2010–2019
Travayè yo nan Jaden Rezen an
Avril 2012


Travayè nan Jaden Rezen an

Tanpri koute enspirasyon Sentespri a k ap di nou kounyeya menm, nan moman sa a menm, ke nou dwe aksepte kado ekspyasyon Senyè Jezikri a.

Konsideran apèl ak relèv Pemyè Prezidans lan fèk sot anonse yo, èske m ka pale pou nou tout pou m di n ap sonje e n ap toujou renmen moun sa yo ki te sèvi si fidèlman yo, menmjan nou imedyatman renmen ak akeyi moun ki fèk aple yo. Nou prezante sensè remèsiman bay nou chak endividyèlman.

Mwen ta renmen pale sou parabòl Sovè a kote yon mèt jaden rezen “te soti granm maten al chache moun pou vin travay nan jaden rezen li an.” Apre l te fin anplwaye premye group la a 6h nan maten, li te retounen a 9h, a midi, epi a 3h nan apèmidi, pou l te anplwaye plis travayè paske te gen plis ijans pou rekòlt la. Ekriti a di li te retounen yon dènye fwa, “nan apeprè 5h nan aprèmidi) e li te anplwaye yon dènye gwoup moun. Epi, nan sèlman inèdtan apre, tout travayè yo te rasanble pou resevwa salè yo pou jounen an. Sa ki te siprann yo, tout moun tout te resevwa menm salè a malgre lè diferan yo te travay la. Imedyatman, moun ki te anplwaye anpremye yo te fache, yo te di: “Moun sa yo vin an dènye, yo travay yon sèl ti moman, epi ou peye yo menm lajan ak nou ki fatige kò n’ travay tout jounen anba chalè solèy la.”1 Lè m ap li parabòl sa a, petèt noumenm tou, menmjan ak travayè sa yo, nou santi gen yon enjistis ki fèt la a. Kite m brèfman pale sou bagay sa a.

Premyèman, li enpòtan pou nou note ke yo pa t tretepèsonn enjisteman la a. Premye travayè yo te dakò pou travay pou salè jounen an, e se sa yo te resevwa. Epitou, mwen ka sèlman imajine ke yo te trè rekonesan dèske yo te jwenn travay la. Nan tan Sovè a, yon moun mwayen ak fanmi li pat kapab fè otreman ke viv sou sa yo te fè pou jounen an. Si ou pat travay, oubyen fe jaden, oubyen peche pwason, oubyen vann, li te pwobab ke ou pa t ka manje. Paske te gen plis travayè disponib pase k te gen travay, premye mesye sa yo yo te chwazi a te gen plis chans pase tout gwoup travayè yo jou maten sa a.

Anfèt, si nou ta dwe santi senpati, li ta dwe omwen toudabò pou moun yopa t chwazi yo ki yomenm tou te gen bouch pou yo bay manje ak fanmi pou yo abiye. Kèk nan yo sanble pa janm gen chans jwenn travay. Nan chak vizit Mèt Jaden an pandan jounen a, yo te toujou wè se yon lòt moun yo te chwazi.

Men, pandan jounen an te pral fini, mèt jaden an te retounen yon senkyèm fwa avèk sa ki te yon dènye òf nan onzyèm èdtan an! Dènye travayè ki te pi dekouraje sa yo, ki te tande sèlman ke yo t ap trete yo san patipri, te aksepte travay san yo pa t menm konnen konbyen yo t ap touche, paske yo te konnen kenenpòt sa yo te bayo t ap pibon pase anyen ditou, ki se sa k te konn rive yo jiskaprezan. Apresa pandan yo te rasanble pou yo touche, yo te sezi lè yo te wè yo te resevwa menm lajan avèk tout lòt yo! Ala kontan yo dwe te kontan e ala yo dwe te trè, trè rekonesan! Siman yo pat janm jwenn yon kalite konpasyon konsa nan tout tan yo te konn pase ap chèche travay yo.

