2010–2019
Yon don endeskriptib nan men Bondye
Oktòb 2012


Yon don endeskriptib nan men Bondye

Sentespri a travay an inite pafèt avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri, pou ranpli plizyè wòl enpòtan ak responsablite distenktif.

An 1994, Prezidan Howard W. Hunter te envite tout manm yo nan Legliz la pou yo “fè tanp lan… vin tounen pi gwo senbòl [nou] antanke manm.”1 Pita nan menm ane a, konstriksyon Tanp Bountiful la nan Uta te fini. Menmjan ak anpil moun, nou pa t ka tann pou n te mennen jèn fanmi nou nan pòt ouvèt anvan konsekrasyon an. Nou te travay avèk dilijans pou prepare pitit nou yo pou yo antre nan tanp lan, nou te priye anpil pou yo te jwenn yon eksperyans espirityèl pou tanp lan te ka tounen yon pwen enpòtan nan lavi yo.

Pandan nou t ap mache avèk reverans nan tanp lan, mwen te twouve m ap admire achitekti mayifik la, finisman elegan yo, limyè ki t ap briye atravè gran fenèt yo, ak anpil nan tablo enspiran yo. Chak aspè nan bilding sakre sa a te reyèlman rafine.

Lè m te antre nan sal selès la, mwen te toudenkou reyalize ke pi jèn pitit gason nou an, Ben, ki te gen 6 an, te kenbe janm mwen fò. Li te parèt enkyè—petèt menm yon tikras twouble.

Mwen te chichote “Ki sa w genyen, pitit mwen?”

Li te reponn: “Papi, kisa ka p pase m la a. Mwen pa t janm te konn santi m konsa anvan.”

Paske m te rekonèt ke sete premye fwa jèn pitit gason nou an te santi enfliyans Sentespri a nan yon fason puisan konsa, mwen te mete ajenou atè a bò kote li. Pandan anpil lòt vizitè t ap pase bò kote nou, Ben avèk mwen te pase plizyè minit, kòtakòt, ap aprann sou Sentespri a ansanm. Mwen te etone pou wè ak ki fasilite nou te kapab pale de santiman sakre sa a. Pandan nou t ap pale a, li te vin klè ke sa k te pi enspiran pou Ben se pa t sa l te yo men sete sa l te santi—non pa bote fizik ki te antoure nou an men ti vwa dous Lespri Bondye a andedan kè li. Mwen te pataje avèk li sa m te aprann apati pwòp eksperyans pa mwen, pandan ke emèveyman timoun pitit l la te reveye nan mwen menm yon pwofon santiman gratitid pou don endeskriptib sa a Bondye ba nou an---don Sentespri a.2

Kiyès Sentespri a ye?

Sentespri a se twazyèm manm Divinite a, epi, konsa, menmjan ak Bondye Papa a ak Jezikri, Li konnen panse nou ak entansyon kè nou.3 Sentespri a renmen nou e li vle nou kontan. Paske li konnen difikilte n ap rankontre yo, li kapab gide nou epi anseye nou tout bagay nou dwe fè pou nou retounen al viv avèk Papa nou ki nan Syèl la ankò.4

Diferan de Papa nou ki nan Syèl la avèk Jezikri, ki gen kò chè ak zo ki glorifye, Sentespri a se yon pèsonaj lespri ki kominike avèk lespri nou pa mwayen santiman ak enpresyon.5 Paske li se yon èt lespri, Li gen responsablite espesyal pou l se yon ajan pou fè nou resevwa revelasyon pèsonèl. Nan ekriti yo, yo souvan fè referans ak Sentespri a kòm Sentespri, Lespri Senyè a, Sentespri Pwomès la, oubyen senpleman Lespri a.6

Ki misyon Sentespri a?

