2010–2019
Gras pou Bondye
Avril 2012


Gras pou Bondye

Sa t ap sitèlman pi bon si tout moun te ka pi konsyan de pwovidans ak lanmou Bondye epi eksprime l rekonesans pou sa.

Chè frè m ak sè m yo, nou di nou mèsi pou soutyen nou ak devouman nou. Nou eksprime rekonesans nou ak lanmou nou pou nou chak.

Sa pa gen twò lontan, mwenmenm ak Sè Nelson tap admire bote pwason tropikal ki te nan yon ti akwaryòm prive. Pwason yo te gen anpil bel koulè epi te gen yon kantite pwason tout fòm ak tout dimansyon ki tap naje nan tout direksyon. Mwen te mande responsab akwaryòm nan ki te tou pre m, “Kiyès ki bay bèl ti pwason sa yo manje?”

Li te reponn: “Se mwenmenm.”

Epi mwen te di: “Èske yo janm di w mèsi”?

Li te reponn: “Yo poko!”

Mwen te panse nan moman sa a kèk moun mwen konnen ki pa yo menm tou bliye Kreyatè yo a ak veritab ”pen lavi yo” a.1 Yap viv chak jou san yo pa konnen Bondye ak bonte L pou yo.

Ala bon li tap bon si tout moun te konn pouvwa diven ak lanmou Bondye e si yo te gen rekonesans pou Li. Amon te anseye: ”An nou di Bondye mèsi paske li fè lajistis pou tout tan.”2 Nivo rekonesans nou se yon mezi lanmou nou pou Li.

Bondye se Papa lespri nou yo.3 Li gen yon kò chè ak zo ki glorifye, ki pafè.4 Nou te viv avèk li nan syèl la anvan nou te fèt.5 E lè li te kreye nou fizikman, nou te kreye dapre imaj Bondye, nou chak avèk kò pa nou.6

Panse a nouriti fizik yo. Se vrèman yon bagay ki sot nan syèl. Nesesite pou nou jwenn lè, manje, ak dlo tout bagay sa yo vin jwenn nou kòm kado Papa nou ki nan Syèl la ki renmen nou. Tè a te kreye pou te pèmèt nou fè ti vwayaj brèf nou an nan vi mòtèl la7 Nou te fèt avèk kapasite pou nou grandi, renmen, marye, epi kreye fanmi.

Se Bondye ki òdone maryaj ak fanmi. Fanmi se inite sosyal ki pi enpòtan nan tan sa a e pandan letènite. Gras a gran plan bonè Bondye a, fanmi yo kapab sele nan tanp epi prepare yo pou yo retounen viv nan prezans sen Li an poutoutan. Sa se lavi etènèl! Li konble pi gran dezi lòm genyen—dezi natirèl pou viv pou tout tan avèk manm byeneme fanmi li.

Nou fè pati plan diven L lan. Li te: “Zèv mwen ak glwa mwen sereyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.”8 Pou nou ka rive nan objektif sa yo, “Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p ap pèdi lavi yo. Okontrè ya gen lavi ki p ap janm fini an.”9 Aksyon sa a se te yon manifestasyon diven lanmou Bondye. “Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l te kapab delivre yo.”10

Pwen santral plan ètènèl Bondye a se misyon Pitit Gason L lan, Jezikri.11 Li te vini pou sove pitit Bondye yo.12 Akozde Sakrifis Ekspaytwa Senyè a, rezirèsyon (oswa imòtalite) te vin tounen yon reyalite.13 Akozde Sakrifis Ekspyatwa a, lavi etènèl te vin tounen yon posiblite pou tout moun ki ta kalifye. Jezi te eksplike:

“Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.”

“Moun ki ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo pap janm mouri.”14

Pou Sakrifis Ekspyatwa Senyè a ak kado rezirèksyon L lan -- e pou bèl mesaj Pak sa a – nou di mèsi Bondye!

