2010–2019
Mande misyonè yo! Yo ka ede ou!
Oktòb 2012


Mande misyonè yo! Yo ka ede ou!

Tout misyonè, jèn oubyen granmoun, sèvi avèk sèl espwa pou amelyore lavi lòt moun.

Frè ak sè byenneme ak zanmi m yo, nou eksprime amou ak salitasyon nou pou chak moun nan pami nou. Nou kontan avèk anons Prezidan Thomas S. Monson nan maten an, ki anonse ke minimòm laj pou sèvis misyonè a se 18 an pou jènjan yo ak 19 an pou jènfi yo. Pa mwayen opsyon sa a, pi plis nan jèn nou yo kapab jwi benediksyon yon misyon.

Sa gen dezan, Prezidan Monson te deklare sa li reyafime anfòs ankò maten an, “ke tout jènjan diy ki kapab ta dwe prepare yo pou sèvi yon misyon. Travay misyonè se yon devwa prètriz la---yon obligasyon Senyè a atann nan men nou menm ki resevwa si anpil yo.”1 Ankò, li eksplike ke pou sè yo, yon misyon se yon opsyon ki byenveni men se pa yon responsablite. Epi ankò li envite pi plis koup granmoun pou sèvi.

Preparasyon pou yon misyon se yon bagay ki enpòtan. Misyon se yon aksyon sèvis volontè pou Bondye ak pou limanite. Misyonè yo peye pou privilèj sa a avèk lajan yo ekonomize pèsonèlman. Paran yo ak fanmi yo, ak zanmi yo, ak moun ki fè don lajan pou fon jeneral misyonè yo ede tou. Tout misyonè, jèn oubyen granmoun, sèvi avèk sèl espwa pou amelyore lavi lòt moun.

Desizyon pou sèvi yon misyon an ap modle destine espirityèl misyonè a, konjwen li, ak posterite li pou jenerasyon k ap vini yo. Yon dezi pou sèvi se rezilta natirèl konvèsyon, diyite, ak preparasyon yon moun.

Nan gwo asanble mondyal sa a, gen anpil moun pami nou ki pa afilye avèk Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo epi ki pa gen anpil konesans sou nou menm ak misyonè nou yo. Ou prezan la a oubyen ou kapte nou paske ou vle konn plis sou Mòmon yo ak sou sa misyonè nou yo ap anseye. Lè ou aprann plis konsènan nou, ou pral remake ke nou pataje menm valè yo. Nou ankouraje ou pou ou kenbe tout sa ki bon ak vrè yo epi apresa, wè si w kapab ajoute plis. Nan mond ki plen difikilte sa a, nou bezwen èd tanzantan. Relijyon, verite etènèl, ak misyonè nou yo se pati vital nan èd sa a.

Jèn misyonè nou yo mete lekòl, ak pwofeswon, ak mennaj sou kote, ak tout lòt bagay jèn moun konn fè nan laj sa a. Pou 18 a 24 mwa, yo ranvwaye tout bagay poutèt gwo dezi yo pou sèvi Senyè a.2 Gen kèk nan misyonè nou yo ki sèvi lè yo gen yon laj pi avanse. M konnen fanmi misyonè sa yo beni. Nan fanmi pa m, gen 8 moun ki ap sèvi yon misyon aplentan pou moman sa a---twa pitit fi, mari yo, yon pitit pitit fi, ak yon pitit pitit gason.

Gen kèk moun nan pami nou ki gen dwa ap gen kesyon sou non Mòmonan. Se yon ti non yo ba nou. Se pa non reyèl nou. Non sa a sòti nan yon liv ekriti sakre ki rele Liv Mòmon an.