Se avèk konpreyansyon sa a de istwa ke m santi nou ta dwe konsidere plent premyè travayè yo. Jan mèt jaden an di yo (e m ap repete pou nou): “Zanmi, mwen pa fè nou okenn enjistis. Nou te antann pou yon pri jounen travay la, yon bon pri. Nou te kontan anpil lè nou te jwenn travay la, e mwen kontan fason nou te sèvi a. Mwen peye nou tout lajan nou. Pran lajan nou epi kontan pou benediksyon an. Kanta pou lòt yo,èske m pa gen dwa fè sa m vle ak lajan mwen?” Apresa li te poze kesyon pèsan sa a pou tout moun ki t ap tande lè sa a ak pou tout moun ki bezwen tande l kounyeya: “Poukisa sa fèoumal dèske m chwazi gen bon kè?

Frè m ak sè m yo, ap gen moman nan lavi nou kote yon lòt moun jwenn yon benediksyon sanzatann obyen resevwa yon rekonpans espesyal. Èske m ka priye nou pou nou pa santi nou blese--- e sètènman pou nou pa santi lanvi---lè yon bon bagay rive yon lòt moun? Nou pa diminye lè yon lòt moun jwenn plis. Nou pa nan yon konpetisyon youn kont lòt pou wè kiyès ki pi rich oubyen ki gen plis talan oubyen ki pi bèl oubyen ki pi beni. Kous la nou reyèlman ap patisipe a se yon kous kont peche, e sètènman lanvi se youn nan pi inivèsèl nan peche sa yo.

Epitou, lanvi se yon peche ki kolan. Evidamman nou soufri lè yon move bagay tonbe sou nou men lanvi mande pou nou soufri pou tout bon bagay ki tonbe sou chak mounnou konnen! Ala yon bèl bagay sa t ap ye---pou nou ta manje moso piman chak fwa yon moun bò kote nou jwi yon moman kontantman! San pale de chagren k ap tann nou alafen, lè nou vin reyalize ke Bondye jis ak mizèrikòdye, li bay tout moun ki kanpe avèk Li “tout sa l genyen,”2 jan ekriti a di a. Konsa, leson nimero en nan istwa Jaden Rezen Senyè a: lanvi, pa pale ak moun, kraze lòt mounpaelvepozisyon nou menmjan tou, diminye yon lòt moun pa amelyore imaj pa nou. Konsa, se pou nou janti, epi gen rekonesans dèske Bondye janti. Se yon bon fason pou nou viv.

Yon dezyèm pwen m ta renmen pran nan parabòl sa a se erè tris kèk moun ta ka fè si sa ta rive ke yo pa resevwa salè yo nanfenjounen an paske yo te preyokipe pa bagay yo te panse ki te pwoblèm nankòmansmanjounen an. Yo pa di nou nan ekriti a si te gen yon moun ki te voye lajan an nan figi mèt jaden an epi vire do l kite lajan an, men m sipoze ka gen youn ki te fè sa.

Frè ak sè byeneme m yo, sa k pase nan istwa sa a a 9:00, oubyen midi, oubyen 3:00 a pa enpòtan konpare avèk bèl peman plen jenewozite a yo te bay travayè yo nan fen jounen an. Fòmil lafwa a se kontinye, travay, asire ke w fini travay la, kite sousi premye lè yo--- ke yo reyèl oubyen imajinè---efase devan abondans rekonpans final la. Pa demere nan ansyen pwoblèm oubyen konplent---ni kont tèt pa nou ni kont pwochen nou ni menm, m ka ajoute, kont vrè Legliz vivan sa a. Grandè lavi nou, grandè lavi vwazen nou, ak grandè levanjil Jezikri a apral manifeste nan dènye jou a, menmsi moun pa toujou rekonèt grandè sa a okòmansman. Konsa, pa bay tèt nou pwoblèm pou yon bagay ki te pase a 9:00 dimaten lè gras Bondye ap eseye rekonpanse nou a 6:00 diswa---pe enpòt sa aranjamn travay nou an te ye pou jounen an.

Nou konsome sitèlman fòs ak enèji espirityèl ak emosyonèl nan kenbe san lache kont yon move nòt mizik nou te jwe nan yon konsè pyano nan anfans nou, oubyen yon bagay konjwen nou te di oubyen te fè sa gen 20 an, ke nou detèmine pou nou fè l peye pandan yon lòt 20 an, oubyen yon ensidan nan istwa Legliz la ki senpleman pwouve ke moun mòtèl ap toujou gen pou lite pou yo alawotè pil esperans imòtèl Bondye mete devan yo a. Menmsi youn nann konplent sa yo pa t kòmanse avèk ou, li ka fini avèk ou. E w pral gen yon gwo rekonpans pou kontribisyon sa a lè Mèt Jaden an va gade ou nan je epi kont yo fin regle nan fen jounen ou sou tè a.

