2010–2019
Anseye Pitit Nou Yo pou Yo konprann
Avril 2012


Ansenye Pitit nou yo Pou yo Konprann

Anseye pitit nou pou yo konprann se plis pase jis ba yo enfòmasyon. Sa ap ede pitit nou yo mete doktrin nan nan kè yo.

Pandan ane yo ap pase, anpil detay nan lavi mwen vin plis anplis vag, men kèk nan souvni m yo ki rete klè se nesans chak timoun nou yo. Syèl la te sanble toupre, e si m eseye, m ap kapab prèske santi menm santiman reverans ak mèvèy sa yo m te santi a chak fwa yo te mete timoun presye sa yo nan bra mwen.

Pitit se kado Bondye bay” (Psalm 127:3). Li konnen epi Li renmen yo chak avèk yon amou pafè (gade Mowoni 8:17). Ala yon responsablite Papa nou ki nan Syèl la mete sou nou antanke paran pou nou mete ansanm avèk Li nan ede espri chwazi sa yo vin sa Li konnen yon kapab devni a.

Privilèj diven sa a pou nou elve pitit nou yo se yon pigran responsablite pase sa nou kapab fè poukont nou, san èd Senyè a. Li konnen egzakteman sa pitit nou yo bezwen konnen, sa yo bezwen fè ak sa yo bezwen ye pou yo kapab retounen nan prezans Li. Li bay manman ak papa yo enstriksyon avèk gid espesyal atravè ekriti yo, pwofèt Li yo, epi Sentespri a.

Nan yon revelasyon nan dènye jou yo Li te bay Pwofèt Joseph Smith, Senyè a enstwi paran yo pou yo anseye pitit yo pou konprann doktrin repantans la, lafwa nan Kris la, batèm ak don Sentespri a. Note ke Senyè a pat jis di nou dwe “anseye doktrin nan”; enstriksyon Li se pou nou anseye pitit nou yo pou yo “konprann doktrin nan.” (gade D&A 68:25, 28; italik ajoute.)

Nan Som nou li, “Ban m’ lespri pou m’ ka obeyi lalwa ou, pou m’ fè sa l’ mande a ak tout kè mwen. (Som 119:34).

Ansenye pitit nou yo pou yo konprann se plis pase jis pataje enfòmasyon. Sa ede pitit nou yo mete doktrin nan nan kè yo yon fason pou li vin fè pati de yo menm epi pou l reflete nan atitid yo ak konpòtman yo atravè lavi yo.

Nefi te ansenye ke wòl Sentespri a se pou pote pawol la “ nan kè pitit lèzòm” (2 Nefi 33:1). Wòl nou antanke paran se pou nou fè tout sa nou kapab pou nou kreye yon atmosfè kote pitit nou yo kapab santi enfliyans Lespri a epi apresa ede yo rekonèt sa yo santi a.

Mwen sonje yon apèl telefonik mwen te resevwa plizyè ane pase de pitit fi nou an Michelle. Li te di avèk yon emosyon, “Manman, mwen fèk sot fè yon gwo eksperyans ekstraodinè avèk Ashley.” Ashley se pitit fi li ki te gen 5 an lè sa a. Michelle te dekri jou maten an kòm yon maten kerèl san rete ant Ashley ak Andrew ki te gen 3zan--youn pa t vle pataje epi lòt la t ap bay kou. Aprel te fin ede yo jere diskisyon an, Michelle te al tcheke tibebe a.

Touswit, Ashley te kouri rantre anndan an, ankolè paske Andrew pa t vle pataje. Michelle te raple Ashley angajman yo te pran nan sware familial la pou yo vin pi janti youn ak lòt la.

Li te mande Ashley si l te vle priye pou mande Papa nou ki nan Syèl la èd, men Ashley ki te toujou fache, te reponn, “Non.” Lè l te mande l si li kwè Papa nou ki nan Syèl la t ap reponn priyè li a, Ashley te di li pa konnen. Manman l te mande l pou l eseye epi li te pran men li jantiman epi mete ajenou avèk li.

Michelle te sigjere pou Ashley te mande Papa nou ki nan Syèl la pou ede Andrew pataje---epi ede li menm pou l vin janti. Lide pou Papa nou ki nan Syèl la ede ti frè l la pataje a dwe te atire enterè Ashley, e li te komanse priye, toudabò li te mande Papa nou ki nan Syèl la pou ede Andrew pataje. Pandan li tap mande l pou ede li vin pi janti, li te komanse kriye. Ashley te fini priyè a e li te foure tèt li kache sou zèpol manman li. Michelle te kenbe li epi l te mande li poukisa li t ap kriye a. Ashley te di li pa konnen.

Manman li te di, “Mwen panse m konnen poukisa w ap kriye a. èske santi w byen nan kè ou?” Ashley te sekwe tèt li wi, epi manman l te kontinye, “ Se Lespri a ki ede ou santi w konsa. Se fason Papa nou ki nan Syèl la pou di ou Li renmenm ou epi l ap ede ou.”

Li te mande Ashley si li kwè sa, si l kwè Papa nou ki nan Syèl la kapab ede li. Avèk ti je li yo ranpli ak dlo, Ashley te reponn wi.

