2010–2019
Kisa Kris la panse de Mwen?
Avril 2012


Kisa Kris la Panse de Mwen?

Si nou renmen li, si nou gen konfyans nan li, si nou suiv li, n ap santi amou li ak apwobasyon li.

Yon Jounalis nan yon Gwo Jounal Brezilyen te fè rechèch sou Legliz la pou l te ka prepare yon gwo atik enpòtan pou laprès.1 Li te etidye doktrin nou an epi l te vizite sant fòmasyon misyonè yo ak sant èd imanitè yo. Li te pale avèk zanmi Legliz la epi avèk lòt moun ki pat tèlman amikal tou. Nan yon entèvyou avèk mwen, jounalis la te sanble l sensèman gen konfizyon lè l te mande: “Kijan yon moun fè panse ke nou pa Kretyen?” Mwen te konen l t ap pale de Legliz la, men nan yon fason, m te pran kesyon an pèsonèlman, e m te m ap mande tèt mwen ansilans: “Èske lavi m reflete lanmou ak devosyon m santi pou Sovè a?”

Jezi te mande Farizyen yo, “Kisa nou panse de Kris la?”2 Nan jijman final la, se pa zanmi nou oubyen enmi nou ki pral jije si nou se vrèman disip. Men, jan Pòl te di a, “Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Kris la.”3 Nan jou sa a, kesyon enpòtan pou nou chak la se pral: “Kisa Kris la panse de mwen?”

Malgre amou li pou tout limanite, Jezi, nan yon espri reprimand, te repwoche kèk moun ki te bò kote l yo kòm moun ipokrit,4 ensanse,5 moun k ap fè sa ki mal.6 Avèk apresyasyon, Li te rele lòt moun pitit wayom nan7 ak limyè mond lan.8 San apresyasyon li te repwoche kèk lòt kòm avèg9 ak steril10. Li te konplimante lòt kòm moun ki gen kè pi11 ak swaf pou lajistis.12 Li te santi l tris dèske gen kèk ki te manke konfyans13 epi ki te fè pati mond lan,14 men lòt yo Li te onore yo kòm moun chwazi,15 disip,16 zanmi.17 Epi konsa nou chak ap mande: “Kisa Kris la panse de mwen?”

Prezidan Monson te di ke sosyete nou an jodi a ap elwaye de “tout sa ki espirityèl … [avèk] van chanjman an k ap vire toutotou nou ak prensip moral yo nan sosyete a k ap [kontinye] depafini devan pwòp je nou.”18 Se yon tan kote enkwayans ak mank respè pou Kris la ak ansèyman L yo ap grandi.

Nan anviwonman toumante sa a, nou rejwi dèske nou se disip Jezikri. Nou wè men Senyè a toupatou bò kote nou. Destinasyon nou byen plase devan nou. Jezi te priye: “Lavi ki pap janm fini an, se pou yo konen ou oumenm ki sè Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a Jezikri.”19 Rete yon disip nan jou eprèv sa yo ap yon distenksyon plen onè atravè etènite yo.

Mesaj nou te tande yo nan konferans sa a se poto limyè Senyè a voye banou sou wout pou nou vin disip li a. Pandan de dènye jou sa k sot pase yo, nou te koute epi priye pou gidans espirityèl, e pandan n ap etidye ak priye sou mesaj sa yo nan jou k ap vini yo, Senyè a beni nou kote l va ba nou direksyon endividyèl atravè don Sentespri a. Santiman sa yo vire nou piplis vè Bondye, yo pote nou repanti, obeyi, kwè, epi gen konfyans. Sovè a reponn aksyon lafwa nou yo. “Si yon gason [oswa yon fi] renmen m, li va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, na viv nan li.”20

Apèl Jezi “Vini, suiv mwen an”21, se pa sèlman pou moun ki prepare pou fè yon konpetisyon nan Je Olenpik espirityèl. Anfèt, vin disip se pa yon konpetisyon ditou, men se yon envitasyon pou tout moun. Vwayaj nou antanke disip se pa yon kous vitès sou yon pis ni menm yon gwo maraton. An reyalite, se yon vwayaj pèmanan ki ale vè yon mond selès.

