2010–2019
Dispoze ak Diy pou Sèvi
Avril 2012


Dispoze ak Diy pou sèvi

Mirak ap manifeste toupatou kote moun konprann prètriz la, kote moun onore li epi itilize pouvwa li, ak kote moun egzèse lafwa.

Frè Byeneme m yo, ala bon sa bon pou nou reyini yon fwa ankò! Chak fwa m ap asiste reyinyon jeneral Prètriz la, mwen reflechi sou ansèyman kèk nan dirijan pi nòb Bondye yo ki te konn pale nan reyinyon jeneral Prètriz yo nan Legliz la. Anpil deja ale nan rekonpans etènèl yo e poutan, pa espri briyan yo, soti nan pwofondè nanm yo, ak nan chalè kè yo, yo te ba nou direksyon enspire. Aswè a m ap pataje avèk nou kèk nan ansèyman yo konsènan Prètriz la.

Pwofèt Joseph Smith te di: “Prètriz la se yon prensip etènèl, li te egziste avèk Bondye depi nan letènite, e l ap egziste nan tout etènite, san kòmansman jou ni fen ane.”1

Nan pawòl Prezidan Wilford Woodruff, nou aprann: “Sent Prètriz la se kanal Bondye itilize pou kominike ak trete ak lòm sou tè a; epi mesaje selès ki te vizite tè a pou kominike avèk lòm yo se dè moun ki te detni ak onore prètriz la lè yo te vivan nan lachè; e tout sa Bondye te fè fèt pou sali lòm, depi vini lòm sou tè a rive nan redanmsyon mond lan, sete e se pral pa mwayen prètriz etènèl la.”2

Prezidan Joseph F. Smith te klarifye pi lwen: Prètriz la se ... pouvwa Bondye delege bay lòm kote lòm ka aji sou tè a pou sali ras imèn nan, nan non Papa a ak Pitit la ak Sentespri a, epi aji legalman; non pa asime otorite sa a, ni prete l nan men jenerasyon ki deja mouri e antere yo, men otorite ke nou resevwa nan tan sa a kote n ap viv la, pa ministè zanj ak espri ki soti anwo, dirèkteman soti nan prezans Toupuisan an.”3

Epi finalman, Prezidan John Taylor: “Kisa Prètriz la ye? ... Se gouvènman Bondye, sou tè a ak nan syèl la, paske se pa pouvwa sa a, mwayen sa a, prensip sa a ke tout bagay gouvène isit la sou tè a oubyen nan syèl yo, e se pa pouvwa sa a tout bagay soutni. Li gouvène tout bagay---li dirije tout bagay--- li soutni tout bagay---epi li konsène tout bagay ki asosye ak Bondye ak laverite.”4

Ala beni nou beni dèske nou la a nan dènye jou sa yo, kote prètriz Bondye a sou tè a. Ala nou privilijye dèske nou detni prètriz sa a. Prètriz la se pa sitèlman yon kado ke l se yon manda pou sèvi, yon privilèj pou edifye, ak yon opòtinite pou beni lavi lòt moun.

Avèk opòtinite sa yo vini responsablite ak devwa. Mwen renmen e m apresye mo nòb devwa a ak tout sa l enplike.

Nan yon kapasite oubyen yon lòt, nan yon kontèks oubyen yon lòt, sa fè 72 an depi m ap asiste reyinyon prètriz---depi m te òdone dyak nan laj douzan. Tan sètènman pase vit. Devwa suiv menm kadans la. Devwa pa bese ni diminye. Konfli katastwofik vini epi yo ale, men lagè pou pran nanm lèzòm nan ap kontinye san rete. Tankou apèl yon klewon, pawòl Senyè a sonnen pou ou menm, pou mwen menm, ak pou tout detantè prètriz tout kote: “Se sa ki fè, kounyeya se pou tout moun aprann devwayo, epi pou yo aji nan ofis yo lonmen yo a an tout dilijans.”5

