2010–2019
Rezon sèvis nan Prètriz la
Avril 2012


Rezon Sèvis nan Prètriz la

Konprann rezon levanjil la ak rezon prètriz la ap pèmèt nou wè bi diven tout bagay sa yo.

Mwen kontan bèl okazyon m genyen pou reyini avèk frè yo nan Prètriz la e m rejwi avèk nou nan bote levanjil mèveye Jezikri a. Mwen konplimante nou pou lafwa nou, travay nou, ak bonte san fen nou.

Nou gen yon lyen konmen nan lefèt ke nou tout te resevwa òdinasyon nan Prètriz Bondye a nan menm moun yo konfye otorite ak pouvwa sakre Prètriz la. Sa se pa yon ti benediksyon. Se yon responsablite sakre.

Pouvwa rezon yo

Resaman mwen t ap panse avèk de apèl siyifikan m te resevwa antanke yon detantè Prètriz nan Legliz la.

Premye nan apèl sa yo te vini lè m te yon dyak. Mwen te konn ale avèk fanmi m nan yon branch legliz la nan Frankfort, an Almay. Nou te gen benediksyon pou n te gen anpil bon moun nan ti branch nou an. Youn nan yo sete prezidan branch nou, Frè Landschulz. Mwen te admire l anpil, malgre li te toujou parèt yon ti jan trè serye, trè ofisyèl epi pifò tan an li te toujou abiye avèk yon kostim nwa. Mwen sonje ke pandan m te jènjan, mwen te konn plezante avèk zanmi m yo sou kijan prezidan branch nou an te parèt pa alamòd.

Lè m ap panse a sa kounyeya, sa fè m ri paske li trè posib ke jèn yo jodia wè m nan menm fason an tou.

Yon jou Dimanch, Prezidan Landschulz te mande si l te ka pale avèk mwen. Premye panse m sete “Kisa m fè k pa bon?” M te rapidman repase nan lespri m anpil bagay m te petèt fè ki ta ka pouse tipale ant prezidan branch avèk dyak sa a.

Prezidan Landschulz te envite m antre nan yon ti sal---chapèl nou an pa t gen biwo pou prezidan branch---epi lè n te rive li te ban m yon apèl pou sèvi kòm prezidan kowòm dyak yo.

Li te di: “Sa se yon pozisyon enpòtan” epi apresa li te pran tan pou dekri m poukisa. Li te eksplike kisa li menm ak Senyè a t ap atann nan men mwen ak kijan m t ap ka resevwa èd.

M pa sonje anpil nan tout sa l te di, men m sonje trè byen kijan m te santi m. Yon Espri sakre, divin, te ranpli kè m pandan l t ap pale a. M te santi ke sete Legliz Sovè a. Epi m te santi ke apèl la li te ban mwen an te enspire pa Sentespri a. Mwen sonje m te mache soti nan ti sal sa a avèk santiman ke m te yon tijan pi gran pase m te ye anvan.

Sa gen prèske 60 ane jodia, e m toujou sonje santiman konfyans ak lanmou sa yo.

Lè m ap panse ak eksperyans sa a, mwen eseye sonje konbyen dyak ki te genyen nan branch nou an nan epòk la. Si m sonje byen, mwen kwè te gen de. Men, m petèt egzajere.

Men, sa pa t yon pwoblèm pou mwen. Keseswa te gen yon dyak oswa yon douzèn, mwen te santi m onore, e mwen te vle sèvi pi byen m te kapab e pa desi ni prezidan branch mwen an ni Senyè a.

Mwen reyalize kounyeya ke prezidan branch lan te gen dwa jis akonpli yon aksyon konsa konsa lè l te rele m nan pozisyon an. Li te gen dwa senpleman di m nan koulwa a oubyen nan reyinyon prètriz nou an ke m sete nouvo prezidan kowòm dyak la.

Men, olyesa, li te pase tan avèk mwen epi ede m konprann non sèlmannati tach la yo te ban m nan, pi enpòtan, rezon an.

Sa se yon bagay mwen pa p janm bliye.

Bi istwa sa a se pa pou m senpleman dekri kijan pou bay apèl nan Legliz la (byenke sa se yon bèl egzanp pou mwen sou bon fason pou fè sa). Sa se yon egzanp sou pouvwa motivasyon dirijan Prètriz yo ki soulve lespri ak pouse alaksyon.

Nou bezwen toujou sonje rezon etènèl yo ki dèyè bagay yo kòmande nou pou nou fè yo. Prensip debaz levanjil yo dwe entegre nan lavi nou, menmsi sa vle di aprann yo ankò epi ankò. Sa pa vle di pou pwosesis sa a machinal oswa anmèdan. Olyesa, lè nou anseye prensip fondamantal yo nan fwaye nou oubyen nan legliz la, se pou flam antouzyas pou levanjil la ak dife temwayaj la pote limyè, chalè, ak lajwa nan kè moun n ap anseye yo.