Envitasyon sa a se yon apèl pou travay chak jou. Jezi te di: “Si nou renmen, m se pou n obeyi komandman m yo.”22 “Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen.”23 Nou gen dwa pa nan meyè fòm nou chak jou, men, si n ap eseye, envitasyon Jezi a ranpli avèk ankourajman ak lespwa: “Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m a ba nou soulajman.”24

Kèlkeswa kote nou twouve nou kounyeya sou wout disip la, nou sou bon wout la, wout k ap mennen nan lavi etènèl la. Ansanm nou youn kapab edifye ak fòtifye lòt nan gwo jou enpòtan k ap vini yo. Kèlkeswa difikilte n ap konfwonte, feblès k ap limite nou, oubyen mank posiblite ki antoure nou, annou gen lafwa nan Pitit Gason Bondye a, ki te declare: “Tout bagay posib pou moun ki kwè.”25

Kite m pataje de egzanp disip an aksyon avèk nou. Premye a soti nan lavi Prezidan Thomas S. Monson, ki demontre pouvwa senp jantiyès ak ansèyman Jezi yo, “Moun ki pi grannèg nan mitan nou an, se moun k ap sèvi nou an.”26

Sa gen prèske 20 an, Prezidan Monson te pale nan konferans jeneras osijè yon jènfi 12 an ki t ap soufri avèk maladi kansè. Li te pale de kouraj ak jantiyès zanmi l yo pou te pote li monte sou tèt Montay Timpanogos la.

Sa gen kèk ane, m te rankontre Jami Palmer Brinton e m te tande istwa a nan yon diferant pwendvi---pwendvi sou sa Prezidan Monson te fè pou li.

Jami te rankontre Prezidan Monson an Mas 1993, yon jou apre yo te di l ke boul li te gen anlè jenou dwat li a sete yon kansè zo ki t ap devlope byen vit. Avèk papa li ki t ap asiste, Prezidan Monson te ba l yon benediksyon prètriz, li te promèt “Jezi ap sou kote dwat ou ak sou kote goch ou pou soutni ou.”

Jami te di: “Pandan li t ap kite biwo li jou sa a, mwen te detache yon balon ki te mare nan chèz woulant mwen a e m te ba li l. Balon an te ekri an gran lèt ‘Ou se meyè a’.

Atravè tretman kimoterapy ak operasyon pou sove jenou an, Prezidan Monson pa t bliye li. Jami di: “Prezidan Monson te montre egzanp kisa sa vledi pou nou se yon vrè disip Kris la. [Li] te soulaje m soti anba chagren pou mennen m nan gran espwa dirab.” Twazan apre premye reyinyon yo a, Jami te chita ankò ak Prezidan Monson nan biwo li. Lè reyinyon sa a te fini, li te fè yon bagay Jami pap janm bliye. Sa sanble anpil ak karaktè atansyone Prezidan Monson, li te siprann ni avèk menm balon sa a li te ba li twazan pase a. Li te sere li, li te konen li t ap retounen nan biwo li lè l te fin geri anba maladi kansè a. Balon a te pwoklame: “Ou se Meyè a!” Li te sere li, paske l te konnen Jamie t ap retounen nan biwo li lè l fin geri anba maladi kansè a. Katòzan apre premye reyinyon sa a, Prezidan Monson te fè maryaj Jami Palmer ak Jason Brinton nan Tanp Salt Lake la.27

Nou kapab aprann anpil nan Prezidan Monson antanke disip. Li souvan raple Otorite Jeneral yo pou yo sonje senp kesyon sa a: “Kisa Jezi t ap fè?”

Jezi te di chèf sinagòg la: “Pa pè, sèlman met konfyans ou nan mwen.”28 Pou yon moun disip li, sa vle di kwè nan li nan sezon lapè e kwè nan Li nan sezon difikilte, lè soufrans nou ak laperèz nou kalme sèlman pa konviksyon ke Li renmen nou e l ap kenbe pwomès Li.

Sa pa gen lontan m te rankontre yon fanmi ki se yon bèl egzanp sou fason nou kwè nan Li. Olgan ak Soline Saintelus nan Pòtoprens, Ayiti, te rakonte m istwa yo.

Jou 12 Janvye 2010 la, Olgan te nan travay epi Soline te nan Legliz la lè tranblemantè devastan an te frape Ayiti. Twa pitit yo---Gancci, ki te gen 5 an, Angie, ki te gen 3 an, ak Gansly, ki te gen 1 an---te lakay yo nan apatman yo a avèk yon zanmi.

Devastasyon masiv te toupatou. Si nou sonje, dè dizèn milye moun te pèdi lavi yo nan mwa Janvye sa a an Ayiti. Olgan ak Soline te kouri osi vit yo te kapab pou ale nan apatman an pou y al jwenn pitit yo. Bilding twa etaj la kote fanmi Saintelus te rete a te tonbe plat.

