2010–2019
Vizyon Pwofèt yo konsènan Sosyete Sekou: Lafwa, Fanmi, Sekou
Avril 2012


Vizyon Pwofèt yo konsènan Sosyete Sekou: Lafwa, Fanmi, Sekou

Lafwa, fanmi, ak sekou, twa mo senp sa yo fini pa eksprime vizyon pwofèt yo pou sè yo nan Legliz la.

Nan ane k sot pase yo, mwen te santi m pouse pou pale souvan de Sosyete Sekou---objektif li ak karakteristik li,1valè istwa li,2 travay li ak asosyasyon li avèk evèk yo ak kowòm Prètriz Mèlkisedèk yo.3 Li sanble enpòtan kounyeya pou n konsantre enpe atansyon nou sou vizyon pwofèt yo konsènan Sosyete Sekou.4

Menmjan pwofè Senyè a yo kontinyèlman anseye ansyen yo ak gran prèt yo objektif yo ak devwa yo, se konsa tou yo pataje vizyon yo pou sè Sosyete Sekou yo. Dapre konsèy yo, li klè ke objektif Sosyete Sekou se pou ogmante lafwa ak ladwati pèsonèl, fòtifye fanmi ak fwaye, epi chèche ak ede moun ki nan bezwen. Lafwa, fanmiak sekou---twa senp mo sa yo vin eksprime vizyon pwofèt yo pou sè yo nan Legliz la.

Depi nan kòmansman Retablisman an, pwofèt yo te pataje vizyon yo sou fi solid, fidèl ak detèmine, ki konprann valè yo ak objektif etènèl yo. Lè Pwofèt Joseph Smith te etabli Sosyete Sekou a, li te mande premye prezidant sosyete sa a pou “prezide sou sosyete sa a, pou pran swen pòv yo---administre bezwen yo, epi pran swen tout kalite zafè enstitisyon sa a.”5Li te wè òganizasyon an kòm “yon sosyete chwazi, separe de tout mal nan mond lan.”6

Brigham Young, dezyèm Prezidan Legliz la, te enstwi konseye l yo ak Kolèj Douz Apot yo pou dirije evèk yo pou yo “fè [sè yo] òganize Sosyete feminen pou Sekou nan plizyè pawas.” Li te ajoute: “Gen moun ki dwe panse ke sa a se yon ti bagay san enpòtans, men se pa sa.”7

Nan apre, Prezidan Joseph F. Smith te di ke kontrèman ak òganizasyon yo ki nan mond lan, ki “konpoze de gason, oubyen konpoze de fi,” Sosyete Sekou a “divinman kreye, divinman otorize, divinman enstitiye, divinman òdone pa Bondye.”8 Prezidan Joseph Fielding Smith te di ke sè yo te “resevwa pouvwa ak otorite pou fè anpil gwo bagay.”9 Li te di: “Nou se manm pi gwo òganizasyon fi ki egziste nan mond lan, yon òganizasyon ki se yon pati vital nan wayòm Bondye a sou tè a epi ki prepare ak opere nan yon fason ke l ede manm fidèl li yo jwenn lavi etènèl nan wayòm Papa a.”10

Yon gwo domèn enfliyans

Chak ane, dè santèn ak milye nouvo sè vin fè pati “sosyete sè” sa a, k ap grandi san rete.”11 Apresa, kèlkeswa kote yon sè ap viv e kèlkeswa kote l ap sèvi, li kenbe apatnans li ak asosyasyon li nan Sosyete Sekou.12 Poutèt enpòtans li, Premye Prezidans lan eksprime dezi pou jènfi yo kòmanse preparasyon yo pou Sosyete Sekou byen anvan yo gen 18 tan.13

Sosyete Sekou se pa yon pwogram. Se yon pati ofisyèl nan Legliz Senyè a ke “Bondye divinman òdone” pou anseye, fòtifye, ak enspire sè yo nan bi yo konsènan lafwa, fanmi, ak sekou. Sosyete Sekou se yon mòd lavi pou fi Sen Dènye Jou yo e enfliyans li etann odela yon klas Ekòldidimanch oubyen yon reyinyon sosyal. Li suiv modèl disip fi yo ki te sèvi avèk Senyè Jezikri ak Apot Li yo nan ansyen Legliz Li a.14 Yo anseye nou ke “se obligasyon yon fi pou entegre vèti Sosyete Sekou yo nan lavi li jan sa se obligasyon pou yon gason pou l entegre nan lavi li modèl karakè Prètriz la anseye yo.”15

Lè Pwofèt Joseph Smith te òganize Sosyete Sekou a, li te anseye sè yo pou yo “pote pòv yo sekou” ak pou “sove nanm.”16 Nan chaj yo pou “sove nanm” nan, yo otorize sè yo pou yo òganize ak patisipe nan yon gwo domèn enfliyans. Lè Joseph Smith te di sè yo ke òganizasyon Sosyete Sekou a t ap prepare yo pou “privilèj, benediksyon, ak don Prètriz la,”17 travay sali Senyè a te louvri pou yo. Sove nanm enkli pataje levanjil la ak patisipe nan travay misyonè. Sa enkli angaje nan travay tanp ak istwa familyal. Sa enkli fè tout sa k posib pou vin espirityèlman ak tanporèlman otonòm.