Soti nan dènye dyak ki fèk òdone a rive nan gran prèt ki pi ansyen an, nou tout gen lis sa nou kapab fè e nou ta dwe fè nan responsablite prètriz nou yo. Nati bagay yo enpòtan nan travay nou, e nou bezwen pote atansyon ak sa. Men se nan rezon sèvis prètriz la ke nou dekouvri dife, pasyon, ak pouvwa prètriz la.

Nati sèvis prètriz la anseye nou sa pou nou fè. Rezon an enspire nanm nou.

Nati a enfòme, men rezon yo transfòme.

Yon abondans “Bon” Bagay pou nou Fè

Yon lòt apèl nan Prètriz la ke m t ap panse sou li sete youn mwen te resevwa dèzane apre lè m te vin gen pwòp fanmi pa m. Nou te bwote retounen Frankfort, an Almay, e mwen te fèk resevwa yon pwomosyon nan travay mwen ki te mande m gwo kantite tan ak atansyon. Pandan epòk okipe sa a nan lavi mwen, Èldè Joseph B. Wirthlin te aple m pou m te sèvi kòm prezidan pye.

Pandan entèvyou m te gen avèk li, anpil panse te travèse lespri mwen, youn nan yo sete enkyetid twoublan ke m te gen dwa pa gen tan apèl sa a te mande a. Malgre ke m te santi m enb ak onore pou apèl la, mwen te brèfman ap mande tèt mwen si m ta ka aksepte li. Men sete sèlman yon panse pasaje paske m te konnen Èldè Wirthlin te aple pa Bondye e sete travay Senyè a li t ap fè. Kijan m ta ka fè pa aksepte?

Gen moman kote nou dwe antre nan lenkoni ak lafwa, ak konfyans ke Bondye ap mete yon tè fèm anba pye nou yon fwa nou avanse a. Epi konsa, mwen te jwayezman aksepte, konesan ke Bondye t ap ede m.

Nan premye jou yo nan tach sa a, pye nou an te gen privilèj pou resevwa fòmasyon nan men kèk nan pi gwo enstriktè ak dirijan nan Legliz la---gason tankou Èldè Russell M. Nelson ak Prezidan Thomas S. Monson te vini nan zòn nou an. Ansèyman yo sete tankou lawouze soti nan syèl la ak enspirasyon pou nou. Mwen toujou gen nòt m te pran pandan sesyon fòmasyon sa yo. Frè sa yo te ba nou vizyon sou kisa sa vle di etabli wayòm Bondye a nan bati temwayaj pèsonèl ak fòtifye fanmi yo. Yo te ede nou wè kijan pou n te aplike verite ak prensip levanjil yo nan sikonstans espeskfik nou yo ak nan moman espesifik nou. Otreman di, dirijan enspire te ede nou wè rezon levanjil la, epi nou te twouse manch nou epi nou t al travay.

Sa pa t pran tan pou n te reyalize ke te gen anpil bagay yon prezidans pye te ka fè---si anpil anfèt, ke si nou pa t fikse priyorite sou enspirasyon, nou pa t ap kapab fè sa ki enpòtan yo. Lòt priyorite te kòmanse parèt, sa ki te detounen konsantrasyon nou sou vizyon Frè yo te pataje avèk nou an. Te gen anpil “bon bagay” pou fè, men se pa tout nan yo ki te ekstrèmeman enpòtan.

Nou te aprann yon leson enpòtan: lefèt ke yon bagay bon se pa toujou yon rezon sifizan pou l pran tan nou ak mwayen nou. Aktivite nou yo, inityativ nou yo, plan nou yo dwe enspire e motive pa rezon fondamantal sèvis nou nan Prètriz la e non pa sou nenpòt tandans oswa enterè pasaje. Otreman, yo ka detounen efò nou, febli enèji nou, epi fè nou pran nan pwòp pyèj pastan nou yo, espirityèl oswa tanporèl, ki pa santral nan kalite nou kòm disip.

Frè m yo, nou tout konnen sa mande otodisiplin pou nou rete fokis sou bagay ki gen pi gwo pouvwa pou ogmante lanmou nou pou Bondye ak pou pwochen nou yo, revigore marayj nou, fòtifye fanmi nou, ak bati wayòm Bondye a. Tankou yon pye fwi ki gen anpil branch ak fèy, lavi nou bezwen pou nou regilyèman koupe kèk branch pou asire nou ke nou itilize enèji nou ak tan nou pou akonpli bi reyèl nou---pou “pote bon fwi”!1

Nou pa poukont nou

Konsa, kijan pou nou fè konnen sa pou nou chwazi? Nou chak gen responsablite pou detèmine sa pou tèt nou. Yo kòmande nou pou etidye ekriti yo avèk dilijans, koute pawòl pwofèt yo, epi fè sa vin yon sijè priyè serye, konsakre, e plen lafwa.

Frè m yo, Bondye fidèl. Atravè Sentespri a, L ap pote lapè nan lespri nou ak kè nou konsènan chemen nou dwe suiv pandan chak segman lavi nou.