Sentespri a travay an pafèt inite avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri, pou ranpli anpil wòl enpòtan ak responsablite distenktif. Objektif prensipal Sentespri a se rann temwayaj konsènan Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri,7 ak pou ansenye nou verite tout bagay.8 Yon temwanyaj sèten nan men Sentespri a pote plis asirans pase yon temwanyaj ki soti nan nenpot lòt kalite sous. Prezidan Joseph Fielding Smith te ansenyen ke “Lespri Bondye lè li pale nan lespri lòm, gen pouvwa pou l kominike laverite avèk pi gwo efè ak pi gwo konpreyansyon pase si verite a te kominike pa kontak pèsonèl menm avèk èt selès.”9

Nou rekonèt Sentespri a kòm Konsolatè tou.10 Nan tan twoub oswa dezespwa oubyen senpleman lè nou bezwen konnen si Bondye toupre, Sentespri a kapab edifye lespri nou, banou lespwa, epi ansenye nou “bagay pezib wayom nan,”11 pou ede nou santi “lapè Bondye, ki depase tout konpreyansyon.”12

Sa gen kèk ane, pandan tout fanmi nou te reyini ansanm pou yon dine, papa m te kòmanse jwe avèk plizyè nan pitit pitit li yo. Toudenkou e san avètisman, li te tonbe epi byen rapid li te mouri. Evenman sanzatann sa a te kapab devastan, espesyalman pou pitit pitit li yo, sa ta ka soulve dè kesyon ki difisil pou reponn. Men, pandan nou te reyini timoun yo bò kote nou, pandan nou t ap priye ak li pawòl pwofèt yo nan Liv Mòmon an sou objektif lavi a, Sentespri a te rekonfòte nou chak pèsonèlman. Nan fason ki difisil pou n dekri avèk pawòl, repons nou t ap chèche yo te vini klèman nan kè nou. Nou te santi yon lapè jou sa a ki te reyèlman depase konpreyansyon nou, men temwanyaj Sentespri a se yon bagay sèten, vrè e endiskitab.

Sentespri a se yon enstriktè ak yon revelatè.13 Si nou etidye, medite epi priye konsènan verite levanjil yo, Sentespri a ap eklere lespri nou epi agrandi konpreyansyon nou.14. Li pèmèt verite yo ekri etènèlman nan nanm nou epi li kapab opere yon gwo chanjman nan nou. Pandan n ap pataje verite sa yo avèk fanmi nou, avèk manm yo nan Legliz la, epi avèk zanmi nou ak vwazen nou nan kominote nou, Sentespri a ap tounen enstriktè yo tou, paske Li pote mesaj levanjil la “nan kè pitit lèzòm.”15

Sentespri a enspire nou pou nou chèche rann lòt moun sèvis. Pou mwen menm, pi gwo egzanp sou tande enspirasyon Sentespri a nan sèvi lòt moun soti nan lavi ak ministè Prezidan Thomas S. Monson, ki te di: “Nan ranpli responsablite nou yo, mwen aprann ke lè nou koute yon enspirasyon trankil, epi nou aji sou li san delè, Papa nou ki nan syèl la ap gide pa nou epi l ap beni lavi nou ak lavi lòt moun yo. Pa gen okenn lòt eksperyans ki pi dous oubyen santiman ki pi presye pase koute yon enspirasyon pou nou dekouvri ke Senyè a reponnn priyè yon lòt moun atravè nou menm.”16

M ap jis pataje yon bèl ekspesyans. Pandan Prezidan Monson t ap sèvi kòm evèk, li te aprann yon manm nan pawas li a, Mari Watson, te lopital. Pandan li t al vizite li, li te aprann ke yo te mete l nan yon gwo chanm avèk yon pakèt lòt malad. Lè l te pwoche kote Sè Watson, li te remake ke malad la ki te sou kabann toupre a te byen vit kouvri tèt li.

Lè Prezidan Monson te fin vizite Sè Watson epi bali yon benediksyon pretriz, li te ba l lanmen, li te di l orevwa, epi li te derape pou l ale. Nan moman sa a, yon bagay senp men ekstraodinè te pase. M ap site kounyeya pwòp souvni Prezidan Monson sou eksperyans sa a:

“Mwen pat kapab deplase ale. Sete komsi yon men envizib [te] poze sou zepòl mwen, epi m te santi andedan nanm mwen ke m t ap tande pawol sa yo: ‘Ale bò lòt kabann nan kote ti madanm nan te kouvri figi l lè ou te rantre a.’ Mwen te fè sa. …

“Mwen te pwoche bò kabann lòt malad la, m te jantiman manyen zèpòl li epi tou dousman m te rale dra a ki te kouvri figi l la. Mwen te sezi anpil! Limenm tou, li sete yon manm pawas mwen an. Mwen pat konnen l te malad nan lopital. Li te rele Kathleen Mckee. Lè je m te tonbe nan je li, li te di m avèk dlo nan je: “O Evèk, lè w te antre nan pòt la, m te santi ke w te vin wè m e m te santi m jwenn benediksyon an kòm repons priyè m yo. Mwen te kontan andedan m dèske ou te konnen m te la a, men lè w te kanpe bò kot lòt kabann nan, kè m te brize, e m te reyalize ke ou pat vini pou wè mwen.’

