2010–2019
Moun mizèrikòdye yo ap jwenn mizèrikòd
Avril 2012


Moun ki bay mizèrikòd yo ap jwenn mizèrikòd

Lè kè nou ranpli ak lanmou Bondye, nou vin “bon youn ak lòt, konpatisan, e nou youn padone lòt.”

Chè frè ak sè m yo, sa pa gen lontan m te resevwa lèt yon manman enkyèt ki te mande pou nou fè yon diskou nan konferans jeneral la sou yon sijè ki ap espesyalman ede de pitit li. Yon bagay te pase antre yo e yo te sispann pale youn ak lòt. Kè manman an te brize. Nan lèt la li te asire m ke yon mesaj nan konferans jeneral sou sijè sa a t ap rekonsilye pitit li yo, e tout bagay t ap anfòm.

Priyè sensè bon sè sa a sete jis youn nan plizyè demann m te resevwa nan dènye mwa sa yo ki fè m ta renmen di kèk mo jodia sou yon sijè ki bay gwo enkyetid---non sèlman pou yon manman enkyèt men pou anpil moun nan Legliz la tou, epi, anfèt, nan mond lan.

Mwen enpresyone pa lafwa manman eman sa a genyen nan lefèt ke yon diskou konferans ka ede geri relasyon ant pitit li yo. Mwen sèten ke konfyans li se pa sitèlman nan talan oratè yo men nan “predikasyon pawòl Bondye a,” ki gen yon “pi gwo pouvwa sou panse pèp la pase ... nenpòt lòt bagay.”1 Chè sè mwen, mwen priye pou Lespri a touche kè pitit ou yo.

Lè relasyon yo ap deteryore

Relasyon kontrent ak brize osi ansyen ke limanite limenm. Kayen sete premye moun ki te pèmèt kansè amètim ak mechanste anvayi ak kowonpi kè li. Li te nouri lanvi ak rayiman nan nanm ni e l te kite santiman sa yo grandi jiskaske l te fè bagay enkonsevab la—li te touye pwòp frè li epi l te vin tounen papa manti Satan yo nan pwosesis la.2

Depi premye jou sa yo lespri lanvi ak rayiman te mennen kèk moun nan istwa ki pi trajik yo nan listwa. Li te fè Sayil vire kont David, pitit gason Jakòb yo te vire kont frè yo Joseph, Laman ak Lemyèl te vire kont Nefi, e Amalickiah te vire kont Mowoni.

M imajine ke chak moun sou tè a afekte nan yon fason kèlkonk pa espri destriktè kontansyon, resantiman, ak revanj. Petèt menm gen moman kote nou rekonèt espri sa a nan nou menm. Lè nou santi nou blese, fache, oswa anvye, li pratikman fasil pou jije lòt moun, pou souvan jwenn move motivasyon pou aksyon yo, pou nou ka jistifye pwòp santiman resantiman pa nou.

Doktrin nan

Natirèlman, nou konnen sa pa bon. Doktrin nan klè. Nou tout depann de Sovè a, okenn nan nou pa ka sove san Li menm. Ekspyasyon Kris la enfini ak etènèl. Padon pou pechenouyo vini ak kondisyon. Nou dwe repanti, epi nou dwe dispoze pou padone lòt moun. Jezi te anseye: “Nou dwe padone youn lòt; paske yon moun ki pa padone ... li kondane devan Senyè a; paske pi gwo peche a rete nan li”3 epi “Benediksyon pou moun ki mizèrikòdye: paske y ap jwenn mizèrikòd.”4

Natirèlman, pawòl sa yo sanble yo pafètman rezonab---lè yo aplike pou yon lòt moun. Nou ka si klèman ak si fasilman wè move rezilta ki vini lèlòtmoun jije ak kenbe moun nan kè. E nou sètènman pa renmen lè moun jije nou.

Men lè se pou pwòp prejije ak plent pa nou, nou twò souvan jistifye tèt nou pou n pretann ke mekontantman nou an nòmal e jijman nou an fonde e l apwopriye. Byenke nou pa ka sonde kè yon lòt moun, nou asime ke nou konn rekonèt yon move motif oubyen menm yon move moun lè nou wè youn. Nou fè eksepsyon lè se pou pwòp mekontantman pa nou paske nou panse ke, nan ka pa nou an, nou gen tout enfòmasyon nou bezwen pou kenbe yon lòt moun nan kè.

