2010–2019
Reyaktiviasyon pou bon jan kwasans
Avril 2012


Reyaktivasyon pou jwenn bon jan kwasans

Sove nanm se travay Senyè a mande nou tout pou nou patisipe.

Nan mwa k sot pase yo, yo te mete plis aksan sou etabli yon “kwasans reyèl,” nan Legliz la, pou mennen tout moun ki dispoze resevwa ak respekte alyans ak òdonans sali yo, epi viv avèk gwo chanjman nan kè a Alma dekri a (gade Alma 5:14). Youn nan fason pi enpòtan ak pi efikas pou gen yon kwasans reyèl nan Legliz la se lonje lamen bay moun ki batize yo, ki ap ere nan inaktivite, san yo pa jwenn benediksyon ak òdonans sali yo. Kèlkeswa apèl nou---enstrikè ak enstriktris nan fwaye, enstriktè Lekòldidimanch, evèk, papa, manman, oubyen menm Otorite Jeneral---nou tout kapab angaje efikasman nan efò sovtaj la. Apretou, mennen tout moun---fanmi nou, non manm, inaktif, pechè---vin jwenn Kris la pou resevwa òdonans sali yo se apèl divin ke nou tout genyen.

Yon jou Dimanch maten, sa gen prèske 30 an, pandan m t ap sèvi nan yon prezidans pye, nou te resevwa yon apèl telefòn nan men youn nan evèk fidèl nou yo. Li te eksplike ke pawas li a te grandi si rapidman ke li pa t kapab bay tout manm diy li yo yon apèl siyifikan ankò. Li te priye nou pou nou te divize pawas la. Pandan nou t ap tann apwobasyon pou sa, prezidans pye a te deside ke nou ta pral vizite pawas la pou aple bon frè ak sè diy sa yo kòm misyonè pye.

Twazyèm moun mwen te vizite sete yon jèn etidyant ki te ale nan inivèsite lokal la. Lè m te fin pale avèk li pandan yon ti moman, mwen te prezante l apèl pou l te sèvi kòm misyonè a. Te gen yon silans pandan kèk moman. Epi apre, li te di: “Prezidan, èske w pa konnen ke m inaktif nan Legliz la?”

Apre yon moman silans, mwen te di: “Non, m pa t konnen ke w inaktif.”

Li te reponn: “Sa gen dèzane ke m pa ale Legliz.” Epi l te di: “Èske w pa konnen ke lè w inaktif, li pa fasil ditou pou w retounen?”

Mwen te reponn: “Non. Pawas ou kòmanse a 9:00 dimaten. Vini nan chapèl la, epi n ap avèk nou.”

Li te reponn: “Non, sa pa osi senp. Lè w inaktif ou enkyete pou anpil bagay. W ap mande tèt ou si y ap akeyi ou oubyen si w pa pral chita poukont ou, san pèsonn pa remake ou pandan reyinyon yo. Epi ou sousye de si y ap aksepte ou ak kimoun ki pral nouvo zanmi ou.”

Avèk dlo k ap woule soti nan je li, li te kontinye: “Mwen konnen ke manman m ak papa m ap priye pou mwen depi dèzane pou m retounen nan Legliz la.” Epi apre yon lòt moman silans, li te di: “Dènye twa mwa sa yo mwen t ap priye pou m jwenn kouraj, fòs, ak mwayen pou m retounen aktif.” Epi li te mande: “Prezidan, èske w panse ke apèl sa a se ka yon repons pou priyè sa yo?”

Dlo te kòmanse soti nan je m pandan m te reponn: “Mwen kwè ke Senyè a reponn priyè w yo.”

Li te non sèlman aksepte apèl la; men li te vin yon gwo misyonè tou. E mwen sèten ke l te pote anpil lajwa, non sèlman pou tèt pa li, men pou paran li e pwobableman manm fanmi l tou.

Te gen plizyè bagay mwen te aprann nan bagay sa a ak nan lòt kalite entèvyou konsa tou:

  • Mwen te aprann ke anpil manm inaktif gen moun ki renmen yo ki sou jenou yo chak jou ap priye Senyè a pou ede yo sove moun ki chè pou yo.

  • Mwen te aprann ke li pa ditou fasil ni agreyab pou yon manm inaktif tou senpleman retounen nan Legliz la. Yo bezwen èd. Yo bezwen sipò. Yo bezwen zanmi.

  • Sepandan mwen te aprann ke nou gen manm inaktif ki dispoze e ki ap eseye jwenn wout pou yo retounen aktif.

  • Mwen te aprann ke anpil manm inaktif ap aksepte apèl si yo mande yo.

  • Mwen te aprann ke yon manm inaktif merite pou yo trete l egal ego epi konsidere l kòm yon pitit gason oswa yon pitit fi yon Bondye eman.

Atravè ane yo, mwen konn mande tèt mwen a kisa entèvyou sa a ta ka abouti si m te abode jènfi sa a kòm manm inaktif Legliz la. M ap kite nou jije kisa k ta ka rive.

Reyaktivasyon te toujou yon pati enpòtan nan travay Senyè a. Pandan ke reyaktivasyon an se yon responsablite chak manm, detantè Prètriz Aawon ak Mèlkisedèk yo gen responsablite pou pran inisyativ travay sa a. Apretou, se sa sèvis prètriz la ye---mennen tout moun nan alyans exaltan yo; pote lapè, bonè, ak diyite.

Nan Liv Mòmon an, na raple nou ke lè Alma te dekouvri ke Zoramit yo te elwanye yo de Legliz la, li te òganize yon ekip reyaktivasyon pou pote sekou bay moun sa yo. Lè yo t al akonpli tach yo a, yo te priye Senyè a avèk mo sa yo:

“O Senyè, ban nou siksè pou nou kapab mennen yo bay w them ankò pa mwayen Kris la.

