2010–2019
Pou nou ka jwenn moun ki pèdi yo
Avril 2012


Pou nou jwenn moun ki pèdi yo

Si nou chèche viv levanjil la ak doktrin Kris la, Sentespri a ap gide nou, nou menm ansanm ak fanmi nou.

Frè m ak sè m yo, selon ekriti yo, Lyawona a sete “yon boul won, ki te byen fèt” ki te gen de zegwi andedan boul la, e youn ladan yo te pwente nan direksyon fanmi Leyi te dwe ale nan dezè a (1 Nefi 16:10).

M panse m konn poukisa Leyi te etone anpil konsa a lè l te fè k wè l la paske m sonje reyaksyon m te genyen premye fwa m te wè yon GPS. Pou mwen, sete yon aparèy modèn “ki te byen fèt.” M toujou pa menm ka imajine ke ti aparèy piti sa a, kote l ye nan telefòn mwen an, kapab endike egzakteman ki kote m ye e di m egzakteman kòman pou m rive kote m vle ale a.

Pou mandanm mwen Barbara avèk mwen, GPS la se yon benediksyon. Pou Barbara sa vle di li pa bezwen mande m pou m kanpe pou mande direksyon; e pou mwen menm li vle di ke m kapab gen rezon lè m di “Mwen pa bezwen mande okenn moun. M konnen egzakteman ki kote m prale.”

Frè m ak sè m yo, nou gen yon zouti aladispozisyon nou ki pi remakab toujou pase pi bon GPS la. Tout moun nan yon pwen nan lavi a, nan yon sèten degre, pèdi wout yo. Se gras ak enspirasyon Sentespri a nou kapab vin ramne an sekirite sou bon chemen an; e se sakrifis ekspyatwa Sovè a ki kapab ramne nou retounen lakay nou.

Nou ka aplike mo pèdi a pou tout sosyete osibyen ke pou chak moun endividyèlman. Jodi a n nap viv nan yon epòk kote pifò nan mond sa a pèdi chemen yo, patikilyèman nan zafè valè ak priyorite andedan fwaye yo.

100 tan pase, Prezidan Joseph F. Smith te konekte bonè dirèkteman avè fanmi, epi li te rekòmande nou pou nou konsantre tout efò nou ladann. Li te di: Pa kapab gen bonè reyèl si l separe de fwaye a. … Pa gen bonè san sèvis, e pa gen pi gran sèvis pase sa ki konvèti fwaye a fè l vin tounen yon enstitisyon divin e ki favorize ak pwoteje lavi familyal … Se fwaye a ki bezwen amelyorasyon” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph F. Smith [1998], 382, 384).

Se fwaye nou ak fanmi nou ki bezwen refòme nan mond sa a ki plis an plis materyèl ak monden an. Yon egzanp frapan se kwasans mank respè pou maryaj isit la nan Etazini. Nan kòmansman ane sa a, New York Times te rapòte ke “Pousantaj timoun ki fèt pa fi ki pa marye yo te atenn yon nouvo nivo ki wo anpil: plis pase mwatye nesans ki fèt pa fi Ameriken anba 30 an yo fèt andeyò maryaj” (Jason DeParle ak Sabrina Tavernise, “Unwed Mothers Now a Majority Before Age of 30,” New York Times, Fev. 18, 2012, A1).

Nou konnen tou ke nan Etazini, prèske mwatye nan koup ki marye yo divòse. Menm moun ki rete marye yo bliye fòtifye maryaj yo nan kite lòt bagay afekte relasyon familyal yo.

Sa ki egalman enkyetan tou se gouf k ap kontinye grandi ant rich yo ak pòv yo, ant moun k ap goumen pou prezève valè ak angajman familyal yo ak moun ki abandone bagay sa yo. Estatistik montre ke, moun ki gen mwens enstriksyon yo e ki pa konsekan, gen mwens revni yo, mwens enterese nan maryaj ak ale legliz e se plis yomenm ki enplike nan komèt krim ak fè pitit andeyò maryaj. E tandans sa yo osi twoublan nan pifò nan rès mond lan tou. (W. Bradford Wilcox and others, “No Money, No Honey, No Church: The Deinstitutionalization of Religious Life among the White Working Class,” available at www.virginia.edu/marriageproject/pdfs/Religion_WorkingPaper.pdf.)

Kontrèman ak sa anpil moun te panse, pwosperite, ak enstriksyon sanble yo konekte avèk yon pi gwo pwobablite nan zafè valè ak fanmi tradisyonèl.

Natirèlman, vrè kesyon an se osijè koz yo ak konsekansyo. Èske gen kèk sektè nan sosyete a ki gen pi gwo valè moral ak fanmi ki pi solid paske yo pi enstwi ak pi rich, oubyen èske yo pi enstwi ak pi richpaske yo gen valè moral ak fanmi ki solid? Nan Legliz mondyal sa a, nou konnen ke repons la se nan dezyèm opsyon an. Lè moun pran angajman relijye ak familyal nan prensip levanjil yo, yo kòmanse vin pi byen espirityèlman e souvan tanporèlman tou.

