenpòt fason. Mennen yo vini e m ap geri yo, paske m gen konpasyon pou nou; zantray mwen chaje avèk mizèrikòd. …

“Epi, se te konsa, lè l te fin pale konsa, tout foul la, ansanm, te vini avèk malad yo, ak moun aflije yo, ak moun domaje yo, avèk avèg yo, ak bèbè yo, epi ak tout moun yo ki aflije nan nenpòt fason; epi li te geri yo yonn apre lòt pandan yo te mennen yo ba li a.”3

Nou kapab jwenn gwo rekonfò nan pawòl sa yo “Tout moun yo … te avanse”—tout, frè m ak sè m yo. Nou tout fè fas ak pwoblèm. Epi apre, fraz sa a: “ki te aflije nan nenpòt fason.” Nou kapab wè de kisa l ap pale, pa vre?

Pa lontan apre presye Paxton te fin fèt, nou te konnen Papa nou ki nan Syèl la t ap beni nou ak ansenye nou leson espesyal. Pandan papa li avèk mwen te mete men nou sou ti tèt li pou nou bali premye nan tout pil benediksyon prètriz nou ba li yo, pawòl sa yo, ki nan Jan chapit 9 la, te vini nan lespri mwen: “pou pouvwa Bondye kapab manifeste nan li.”4

Pouvwa Bondye te reyèlman manifeste nan Paxton.

Nou aprann pasyans, lafwa, ak rekonesans atravè dous pouvwa sèvis, yon kantite lè chaje ak emosyon, kri konpasyon, ak priyè ak ekspresyon lanmou pou chè moun nou yo ki nan bezwen yo, espesyalman Paxton ak paran li.

Prezidan James E. Faust, ki te prezidan pye m lè m te piti, te di: “Mwen gen gwo apresyasyon pou paran eman sa yo ki kalmeman e bravman pote ak simonte soufrans yo ak chagren yo pou yon pitit ki fèt avèk andikap fizik ak mantal grav oubyen ki vin devlope bagay sa yo. Angwas sa a souvan kontinye chak jou, san rete, pandan tout lavi paran an oubyen timoun nan. Souvan, sa pote paran yo bay swen nourisan ekstraòdinè, lajounen kou lannuit. Gen anpil manman ki travay ni fizikman ni emosyonèlman pandan anpil ane pou rekonfòte ak soulaje soufrans yon pitit andikape.”5

Jan yo dekri nan Mozya a, nou temwen lanmou pi Sovè a bay fanmi Paxton, yon lanmou ki disponib pou nou tout: “Epi kounyeya, se te konsa, chay ki te sou Alma ak frè l yo te vin lejè; wi, Senyè a te fòtifye yo pou yo kapab pote chay yo alèz, e yo te aksepte avèk kè kontan ak pasyans, tout sa Senyè te vle.”6

Yon jou swa, apre nesans Paxton, nou te nan sèvis swen medikal entansif pou tibebe k fèk fèt yo nan bèl Sant Medikal Timoun Primè yo nan Salt Lake City, nan Utah, nou te emèveye pou kalite atansyon devwe, konplè doktè, enfimyè, ak oksilyè yo t ap bay. Mwen te mande pitit fi m nan kijan nou t ap janm kapab peye pou tout bagay sa yo e m te lanse yon chif konsa konsa pandan nou t ap eseye devine ki kantite kòb sa t ap ye. Yon doktè ki te kanpe tou pre a te di ke pri m nan te “ba anpil” e ke swen Paxton yo t ap grandman koute plis pase sa m te estime a. Nou te aprann ke pifò nan depans pou swen yo bay nan lopital sa a kouvri avèk don jenere tan ak lajan kontribisyon lòt moun bay. Pawòl li yo te ban m imilite pandan m t ap panse ak valè ti nanm piti sa a te genyen pou moun sa yo ki t ap siveye l avèk sitèlman prekosyon konsa.

Sa te raple m yon ekriti misyonè familye ki te pran yon nouvo siyifikasyon pou mwen: “Sonje, nanm yo genyen yon gwo valè nan je Bondye.”7

Mwen te kriye pandan m t ap medite sou lanmou san limit Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byenneme L la, Jezikri, genyen pou nou chak, pandan m t ap aprann nan yon fason pwisan ki valè yon nanm genyen, fizikman ak espirityèlman, pou Bondye.

Fanmi Paxton te aprann ke yo te antoure pa pil zanj terès ak selès ki t ap ede yo. Kèk te silansyezman vin ede lè bezwen epi retounen ale an silans. Lòt te vini nan pòt la pou pote manje, lave rad, mennen epi al chèche lòt timoun yo lekòl, rele nan telefòn pou bay ankourajman, e espesyalman priye pou Paxton. Konsa nou te aprann yon lòt leson espesyal: Si ou jwenn yon moun k ap nwaye, èske w ap mande l si l bezwen èd---oubyen èske l t ap pi bon pou w lage kò nou nan dlo a pou al sove li anba dlo pwofon yo? Pandan ke l souvan bay avèk bòn entansyon an, òf “Fè m konen si m ka ede w la,” pa reyèlman ede ditou.

Nou kontinye aprann valè enpòtan ki se pran konsyans de moun ki bò kote nou epi chèche konn sitiyasyon yo, pandan n ap aprann non sèlman enpòtans rann sèvis, men tou lajwa enspiran nou resevwa lè nou ede lòt moun.

Prezidan Thomas S. Monson, ki se yon gwo egzanp nan soulaje fado lòt moun, te di: “Bondye beni tout moun k ap eseye voye je sou pwochen yo, k ap bay pou amelyore soufrans, k ap fè efò, ak tout sa ki bon andedan yo, pou rann mond lan pi bon. Èske nou pa remake ke moun sa yo gen yon pi gwo souri? Pa yo pi fèm ak pi asire. Yo gen yon lè kontantman ak satisfaksyon ki antoure yo, paske yon moun pa kapab patisipe nan ede lòt moun san l pa fè eksperyans anpil benediksyon poukont pa l.”8

Menmsi n ap fè fas ak eprèv, advèsite, andikap, chagren, ak tout kalite lòt afliksyon, Sovè sousye ak eman nou an ap toujou la pou nou. Li pwomèt:

“Mwen pap kite nou poukont nou: Map vin jwenn nou. …

M’ap ban nou kè poze. M’ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p’ap ba nou li nan fason mond lan. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.”9

Ala nou rekonesan anvè Papa nou ki nan Syèl la pou bèl Paxton nou an. Atravè limenm, Senyè a manifeste travay li epi kontinye ansenye nou leson valab, sakre ak espesyal sa yo.

Mwen ta renmen fini avèk pawòl yon kantik m renmen anpil:

Nou tout anwole jiskaske konba a fini

Wi nou kontan! Wi nou kontan!

Sòlda nan lame a, gen yon gran rekonpans k ap tann nou;

N ap resevwa li alafen.10

Frè m ak sè m yo, espwa mwen ak priyè mwen se pou nou kontinye pote fado nou yo avèk kouraj epi lonje lamen bay moun nan pami nou k ap soufri e ki bezwen soulajman ak ankourajman. Se pou nou chak remèsye Bondye pou benediksyon l yo epi renouvle angajman nou pou Papa nou ki nan Syèl la, pou rann sèvis enb bay pitit Li yo. Nan non sakre Jezikri, amèn.