Nan lèt li te voye bay Women yo, Apot Pòl te di ke moun ki pote jijman sou lòt yo “pa gen ekskiz.” Li eksplike ke moman nou jije yon lòt moun nan, nou kondane tèt pa nou, paske okenn moun pa san peche5Refize padone se yon peche grav---yon peche ke Sovè a te mete nou angad kont li. Pwòp disip Jezi yo te “chèche akizasyon youn kont lòt, epi yo pa t padone youn lòt nan kè yo; epi poutèt mal sa a, yo te aflije epi m te chatye yo anpil6

Sovè nou an pale si klèman sou sijè sa a ke pa gen okenn plas ki rete pou nou pote entèpretasyon pa nou. Li di: “Mwenmenm Senyè a, m pral padone moun m vle padone,” men apresa Li di: “... pou nou menm se yonegzijans pou nou padonetout moun.”7

Èske m ka ajoute yon ti nòt la a? Lè Senyè a mande pou nou padone tout moun nan---sa enkli padone tèt nou tou. Pafwa, nan tout moun ki nan mond lan, moun ki pi difisil pou nou padone a---osibyen petèt moun ki pi bezwen padon nou an---se moun k ap gade nou nan glas la, ki vle di pwòp tèt pa nou.

Pwen final la

Anfèt, nou ta ka itilize yon sèl grenn mo pou trete sijè pote jijman sou lòt moun nan. Lè se konsènan rayiman, tripotay, inyore, pase moun nan betiz, kenbe moun nan kè, oubyen anvi pou fè moun mal, tanpri aplike bagay sa a:

Sispann!

Se osi senp ke sa. Nou bezwen tou senpleman sispann jije lòt moun epi ranplase panse ak santiman jijman yo pa yon kè plen lanmou pou Bondye ak pou pitit li yo. Bondye se Papa nou. Nou se pitit li. Nou tout se frè ak sè. M pa konn egzakteman kijan pou m pale de pwen sa a ki se pa jije lòt moun nan avèk ase klète, pasyon, ak pèsyazyon pou fè l rete nan tèt nou. Mwen ka site ekriti yo, mwen ka eseye eksplike doktrin nan, e m ka menm site yon bagay ki te ekri sou yon machin m te wè sa pa gen lontan. Li te ekri nan do yon machin ke chofè a te parèt yon tijan wòf an aparans, men mo ki te ekri yo te anseye yon leson penetran. Li te di: “Pa jije m paske peche pa m diferan ak pa ou.”

Nou dwe rekonèt ke nou tout enpafè---ke nou tout se mandyan devan Bondye. Èske nou tout, nan yon moman oswa yon lòt, pa konn enbleman apwoche bò chèz mizèrikòd la pou priye pou n jwenn lagras? Èske nou tout pa konn swete avèk tout kè nou pou n jwenn mizèrikòd---pou n padone pou erè nou fè ak peche nou komèt?

Paske nou tout depann sou mizèrikòd Bondye, kijan nou ka refize lòt moun jwenn yon pòsyon lagras nou si dezespereman anvi pou tèt nou an? Frè ak sè byeneme m yo, èske nou pa dwe padone otan nou vle pou yo padone nou?

Lanmou Bondye

Èske sa difisil pou fè?

Wi, natirèlman

Padone tèt nou ak lòt moun pa fasil. Anfèt, pou pifò nan nou sa mande yon gwo chanjman nan atitid nou ak fason nou panse---menm yon chanjman nan kè. Men gen bon nouvèl. “Chanjman puisan”8 nan kè sa a se egzakteman sa levanjil Jezikri a la pou l pote nan lavi nou.

Kijan sa fèt? Atravè lanmou Bondye

Lè kè nou ranpli ak lanmou Bondye, yon bagay bon ak pi rive nou. Nou “Respekte kòmandman L yo; epi kòmandman L yo pa twò difisil pase sa. “Paske depi se pitit Bondye ou ye, ou ka gen batay la kont mond lan.”9

Plis nou kite amoun Bondye gouvène lespri nou ak emosyon nou---plis nou kite lanmou nou pou Papa nou ki nan Syèl la grandi andedan kè nou---se plis l ap fasil pou nou renmen lòt moun avèk amou pi Kris la. Si nou louvri kè nou bay chalè lanmou Bondye, fènwa ak fredi chirepit ak lanvi ap fini pa disparèt.

Kòm toujou, Kris la se egzanp nou. Nan ansèyman L yo osibyen nan lavi Li, li te montre nou chemen an. Li te padone mechan yo, vilgè yo, ak moun ki te chèche blese l ak fè l mal yo.