Pafwa mwayen ki pi pwisan pou nou anseye pitit nou yo konprann yon doktrin se pou nou ansenye yo nan kontèks sa yap fè eksperyans la nan moman an menm. Moman sa yo natirèl, yo pa planifye, epi yo rive nan aktivite nòmal lavi familyal nou yo. Yo vini epi yo ale byen vit, konsa nou bezwen pi vijilan epi rekonèt yon moman ansèyman lè pitit nou yo vin jwenn nou avèk yon kesyon oubyen yon sousi, lè yon gen pwoblèm pou viv avèk frè ak sè yo oubyen zanmi yo, lè yo bezwen kontwole kolè yo, lè yo fè yon erè, oubyen lè yo bezwen pran yon desizyon. (Gade Ansèyman, pa gen pi gwo apèl: yon gid pou anseye levanjil la [1999], 140; Manyèl enstriktè pou klas maryaj ak relasyon familyal [2000], 61.)

Si nou prepare epi n kite Lespri a gide nou nan sitiyasyon sa yo, pitit nou yo ap resevwa ansèyman avèk pigran efè ak konpreyansyon.

Moman ansèman ki vini pandan nou byen planifye okazyon regilye tankou priyè familyal, etid ekriti anfami, sware familyal ak lòt aktivite familyal yo enpotan menmjan an tou.

Nan chak sitiyasyon pou ansenye, tout konesans ak tout konpreyansyon pi byen nouri nan yon atmosfè chalè ak lanmou kote Lespri a prezan.

Apeprè 2 mwa anvan pitit li yo te gen 8 an, yon papa te pran tan chak semèn pou l te prepare yo pou batèm. Pitit fi l la di lè sete tou pa li, li te bali yon jounal epi yo te chita ansanm, jis yo de a, epi yo te diskite ak pataje santiman yo sou prensip levanjil yo. Li te fè l desine yon èd vizyèl pandan l t ap grandi. Li te montre egzistans premòtèl la, lavi terès sa a, ak chak pa li bezwen pran pou retounen viv avèk Papa nou ki nan Syèl la. Li te rann temwanyaj li sou chak etap plan Sali a pandan l t ap ansenye l la.

Lè pitit fi l la te raple ekspesyans sa a lè l te fin gran, li te di, “Mwen pap janm bliye lanmou m te santi avèk papa m pandan l t ap pase tan sa a avèk mwen an… Mwen kwè ke eksperyans sa a sete yon gwo rezon k fè m te gen yon temwanyaj konsènan levanjil la lè m te batize.” (gadeAnsèyman, pa gen pi gwo apèl, 129.)

Ansenye pou konprann mande efò konstan ak detèmine. Sa mande ansèyman pa presèp epi pa legzanp e espesyalman nan ede pitit nou yo viv sa yo aprann nan.

Prezidan Harold B. Lee te ansenye, “Si nou pa fè eksperyans avèk yon prensip levanjil la an aksyon, li ... pi difisil pou nou kwè nan prensip sa a.” ( Ansèyman des présidents de l’église: Harold B. Lee [2000], 121).

Premye fwa m te aprann priye sete ajenou avèk fanmi m nan priyè familyal. Mwen te aprann langaj lapriyè a pandan m tap koute paran mwen priye epi pandan yo t ap ede m di premye priyè m yo. Mwen te aprann ke m te kapab priye Papa nou ki nan Syèl la epi mande l pou gide m.

Chak maten san manke yon jou, manman m ak papa m te konn reyini nou ansanm bò tab nan kizin nan anvan dejene, epi nou te konn mete ajenou pou priyè familyal. Nou te konn priye nan chak repa. Nan aswè anvan nou al kouche, nou te konn mete ajenou ansanm nan salon an epi nou klotire jounen an avèk priyè familyal.

Byenke gen anpil bagay mwen pat konprann sou lapriyè lè m te timoun, sa te vin sitèlman fè pati lavi mwen ke l toujou rete avèk mwen. Mwen toujou kontinye ap aprann e konpreyansyon m sou pouvwa priye toujou kontinye ap grandi.

Eldè Jeffrey R. Holland te di, “Nou tout konprann ke siksè mesaj levanjil la depann sou ansenye l epi apresa konprann ni epi apresa viv li yon fason pou pwomès bonè ak sali a kapab reyalize” (“Teaching and Learning in the Church” [worldwide leadership training meeting, Feb. 10, 2007] Liahona,, Jen 2007, 57; Ensign,, Jen 2007, 89).

Aprann konpran doktrin levanjil la totalman se yon prosesis tout yon lavi e li vini “ liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon, ti moso isit, ti moso lòtbò” (2  Nefi 28:30). Pandan timoun yo ap aprann epi aji sou sa yo aprann nan, konpreyansyon yo ap grandi, sa k ap bayo plis konesans, plis aksyon, ak menm yon konpreyansyon pi dirab.

Nou kapab konnen pitit nou yo kòmanse konprann doktrin nan lè nou wè sa revele nan atitid yo ak aksyon yo san nou pa fòse yo oubyen pwomèt yo rekonpans. Pandan pitit nou yo ap aprann konpran doktrin levanjil yo, y ap vini pi endepandan ak pi responsab. Yo vin fè pati solisyon pwoblèm familyal nou epi yo pote yon kontribisyon pozitif nan anviwonman fwaye nou ak siksè fanmi nou.

N ap ansenye pitit nou yo pou yo konprann lè nou pwofite de chak sitiyasyon pou nou ansenye, envite Lespri, bay egzanp epi ede yo viv sa yo aprann nan

Lè nou gade nan je yon timoun piti, nou sonje chan sa a:

M se pitit Bondye

E fò m konn tout bagay;

Ede m pou m to konprann pawòl li

Anvan li vin twò ta

Kondi m, gide m, mache kote m,

Ede m jwenn wout la,

Aprann mwen tout sa m dwe fè

Pou m viv avè l yon jou.

(“I Am a Child of God,” Hymns, no. 301; italik ajoute)

Se pou nou fè konsa. Nan non Jezikri, amèn.