“O Senyè, nanm yo gen valè, e anpil ladan yo se frè nou;; se poutèt sa, O, Senyè, ban nou pouvwa ak lasajès pou nou kapab mennen moun sa yo, frè nou yo ba ou ankò” (Alma 31:34–35; italik ajoute).

Sa gen kèk mwa, apre yon reyinyon avèk nouvo konvèti, ak manm inaktif ak manm reyaktive, yon mesye apeprè laj mwen te vin jwenn mwen epi l te di: “Mwen se yon moun ki te inaktif pifò nan lavi m. Mwen te elwaye de Legliz la bonè nan lavi mwen. Men mwen retounen kounyeya, e m ap travay nan tanp avèk madanm mwen.”

Pou m te manifeste l ke tout bagay te oke, mwen te reponn yon bagay konsa: “Tout bagay byen ki fini byen.”

Li te reponn: “Non, tout bagay pa byen. Mwen retounen Legliz la men, mwen pèdi tout pitit mwen yo ak pitit pitit mwen yo. E kounyeya m ap gade pèt pitit pitit pitit mwen yo---tout kite Legliz la. Tout bagay pa byen.”

Nan fanmi pa m nou gen yon zansèt ki te antre nan Legliz la an Ewòp nan premye jou Legliz yo. Youn nan pitit gason l yo te vin inaktif. Sè Edgley avèk mwen te eseye retrase desandan inaktif zansèt sa a.

Li fasil pou madanm mwen avèk mwen konkli ke, pandan sis jenerasyon apre yo e selon ipotèz rezonab, ka gen petèt jiska 3.000 manm fanmi an ki pèdi. Kounyeya ann fè yon pwojeksyon sou k ap rive apre de lòt jenerasyon. Teyorikman, pèt la ka atenn 20.000 rive 30.000 pitit Papa nou ki nan Syèl la.

Responsablite pou sove nanm nan baze sou youn nan pwen doktrin fondamantal Legliz la.

“Sonje, nanm yo genyen yon gwo valè nan je Bondye;

“Paske, gade, Senyè Redanmtè w la te soufri lanmò nan kò fizik la; se poutèt sa li te soufri doulè tout moun,, pou rezon sa a tout moun dwe repanti epi vin jwenn ni. …

“Epi si ou travay pandan tout vi ou pou ou kriye repantans nan mitan pèp sa a, epi ou sèlman mennen yon sèl nanm ban mwen, ala lajwa w ap anpil avèk li nan wayòm Papa m nan! (D&A 18:10–11, 15; italik ajoute).

Mwen te gen privilèj pou m te sekouri kèk manm inaktif nan lavi m. Kounyeya, lè m ede mennen yon moun retounen vin aktif nan Legliz la, mwen pa wè yon moun sèlman. Mwen wè sis, sèt, oswa plis jenerasyon---dè milye moun. Epi lè sa a, mwen panse ak ekriti sa a: “Epi ou sèlman mennen yon sèl nanm ban mwen, ala lajwa w ap anpil” (D&A 18:15).

Senyè a te di Apot Li yo: “Rekòt la anpil men, manke travayè pou ranmase l (Matye 9:37). Nou pa bezwen manke travayè. Nou gen dè milye detantè Prètriz diy ki kapab ak dè milyon manm angaje nan Legliz la nan tout pati nan mond lan. Nou gen konsèy pawas, kowòm prètriz, Sosyete Sekou, ak lòt òganizasyon ki ap fonksyone, tout avèk tach pou fè reyaktivasyon. Sove nanm se travay Senyè a aple nou pou nou fè.

Nan kòmansman diskou m nan mwen te fè referans ak lapriyè Alma ak konpayon l yo te fè lè yo t ap pati pou al pote Zoramit yo sekou a. Pandan Dezyèm Gè Mondyal la, apeprè 500 sòlda ameriken ak sitwayen lokal te prizonye nan yon kan pou prizonye. Poutèt soufrans yo ak sousi pou sekirite yo, yo te chwazi yon santèn sòlda ameriken ki te volontè pou al delivre prizonye sa yo. Apre volontè yo te reyini, ofisye kòmandan an te enstwi yo konsa: “Aswè a, nou menm mesye yo, reyini avèk dirijan relijye nou, mete nou ajenou, epi pwomèt Bondye ke osi lontan nou gen yon ti souf lavi, nou pa p kite youn nan moun sa yo soufri yon minit anplis.” (Gade Hampton Sides, Ghost Soldiers: The Forgotten Epic Story of World War II’s Most Dramatic Mission [2001], 28–29.) Sovtaj reyisi sa te konsène sekou anba soufrans fizik ak tanporèl. Èske nou pa ta dwe pi vanyan nan efò nou pou sove moun ki ka soufri anba konsekans espirityèl ak etènèl yo? Èske nou pa ta dwe pran yon angajman anvè Senyè a?

Pou fini, antanke manm vrè Legliz vivan Kris la, angajman nou soti nan lefèt ke Senyè a te soufri pou chak grenn nan nou---non manm, manm inaktif, pechè a, ak manm fanmi nou. Mwen kwè ke nou kapab pote dè milye moun vin nan lajwa, lapè, ak dousè levanjil la, ak dè santèn milye, menm milyon moun, nan jenerasyon yo. Mwen kwè nou ka reyisi paske sa a se Legliz Senyè a, epi pa pouvwa prètriz nou an ak apatnans nou nan Legliz la, nou aple pou nou reyisi. Mwen rann nou temwayaj sa a nan non Jezikri, amèn.