Vrè non Legliz la se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Se Legliz original Jezikri a ki retabli. Lè Jezikri te sou tè a, Li te òganize Legliz li a. Li te aple Apot, Swasanndis, ak lòt dirijan ke L te bay otorite prètriz la pou yo aji nan non Li.3 Apre Kris la ak Apot li yo te mouri, lèzòm te chanje òdonans yo ak doktrin nan. Legliz original la ak prètriz la te pèdi. Apre epòk ‘Laj Tenèb yo’, epi sou direksyon Papa nou ki nan Syèl la, Jezikri te retabli Legliz li a. Kounyeya, Legliz la vivan ankò, li te retabli, epi l ap fonksyone sou direksyon divin ni.4

Nou swiv Senyè a, Jezikri e nou anseye konsènan Li. Nou konnen, apre l te fin gen viktwa sou lamò a, Senyè resisite a te parèt devan disip Li yo pandan plizyè okazyon. Li te manje avèk yo. Anvan l te monte nan syèl la pou dènye fwa a, li te ba yo kòmandman: “Ale … epi anseye tout nasyon, batize yo nan non Papa a, ak Pitit Gason an, epi ak Sentespri a.”5 Apot yo te obeyi enstriksyon sa a. Yo te aple lòt moun pou ede yo akonpli kòmandman Senyè a.

Jodi a, sou direksyon apot ak pwofèt modèn yo, misyonè Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo resevwa menm responsablite sa a. Misyonè sa yo sèvi nan plis pase 150 nasyon. Antanke reprezantan Senyè Jezikri, yo eseye akonpli kòmandman divin sa a Senyè a te renouvle pèsonèlman nan epòk pa nou an, pou pote plenitid levanjil la tout kote pou beni lavi moun toupatou.6

Daprè mond la, misyonè ki nan fen adolesans yo oubyen ki nan kòmansman ventèn ane yo pa gen eksperyans. Men, yo beni avèk anpil don---tankou pouvwa Sentespri a, amou Bondye, ak temwayaj yo genyen konsènan laverite---ki fè yo tounen anbasadè pwisan pou Senyè a. Yo pataje bòn nouvèl levanjil la ki ap pote lajwa reyèl ak bonè etènèl bay tout moun ki koute mesaj yo a. Epi nan anpil okazyon, yo fè sa nan peyi ak lang ki etranje pou yo.

Misyonè yo fè efò pou yo swiv Jezikri ni nan pawòl ak aksyon. Yo preche konsènan Jezikri ak sakrifis ekspyatwa li a.7. Yo anseye konsènan retablisman literal ansyen Legliz Jezikri a palentèmedyè premye pwofèt Li nan dènye jou yo, Joseph Smith.

Ou petèt deja rankontre, oubyen menm inyore misyonè nou yo. Mwen espere pou ou pa pè yo, men pou ou aprann nan men yo. Yo kapab yon resous Bondye voye pou ou.

Se sa k te pase Jerry, yon mesye pwotestan ki te nan 60 tèn ni, ki te abite nan Mesa an Arizona. Papa Jerry sete yon pastè Metodis. Yon jou, yon bon zanmi Jerry ki te rele Pricilla, te rakonte l lapenn li te genyen poutèt pitit li ki te mouri nan akouchman ak poutèt yon move divòs ki te fèt tousuit apre. Pricillia te vin tounen yon manman san mari ki t ap lite avèk kat timoun, twa pitit fi ak yon pitit gason. Lè l te louvri kè l bay Jerry a, li te konfese ke l te anvi touye tèt li. Jerry te rasanble tout fòs ak tout amou li te genyen, pou l te eseye fè Pricillia konprann lavi l gen valè. Li te envite Pricillia pou al nan legliz li a, men Pricillia te fè l konnen li te dekouraje avèk Bondye.