E nòmalman, sosyete yo jeneralman fòtifye lè fanmi yo ranfòse. Angajman anvè fanmi yo ak valè yo se koz fondamantal la. Prèske tout lòt bagay yo se konsekans. Lè koup yo marye epi yo pran angajman youn anvè lòt, yo grandman ogmante chans byennèt ekonomik yo. Lè timoun yo fèt nan lyen maryaj epi gen yon manman ak yon papa, chans yo ak pwobabilite reyisit pwofesyonèl yo ogmante anpil. E lè fanmi yo travay ansanm ak jwe ansanm, vwazinaj yo ak kominote yo fleri, ekonomi amelyore, epi y ap bezwen mwens èd nan men gouvènman an.

Konsa, move nouvèl la sèke destriksyon fanmi yo lakoz yon kantite pwoblèm ekonomik ak sosyal. Men bòn nouvèl la sèke, menmjan pou tout koz ak efè, pwoblèm sa yo kapab rezoud si sa ki lakoz yo a chanje. N ap rezoud pwoblem inegalite yo nan viv prensip ak valè ki kòrèk. Frè m ak sè m yo,koz ki pi enpòtan nan tout lavi nou an se fanmi nou. Si nou konsakre tèt nou nan koz sa a, n ap amelyore tout lòt aspè yo nan lavi nou e n ap vin, antanke yon pèp e antanke yon legliz, yon egzanp ak yon poto limyè pou tout moun sou tè a.

Men sa pa fasil nan yon mond kote kè yo tounen nan plizyè direksyon epi kote tout planèt la sanble l ap konstamman bouje ak chanje ak yon vitès nou pa t janm imajine anvan. Pa gen anyen ki rete menmjan an pou lontan. Stil, lamòd, ide popilè, verite politik, e menm konsepsyon byen ak mal yo tout ap chanje. Jan pwofèt Ezayi te predi a, byen pase pou mal, mal pase pou byen (see Ezayi 5:20).

Fose espirityèl yo vin pi gran toujou lè mal la vin menm pi twonpè ak sibtil epi l ap rale moun vin jwenn li tankou yon leman---tou kòm levanjil verite ak limyè a atire moun ki onèt nan kè yo ak moun ki respektab sou tè a k ap chèche sa ki bon e ki gen moral yo.

Nou menm, nou gen dwa piti nan kantite, men antanke manm Legliz sa a nou kapab travèse gwo gouf laj sa yo. Nou konnen pouvwa sèvis ki santre sou Kris la ki ramne pitit Bondye yo ansanm keseswa sikonstans espirityèl oswa ekonomik yo. Sa gen ennan, Premye Prezidans lan te envite nou pou nou patisipe nan yon jounen sèvis pou te komemore 75 an pwogram antrèd la, ki ap ede moun vin pi otonom. Manm nou yo atravè mond lan te bay dè milyon èdtan nan sèvis.

Legliz la se yon plas sekirite nan mitan lanmè move sa a, yon ankraj nan dlo chanjman ak divizyon twouble sa yo, epi yon poto limyè pou moun ki renmen lajistis epi k ap chèche li. Senyè a itilize Legliz sa a antanke yon zouti pou atire pitit li yo atravè tout mond lan vin nan pwoteksyon Levanjil li a.

Lespri Eli a, ki pa gen fwontyè, se yon gran pouvwa nan objektif Senyè a pou destine etènèl pitit Li yo. Nan pawòl Malachi yo, Lespri Sentespri a “gen pou l’ fè papa byen ankò ak pitit, pitit vin byen ankò ak papa” (Malachi 4:6).

Legliz la kanpe kòm yon egzanp nan fason li chanje kè e kòm yon enstriman pou byen nan mond lan. Pami manm Legliz ki marye nan tanp yo e ki ale regilyèman nan reyinyon Dimanch yo, to divòs la klèman mwens pase pa mond lan epi manm fanmi yo rete pwòch e yo an kominikasyon pi souvan. Sante fanmi nou pi byen, epi nou viv plizyè ane pi long pase mwayèn popolasyon an. Nou kontribiye plis nan resous finansye, nou rann plis sèvis bay moun ki nan bezwen yo, e nou gen plis chans pou fè plis etid siperyè. Mwen pale de bagay sa yo non pa pou vante tèt nou men pou temwanye ke lavi a pi bon (e gen plis lajwa) lè kè yo tounen vè fanmi yo ak lè fanmi yo viv nan limyè levanjil Kris la.