Jezi te di ke li fasil pou renmen moun ki renmen nou; menm mechan yo kapab fèsa. Men Jezikri te anseye yon lwa ki pi wo. Pawòl Li yo fè travèse syèk yo e yo aplike pou nou jodi a tou. Yo aplike pou tout moun ki vle vin disip Li. Yo aplike pou ou menm avèk mwen: “Renmen enmi nou yo, beni moun k ap pèsekite nou, fè byen pou moun ki rayi nou, lapriyè pou moun k ap maltrete nou ak pèsekite nou.”10

Lè kè nou ranpli ak lanmou Bondye, nou vin “janti youn ak lòt, youn gen bon kè pou lòt, youn padone lòt, menm jan Bondye te [padone nou] nan Kris la].”11

Amou pi Kris la kapab retire santiman animozite ak kòlè nan je nou, sa ki ap pèmèt nou wè lòt moun fason Papa nou ki nan Syèl la wè nou an: kòm moun mòtèl enpafè ki gen potansyèl ak valè ki depase kapasite imajinasyon nou. Paske Bondye renmen nou sitèlman, ke nou menm tou, nou youn dwe renmen ak padone lòt.

Chemen Disip la

Chè frè m ak sè m yo, konsidere kesyon sa yo kòm yon tèt pou tèt nou:

Èske ou kenbe yon bagay kont yon lòt moun?

Èske ou fè tripotay, menm lè sa w ap di a kapab vre?

Èske ou ekate, pouse, oubyen pini lòt moun poutèt yon bagay yo te fè?

Èske ou sekrètman anvye yon moun?

Èske ou anvi fè yon moun mal?

Si w reponn wi pou nenpòt nan kesyon sa yo, nou gen dwa aplike diskou de mo a m te pale anvan an: sispann sa!

Nan yon mond plen akizasyon ak fwadè, li fasil pou nou jwenn rezon pou youn rayi lòt ak trete lòt san respè. Men anvan nou fè sa, annou sonje pawòl Li menm ki se Mèt nou ak modèl nou an: “Se pou moun ki konnen l pa janm peche a ba l premye kout wòch la.”12

Frè m ak sè m yo, annou lage wòch nou yo atè.

Annou janti.

Annou padone.

Annou pale youn ak lòt pezibleman.

Annou kite lanmou Bondye ranpli kè nou.

“Annou fè byen ak tout moun.”13

Sovè a pwomèt: “Bay, Bondye va ba nou. La lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou. Paske menm mezi [nou sèvi] pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.”14

Èske pwomès sa a pa ta dwe ase pou fè nou toujou konsantre efò nou sou zak jantiyès, padon, ak charite olye de tout lòt konpòtman negatif?

Annou, antanke disip Jezikri, rann byen pou mal.15 Annou pa chèche revanj ni kite kòlè anvayi nou.

“Paske men sa k ekri: Bondye di se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj; se mwen menm sèl ki va ba yo sa yo merite.

“Konsa, si lenmi ou grangou, ba l manje; si l swaf dlo, ba l bwè. …

“Pa kite sa ki mal gen pye sou ou, okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal.”16

Sonje, alafen, se moun ki gen mizèrikòd k ap jwenn mizèrikòd.17

Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, kèlkeswa kote nou ye, annou fè yo rekonèt nou kòm moun ki “gen lanmou youn pou lòt.”18

Se pou youn renmen lòt

Frè m ak sè m yo, gen ase lapenn ak doulè nan lavi sa a san nou pa bezwen ajoute sou li pa mwayen pwòp tèt di, amètim ak resantiman nou.

Nou pa pafè

Moun bò kote nou yo pa pafè.19 Moun fè bagay ki anbete nou, ki desi nou, ki fè n fache. Nan lavi mòtèl sa a l ap toujou konsa.

Sepandan, nou dwe debarase n de plent nou yo. Yon pati nan bi mòtalite a se aprann kijan pou nou debarase n de bagay sa yo. Sa se fason Senyè a.

Sonje, syèl la ranpli ak moun ki gen bagay sa a an komen: Yo padone. Epi yo bliye.

Depoze fadon nou nan pye Sovè a. Pa fè jijman. Kite Sakrifis Ekspyatwa Kris la chanje ak geri kè nou. Se pou nou youn renmen lòt. Se pou nou youn padone lòt.

Moun ki mizèrikòdye y ap jwenn mizèrikòd.

Konsènan sa mwen temwaye nan non Li menm ki te renmen sib yen ak si totalman an ke L te bay lavi Li pou nou menm, zanmi Li---nan non sakre Jezikri, amèn.