Jerry pat konn kisa pou l te fè. Nan apre, pandan l t ap wouze plant nan lakou lakay li, mesye plen lafwa sa a te priye pou Bondye te gide li. Pandan l tap priye, li te tande yon vwa nan panse l ki te di l: “Rete ti mesye ki sou bisiklèt yo.” Jerry, ki te yon ti jan dekonsète, te mande tèt li kisa sa vle di. Pandan l tap reflechi sou enpresyon l te resevwa a, li te voye je sou lari a, epi l te wè de jèn gason abiye avèk chemiz blan ak kravat sou bisiklèt ki tap kondi vin nan direksyon kay li a. “Koyensidans” la te tèlman etone l, li te gade yo ki t ap pase. Apresa, lè l te reyalize ke sitiyasyon an te mande pou l aji, li te rele yo, “Hey, noumenm, silvouplè, kanpe! M bezwen pale avèk nou!”

Avèk yon rega etone men plen eksitasyon, jèn gason yo te rete. Pandan yo t ap pwoche, Jerry te remake yon plak ki te idantifye yo kòm misyonè nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Li te gade yo epi l te di: “Sa ka parèt yon tijan etranj, men, m t ap priye epi yon vwa di m pou m ‘rete timesye sou bisiklèt yo.’ M te gade nan lari a epi m te wè nou. Èske nou kapab ede m?”

Misyonè yo te souri epi yo te di: ”Wi, nou si nou kapab ede ou.”

Jerry te eksplike sitiyasyon preyokipe Pricillia a. Byen vit, misyonè yo t al vizite Pricillia, ak pitit li yo, ak Jerry. Yo te pale sou objektif lavi a ak plan etènèl Bondye genyen pou yo. Gras ak priyè sensè, ak etid nan Liv Mòmon an, ak fratènite yo avèk manm Legliz yo, Jerry, Pricillia ak pitit li yo te vin grandi nan lafwa. Lafwa solid Jerry te deja genyen nan Jezikri a te vin pi solid toujou. Dout ak panse pou touye tèt li Pricillia te genyen yo te vin tounen esperans ak bonè. Yo te batize epi yo te vin manm Legliz retabli Kris la.8

Wi, misyonè yo ka ede nan plizyè fason. Pa egzanp, gen moun nan pami nou la a ki gen dwa ta anvi konn plis sou zansèt yo. Ou gen dwa konn non paran ou ak kat granparan w yo, men, e pou uit gran gran paran w yo? Èske ou konn non yo? Èske w ta renmen konn plis konsènan yo? Mande misyonè yo! Yo kapab ede ou!9 Yo gen aksè nan pakèt rejis familyal Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Gen kèk nan nou ki se manm men ki inaktif pou moman an. Ou renmen Senyè a e souvan ou panse pou w retounen nan twoupo l la. Men, ou pa konn kijan pou w kòmanse. M ta sijere w ou w mande misyonè yo!10 Yo kapab ede ou! Yo ka ede pou anseye fanmi w tou. Nou menm ak misyonè yo renmen ou e nou vle pote lajwa ak limyè levanjil la retounen nan lavi ou.

Gen moun nan pami nou ki gen dwa anvi konnen kijan pou simonte yon depandans oubyen kijan pou viv pi lontan ak jwi pi bon sante. Mande misyonè yo! Yo kapab ede ou! Daprè kèk etid endepandanki te fèt, manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se moun ki pi an sante k egziste. To mòtalite yo pami to ki pi ba yo e lonjevite yo plis pase tout sa yo repòte nan pami tout gwoup byen defini yo te etidye pandan lontan yo nan Etazini.11

Kèk nan ou gen dwa santi lavi ou okipe ak ajite, men, nan fon kè w, ou santi yon twou vid, san direksyon ni objektif. Mande misyonè yo! Yo kapab ede ou! Yo kapab ede ou aprann plis sou vrè bi lavi a---poukisa ou isit sou tè a ak ki kote ou prale apre lanmò. Ou ka aprann kijan levanjil retabli Jezikri ap beni lavi ou plis pase tout sa ou ta ka janm imajine.

Si ou gen pwoblèm nan fanmi ou, mande misyonè yo! Yo kapab ede ou! Fòtifye maryaj ak fanmi se bagay ki gen pi gwo enpòtans pou Sen Dènye Jou yo. Fanmi kapab ansanm pou tout tan. Mande misyonè yo pou anseye w kijan sa ka posib pou fanmi ou.

