2010–2019
Konsidere yo kòm sakre
Avril 2012


Konsidere yo sakre

Nou dwe trete bagay sakre yo avèk plis swen, ba yo pi gwo respè, epi gade yo avèk pi gwo reverans.

Anviwon 1.500 ane anvan Jezikri, yon bèje te atire vè yon kolòn dife sou tèt Mòn Orèb la. Rankont divin sa a te kòmanse transfòmasyon Moyiz soti kòm yon bèje pou rive vin yon pwofèt epi soti nan travay li pou gade mouton pou rive nan rasanbleman Izrayèl. Mil twasanzan apre, yon jèn prèt privilejye nan lakou yon wa te kaptive pa temwayaj yon pwofèt kondane. Rankont sa a te kòmanse evolisyon Alma soti nan yon sèvitè sivil rive nan yon sèvitè Bondye. Prèske 2.000 ane apre, yon tigason katòzan te antre nan yon boskè pou al chèche repons pou yon kesyon sensè. Rankont Joseph Smith la nan boskè a te mete l sou chemen pou vin yon pwofèt ak pote yon retablisman.

Lavi Moyiz, Alma, ak Joseph Smith te chanje pa rankont yo avèk divin nan. Eksperyans sa yo te fòtifye yo pou yo te rete fidèl anvè Senyè a ak travay Li a pandan tout lavi yo, malgre gwo opozisyon ak eprèv difisil ki te suiv.

Eksperyans nou avèk divin nan gen dwa pa osi dirèk ni osi espektakilè, ni pwoblèm nou pa osi gwo tankou pa yo. Sepandan, menmjan ak pwofèt yo, fòs nou pou andire fidèlman depann sou rekonèt, sonje, ak konsidere kòm sakre temwayaj nou resevwa atravè rankont nou avèk divin nan.

Jodia, otorite, kle, ak òdonans yo retabli sou tè a. Gen ekriti ak temwen espesyal tou. Mou k ap chèche Bondye kapab resevwa batèm pou remisyon peche yo ak konfimasyon “pa enpozisyon men pou batèm dife ak Sentespri a” (D&C 20:41). Avèk don presye sa yo ki retabli a, rankont nou avèk divin nan ap pifò enplike twazyèm manm Divinite a, Sentespri a.

“Pa mwayen yon ti vwa dous piti, Lespri a pale avèk mwen

Pou gide m, pou sove m anba mal mwen ka rankontre”

(“The Still Small Voice,” Children’s Songbook, 106)

“Kite Sentespri a gide nou;

Kite l anseye nou sa ki vre.

La va temwaye de Kris la,

Pou mete bagay selès nan lespri nou”

(“Let the Holy Spirit Guide,” Hymns, no. 143)

Lè nou chèche repons nan men Bondye, nou santi ti vwa dous piti a ap chichote nan lespri nou. Santiman sa yo---enpresyon sa yo---si natirèl ak si sibtil ke nou gen dwa pa menm reyalize yo oubyen nou ka di se rezonman oswa ide yo ye. Mesaj endividyèl sa yo temwaye de amou pèsonèl Bondye ak sousi li pou nou chak nan pitit li yo ak pou misyon pèsonèl nou nan mòtalite a. Si nou reflechi chak jou sou enpresyon Lespri a bay yo epi nou ekri yo, y ap kapab ede nou (1) rekonèt rankont pèsonèl nou avèk divin nan, epi (2) konsève yo pou nou menm ak pou posterite nou. Lefèt ke nou ekri yo a se yon fason nou ofisyèlman manifeste rekonesans nou anvè Bondye, paske “lòm pa ofanse Bondye nan anyen, oubyen kòlè Bondye pa limen kont okenn moun, eksepte moun ki pa konfese men l nan tout bagay” (D&A 59:21).

Konsènan sa nou resevwa pa Lespri a, Senyè a te di: “Sonje, bagay ki soti anwo sakre(D&A 63:64). Deklarasyon sa a plis pase yon rapèl; se yon definisyon ak yon eksplikasyon tou. Limyè ak konesans ki soti nan syèl la sakre. Yo sakre paske se syèl la ki sous yo.

Sakre vle di diy pou reverans ak respè. Nan klasifye yon bagay antanke sakre, Senyè a endike ke li gen pi gwo valè ak pi gwo enpòtans pase tout lòt bagay. Nou dwe trete bagay sakre yo avèk plis swen, ba yo pi gwo respè, epi gade yo avèk pi gwo reverans. Sakre kanpe wo nan yerachi valè selès yo.

Bagay ki sakre pou Bondye ap vin sakre pou nou sèlman lè nou egzèse libabit nou; chak moun dwe chwazi pou aksepte ak konsidere kòm sakre bagay Bondye defini kòm sakre. Li voye limyè ak konesans soti nan syèl la. Li envite nou pou n aksepte yo epi trete yo kòm sakre.

Men, “gen opozisyon nan tout bagay” (2 Nefi 2:11). Opoze sakre se pwofàn oswa layik---bagay ki tanporèl oswa monden. Lemond konstamman ap fè konpetisyon avèk bagay ki sakre yo pou kapte atansyon nou ak priyorite nou. Konesans pwofàn nan esansyèl pou vi tanporèl nou chak jou. Anplis, Senyè a ba nou enstriksyon pou nou chèche konesans ak sajès, pou etidye ak aprann nan pi bon liv yo, ak pou vin familyarize nou avèk langaj, lang, ak pèp (gade D&A 88:118; 90:15). Konsa, chwa pou plase bagay sakre yo anlè bagay monden yo se yon chwa priyorite relatif, non pa seleksyon; “men li bon pou [nou] save si [nou] koute konsèy Bondye” (2 Nepfi 9:29; italik ajoute).