Èldè John A. Widtsoe te deklare ke Sosyete Sekou ofri “sekou nan pòvrete, sekou nan maladi; sekou nan dout, sekou nan inyorans---sekou nan tout sa ki anpeche lajwa ak pwogrè fi yo. Ala yon tach mayifik!”18

Prezidan Boyd K. Packer te konpare Sosyete Sekou avèk “yon mi pwoteksyon.” 19 Responsablite pou pwoteje sè yo ak fanmi yo a ogmante siyifikasyon pran swen ak administre enstriksyon nan fwaye ak lòt sèvis kouran yo. Efò nou pou youn administre lòt demontre volonte nou pou sonje alyans nou fè avèk Senyè a tou. Nan wòl nou pou “administre moun ki nan bezwen yo ak moun ki aflije yo,” nou travay an amoni avèk evèk yo pou veye sou bezwen tanporèl ak espirityèl Sen yo.20

Prezidan Spencer W. Kimball te di: “Gen anpil sè ki abiye avèk ranyon---ranyon espirityèl. Yo gen dwa pou abiye ak bèl rad---rad espirityèl... Se obligasyon nou pou ale lakay yo pou ba yo rad pou ranplase ranyon yo”21 Prezidan Harold B. Lee te pataje vizyon sa a. Li te di: “Èske nou pa ka wè poukisa Senyè a bay Sosyete Sekou responsablite pou vizite fwaye sa yo? Paske apre Mèt la Li menm, pa gen okenn moun nan Legliz la ki gen yon touch pi eman, yon konpreyansyon pi total de kè ak lavi moun sa yo.”22

Prezidan Joseph F. Smith te avèti sè Sosyete Sekou yo ak dirijant yo, kote l te di ke li pa t vle “wè moman kote Sosyete Sekou nou yo ap suiv ... lòt òganizasyon fi yo, oubyen melanje avèk yo epi pèdi pwòp idantite pa yo nan fè sa.”Li te atann pou sè yo “dirije mond lan e .... espesyalman fi yo nan mond lan, nan tout bagay ki diy pou louwanj, tout bagay Bondye renmen, tout bagay ki edifyan e ki pirifyan pou pitit lèzòm.”23 Konsèy li a mete aksan sou chaj pou elimine tradisyon, sijè, ak mòd ak tandans epi enkòpore pratik ki annakò avèk objektif Sosyete Sekou yo.

Dirijant k ap chèche revelasyon yo kapab asire yo ke chak reyinyon, chak leson, klas, aktivite, ak travay Sosyete Sekou ranpli bi yo te kreye l pou l ranpli yo. Sosyablite, amitye, ak inite nou vle a se pral bèl rezilta ki soti nan sèvi ansanm avèk Senyè a nan travay Li.

Akonpli vizyon pwofèt yo

Prezidan Thomas S. Monson ak konseye l yo te fèk sot temwaye “ke Senyè a te retabli plenitid levanjil la atravè Joseph Smith e Sosyete Sekou se yon pati enpòtan nan retablisman sa a.” Kòm prèv dezi li pou prezève “patrimwàn gloriye” Sosyete Sekou a, Premye Prezidans la fèk pibliye ak distribye toupatouDaughters in My Kingdom: The History and Work of Relief Society (Pitit fi m yo nan wayòm nan: Istwa ak travay Sosyete sekou. Nan liv sa a, nou ka jwenn modèl ak egzanp sè ak frè k ap travay ansanm nan fanmi yo ak nan Legliz la, e nou ka aprann prensip sou kiyès nou ye, sa nou kwè, ak sa nou dwe pwoteje. Premye Prezidans la ankouraje nou pou nou etidye liv enpòtan sa a epi “kite verite etènèl ak egzanp enspiran ki ladan yo enspire lavi [nou] .”24

Amezi ke sè yo ap vin pi an akò avèk bi Sosyete Sekou yo, vizyon pwofèt yo ap akonpli. Prezidan Kimball te di: “Gen yon pouvwa nan òganizasyon sa a [Sosyete Sekou] ki poko totalman egzèse pou fòtifye fwaye Siyon yo ak bati Wayòm Bondye a---ni sa pa p fèt pazavan sè yo ak prètriz la kapte vizyon Sosyete Sekou a.”25 Li te pwofetize ke “anpil nan gwo pwogresyon k ap vini nan Legliz la nan dènye jou yo ap vini gras ak anpil bon fi nan mond lan (ki souvan gen gwo espirityalite andedan yo) ki ap santi yo atire pou vin nan Legliz la. Sa ap rive nan lamezi yo wè fi yo nan Legliz la ... separe ak diferan---nan bon fason an---de fi yo nan mond lan.”26