“Mwen te di [Sè] McKee: ‘Sa pa enpòtan ke m pat konnen ou te la a. Men, sa ki enpòtan, sèke Papa nou ki nan Syèl la te konnen e ou te priye nan kè ou pou yon benediksyon prètriz. Se limenm ki pouse m pwoche pou dekouvri figi ou.”17

Kijan Sentespri a pale avèk nou?

Nou tout fè eksperyans avèk Sentespri a, menmsi nou pa toujou rekonèt yo. Lè panse enspire vini nan lespri nou, nou konnen yo se verite akoz santiman espirityèl ki antre nan kè nou yo. Prezidan Boyd K. Packer te ansenye: “Sentespri a pale avèk yon vwa ke nou santi plis pase nou tande. … Pandan ke n ap pale de ‘koute’ chichotman Lespri a, byen souvan, yon moun dekri yon enspirasyon espirityel konsa: ‘Mwen te gen yon santiman … ’.”18 Se atravè santiman sakre sa yo nan men Sentespri a ke nou rive konnen kisa Bondye ta renmen nou fè, paske, jan yo di nan ekriti yo, sa se “lespri revelasyon an.”19

Kisa sa vle di pou nou resevwa Don Sentespri a?

Lè m t ap anseye Ben, pitit gason sizan nou an, mwen te panse li te enpòtan pou n te fè diferans ant sa li te santi, ki sete enfliyans Sentespri a, ak don Sentespri a, ke l ap resevwa apre li fin batize. Anvan batèm, tout moun ki onèt ak sensè k ap chèche laverite kapab santi enfliyans Sentespri a tanzantan. Men, opòtinite pou nou gen konpanyi konstan Sentespri a ak totalite benediksyon ki asosye avèk li yo disponib sèlman pou manm diy ki batize ki resevwa don Sentespri a pa enpozisyon dèmen pa moun ki detni otorite pretriz Bondye a.

Atravè don Sentespri a, nou resevwa kapasite ak don espirityèl adisyonèl, pwoteksyon ak revelasyon ogmante, bonjan gid ak direksyon, epi pwomès benediksyon sanktifikasyon ak egzaltasyon nan wayom selès la. N ap resevwa tout benediksyon sa yo kòm rezilta dezi pèsonèl nou pou nou resevwa yo epi yo vini lè nou aliyen lavi nou avèk volonte Bondye epi chèche direksyon konstan Li.

Lè m reflechi sou eksperyans mwen avèk Ben nan nan Tanp Bontiful la, mwen gen anpil bèl santiman ak enpresyon. Yon bagay mwen sonje klè sèke pandan m te konsantre m sou grandè sa m te ka wè yo, yon timoun piti toupre bòkote m t ap fè eksperyans santiman pwisan nan kè li. Avèk yon janti rapèl, mwen te jwenn envitasyon pou m te non sèlman kanpe epi mete ajenou, men pou koute apèl Sovè a pou vin tankou yon timoun piti a—enb, dou, epi pare pou koute ti vwa dous Lespri Li a.

Mwen rann temwanyaj konsènan reyalite vivan ak misyon divin Sentespri a e pa pouvwa Sentespri a nou kapab konnen verite tout bagay. Mwen temwanye ke Don Sentespri a se don presye ak endeskriptib Papa nou ki nan Syèl la bay tout moun ki vin jwenn Pitit Gason L la, batize nan non Li, epi resevwa Sentespri a atravè konfimasyon nan Legliz Li a. Konsènan verite sa yo mwen rann temwanyaj pèsonèl mwen nan sakre, Jezikri, amèn.