Misyonè yo kapab ede ou si ou vle vin gen pi gran konesans tou. Lespri kretyen vivan ap chèche limyè. Keseswa verite ki sòti nan laboratwa syantifik oubyen nan revalasyon nan men Bondye, nou chèche li! Anfè, laglwa bondye se entèlijans.12

Anvi vin gen plis konesans enkli konesans espirityèl osibyen ke konesans tanporèl. Nou mete aksan sou enpòtans pou konprann ekriti sakre yo. Daprè yon etid endepandan ki te fèt dènyèman, Sen Dènye Jou yo se moun ki gen plis konesans sou Krisyanite a ak Bib la.13 Si ou vle konprann Bib la pi byen, konprann Liv Mòmon an pi byen, ak akeri pi gwo konpreyansyon sou fratènite lèzòm, ak patènite Bondye, mande misyonè yo! Yo kapab ede ou!

Gen anpil moun nan pami nou ki gen gwo dezi pou ede moun ki nan bezwen. Paske n ap suiv Jezikri, Sen Dènye Jou yo santi yo pouse pa menm dezi sa a.14. Nenpòt kapab vini pou mete men ansanm avèk nou pou ede moun ki nan bezwen ak pote sekou pou viktim dezas nan nenpòt kòte nan mond lan. Si ou vle patisipe, mande misyonè yo! Yo kapab ede ou!

Epi si ou vle gen plis konesans konsènan lavi apre lanmò, konsènan syèl la, konsènan plan Bondye gen pou ou; si ou vle gen plis konesans sou Senyè a, Jezikri, sou sakrifis ekspyatwa Li a, ak sou Retablisman Legliz Li a jan l te òganize nan ansyen tan an, mande misyonè yo! Yo kapab ede ou!

Mwen konnen Bondye vivan. Jezi se Kris la. Legliz Li a retabli. Mwen priye anpil pou Bondye beni nou chak ak chak misyonè presye nou yo. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Thomas S. Monson, “As We Meet Together Again,” Liahona, Nov. 2010, 5–6.

  2. Gade Doktrin ak Alyans 4:3.

  3. Gade Matye 10:1; Lik 6:13; 10:1; Efezyen 4:11–12.

  4. Gade Doktrin ak Alyans 1:30.

  5. Matye 28:19.

  6. Gade Doktrin ak Alyans 68:8; 84:62; 112:28.

  7. Gade 1 Korentyen 2:2; 2 Nefi 25:26.

  8. Kominikasyon pèsonèl nan men W. Tracy Watson, ansyen prezidan Misyon Mesa a nan Arizona.

  9. Kote mwen bay envitasyon pou “mande misyonè yo,” nou kapab mande yon zanmi ki se manm Legliz la asistans tou.

  10. Fanmi ki aktif, zanmi, ak dirijan Legliz yo ap kontan pou ede tou.

  11. Gade James E. Enstrom ak Lester Breslow, “Lifestyle and Reduced Mortality among Active California Mormons, 1980–2004,” Preventive Medicine, vol. 46 (2008), 135.

  12. Gade Doktrin ak Alyans 93:36.

  13. Gade U.S. Religious Knowledge Survey (Pew Forum on Religion and Public Life, Sept. 28, 2010), 7.

  14. Gade Ram Cnaan, Van Evans, and Daniel W. Curtis, Called to Serve: The Prosocial Behavior of Active Latter-day Saints (University of Pennsylvania School of Social Policy and Practice, 2012); “Mormon Volunteerism Highlighted in New Study” (Mar. 16, 2012), http://www.mormonnewsroom.org/article/mormon-volunteerism-report; Mormons in America: Certain in Their Beliefs, Uncertain of Their Place in Society (Pew Forum on Religion and Public Life, Jan. 12, 2012), 43; Robert D. Putnam and David E. Campbell, American Grace: How Religion Divides and Unites Us (2010), 444–54.