2010–2019
Èske sa te vo lapèn?
Avril 2012


Èske sa te vo lapèn?

Travay pou nou natirèlman ak tou nòmalman pataje levanjil la avèk moun nou renmen yo se ap travay ak lajwa lavi nou.

Pandan tout konferans lan ak nan lòt reyinyon resan yo,1 npil nan nou ap mande: “Kisa m ka fè pou ede bati Legliz Senyè a ak wè kwasans reyèl kote m ap viv la?

Travay ki pi enpòtan nan bagay sa a ak nan tout lòt antrepriz yo se toujou andedan pwòp fwaye nou ak fanmi nou.2 Se nan fanmi yo Legliz tabli e se la kwasans reyèl fèt.3 Nou dwe anseye timoun nou yo prensip ak doktrin levanjil yo. Nou bezwen ede yo gen lafwa nan Jezikri epi prepare yo pou batèm yo lè yo gen uit an.4 Nou dwe fidèl noumenm pou yo kapab wè egzanp lanmou nou pou Sovè a ak Legliz Li a. Egzanp nou ap ede timoun nou yo santi lajwa nan respekte kòmandman yo, bonè nan fanmi yo, ak gratitid nan rann lòt moun yo sèvis. Nan fwaye nou yo, nou ta dwe suiv modèl Nefi te bay lè l te di:

“Paske nou travay avèk dilijans…pou nou pèsyade pitit nou yo…pou yo kwè nan Kris la, e pou yo rekonsilye ak Bondye. …

“…  ou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, nou preche konsènan Kris la, nou pwofetize konsènan Kris la, e nou ekri dapre pwofesi nou yo, pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.”5

Nou travay avèk dilijans pou nou pote benediksyon sa yo bay pitit nou yo lè nou ale legliz avèk yo, fè sware familyal, ak li ekriti yo ansanm. Nou priye chak jou avèk fanmi nou, nou asepte apèl, nou vizite malad yo ak moun ki poukont yo, epi nou fè lòt bagay ki fè pitit nou yo konnen ke nou renmen yo e nou renmen Papa nou ki nan Syèl la, Pitit Gason L lan, ak Legliz yo a.

Nou pale e nou pwofetize konsènan Kris la lè nou fè yon leson nan sware familyal oswa n chita avèk yon timoun epi pale l de lanmou nou pou li ak de temwayaj nou sou levanjil retabli a.

Nou kapab ekri konsènan Kris la lè nou ekri lèt voye bay sa ki lwen yo. Misyonè ki ap sèvi, pitit gason oswa pitit fi ki nan militè, e moun nou renmen yo, yo tout beni pa lèt nou ekri yo. Lèt ki soti lakay se pa jis brèf imel. Vrè lèt yo bay yon bagay tanjib ke moun nan ka kenbe, reflechi sou li, epi apresye.

Nou ede pitit nou yo konte sou Ekspyasyon Sovè a ak konnen yon Papa Selès eman lè nou montre lanmou ak padon nan pwòp fanmi nou. Lanmou ak padon nou non sèlman fè timoun yo vin pi pwòch nou men tou, sa bati lafwa yo nan konnen Papa yo ki nan Syèl la renmen yo epi L ap padone yo lè yo repanti ak fè efò pou fè tout bagay pi byen epi vin pi bon. Yo kwè verite sa a paske yo fè menm eksperyans lan avèk paran terès yo.

Anplis travay nou ap fè nan pwòp fanmi pa nou an, Nefi te anseye pou “nou travay avèk dilijans pou…nou pèsyade…frè nou yo pou yo kwè nan Kris la epi pou yo rekonsilye avèk Bondye.”6 Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou chak gen benediksyon ak responsablite pou nou pataje levanjil la. Kèk nan moun ki bezwen levanjil la nan lavi yo poko manm Legliz la. Kèk nan moun sa yo te pami nou yon lè men yo bezwen santi ankò lajwa yo te santi lè yo te anbrase levanjil la nan yon tan ki te pi bonè nan lavi yo a. Senyè a renmen toulède ni sa ki pa t janm gen levanjil la ni sa ki ap retounen vin jwenn Li an.7 Pou limenm ak noumenm, sa pa fè diferans. Se menm travay la. Se valè nanm yo, kèlkeswa kondisyon yo, ki gran pou Papa nou ki nan Syèl la, pou Pitit Gason L lan, ak noumenm.8 Travay Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason L lan se “reyalize imòtalite ak lavi etènèl”9 tout pitit Li yo, kèlkeswa sikonstans yo pou kounyeya. Benediksyon nou se pou ede nan gwo èv sa a.

Prezidan Thomas S. Monson te eksplike kijan nou kapab ede lè li te di: “Misyonè nou yo fèt pou yo konsène moman sa a menm. Sa pa ase pou nou kanpe dèyè ap medite sou ansyen eksperyans. Pou nou santi nou akonpli, nou dwe kontinye pataje levanjil natirèlman e nòmalman.”10

Travay pou pataje levanjil la natirèlman e nòmalman avèk moun ki enpòtan pou nou yo e ke nou renmen yo ap vin tounen travay ak jwa lavi nou. Kite m rakonte nou de eksperyans konsa.

