2010–2019
Pouvwa syèl yo
Avril 2012


Pouvwa syèl yo

Detantè Prètriz yo, jèn kou granmon, bezwen otorite ak pouvwa a: pèmisyon nesesè a ak kapasite espirityèl pou reprezante Bondye nan travay sali.

Frè byeneme m yo, mwen rekonesan dèske nou ka adore ansanm antanke yon gwo gwoup detantè Prètriz. Mwen renmen nou e m admire nou pou diyite nou ak enfliyans benefik nou nan tout mond lan.

M ap envite nou chak pou n konsidere kijan nou ta reponn kesyon sa a Prezidan David O. McKay te poze manm Legliz yo sa gen dèzane: “Si nan moman sa a yo ta mande nou chak pou deklare trè karakteristik Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nan yon sèl fraz, kisa repons nou t ap ye?” (“The Mission of the Church and Its Members,” Improvement Era, Nov. 1956, 781).

Repons Prezidan McKay te bay pou pwòp kesyon l lan sete “otorite divin” Prètriz la. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo kanpe diferan de lòt legliz yo, ki deklare ke otorite yo soti nan siksesyon istorik, nan ekriti yo, oubyen nan fòmasyon teyolojik. Nou deklare klèman ke otorite prètriz sa a te konfere sou Pwofèt Joseph Smith pa enpozisyon men, dirèkteman nan men mesaj selès.

Mesaj mwen an santre sou prètriz divin sa a ak pouvwa syèl yo. Mwen priye sensèman pou Lespri Senyè a ede nou pandan ke ansanm n ap aprann sou verite enpòtan sa yo.

Otorite ak pouvwa Prètriz la

Prètriz sa a se otorite Bondye delege bay lèzòm sou tè a pou aji nan tout bagay pou sali limanite (gade Spencer W. Kimball, “The Example of Abraham,” Ensign, Jen 1975, 3). Prètriz la se mwayen Senyè a itilize pou aji atravè gason yo pou sove nanm. Youn nan karakteristik ki defini Legliz Jezikri a, ni nan ansyen tan an ni jodia, se otorite Li. Pa ka gen veritab Legliz san otorite divin.

Gason òdinè resevwa otorite Prètriz la. Se diyite ak bòn volonte---non pa eksperyans, konpetans, oswa fòmasyon---ki se kalifikasyon pou òdinasyon nan Prètriz la.

Fason pou jwenn otorite prètriz la dekri nan senkyèm Atik Lafwa a: “Nou kwè yon nonm dwe resevwa apèl nan men Bondye, pa mwayen pwofesi, epi pa enpozisyon men, nan men moun ki gen otorite, pou preche Levanjil la epi pou administre òdonans Levanjil yo.” Konsa, yon tigason oswa yon gason resevwa otorite prètriz la epi òdone nan yon ofis espesifik pa yon moun ki deja gen prètriz la epi ki otorise pa yon dirijan ki detni kle prètriz nesesè yo.

Yo atann pou yon detantè Prètriz egzèse otorite sakre sa a an akò avèk lespri, volonte ak objektif sakre Bondye. Nan Prètriz la anyen pa egoyis. Prètriz la toujou itilize pou sèvi, pou beni, ak pou fòtifye lòt moun.

Nou resevwa Prètriz ki pi wo a pa yon alyans solanèl ki enkli obligasyon pou aji nan otorite (gade D&A 68:8) ak ofis (gade D&A 107:99) nou resevwa a. Antanke detantè otorite sakre Bondye, nou la pou nou aji e non pa pou moun fè nou aji (gade 2 Nefi 2:26). Prètriz la nòmalman aktif olye l pasif.

Prezidan Ezra Taft Benson te anseye:

“Li pa ase pou n resevwa prètriz la epi apresa nou chita nan fotèy nou ap tann pou yon moun pouse nou alaksyon. Lè nou resevwa Prètriz la, nou gen obligasyon pou n vin aktivman ak sensèman angaje nan fè avanse kòz lajistis la sou tè a, paske Senyè a di:

“‘...Yon moun ki pa fè anyen jistan yo kòmande l, epi ki resevwa kòmandman avèk yon kè ki gen dout, epi ki kenbe l avèk pares, moun sa a dane” [D&A 58:29]” (So Shall Ye Reap [1960], 21).

Prezidan Spencer W. Kimball te mete aksan sou nati aktif prètriz la tou. “Yon moun kraze alyans prètriz la nan transgrese kòmandmanmen tou nan neglije devwa li. Se poutèt sa, pou yon moun kraze alyans sa a, li sifi pou l pa fè anyen” (Le miracle du pardon [1969], 96).

Lè nou fè sa nou kapab pou ranpli responsablite nou yo nan prètriz la, nou ka gen benediksyon pou jwi pouvwa prètriz la. Pouvwa prètriz la se pouvwa Bondye ki an aksyon atravè gason ak tigason tankou nou menm epi li mande fidelite, obeyisans, dilijans, ak lajistis pèsonèl. Yon tigason oswa yon gason kapab resevwa otorite prètriz la pa enpozisyon men men l pa p gen okenn pouvwa prètriz si l dezobeyi, si l pa diy, oubyen si l pa dispoze pou sèvi.