Si kè nou pi---si nou pa chèche pwòp laglwa pa nou men laglwa Papa Toupuisan an, si nou chèche fè volonte Li, si nou gen dezi pou beni lavi fanmi nou ak pwochen nou---nou pa pral gen pou n mache poukont nou. Jan Prezidan Monson souvan raple nou: “Lè nou nan sèvis Senyè a, nou gen dwa ak èd Senyè a.”2

Papa nou ki nan syèl la “prale devan nou. [L] ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri [Li] ap nan kè nou, epi zanj [Li] yo ap alantou nou pou pote nou anlè.”3

Pouvwa nan aji

Chè frè m yo, benediksyon divin pou sèvis nou nan prètriz la aktive pa efò dilijan nou, dispozisyon nou pou fè sakrifis, ak dezi nou pou fè sa ki dwat. Annou rete moun k ap chwazi pou pou tèt pa nou, non pa pou moun fè nou chwazi. Preche se yon bon bagay, men diskou ki pa mennen nan aksyon se tankou dife san chalè oswa dlo ki pa ka pase swaf.

Se nan aplikasyon doktrin nan ke flanm pirifikatè levanjil la grandi e pouvwa prètriz la anflame nanm nou.

Thomas Edison, mesye ki te benyen mond lan avèk bèl envansyon limyè a, te di ke “valè yon ide chita nan itilize li.”4 Nan menm fason tou, doktrin levanjil la vin pi presye lè nou itilize li.

Nou pa dwe kite doktrin Prètriz yo ap dòmi nan kè nou san nou pa aplike yo nan lavi nou. Si gen yon maryaj oubyen yon fanmi ki bezwen sekou---petèt pwòp pa nou an---annou pa jis tann epi gade. Men olyesa, annou remèsye Bondye pou plan bonè a ki enkli lafwa, repantans, padon, ak nouvo depa a. Si nou aplike doktrin prètriz la, sa ap fè nou vin mari, papa, ak pitit gason ki konprann rezon prètriz la ak pouvwa li pou jwenn ak konsève bote ak sentete fanmi etènèl la.

Konferans jeneral se toujou yon bon moman pou nou koute epi aji. Se poutèt sa annou “fè ... tout sa pawòl la mande nou fè, pa rete ak koute sèlman.”5 Frè m yo, mwen envite nou pou nou reflechi sou pawòl sèvitè Bondye yo pale yo wikenn sa a. Epi, apresa, mete nou ajenou. Mande Bondye, Papa nou ki nan Syèl la, pou eklere lespri nou ak touche kè nou. Sipliye Bondye pou l ba nou gidans nan lavi kotidyèn nou ak nan responsablite nou nan Legliz la ak nan pwoblèm nou genyen moman sa a. Suiv enspirasyon Lespri yo---pa pran reta. Si nou fè tout bagay sa yo, mwen pwomèt nou ke Senyè a p ap kite nou mache poukont nou.

Pèsevere avèk pasyans

Nou konnen ke malgre pi bon entansyon nou, bagay yo pa toujou mache selon jan nou planifye yo. Nou fè erè nan lavi ak nan sèvis nou nan Prètriz la. Pafwa nou bite epi nou tonbe.

Lè Senyè a konseye nou pou n “kontinye nan pasyans jistan nou vin pafè a,”6 Li rekonèt ke sa mande tan ak pèseverans. Si nou konprann rezon levanjil la ak rezon prètriz la, sa ap ede nou wè tout bi diven bagay sa yo. Sa ap ba nou motivasyon ak fòs pou nou fè bagay egzat ki pou fèt la, menm lè sa difisil. Si nou rete konsantre sou viv prensip debaz levanjil yo, sa ap ba nou klète, sajès ak direksyon.

“Èske nou pa dwe kontinye avanse nan yon si gwo koz konsa?”7 Wi, frè m yo, nou dwe fè sa!

Gide pa Sentespri a, n ap aprann apati erè nou yo. Si nou bite, nou va leve. Si nou febli, na kontinye avanse. Nou pa p janm flanche, nou pa p janm abandone.

Antanke yon fratènite puissant nan Prètriz etènèl Bondye a, nou va kanpe ansanm, zepòl kont zepòl, konsantre sou prensip levanjil retabli Jezikri yo pandan ke, avèk rekonesans, n ap sèvi Bondye nou an ak pwochen nou avèk devouman ak lanmou.

Bondye vivan!

Chè frè m yo, mwen temwaye nou jodi sa a ke Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri, vivan. Yo reyèl! Yo la!

Nou pa poukont nou. Papa nou ki nan Syèl la sousye pou nou epi li vle beni nou ak soutni nou nan lajistis.

Se pou nou asire ke Bondye pale avèk limanite nan epòk pa nou an. L ap pale avèk nou!

Pwofèt Joseph Smith te wè sa l te di l te wè a. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo retabli sou tè a pa pouvwa ak otorite Bondye Toupuisan an.

Priyè mwen se pou antanke detantè Prètriz Li, nou toujou travay an amoni avèk the rezon sèvis nou nan Prètriz la epi itilize prensip levanjil retabli yo pou transfòme lavi nou ak lavi moun n ap sèvi yo.

Si nou fè sa, pouvwa enfini Ekspyasyon an ap pirifye, netwaye, ak rafine lespri nou ak pèsonalite nou jiskaske nou vin moun nou sanse devni an. Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.