Dave Orchard te grandi nan Salt Lake City, kote pifò zanmi l yo sete manm Legliz la. Yo te gen yon gwo enfliyans sou li. Mete sou sa, dirijan Legliz yo nan vwazinaj li a te toujou konn envite l nan aktivite yo. Menm lè li pa t vin manm Legliz la nan tan sa a, ane pandan l t ap grandi yo te beni pa enfliyans bon zanmi SDJ ak aktivite Legliz la te patwone. Lè li te fin antre nan fakilte, li te demenaje kite lakay li, e pifò nan zanmi l yo te ale an misyon. Li te sonje enfliyans yo nan lavi L.

Youn nan zanmi klas segondè Dave yo te toujou lakay li. Zanmi sa a te konn reyini chak semèn avèk evèk li ki tap ede l mete lòd nan lavi l pou l te kapab al sèvi kòm misyonè. Limenm ak Dave te vin ap viv nan menm chanm e, kòm sa te nòmal ak tou natirèl, yo te pale de rezon ki fè li pa tap sèvi yon misyon nan moman an ak rezon ki fè li te rankontre souvan avèk evèk li a. Zanmi an te eksprime gratitid li ak respè l pou evèk la ak opòtinite l te genyen pou l repanti ak sèvi a. Apresa li te mande Dave si l ta renmen vini nan pwochen entèvyou a. Ala yon envitasyon dwòl! Men nan kontèks amitye yo a ak sikonstans yo, sa te natirèl e nòmal.

Dave te dakò e byen vit li te kòmanse ap rankontre avèk evèk la limenm. Sa te mennen Dave nan desizyon pou l te rankontre misyonè yo. Li te resevwa yon temwayaj ke levanjil la vre, e yon dat te fikse pou batèm li. Dave te batize pa evèk li a, e yon ane apre Dave Orchard ak Katherine Evans te marye nan tanp. Yo gen senk bèl pitit. Katherine se ti sè mwen. M ap toujou gen rekonesans pou bon zanmi sa a ki, ansanm avèk yon bon evèk, te mennen Dave nan Legliz la.

Pandan Dave tap pale de konvèsyon l epi rann temwayaj konsènan evenman sa yo, li te poze kesyon sa a: “Konsa, èske sa te vo lapèn? Èske tout efò zanmi m yo ak dirijan jèn yo ak evèk mwen an, pandan tout ane sa yo, te vo lapèn pou yo te mennen jis yon sèl grenn tigason vin batize?” Li te lonje dwèt sou Katherine ak senk pitit yo te genyen yo epi l te di: “Ebyen, omwen pou madanm mwen ak senk pitit nou yo, repons lan se wi.”

Kèlkeswa lè levanjil la pataje, se pa janm “yon sèl grenn tigason.” Kèlkeswa lè konvèsyon fèt oswa yon moun retounen al jwenn Senyè a, se yon fanmi ki sove. Pandan pitit Dave ak Katherine yo t ap grandi, yo tout anbrase levanjil la. Yon tifi ak de tigason te sèvi kòm misyonè e gen youn ki fèk resevwa apèl li pou l sèvi nan misyon Alp ki Alman an. De pi gran yo te marye nan tanp, e pi piti a nan lekòl segondè kounyeya, fidèl nan tout sans. Èske sa te vo lapèn? O wi, sa te vo lapèn.

Sè Eileen Waite te asiste menm konferans pye kote Dave Orchard te rakonte eksperyans konvèsyon l lan. Pandan tout konferans lan, sèl sa ki te nan panse l se te pwòp fanmi pa l e sitou sè li, Michelle, ki te kite Legliz la pandan anpil tan. Michelle te divòse e li tap eseye elve kat pitit. Eileen te santi li ta bon pou l ta voye bay Michelle yon kopi liv Eldè M. Russell Ballard la Our Search for Happiness, la, ansanm avèk temwayaj li, e li te fè sa. Nan semèn apre a, yon lòt zanmi te di Eileen li santi ke li menm tou li ta dwe pran kontak avèk Michelle. Zanmi sa a te ekri Michelle yon nòt kote li te pataje temwayaj epi eskprime lanmou l tou. Èske sa pa enteresan pou wè kijan Lespri a travay souvan sou plizyè moun pou ede yon moun ki nan bezwen?

Tan te pase. Michelle te rele Eileen epi li te di l mèsi pou liv la. Li te di ke li te kòmanse rekonèt vid espirityèl nan lavi l la. Eileen te di l ke li te konnen li ta kapab jwenn lapè li tap chèche a nan levanjil la. Li te di l ke li remen l e ke li vle pou kè l kontan. Michelle te kòmanse fè chanjman nan lavi l. Yon ti tan apre, li te rankontre yon mesye mèveye ki te aktif nan Legliz la. Yo te marye epi ennan apre yo te sele nan Tanp Ogden nan. Resamman, pitit gason l lan ki gen 24 an te batize.