Mwen rekonesan pou vizyon pwofèt yo konsènan Sosyete Sekou. Menmjan ak Prezidan Gordon B. Hinckley, mwen “konvenki ke pa gen okenn lòt òganizasyon okenn kote ki egal a Sosyete Sekou a nan Legliz sa a.”27 Se responsablite pa nou kounyeya pou mete nou annkò avèk vizyon pwofèt yo konsènan Sosyete sekou pandan n ap chèche pou ogmante lafwa, fòtifye fanmi, ak pote sekou.

M ap fini avèk pawòl Prezidan Lorenzo Snow yo: “Fiti Sosyete [Sekou] plen pwomès. Avèk kwasans Legliz la, domèn itilite li ap agrandi menmjan an tou, e bon enfliyans li ap ankò pi gran pase l te ye nan lepase.”28 Pou sè yo k ap ede wayòm Bondye a avanse yo, li te di: “Jan nou pran pa nan travay sa a, se menm jan tou n apral sètènman pataje triyonf travay la ansanm ak egzaltasyon ak laglwa Senyè a bay pitit fidèl Li yo.”29 Konsènan vizyon sa a mwen rann temwayaj mwen, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Julie B. Beck, “Fulfilling the Purpose of Relief Society,” Liahona ak Ensign, Nov. 2008, 108–11.

  2. Gade Julie B. Beck, diskou pwononse nan konferans pou fi yo nan IBY(Avr. 29, 2011), http://ce.byu.edu/cw/womensconference/archive/2011/pdf/JulieB_openingS.pdf; “What I Hope My Granddaughters (and Grandsons) Will Understand about Relief Society,” Liahona ak Ensign, Nov. 2011, 109–13; “Relief Society: A Sacred Work,” Liahona ak Ensign, Nov. 2009, 110–14.

  3. Gade Julie B. Beck, “Why We Are Organized into Quorums and Relief Societies” (Brigham Young University devotional address, Jan. 17, 2012), speeches.byu.edu.

  4. Mesaj sa a se pa yon revi konplè sou tout deklarasyon pwofèt yo konsènan Sosyete Sekou. Se yon echantiyon sou vizyon yo ak direksyon yo. Daughters in My Kingdom: The History and Work of Relief Society, conference reports, ak lòt piblikasyon Legliz la gen plis ansèyman sou sijè sa a.

  5. Joseph Smith, nan Daughters in My Kingdom: The History and Work of Relief Society (2011), 13.

  6. Joseph Smith, nan Daughters in My Kingdom, 15.

  7. Brigham Young, nan Daughters in My Kingdom, 41.

  8. Joseph F. Smith, nan Daughters in My Kingdom, 65–66.

  9. Joseph Fielding Smith, nan Daughters in My Kingdom, 142.

  10. Joseph Fielding Smith, nan Daughters in My Kingdom, 97.

  11. Boyd K. Packer, nan Daughters in My Kingdom, 85.

  12. See Boyd K. Packer, “The Circle of Sisters,” Ensign, Nov. 1980, 110.

  13. Gade lèt Premye Prezidans, 19 Mas 2003, ak 23 Fev 2007.

  14. Gade Daughters in My Kingdom, 3–6.

  15. Boyd K. Packer, nan Daughters in My Kingdom, 16.

  16. Joseph Smith, nan Daughters in My Kingdom, 17.

  17. Joseph Smith, nan History of the Church, 4:602.

  18. John A. Widtsoe, nan Daughters in My Kingdom, 25.

  19. Boyd K. Packer, Ensign, Nov. 1980, 110.

  20. Joseph Fielding Smith, nan Daughters in My Kingdom, 142.

  21. Spencer W. Kimball, nan Daughters in My Kingdom, 117.

  22. Harold B. Lee, “The Place of Relief Society in the Welfare Plan,” Relief Society Magazine, Dec. 1946, 842.

  23. Joseph F. Smith, nan Daughters in My Kingdom, 66.

  24. The First Presidency, nan Daughters in My Kingdom, ix.

  25. Spencer W. Kimball, nan Daughters in My Kingdom, 142.

  26. Spencer W. Kimball, nan Daughters in My Kingdom, 95.

  27. Gordon B. Hinckley, nan Daughters in My Kingdom, 160.

  28. Lorenzo Snow, nan Daughters in My Kingdom, 19.

  29. Lorenzo Snow, nan Daughters in My Kingdom, 7.