“Dwa prètriz yo makonnen seresere avèk pouvwa syèl la, epi .... the pouvwa syèl la pa kapab kontwole ni manipile san se pa avèk prensip lajistis.

“Yo kapab konfere sou nou, se vre; men, lè nou deside pou nou kouvri peche nou yo, oubyen pou nou pran plezi nan lògèy nou yo, oubyen anbisyon vanite nou yo, oubyen pou nou egzèse kontwòl oubyen dominasyon oubyen presyon sou nanm pitit lèzòm, nan nenpòt degre enjistis, gade, syèl la wete tèt li; Lespri Senyè a atriste; epi lè Bondye wete l, Amèn pou prètriz la oubyen otorite nonm sa a” (D&A 121:36–37; italik ajoute).

Frè m yo, sa inakseptab pou Senyè a pou yon tigason oswa yon gason resevwa otorite prètriz la men neglije fè sa ki nesesè pou kalifye tèt li pou pouvwa prètriz la. Detantè Prètriz yo, jèn kou granmoun, bezwen ni otorite a ni pouvwa a---pèmisyon nesesè ak kapasite espirityèl pou reprezante Bondye nan travay sali a.

Yon leson nan men papa m

Mwen te elve nan yon kay avèk yon manman fidèl ak yon papa ekstraòdinè. Manman m sete desandan pyonye ki te sakrifye tout bagay pou Legliz la ak wayòm Bondye a. Papa m pa t manm Legliz nou an, e, lè l te jènjan, li te vle pou m vin yon prèt katolik. Finalman, li te chwazi pou l pa t ale nan seminè teyolojik la men olyesa li te chwazi yon karyè kòm fabrikan zouti.

Pandan pifò nan lavi maryaj li, papa m te konn ale nan reyinyon Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo avèk fanmi nou. Anfèt, pifò moun nan pawas nou an pa t konnen si papa m pa t manm Legliz la. Li te jwe nan ekip sòftbòl la nan pawas nou an, epi l te antrene li, li te ede nan aktivite Eskout yo, epi li te soutni manman m nan tout apèl ak responsablite li nan legliz la. M ta renmen pale nou de youn nan gwo leson m te aprann nan men papa m sou otorite ak pouvwa prètriz la.

Lè m te tigason, m te konn mande papa m plizyè fwa pa semèn kilè li t ap batize. Chak fwa m te konn kole nan kò li, li te toujou reponn mwen avèk amou men byen fèm: “David, mwen pa p vin manm legliz la poutèt manman ou, poutèt ou menm, oubyen nenpòt lòt moun. M ap vin manm Legliz la lè m konnen ke se sa pou m fè.”

Mwen kwè m te nan premye ane adolesans mwen lè m te fè konvèsasyon sa a avèk papa m nan. Nou te fèk retounen soti nan reyinyon Dimanch nou ansanm, epi m te mande papa m kilè li t ap batize. Li te souri epi l te di: “Se ou menm ki toujou ap mande m kilè m ap batize. Jodia m ta renmen poze w yon kesyon.” Mwen te byen vin konkli avèk eksitasyon ke kounyeya nou t ap fè pwogrè!

Papa m te kontinye: “David, legliz ou a anseye ke yo te retire prètriz la sou tè a nan tan ansyen yo epi l te retabli palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith pa mesaje selès, pa vre?” M te reponn ke sete kòrèk. Apre l te di: “Men kesyon m nan. Chak semèn, nan reyinyon prètriz la, mwen tande evèk la ak lòt difijan prètriz yo ap raple frè yo, e sipliye yo pou yo fè vizit nan fwaye yo ak ranpli devwa prètriz yo. Si legliz ou a vrèman gen prètriz retabli Bondye a, poukisa pil mesye sa yo nan Legliz ou a pa gen yon atitid diferan de mesye nan legliz mwen yo nan fè devwa relijye yo?” Lespri m, ki te tou jèn nan, te konplètman bloke. Mwen pa t gen repons pou papa m.

Mwen kwè ke papa m pa t gen rezon pou l te jije validite sa legliz nou an reklame pou otorite divin nan dapre erè mesye yo l te konnen nan pawas nou an. Men pou mwen, kesyon l lan, te enplike pwendvi kòrèk ke gason yo ki detni prètriz sakre Bondye a ta dwe diferan de lòt gason. Gason ki detni prètriz yo ta dwe non sèlman resevwa otorite prètriz la men vin tounen enstriman diy ak fidèl pouvwa Bondye tou. “Nou dwe pwòp noumenm k ap pote vesèl Senyè a” (D&A 38:42).

Mwen pa p janm bliye leson sou otorite ak pouvwa prètriz la m te aprann nan men papa m nan, yon bon gason ki pa t manm legliz la, ki te atann plis nan men mesye ki te deklare ke yo te detni prètriz Bondye a. Konvèsasyon Dimanch aprèmidi sa a avèk papa m nan sa gen dèzane a te pwodui nan mwen menm yon dezi pou m yon “bon tigason.” M pa t vle yon move egzanp ni yon pyèdachopman pou pwogresyon papa m pandan l t ap aprann sou levanjil retabli a. Mwen te senpleman vle pou m te yon bon tigason. Senyè a vle pou nou tout, detantè otorite Li yo, nou onorab, gen vèti, ak bon tigason tout tan ak nan tout kote.