Pou lòt manm nan fanmi Michelle yo ak tout lòt moun ki poko konnen si Legliz sa a vrè yo, m ap lanse envitasyon pou yo mande tèt yo si Legliz la vrè. Kite fanmi nou, zanmi nou ak misyonè yo ede nou. Lè nou konnen ke li vrè, e se sa l ye, vini ini avèk nou kote na franchi menm etap yo nan lavi nou.

Fen istwa sa a poko ekri, men dàm mèveye sa a ak fanmi l te resevwa benediksyon paske moun ki te renmen li te aji sou yon enspirasyon yo te resevwa e nan yon fason natirèl ak nòmal yo te pataje temwayaj yo epi yo te envite l pou l retounen.

Mwen te reflechi anpil sou de eksperyans sa yo. Yon jenòm ki tap travay pou mete lòd nan pwòp lavi l te ede yon lòt jenòm ki tap chèche laverite. Yon fi te pataje temwayaj li ak lafwa li avèk sè li ki te kite Legliz la pandan 20 an. Si nou priye epi nou mande Papa nou ki nan Syèl la kimoun nou ka ede epi nou pwomèt pou nou aji sou enspirasyon Li ba nou yo pou fè nou konnen kijan nou ka ede, L ap reponn priyè nou yo e nou ap vin tounen enstriman nan men L pou fè travay Li a. Aji nan lanmou sou enspirasyon Sentespri a ban nou ap vin tounen katalizè a.11

Nan koute eksperyans sa yo sou pataje levanjil la natirèlman e nòmalman avèk moun ki chè pou nou yo, anpil nan nou te fè menm eksperyans Eileen Waite te fè a. Nou panse a yon moun nou ta dwe lonje men bay epi envite l retounen oswa pataje avèk li santiman nou sou levanjil Jezikri a. Envitasyon m nan se pou nou aji, san reta, sou enspirasyon sa a. Pale avèk zanmi nou an oswa manm fanmi nou an. Fè sa nan yon fason natirèl e nòmal. Fè yo konnen lanmou nou pou yo ak pou Senyè a. Misyonè yo kapab ede. Konsèy mwen se menm konsèy Prezidan Monson te bay anpil fwa sou chè sa a menm: “Pa janm retade yon enspirasyon.”12 Lè nou aji selon enspirasyon Espri a epi fè sa avèk lanmou, gade kijan Papa nou ki nan Syèl la sèvi avèk volonte nou pou l aji pou fè yon mirak rive nan lavi nou ak nan lavi moun ki chè pou nou an.13

Frè ak sè m yo, nou kapab bati Legliz Li a epi wè kwasans reyèl lè nou travay pou nou mennen benediksyon levanjil la bay fanmi nou ak moun nou renmen yo. Sa a se travay Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason L lan. Mwew konnen yo vivan e yo reponn priyè nou yo. Lè nou aji sou enspirasyon sa yo, ak lafwa nan kapasite L pou l fè yon mirak rive, mirak yo rive e lavi yo chanje. Nan non Jezikri. Amèn.

Nòt

  1. Gade Worldwide Leadership Training Meeting, Fev. 11, 2012, LDS.org.

  2. Gade Teachings of Presidents of the Church: Harold B. Lee (2000), 134.

  3. Gade Boyd K. Packer, “Priesthood Power in the Home,” Worldwide Leadership Training Meeting, Feb. 11, 2012, LDS.org.

  4. Gade Doktrin ak Alyans 68:25–28.

  5. 2 Nefi 25:23, 26.

  6. 2 Nefi 25:23.

  7. Gade Lik 15:4–7.

  8. Gade Doktrin ak Alyans 18:10.

  9. Moyiz 1:39.

  10. “Status Report on Missionary Work: A Conversation with Elder Thomas S. Monson, Chairman of the Missionary Committee of the Council of the Twelve,” Ensign, Oct. 1977, 14.

  11. Gade Thomas S. Monson, “Anxiously Engaged,” Liahona and Ensign, Nov. 2004, 56–59; “To the Rescue,” Liahona, July 2001, 57–60; Ensign, May 2001, 48–50; “The Doorway of Love,” Liahona and Ensign, Oct. 1996, 2–7.

  12. Gade Ann M. Dibb, “My Father Is a Prophet” (Brigham Young University–Idaho devotional, Fev. 19, 2008), byui.edu/devotionalsandspeeches; Thomas S. Monson, “Stand in Your Appointed Place,” Liahona and Ensign, Me 2003, 54–57; “Peace, Be Still,” Liahona ak Ensign, Nov. 2002, 53–56; “Priesthood Power,” Liahona, Jan. 2000, 58–61; Ensign, Nov. 1999, 49–51; “The Spirit Giveth Life,” Ensign, Me 1985, 68–70.

  13. Anplis Prezidan Thomas S. Monson, gen lòt pwofèt ki te anseye menm prensip sa a tou. Pa egzanp, Prezidan Spencer W. Kimball te anseye enpòtans pou aji sou enpresyon ou resevwa nan men Lespri a lè l te di: “Bondye pote atansyonh avèk nou, e l ap veye sou nou. Men se jeneralman palentèmedyè yon lòt moun li reponn bezwen nou. Se poutèt sa, li kapital pou nou youn sèvi lòt nan wayòm nan” (Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball [2006], 82).