2010–2019
Pouvwa delivrans la
Avril 2012


Pouvwa delivrans la

Nou kapab delivre anba bagay mal yo ak mechanste yo si nou tounen nou vè ansèyman yo ki nan Ekriti Sent yo.

Mwen gen yon trè bon zanmi ki voye yon kravat tou nèf ban mwen chak konferans jeneral pou m mete nan sesyon kote m pale yo. Li gen bon gou, pa vre?

Zanmi m nan gen kèk pwoblèm grav. Yo limite li nan kèk domèn, men nan lòt domèn li ekstraòdinè. Pa egzanp, odas li kòm misyonè ka konpare avèk pitit gason Mozya yo. Senplisite kwayans li rann konviksyon li enkwayabman fèm ak konstan. Mwen kwè nan espri Scott, li enpansab pou tout moun pa manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo e tout moun pa li Liv Mòmon an e pa gen yon temwayaj konsènan verasite li.

Kite m rakonte nou yon evènman nan lavi Scott lè l t ap fè premye vwayaj nan avyon poukont li pou l t al vizite frè li. Yon vwazen ki te chita toupre a te tande konvèsasyon Scott avèk yon moun ki te chita bò kote li:

“Alo, non m se Scott. Ki non pa w?”

Moun nan ki te chita kote l la te di non li.

“Ki metye w”?

“Mwen se enjenyè”.

“ Sa bèl. Ki kote w rete?”

“Las Vegas.”

“Nou gen yon tanp nan kote sa a. Èske w konnen ki kote tanp Mòmon an ye?”

‘Wi. Se yon bèl bilding.”

“ Èske w se Mòmon?”

“Non.”

“Enben, ou ta dwe Mòmon. Se yon gwo relijyon. Èske w li Liv Mòmon an?”

“Non.”

“Enben, ou ta dwe fè sa. Se yon gwo liv.”

Mwen toutafè dakò avèk Scott---Liv Mòmon an se yon gwo liv. Pawòl Pwofèt Joseph Smith yo ki site nan entwodiksyon Liv Mòmon an toujou sonnen nan tèt mwen: “M te di frè Legliz yo Liv Mòmon an se liv ki pi kòrèk pase tout lòt liv sou tè a, e li se fondman relijyon nou an, e si yon moun suiv presèp liv la, l ap vin pi pre Bondye pase si l suiv presèp nenpòt lòt liv.”

Ane sa a n ap etidye Liv Mòmon an nan klas Lekòldidimanch nou. Lè n ap prepare ak patisipe, se pou nou motive pou n suiv egzanp dirèk Scott la pou pataje lanmou nou pou ekriti espesyal sa yo avèk lòt moun yo ki pa manm legliz nou yo.

Yon tèm dominan Liv Mòmon an chita nan dènye vèsè premye chapit 1 Nefi a. Nefi ekri: “Men, mwen menm, Nefi, m ap montre nou, mizèrikòd byenveyan Senyè a sou tout moun li te chwazi, poutèt lafwa yo, pou l fè yo fò menm nan pouvwa delivrans” (1 Nefi 1:20).

Mwen ta renmen pale konsènan kijan Liv Mòmon an, ki se yon tand mezèrikòd Senyè a ki te prezève pou dènye jou sa yo, delivre nou nan anseye nou doktin Kris la nan yon fason ki pi ak “pi korèk.”

Anpil nan istwa nan Liv Mòmon an se istwa delivrans. Vwayaj Leyi nan dezè a avèk fanmi l la se te osijè delivrans anba destriksyon Jerizalem. Istwa Jaredit yo se yon istwa delivrans, menm jan ak istwa moun Milekit yo. Alma, pitit la, te delivre anba peche. Gèrye Elaman yo te delivre nan batay. Nefi ak Leyi te delivre soti nan prizon. Tèm delivrans lan evidan nan tout tout Liv Mòmon an.

Gen de istwa nan Liv Mòmon an ki sanble anpil e ki anseye yon leson enpòtan. Premye a se nan liv Mozya a, kòmanse nan 19vyèm chapit la. Ladan nou aprann konsènan Wa Limi ki t ap viv nan peyi Nefi a. Lamanit yo te deklare lagè kont pèp Limi an. Rezilta lagè a sèke Lamanit yo t ap pèmèt Wa Limi dirije pèp li a, men yo t ap nan esklavaj anba men yo. Se te yon lapè ki pa t fasil ditou. (Gade Mozya 19–20.)