Sa gen dwa enterese nou pou n konnen ke dèzane apre, papa m te batize. Epi nan moman apwopriye a, m te gen posiblite pou konfere l Prètriz Aawon ak Prètriz Mèlkisedèk la. Youn nan gwo eksperyans lavi m sete obsève papa m ki t ap resevwa otorite, epi finalman, pouvwa prètriz la.

Mwen pataje leson egzanplè sa a m te aprann nan men papa m nan pou m mete aksan sou yon senp verite. Resevwa otorite prètriz la pa enpozisyon men se yon kòmansman enpòtan, men sa pa ase. Òdinasyon konfere otorite, men sa mande lajistis pou n aji avèk pouvwa a pandan n ap eseye edifye nanm, anseye ak temwaye, beni ak konseye, ak fè travay sali a avanse.

Nan epòk kapital sa a nan istwa mond lan, nou menm avèk mwen, antanke detantè prètriz, bezwen rete gason jis ak enstriman efikas nan men Bondye. Nou bezwen leve antanke gason Bondye. Ou menm avèk mwen ta dwe tire leson nan egzanp Nefi, pitit pitit gason Elaman an, ki te premye nan douz disip Sovè a te aple nan kòmansman ministè li pami Nefit yo. “Epi li te preche yo anpil bagay; ... epi Nefi te preche avèk pouvwa e avèk anpil otorite” (3 Nefi 7:17).

“Tanpri ede mari m konprann”

Nan fen entèvyou pou rekòmandasyon tanp m te konn fè pandan m te evèk ak prezidan pye, m te konn souvan mande sè ki marye yo kijan m te ka ede yo menm ak fanmi yo. Konsistans nan repons m te konn resevwa nan men fi fidèl sa yo te alafwa enstriktif ak alaman. Sè yo te konn raman plenyen oubyen kritike, men yo te konn souvan reponn konsa. “Tanpri ede mari m konprann responsablite li antanke yon detantè prètriz nan fwaye a. Sa pa deranje m ditou pou m pran inisyativ etid ekriti, priyè familyal, ak sware familyal, e m ap kontinye fè sa. Men, mwen ta renmen pou mari m se yon patnè egal avèk mwen epi asire direksyon prètriz la ke li menm sèlman ka asire a. Tanpri, ede mari m aprann kijan pou l vin yon patriyach ak yon dirijan prètriz ki prezide ak pwoteje nan fwaye nou.”

Mwen souvan reflechi sou senserite sè sa yo ak demann yo a. Dirijan prètriz yo tande menm kalite preyokipasyon an jodia. Anpil fi ap priye pou yo jwenn yon mari ki non sèlman gen otorite prètriz la men pouvwa prètriz la tou. Yo anvi pou mete tèt yo ansanm avèk yon mari e konpayon prètriz fidèl nan travay pou kreye yon fwaye santre sou Kris la ak sou levanjil la.

Frè m yo, mwen pwomèt nou ke si nou menm avèk mwen medite sou siplikasyon sè sa yo, Sentespri a ap ede nou wè tèt nou jan nou reyèlman ye a (gade D&A 93:24) epi l ap ede nou rekonèt sa nou bezwen chanje ak amelyore. E moman pou aji a se kounyeya!

Se pou nou egzanp lajistis

Aswè a m ap repete ansèyman Prezidan Thomas S. Monson yo ki te envite nou pou nou se “egzanp lajistis” la. Li raple nou souvan ke nou se mesaje Senyè a e nou gen dwa ak èd Li selon diyite nou (gade “Examples of Righteousness,” Liahona ak Ensign, Me 2008, 65–68). Nou menm avèk mwen detni otorite prètriz ki te retabli sou tè a nan dispansasyon sa a pa mesaje selès, ki se Jan Batis, ak Pyè, Jak, ak Jan. Epi konsa chak gason ki resevwa Prètriz Mèlkisedèk la kapab retrase liy otorite pèsonèl li ale dirèkteman nan Senyè Jezikri. Mwen espere ke nou rekonesan pou benediksyon ekstraòdinè sa a. Mwen priye pou nou rete pwòp ak diy pou reprezante Senyè a pandan n ap egzèse otorite sakre L la. Se pou nou chak kalifye nou pou pouvwa prètriz la.

Mwen temwaye ke prètriz sakre a te anfèt retabli sou tè a nan dènye jou sa yo e nou jwenn ni nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Mwen temwaye tou ke Prezidan Thomas S. Monson se gran prèt ka p prezide sou prètriz wo a nan Legliz la (gade D&A 107:9, 22, 65–66, 91–92) epi li se sèl moun sou tè a ki detni epi otorize pou egzèse tout kle prètriz yo. Konsènan bagay sa yo mwen solanèlman temwaye nan non sakre Senyè Jezikri, amèn.