Batay pou priyorite ant sakre ak monden an nan chak kè imen an kapab ilistre pa eksperyans Moyiz te fè nan kolòn dife a. La, Moyiz te resevwa apèl sakre li nan men Jewova pou delivre pitit Izrayèl yo anba esklavaj. Men, toudabò konesans pwofàn li te genyen sou pouvwa Lejip ak Farawon an te lakoz li te doute. Finalman, Moyiz te egzèse lafwa li nan pawòl Senyè a, li te plase konfyans li nan sakre a anvan konesans monden l te genyen. Konfyans sa a te ba li pouvwa pou simonte eprèv tanporèl yo epi mennen Izrayèl soti nan Legip.

Apre l te fin chape anba men lame Wa Nowe yo, pou te vin tonbe nan esklavaj anba men Amilon, Alma te gen dwa doute de temwayaj espirityèl li te resevwa lè l t ap koute Abinadi a. Men, li te fè sakre a konfyans epi li te resevwa fòs pou l te andire epi finalman chape anba eprèv tanporèl li yo.

Joseph Smith te rankontre yon dilèm menmjan an nan epòk li t ap tradui Liv Mòmon an. Li te konnen nati sakre plak yo ak travay tradiksyon an. Men Martin Harris te pèsyade li pou l te bay preyokipasyon monden ki se amitye ak finans yo priyorite, an opozisyon ak enstriksyon sakre l te resevwa yo. Kòm rezilta, maniskri tradiksyon an te pèdi. Senyè a te reprimande Joseph paske li te ‘livre bagay ki sakre yo, nan mitan mechanste” (D&C 10:9) epi L te retire don pou tradui plak yo nan men l pou yon tan. Lè priyorite Joseph te vin byen reetabli, bagay sakre yo te retounen epi travay la te kontinye.

Liv Mòmon an bay lòt egzanp sou lit pou bay bagay sakre yo priyorite. Li pale de kwayen ke lafwa yo te dirije yo nan pyebwa lavi a pou manje fwi sakre li, lanmou Bondye. Apresa mokri moun ki te nan gwo kay byen laj la te lakoz kwayan sa yo detounen de sa ki sakre pou al nan sa k monden. (gade 1 Nefi 8:11, 24–28.) Nan apre, Nefit yo te chwazi lògèy epi yo te renye espri pwofesi ak revelasyon an, “yo te moke bagay ki sakre yo” (Elaman 4:12). Menm moun ki te wè ak je yo siy ak mirak ki te asosye avèk nesans Sovè a te chwazi rejte manifestasyon sakre sa yo ki te soti nan syèl la anfavè eksplikasyon monden (gade 3 Nefi 2:1–3).

Jodia, batay la ap kontinye. Vwa mond lan yo ap pran plis volim ak entansite. Mond lan plis anplis ap pouse kwayan yo pou abandone kwayans ke mond lan konsidere kòm irezone ak derezonab. Paske “nou wè atravè yon glas twoub” (1 Korentyen 13:12) epi “nou pa konn siyifikasyon tout bagay(1 Nefi 11:17), nou gen dwa pafwa santi nou fèb epi santi ke nou bezwen pi gwo asirans espirityèl. Senyè a te di Oliver Cowdery:

“Si ou vle yon lòt temwayaj, raple ou nuit lè ou te kriye nan pye m nan kè ou la, pou ou te kapab konnen si bagay sa yo se verite.

“Èske m pa t pote lapè nan panse ou konsènan bagay sa a? Ki pi gwo temwayaj ou kapab resevwa nan men Bondye?” (D&A 6:22–23).

Senyè a te raple Oliver ak nou menm tou pou nou apiye sou temwayaj pèsonèl sakre nou te deja resevwa yo lè lafwa nou ap mizaleprèv. Menmjan ak pou Moyiz, Alma, ak Joseph nan tan lontan an, rankont sa yo avèk diven an sèvi kòm ankraj espirityèl pou kenbe nou an sekirite ak sou bon chemen an nan tan eprèv yo.

Nou pa ka chwazi rejte bagay sakre yo. Moun ki chwazi pou abandone bagay sakre yo ap gen panse yo bouche (gade D&A 84:54), epi amwenske yo repanti, limyè yo te resevwa a, y ap pran l nan men yo (gade D&A 1:33)). Paske yo pa anrasine nan sakre a, y ap twouve tèt yo pèdi moralman sou lanmè monden an. Men, moun ki konsidere bagay sakre yo kòm sakre ap resevwa pwomès: “Yon bagay ki soti nan Bondye li se limyè; epi yon moun ki resevwa limyè epi ki kontinye nan Bondye, li resevwa plis limyè; epi limyè sa a vin pi klere jistan l fè jou klè” (D&A 50:24).

Se pou Senyè a beni nou pou nou toujou ajamè rekonèt, sonje, ak konsidere kòm sakre bagay sakre nou resevwa nan men anwo yo. Mwen temwaye ke si nou fè sa, n ap gen pouvwa pou andire eprèv yo ak simonte difikilte epòk nou yo. Nan non Jezikri, amèn.