Sa ki mennen m nan twazyèm ak dènye pwen m nan. Parabòl sa a---tankou tout lòt parabòl---se pa reyèlman osijè travayè oubyen salè pa plis ke lòt parabòl yo osijè mouton ak kabrit. Se yon istwa sou bonte Bondye, pasyans Li ak padon Li, ak sou Ekspyasyon Senyè Jezikri a. Se yon istwa sou jenewozite ak konpasyon. Se yon istwa sou lagras. Li demontre yon panse m te tande sa gen dèzane ke sètènman bagay Bondye pi renmen nan lefèt ke l se Bondye a se lajwa pou l gen mizèrikòd pou moun, espesyalman pou moun ki pa atann sa epi ki souvan santi ke yo pa merite sa yo.

Mwen pa konn kiyès nan gwo asanble sa a jodia ki gen bezwen pou tande mesaj padon an ki nan parabòl sa a, men, kèlkeswa jan ou ta panse l twò ta, kèlkeswa pil chans ou panse ke w rate, kèlkeswa pil erè ou santi ou te fè, oubyen talan ou panse w pa genyen, oubyen kèlkeswa lwen ou santi w deja ale lwen de lakay oubyen de fanmi ou oubyen de Bondye, mwen temwaye ou ke oupavwayaje depase limit amou diven an. Li pa posib pou ou desann piba pase kote limyè enfini sakrifis ekspyatwa Kris la kapab rive.

Keseswa ou pa fè pati relijyon sa a oubyen ou te avèk nou yon fwa epi ou pa t rete, pa gen anyen nan youn nan sa ou deja fè ki pa kapab defèt. Pa gen okenn pwoblèm ou paka simonte. Pa gen okenn rèv nan tan ak letènite sa a ki pa ka reyalize. Menmsi ou santi ou se dènye grenn travayè onzè a, Mèt Jaden an toujou kanpe la ap rele ou. “Apwoche avèk asirans [devan] fotèy lagras la,”3 epi lage kò w nan pye Sen Izrayèl la. Vini epi fete “san lajan ak san pri”4sou tab Senyè a.

Mwen espesyalman lanse yon apèl pou mari ak papa yo, detantè prètriz yo, oubyen fiti detantè prètriz yo, pou ke, menmjan Leyi te di a, nou: “Reveye! E leve soti nan pousyè a…e mete gason sou nou.”5 Se pa toujou konsa men souvan se gason yo ki chwazi pou pa reponn a apèl pou “vin anwole a.”6 Fi yo ak timoun yo souvan sanble yo pi dispoze. Frè m yo, avanse. Fè sa pou byen nou. Fè sa pou byen moun ki renmen nou yo epi k ap priye pou nou reponn yo. Fè sa pou byen Senyè a, Jezikri, ki te peye yon pri enkonparab pou fiti L vle nou genyen an.

Frè ak sè byeneme m yo, pou noumenm ki beni ak levanjil la depi dèzane paske nou te gen ase chans pou nou te jwenn ni bonè, pou noumenm ki vini nan levanjil la tikras pa tikras nan apre, epi pou noumenm---manm ak moun ki poko manm---ki ka petèt yon tijan retisan toujou, a nou chak, pou nou tout nèt, mwen temwaye de pouvwa transfòman lanmou Bondye pou nou ak mirak lagras Li. Li sousye pou lafwa nou finalman akeri a, e non pa pou kilè nan jounen nou te akeri lafwa sa a.

Konsa si nou te fè alyans, kenbe yo. Si nou pat fè yo, fè yo. Si nou te fè yo epi nou kraze yo, repanti epi repare yo. Lipa janm twò ta toutotan Mèt Jaden an di gen tan. Silvouplè koute enspirasyon Sentespri a k ap di nou kounyeya, nan moman sa a menm, ke nou dwe aksepte kado ekspyatwa Senyè Jezikri a epi jwi asosyasyon travay Li a. Pa ranvwaye sa pou pita. Se ta l ap ta. Nan non Jezikri, amèn.