Lè pèp Limi an te fatige avèk abi yo t ap sibi nan men Lamanit yo, yo te konvenk wa a pou l t al batay kont yo. Yo te pèdi batay la pandan twa fwa. Lamanit yo te mete chay lou sou yo. Finalman yo te imilye tèt yo epi yo te priye Senyè a ak tout kè yo pou l te delivre yo. (Gade Mozya 21:1–14.) Vèsè 15 nan chapit 21 an di nou repons Senyè a: “Epi kounyeya Senyè a te pran tan pou l tande kriye yo poutèt inikite yo; men, Senyè a te tande kriye yo, e li te kòmanse touche kè Lamanit yo pou yo te kapab kòmanse fè chay yo pi lejè; men Senyè a pa t wè l nesesè pou l delivre yo nan esklavaj.”

Yon ti kras tan apresa Amon ak yon ti gwoup gason k te soti Zarahemla te rive, epi avèk Jedeyon---youn nan dirijan pèp Limi an---yo te prepare yon plan ki te reyisi, epi yo te chape anba move tretman Lamanit yo. Senyè a te pran tan pou l te tande kri yo. Poukisa? Akoz inikite yo.

Dezyèm istwa a sanblab nan anpil aspè men li diferan tou. Resi a ekri nan Mozya 24.

Alma avèk pèp li a te abite nan peyi Elam nan, lè yon lame Lamanit te rive sou fwontyè peyi a. Yo te reyini epi yo te prepare yon solisyon pasifik. (GadeMozya 23:25–29.) Vit apresa, chèf Lamanit yo te kòmanse enpoze volonte yo sou pèp Alma a epi yo te mete chay lou sou do yo pou yo pote(gade Mozya 24:8). Nanvèsè 13 la nou li: “Epi, sete konsa, vwa Senyè a te fè yo tande l nan afliksyon yo, li te di: Leve tèt nou, e konsole nou paske m konnen ki alyans nou te fè avèk mwen; m ap fè alyans avèk pèp mwen an, e m ap delivre l anba esklavaj.”

Pèp Alma a te delivre anba men Lamanit yo epi an sekirite yo te retounen pou yo t al reyini avèk pèp Zaramen la a.

Ki diferans ki te genyen ant pèp Alma a ak pèp Wa Limi an? Nou ka wè, te gen anpil diferans: pèp Alma a te pezib e yo te pi jis; yo te deja batize epi yo te fè alyans avèk Senyè a; yo te imilye yo devan Senyè a menm avan tribilasyon yo te kòmanse. Tout diferans sa yo te fè l apwopriye ak jis pou Senyè a te delivre yo rapidman pa yon fason mirakile anba men men ki te kenbe yo nan esklavaj la. Ekriti sa yo anseye nou pouvwa delivrans Senyè a.

Pwofesi ki anonse lavi ak misyon Jezikri yo pwomèt nou delivrans l ap pote yo. Ekspyasyon L lan ak Rezirèksyon L lan bay nou tout yon delivrans anba lanmò fizik, epi si nou repanti, yon delivrans anba lanmò espirityèl, ki mennen avèk li lavi etènèl. Pwomès Ekspyasyon an ak Rezirèksyon an, pwomès delivrans anba lanmò fizik ak lanmò espirityèl la, Bondye ki te deklare yo bay Moyiz lè L te di: “Paske gade, sa a se travay mwen ak laglwa mwen – pou m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39 ).

Alopoze kwayans ki mayifikman prepare pou nou yo nan ekriti sent yo, nou jwenn fòs opoze layik yo ki an opozisyon avèk kwayans depi lontan yo ki nan ekri sent yo----ekri sa yo menm ki konn gide nou toutolon syèk yo pou defini valè ak prensip etènèl konduit pou tout lavi nou yo. Yo deklare ke ansèyman yo nan Bib la fo e ansèyman Mèt la pa alamòd ankò. Yo leve vwa yo pou di ke chak moun dwe gen libète pou fikse pwòp prensip pa li; yo eseye modifye dwa kwayan yo, kontrèman ak sa yo anseye nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt yo.