Apèl devwa a te vini pou Adan, pou Nowe, Abraram, Moyiz, Samyèl, David. Li te vini pou Pwofèt Joseph Smith ak chak siksesè l yo. Apèl devwa a te vin jwenn Nefi, pandan l te tigason, lè Senyè a te enstwi li, palentèmedyè papa li Leyi, pou l te retounen Jerizalèm avèk frè l yo pou al chèche plak eren yo nan men Laban. Frè Nefi yo te mimire, yo te di sete yon bagay ki rèd yo te mande yo a. Ki repons Nefi te bay? Li te di: “M prale e m ap fè bagay Senyè a te kòmande yo, paske m konnen Senyè a pa bay pitit lèzòm okenn kòmandman san li pa prepare yon mwayen pou yo kapab akonpli bagay li kòmande yo.”6

Lè menm apèl sa a vini pou ou menm avèk mwen, kisa repons nou pral ye? Èske n pral mimire, jan Laman ak Lemyèl te fè a, epi di “Se yon bagay ki rèd yo mande nou fè a”?7 Oubyen, èske, menmjan ak Nefi, nou chak pral deklare: “M prale. M ap fè”? Èske na pral dispoze pou sèvi ak pou obeyi?

Pafwa, sajès Bondye parèt foli oubyen jis twò difisil, men youn nan pi gwo leson ki pi valab nou ka aprann nan mòtalite a sèke lè Bondye kòmande epi nou obeyi, n ap toujou gen rezon.

Lè m ap panse ak modevwa a ak kòman lefèt ke nou akonpli l la kapab anrichi lavi nou ak lavi lòt moun, mwen raple m pawòl yon powèt selèb te ekri:

Mwen te dòmi e m te reve

Ke lavi a se lajwa.

M te reveye e m te wè

Ke lavi a se devwa.

Mwen aji, epi gade---

Devwa se lajwa.8

Robert Louis Stevenson mete l yon lòt fason. Li di: “Mwen konnen sa plezi ye, paske mwen fè yon bon travay.”9

Lè nou ranpli devwa nou epi n egzèse prètriz nou, n ap jwenn vrè lajwa. N ap goute satisfaksyon ki genyen nan akonpli tach nou.

Yo anseye nou devwa espesifik prètriz la nou detni an, keseswa Prètriz Aawon oswa Prètriz Mèlkisedèk la. Mwen egzòte nou pou nou reflechi sou devwa sa yo epi apresa fè tout sa ki nan pouvwa nou pou akonpli yo. Pou nou fè sa, nou chak dwe diy. Annou gen men ki pare, men ki pwòp, men ki byen dispoze, pou nou ka patisipe nan bay sa Papa nou ki nan syèl la ta renmen lòt moun resevwa nan men l yo. Si nou pa diy, li posib pou nou pèdi pouvwa prètriz la, e si nou pèdi li, nou pèdi esans egzaltasyon an. Annou rete diy pou sèvi.

Prezidan Harold B. Lee, youn nan gwo enstriktè nan Legliz la, te di: “Lè yon moun vin yon detantè nan Prètriz la, li vin yon ajan Senyè a. Li dwe panse avèk apèl sa a kòmsi se misyon Senyè a l ap fè.”10

Pandan Dezyèm Gè Mondyal la, nan kòmansman ane 1944 la, yon eksperyans ki te enplike prètriz la te rive pandan marin Etazini an t ap pran Atoll Kwajalein nan, yon pati nan Zile Marshall yo ki sitiye nan Oseyan Pasifik la, apeprè nan mitan Ostrali ak Awayi. Sa k te pase nan lè sa a, te rapòte pa yon korespondan---ki pa manm Legliz la---ki te travay pou yon jounal nan Awayi. Nan atik jounal 1944 la li te ekri apre eksperyans lan, li te eksplike ke li menm avèk kèk lòt korespondan te fè pati dezyèm gwoup daso a dèyè militè yo sou Atoll Kwajalein nan. Pandan yo t ap avanse, yo te remake yon jèn militè ki t ap flote sou vant nan dlo a, ki te aparaman blese grav. Dlo a bò kote l la te wouj ak san. Epi apre yo te remake yon lòt militè ki t ap avanse al bò kote kanmarad militè ki te blese a. Li menm tou li te blese, epi bra goch li ki te pandye san vi bò kote li. Li te soulve tèt sa ki t ap flote nan dlo a pou l te ka anpeche l nwaye. Nan yon vwa panike, li te rele pou mande sekou. Korespondan yo te gade tigason li t ap eseye sove a ankò epi yo te reponn ni; “Pitit gason m, pa gen anyen yon moun ka fè pou tigason sa a.”