Konsa, kisa nou kapab fè pou nou pa pèdi? Premyèman, m ap sigjere nou pou nou etabli priyorite.. Mete tout sa n ap fè aleksteryè fwaye a an amomi avèk sa k ap pase andedan fwaye ou e pou youn soutni lòt. Sonje konsèy Prezidan Harold B. Lee a ke “Travay ki pi enpòtan ... n ap janm fè se andedan pwòp lakay nou” ( Enseignements des présidents de l’église B. Lee [2000], 134) ak Prezidan David O. McKay’ “Pa gen okenn siksè ki kapab ranplase echèk nan fwaye a.” (site nan J. E. McCulloch, Home: The Savior of Civilization [1924], 42; nan Conference Report, Avr. 1935, 116).

Oganize lavi pèsonèl nou pou nou jwenn tan pou lapriyè, pou ekriti yo ak aktivite familyal. Bay timoun yo responsablite nan fwaye a, sa k ap anseye yo kijan pou yo travay. Anseye yo ke viv levanjil la ap elwaye yo de salte, imoralite, ak vyolans entenèt, medya, ak jwèt videyo yo. Yo pap pèdi, e y ap pi byen prepare pou jere responsablite lè yo ba yo l.

Dezyèman, nou bezwen fè bagay yo nan bon lòd! Maryaj anpremye, epi fanmi apre. Twòp moun nan mond lan bliye lòd natirèl bagay yo epi yo panse yo ka chanje oubyen menm vire l fason pa yo. Ranplase tout krent nou yo avèk lafwa. Gen konfyans ke pouvwa Bondye a ap gide nou.

Noumenm ki poko marye, fè byen atansyon pou nou chèche konjwen etènèl nou an. Jènjan yo, sonje yon lòt bagay Prezidan Joseph F. Smith te di: “Seliba ..... [mete] nan lespri yon moun ide sipèfisyèl lide ke li dezirab paske li mande mwens responsablite. Fot reyèl la tonbe sou jènjan yo. Mank disiplin nan epòk nou an elwaye yo de chemen devwa ak responsablite yo. …Sè yo se viktim yo. …(e) yo t ap marye si yo te kapab, e ak kè kontan, yo t ap aksepte responsablite lavi familyal yo” (Gospel Doctrine, 5th ed. [1939], 281).

Epi noumenm jènfi yo, m ap ajoute ke nou menm tou nou pa dwe bliye responsablite sa a. Pa gen okenn karyè k ap banou plis satisfaksyon pase elve yon fanmi. E lè nou gen laj mwen, nap reyalize sa pi plis.

Twazyèman, mari yo ak madanm yo, nou dwe patnèegal ego nan maryaj nou. Li pwoklamasyon sou fanmi an pi souvan epi suiv li. Evite egzèse dominasyon enjis sou kèlkeswa fòm nan. Pa gen yon moun ki se chèf yon konjwen oswa yon pitit; Bondye se Papa nou tout e li banou privilèj pou nou gen pwòp fanmi nou, ki sete sèlman pa Li oparavan, pou ede nou vin menmjan avèk Li. Antanke pitit Li, nou dwe aprann nan fwaye a pou nou renmen Bondye e konnen ke nou ka mande L èd nou bezwen an. Nou tout, marye oubyen selibatè, kapab gen kè kontan epi rete yon soutyen andedan kèlkeswa fanmi nou genyen an.

Finalman, itilize resous familyalLegliz la genyen yo. Pou elve timoun yo, fanmi yo kapab konte sou èd pawas la. Soutni dirijan prètriz yo ak dirijan oksilyè yo epi travay avèk yo, epi pwofite tout avantaj pwogram Legliz la genyen pou jèn yo ak pou fanmi yo. Sonje yon lòt fraz enpòtan Prezidan Lee te di---Legliz la se echafo nou sèvi pou nou bati fanmi etènèl (gade Enseignements des présidents de l’église: Harold B. Lee [2000], 148).

Sepandan, si pou yon rezon kèlkonk, endividyèlman oubyen antanke fanmi, nou pèdi chemen nou, enben, nou bezwen sèlman aplike enstriksyon Sovè a ki nan Lik chapit 15 la, pou nou retounen sou bon chemen an. Ladan l, Sovè a pale sou efò yon bèje ki ap chèche yon mouton ki pèdi, sou yon fi ki ap chèche yon pyès kòb ki pèdi, ak akèy byenveni anfan pwodig la te resevwa lè l te retounen lakay li. Poukisa Jezi te ansenye parabòl sa yo? Li te vle nou konnen ke okenn nan p ap janm pèdi nan pwen pou nou pa ka jwenn wout nou ankò gras ak sakrifis ekpyatwa a ak ansèyman L yo.

Si nou chèche viv levanjil la ak doktrin Kris la, Sentespri a ap gide noumenm avèk fanmi nou. N ap gen yon GPS espirityèl pou toujou di nou ki kote nou ye ak ki kote nou prale. Mwen rann temwanyaj ke Redanmtè resisite limanite a renmen nou tout, e li te pwomèt ke si nou swiv li, l ap dirije nou an sekirite pou mennen retounen nan prezans Papa nou kin an Syèl la, konsènan sa mwen temwaye, nan non Jezikri, amèn.