Ala yon benediksyon sa ye pou nou gen resi sou misyon Senyè nou ak Sovè nou an ki deklare nan Liv Mòmon an pou ajoute yon dezyèm temwayaj sou doktrin ki deklare nan Bib la. Poukisa li enpòtan pou mond lan gen ni Bib la ni Liv Mòmon an? Mwen kwè nou jwenn repons lan nan trèzyèm chapit 1 Nefi a. Nefi ekri: “Epi, zanj la te pale avèk mwen, li di: dènye rejis ou te wè nan pami Janti yo, pral table verite anvan yo, ki te soti nan men douz apot Ti Mouton an yo, e yo pral fè konnen pati klè epi presye ki te soti ladan yo a; e yo pral fè tout fanmi konnen, Ti Mouton Bondye a se Pitit Gason Papa Etènèl la, li se Sovè mond lan; epi tout moun dwe vin jwenn li, oubyen, yo pa kapab sove” (vèsè 40).

Ni Bib la ni Liv Mòmon an pa sifi si yo chak kanpe poukont you. Toulède nesesè pou nou pou anseye ak aprann dotrin total ak konplèt Kris la. Lefèt ke youn bezwen lòt la pa diminye youn ladan yo. Toulède, Bib la ak Liv Mòmon an, nesesè pou sali nou ak egzaltasyon nou. Jan Prezidan Ezra Taft Benson te si byen anseye a: “Lè yo itilize ansanm, Bib la ak Liv Mòmon an, konfonn doktrin fos yo (“A New Witness for Christ,” Ensign, Nov. 1984, 8).

Mwen vle fini avèk de istwa---youn nan Ansyen Testaman an, lòt la nan Liv Mòmon an---pou montre kijan liv sa yo si byen fonksyone ansanm an amoni.

Istwa Abraram nan kòmanse avèk delivrans li anba men Kaldeyen nan idolatri yo (gade Jenèz 11:27–31; Abraam 2:1–4). Limenm ak madanm ni, Sara, te delivre anba chagren yo nan apre epi yo te resevwa pwomès ke atravè desandan yo tout nasyon sou tè a t ap beni (gade Jenèz 18:18).

Ansyen Testaman an gen resi kote Abraram te pran Lo, neve li, avèk li pou kite peyi Ejip. Lè l te bay Lòt chwazi anpremye nan ki peyi yo chak ta prale, Lòt te chwazi plèn Jòuden an, epi li te kanpe tant li anfas Sodòm, yon vil ki te plen mechanste (Gade Jenèz 13:1–12.) Pifò nan pwoblèm Lòt te rankontre nan lavi l nan apre, e yo te anpil, te soti nan premye desizyon sa a pou l te mete pòt tant li anfas Sodèm nan.

Abraram, papa fidèl yo, te viv diferan. Byensi l te gen anpil pwoblèm, men li te gen yon lavi beni. Nou pa konn nan ki pozisyon pòt tant Abraram nan te ye, men gen yon gwo ide sou sa nan dènye vèsè chapit 13 liv Jenèz la. Li rapòte: “Se konsa, Abraram ranmase tout zafè l, li vin rete bò pye bwadchèn Manmre yo, toupre Ebron. Se la li te bati yon lotèl pou Senyè a” (Jenèz 13:18).

M pa reyèlman konnen, mwen kwè pèsonèlman ke pòt tant Abraram nan te fè fas ak lotèl li te bati pou Senyè a. Kòman m fè rive nan konklizyon sa a? Se paske m konnen istwa Liv Mòmon an sou enstriksyon Wa Benjamen te bay pèp li a lè yo te rasanble pou koute dènye diskou l la. Wa Bejamen te enstwi yo pou yo te mete pòt tant yo anfas tanp lan (gade Mozya 2:1–6).

Nou kapab delivre anba anpriz mal ak mechanste si nou vire nou vè ansèyman yo nan ekriti sent yo. Sovè a se gran Liberatè a, paske li delivre nou anba lanmò ak anba peche (gade Women 11:26; 2 Nefi 9:12).

Mwen deklare ke Jezi se Kris la e nou kapab pwoche pi pre li si nou li Liv Mòmon an. Liv Mòmon an se yon lòt temwayaj konsènan Jezikri. Premye temwayaj konsènan Jezikri a se Ansyen ak Nouvo Testaman---ki se Bib la.

Ankò, kite m raple deskripsyon zanmi mwen, Scott, konsènan Liv Mòmon an: “Se yon gwo liv.” E mwen temwaye nou ke pifò nan grandè Liv Mòmon an soti nan fason li an amoni avèk Bib sent lan, nan non Jezikri, amèn.