Timoun yo pa t chape. Pa t gen okenn efò sekou ki t ap ka fèt pou fouye yon bilding ki te konplètman detwi konsa.

Olgan ak Soline Saintelus toulède te sèvi yon misyon aplentan epi yo te marye nan tanp. Yo te kwè nan Sovè a ak nan pwomès Li te fè yo. Men kè yo te brize. Yo te kriye san kontwòl.

Olgan te di m ke, nan moman patikilyèman sonb sa a, li te kòmanse priye: “Papa nou ki nan Syèl la, si se volonte ou, si m te ka jwenn sèlman youn omwen nan pitit mwen yo vivan, tanpri, tanpri, ede nou.” Li te mache ap fè wonn bilding nan san rete, pandan l t ap priye pou l jwenn enspirasyon. Vwazen yo te eseye konsole li ak ede l aksepte ke l te pèdi pitit li yo. Olgan te kontinye ap mache bò kote debri beton bilding nan ki te tonbe a, ap priye. Epi, yon bagay toutafè mirakile te rive. Olgan te tande kri yon tibebe k t ap kriye tou fèb. Sete kriye ti bebe l la.

Pandan plizyè èdtan, vwazen yo te dezespereman fouye nan debri yo, riske pwòp lavi pa yo. Nan mitan fènwa lannit la, nan mitan gwo bri mato, ak biren, travayè sovtè yo te tande yon lòt bri. Yo te sispann frape pou yo te koute. Yo pa t ka kwè sa yo te tande a. Sete bri yon timoun---ki t ap chante. Gancci ki te gen 5 an te di nan apre ke l te konnen papa l t ap tande li si l te chante. Anba gwo pwa lou beton an ki t ap lakoz li te pèdi yon bra li nan apre, Gancci t ap chante chan li renmen anpil la, “Je suis enfant de Dieu.”29

Pandan lè t ap pase, nan mitan fènwa, lanmò, ak dezespwa si anpil lòt presye pitit gason ak pitit fi Bondye yo an Ayiti, fanmi Saintelus te viv yon mirak. Yo te jwenn Gancci, Angie, ak Gansly vivan anba bilding ki te kraze plat la.30

Mirak yo pa toujou osi imedyat. Pafwa n ap mande tèt nou poukisa mirak la nou si sensèman priye pou li a pa rive tout suit. Men si nou mete konfyans nou nan Sovè a, mirak li pwomèt yo ap rive. Keseswa nan lavi sa a oubyen nan lòt la, tout bagay ap repare. Sovè a deklare: “Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.”31 “Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.”32

Mwen temwaye ke si nou renmen Li, si nou gen konfyans nan Li, kwè nan Li, epi suiv Li, n ap santi lanmou li ak apwobasyon Li. Pandan n ap mande: “Kisa Kris la panse de mwen?”, n ap konnen ke nou se disip Li; nou se zanmi Li. Pa gras Li, l ap fè pou nou sa nou pa kapab fè poukont nou.

Nou enpasyan pou nou tande diskou final pwofèt byenneme nou an. Prezidan Thomas S. Monson te òdone kòm Apot Senyè Jezikri lè m te gen 12 an. Pandan plis pase 48 an, nou te gen benediksyon tande li rann temwayaj konsènan Jezikri. Mwen temwaye li kanpe kounyeya kòm pi gran Apot Sovè a sou tè a.

Avèk gwo lanmou ak admirasyon pou anpil disip Jezikri ki pa manm Legliz sa a, nou deklare enbleman ke zanj te retounen sou tè a nan epòk nou an. Legliz Jezikri a jan L te etabli li nan tan ansyen an, te vin retabli, avèk pouvwa, òdonans ak benediksyon syèl la. Liv Mòmon an se yon lòt temwanyaj konsènan Jezikri.

Mwen temwaye ke Jezikri se Sovè mond lan. Li te soufri epi mouri pou peche nou epi leve nan twazyèm jou a. Li resisite. Nan yon jou k ap vini, tout jenou va flechi epi tout lang va konfese ke l se Kris la.33 Jou sa a, sousi nou se p ap “Èske lòt moun konsidere m kòm Kretyen?” Nan moman sa a, je nou va fikse sou Li, epi nanm nou va kaptive pa kesyon sa a: “Kisa Kris la panse de mwen?” Li vivan. Mwen temwaye desa nan non Jezikri, amèn.