Don fizik yo

Papa nou ki nan Syèl la renmen pitit Li.15 Li ba yo don fizik ak don espirityèl. Kite m fè yon ti pale de yo chak. Lè nou ap chante “Je suis enfant de Dieu,” panse a kado kò fizik li ba nou an. Tout karakteristik ekstraòdinè ki nan kò nou yo pwouve nati divin nou.”16

Chak ògan nan kò nou se don ektsrawòdinè Bondye ba nou. Chak grenn je nou gen yon loup otomatik. Gen nè ak mis ki kontwole de je nou yo pou fè yo bay yon imaj ki gen twa dimansyon. Je yo konekte ak sèvo a ki anrejistre sa nou wè yo.

Kè nou se yon ponp enkwayab.17 Li gen kat vav delika ki kontwole direksyon sikilasyon san nou. Vav sa yo ouvè fèmen plis pase 100,000 fwa pa jou – 36 milyon fwa pa ane. Si pa gen okenn maladi ki deranje yo, yo kontinye gen kapasite sa a nèt ale.

Panse ak sistèm defans kò nou. Pou l ka pwoteje kò a, li idantifye doulè yo. Pou l fè fas ak enfeksyon, li jenere antikò. Po a bay pwoteksyon. Li bay avètisman kont malè bagay ki twò cho oubyen twò frèt kapab koze.

Kò a renouvle tout selil ki vyeyi epi li kontwole nivo tout eleman vital pa l yo. Kò a geri kote ki koupe, ki gen pwoblèm, ak zo ki kase. Kapasite pou nou fè pitit se yon lòt gwo don sakre Bondye ba nou.

Fòk nou sonje ke yon moun pa oblije gen yon kò pafè pou l rive nan destine diven li. Anfèt, kèk nan pi bèl espri yo abite nan kò ki fèb oswa enfim. Souvan gen gwo fòs espirityèl ki devlope kay moun ki gen pwoblèm fizik yo, egzakteman paske yo gen bagay yo manke.

Nenpòt moun ki fè etid sou fonksyònman kò moun ap ”wè Bondye ki ap deplase nan majeste ak puisans li.”18 Paske se lwa diven ki dirije kò a, tout gerizon se rezilta obeyisans a lwa benediksyon sa a repoze sou li a.19

Epoutan, gen kèk moun ki nan erè paske yo panse atribi fizik mèveye sa yo te rive pa aksidan oubyen se rezilta teyori syantifik sou kijan mond lan ak lavi te kreye. Poze tèt nou keksyon sa a ”Èske eksplozyon nan yon inprimri ka pwodui yon diksyonè?” Sa sanble lipapwobab ditou. Men si se te sa, li pa tap ka ranje pwòp paj dechire l yo oubyen fè pwòp nouvo liv pa l!

Si kapasite kò a pou l fonksyone nòmalman, pou l defann li, pou repare tèt li, epi pou l rejenere a te la pou kontinye san limit, lavi sou tè a tap kontinye pou tout tan. Wi, nou tap rete la sou tè a! Nan mizerikòd li pou nou, Kreyatè nou an te prevwa lavyeyès ak lòt pwosesis ki tap abouti finalman nan lanmò fizik nou. Menm jan ak nesans, lanmò fè pati lavi a. Ekriti yo anseye nou “Li te nesesè pou lèzòm te sòti anba lanmò tanporèl sa a, paske sa t ap detwi gwo plan bonè a.” 20 Retounen al jwenn Bondye pa pòt nou rele lanmò a se yon jwa pou tout moun ki renmen Li e ki prepare pou rankontre l.21 Finalman yon lè ap rive kote lespri ak…kò a pral reyini ankò nan…yon fòm pafè; manm yo ak jwenti yo pral jwenn ansanm avèk kò a nan plas nòmal yo,”22 pou yo pa janm separe ankò. Mèsi Bondye pout tout don fizik sa yo!

Don espirityèl yo

Osi enpòtan kò a ye, li se sèlman tabènak pou lespri etènèl nou. Espri nou te ekziste nan vi premòtèl la23 e lap kontinye viv apre kò a fin mouri.24 Lespri a bay kò a mouvman ak pèsonalite.25 Nan vi sa a ak nan vi ki ap vini apre a, espri ak kò, lè yo fin reyini, vin tounen yon nanm ki gen yon valè divin.