“Epi” korespondan an ekri “m te wè yon bagay ke m pa t janm te konn wè anvan. Tigason sa a, ki te blese grav poukont pa l la, te rale al sou rivaj la avèk kò aparaman san vi konpayon zam li sa a. Li te poze tèt konpayon an sou jenou li. Ala yon tablo sa te ye---de jèn gason mòtèlman blese---toulède ... jènjan pwòp, bèl tigason, menm nan sitiyasyon detrès yo te ye a. Epi jenòm te bese tèt li sou lòt la epi l te di: “Mwen kòmande ou, nan non Jezikri e pa pouvwa prètriz la, pou w rete anvi jiskaske m ka jwenn èd medikal.’” Korespondan an te fini atik la konsa: “Nou toulètwa, [de marin yo avèk mwen], isit la la a nan lopital la. Doktè yo pa konnen ... [kijan yo te fè soti vivan], men m konnen.”11

Gen mirak k ap fèt toupatou lè nou konprann prètriz la, lè nou onore pouvwa li epi itilize l kòrèkteman, epi lè nou egzèse lafwa nou. Lè lafwa ranplase dout, lè sèvis dezenterese elimine egoyis, pouvwa Bondye reyalize objektif li.

Apèl devwa a kapab vini trankilman lè nou menm ki detni prètriz la egzekite tach nou resevwa yo. Prezidan George Albert Smith, dirijan enb efikas sa a, te deklare: “Se premye devwa nou tout pou n aprann sa Senyè a vle epi apresa, pa pouvwa ak fòs sent prètriz la, pou nou sitèlman mayifye apèl nou nan prezans pwochen nou ke y ap kontan suiv nou.”12

Yon apèl devwa konsa---youn ki te mwens espektakilè men ki poutan te ede sove yon nanm---te vin jwenn mwen an 1950 lè m te fèk aple kòm evèk. Responsablite m kòm evèk te anpil ak varye, e m te eseye pi byen m te kapab pou fè tout sa yo te mande m pou m fè. Etazini te angaje nan yon lagè diferan lè sa a. Akoz anpil nan manm nou yo t ap sèvi nan militè, m te resevwa yon tach nan men katye jeneral Legliz la pou tout evèk te ofri chak militè yon abònman Church News ak Improvement Era, ki sete revi Legliz yo nan epòk sa a. Anplis, yo te mande chak evèk pou te ekri yon lèt pèsonèl chak mwa voye bay chak militè ki te soti nan pawas li. Pawas nou an te gen 23 moun nan militè. Kowòm prètriz yo te travay di pou ranmase fon pou abònman yo te fèt. Mwen te antreprann tach, m ka menm di devwa, pou m te ekri 23 lèt pèsonèl chak mwa a. Apre tout ane sa yo, mwen toujou gen kopi anpil nan lèt mwen yo ak repons mwen te resevwa. Dlo toujou koule nan je m lè m ap reli lèt sa yo. Se yon lajwa pou m redekouvri angajman yon sòlda pou viv levanjil la, desizyon yon maren pou kenbe pwomès li anvè fanmi li.

Yon jou swa m te lonje sache k te gen 23 lèt yo pou mwa kouran an bay yon sè nan pawas la. Tach li sete poste lèt yo ak kenbe yon lis adrès yo ki te chanje tout tan. Li te gade youn nan anvlòp yo epi, avèk yon souri, li te mande: “Evèk, èske w pa janm dekouraje? Men yon lòt lèt pou Frè Bryson. Sa a se 17tyèm lèt ou voye ba li san repons.”

Mwen te reponn: “Bon, petèt sa ap fèt mwa sa a.” E jan sa te pase, sasete mwa a. Pou lapremyè fwa, li te reponn lèt mwen an. Repons la se yon souvni, yon trezò inoubliyab. Li t ap sèvi byen lwen nan yon zòn elwaye, li te santi l izole, malad, e solitè. Li te ekri: “Chè evèk, mwen pa tèlman bon nan ekri lèt.” (Mwen te ka fè l konn sa depi sèt mwa.) Lèt la te kontinye: “Mèsi pou Church News la ak revi yo, men plis ankò, mèsi pou lèt pèsonèl ou yo. Mwen fè chanjman enpòtan nan lavi m. Mwen sot òdone prèt nan Prètriz Aawon an. Kè m kontan. Mwen se yon moun ki gen lajwa.”

Frè Byson pa t pi kontan pase evèk li. M te aprann aplikasyon pratik pwovèb ki di: “Fè devwa ou; sa pi bon. Kite rès la nan men Senyè a.”13

Dèzane apre, pandan m t ale nan Pye Cottonwood la nan Salt Lake City, pandan James E. Faust t ap sèvi ladan kòm prezidan, mwen te rakonte istwa sa a nan bi pou ankouraje manm yo pou panse ak militè nou yo. Apre reyinyon an, yon bèl jenòm te avanse vin jwenn mwen. Li te pran men m epi l te mande: “Evèk Monson, èske w sonje m?”

Mwen te toudenkou reyalize kiyès li te ye. Mwen te eksklame: “Frè Bryson! Kijan w ye? Kisa w ap fè nan Legliz la?”

Avèk chalè e aparaman ak fyète, li te reponn: “Mwen byen. M ap sèvi nan prezidans kowòm ansyen an. Mèsi ankò dèske ou te sousye de mwen ak pou lèt pèsonèl yo ou te voye ban mwen yo ke m grandman apresye.”

Frè m yo, mond lan bezwen èd nou. Èske n ap fè tout sa nou kapab? Èske nou sonje pawòl Prezidan John Taylor yo: “Si nou pa mayifye apèl nou, Bondye ap mande nou kont pou moun nou ta ka sove yo si nou te fè devwa nou”?14 Gen pye pou nou rafèmi, men pou nou leve, lespri pou nou ankouraje, kè pou nou enspire, ak nanm pou nou sove. Benediksyon letènite yo ap tann nou. Nou gen privilèj pou nou pa espektatè men patisipan nan sèvis prètriz la. Annou koute rapèl enspiran sa a ki nan Epit Jak la: “Mete pawòl la an pratik, e pa rete ap koute sèlman, pa twonpe tèt nou pa fo rezonman.”15

Annou aprann devwa nou e reflechi sou li. Annou dispoze ak diy pou sèvi. Annou, nan akonpli devwa nou, suiv tras pa Mèt la. Pandan ou menm avèk mwen mache sou chemen Jezi te mache a, n ap dekouvri ke Li se plis pase tibebe Betleyèm nan, plis pase pitit chapantye a, plis pase pi gwo enstriktè ki te jan m viv. N ap vin konnen Li kòm Pitit Gason Bondye a, Sovè nou ak Redanmtè nou. Lè l te resevwa apèl devwa pa L la, li te reponn: “Papa, se pou volonte ou fèt, epi se pou ou laglwa a pou tout tan gen tan.”16 Pou nou chak fè menmjan an tou, mwen priye nan non sakre li, amèn.

Nòt

  1. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 104.

  2. Enseignements des présidents de l’église: Wilford Woodruff (2004), 38.

  3. Joseph F. Smith, Gospel Doctrine, 5th ed. (1939), 139–40; italik ajoute.

  4. Enseignements des présidents de l’église:: John Taylor (2001), 119.

  5. Doktrin ak Alyans 107:99; italik ajoute.

  6. 1 Nefi 3:7; gadevèsè 1–5tou.

  7. Gade1 Nefi 3:5.

  8. Rabindranath Tagore, nan William Jay Jacobs, Mother Teresa: Helping the Poor (1991), 42.

  9. Robert Louis Stevenson, nan Elbert Hubbard II, comp., The Note Book of Elbert Hubbard: Mottoes, Epigrams, Short Essays, Passages, Orphic Sayings and Preachments (1927), 55.

  10. Stand Ye in Holy Places: Selected Sermons and Writings of President Harold B. Lee (1976), 255.

  11. Nan Ernest Eberhard Jr., “Giving Our Young Men the Proper Priesthood Perspective,” typescript, Jiyè 19, 1971, 4–5, Church History Library.

  12. George Albert Smith, nan Conference Report, Apr. 1942, 14.

  13. Henry Wadsworth Longfellow, “The Legend Beautiful,” nan The Complete Poetical Works of Longfellow (1893), 258.

  14. Teachings: John Taylor, 164.

  15. Jak 1:22.

  16. Moyiz 4:2.