Paske espri yon moun tèlman enpòtan konsa, devlopman l gen yon enpòtans etènèl. Li fòtifye lè nou kominike avèk Papa nou ki nan Syèl la nan priyè ki enb.26

Tout atribi ki pral sèvi kòm baz pou yo jije nou yon jou yo espirityèl.27 Pami yo gen lanmou, lavèti, integrite, konpasyon, ak ran lòt moun sèvis.28 Espri nou ansanm avèk kò kote li abite a, kapab devlope e manifeste atribi sa yo nan fason ki vital pou pwogresyon etènèl nou.29 Nou atenn pwogrè espirityèl fèt pa mwayen lafwa, repantans, batèm, don Sentespri a, ak pèsevere jiskalafen, sa gen ladan l dotasyon ak sèlman òdonans ki fèt nan tanp sen yo.30

Menm jan kò a bezwen manje chak jou pou l kontinye viv la, lespri a bezwen nouriti tou. Se verite etènèl ki nouri lespri a. Ane pase nou te selebre 400yèm anivèsè vèsyon Wa Jak Sent Bib la. E nou gen liv Mòmon an depi prèske 200 zan. Liv Mòman an tradui kounyeya nan 107 lang. Gras ak liv sa yo ak tout lòt ekriti sakre yo, nou konnen Bondye se Papa Etènèl nou e Pitit Gason L lan, Jezikri, se Sovè nou ak Redanmtè nou. Pou tout don espirityèl sa yo, an nou di Bondye mèsi!

Don levanjil yo

Nou konnen pwofèt anpil dispansasyon tankou Adan, Noye, Moyiz, ak Abraam, tout bay ansèman sou divinite Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Se Papa nou ki nan syèl ak Jezikri ki te kòmanse dispansasyon pa nou an lè yo te parèt devan Pwofèt Joseph Smith an 1820. Legliz la te òganize an 1830. Kounyeya, 182 zan apre, nou rete anba alyans pou nou pote levanjil la nan “chak nasyon, tribi, lang, ak pèp.”31 Lè nou fè sa, ni moun ki ap bay levanjil la ni moun ki ap resevwa l yo ap beni.

Nou gen responsabilite pou nou anseye tout pitit Li epi pou n fè yo konn Bondye. Sa gen trè lontan, Wa Bejamen te di:

“Kwè nan Bondye; kwè li egziste, kwè li te kreye tout bagay nan syèl la ak sou tè a; kwè li gen tout sajès, ak tout pouvwa, ni nan syèl la ni sou tè a; …

“...; Kwè nou dwe repanti pou peche nou yo, abandone yo, epi imilye tèt nou devan Bondye; mande avèk yon kè sensè pou l padone nou; e kounyeya, si nou kwè tout bagay sa yo, pratike yo.”32

Bondye se menm moun nan yè, jodi a, ak pou tout tan, men se pa menm ka a pou nou. Chak jou, nou devan defi pou nou gen aksè a pouvwa Ekspyasyon an pou nou ka vrèman chanje, pou nou vin pi sanble avèk Kris la, epi pou nou kalifye pou don egzaltasyon an e viv etènèlman avèk Bondye, Jezikri, ak fanmi nou yo.33 Pou tout pouvwa sa yo, privilèj sa yo, ak don levanjil yo, mèsi Bondye!

M ap temwaye ke Li vivan, ke Jezi se Kris la, e sa a se Legliz Li, ki retabli nan dènye jou sa yo pou akonpli desten diven li. Se Presidan Thomas S. Monson ki ap dirije nou jodi a. Nou renmen l e nou soutni li ak tout kè nou, menm jan nou soutni konseye l yo ak Douz Apot yo kòm pwofèt, vwayan ak revelatè. Mwen temwaye sa nan non sakre Jezikri, amèn.